M’Cheyne Bible Reading Plan
Lafwa
11 Lafwa se yon konviksyon sa nou espere a ap rive toutbon vre. Se yon asirans sa nou pa wè a li egziste toutbon vre. 2 Kèk moun ki te viv nan tan lontan te fè kè Bondye kontan paske yo te gen kalite lafwa sa.
3 Lafwa ede nou konprann se avèk pawòl li Bondye te kreye lemonn antye. Sa vle di bagay nou wè ak je nou jodi a soti nan bagay nou pa ka wè ak je nou.
4 Abèl te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè l te ofri yon pi bon sakrifis pase Kayen. Bondye te pran plezi nan sa Abèl te ofri ba li a. Konsa, li temwanye Abèl se yon nonm ki fè sa Bondye vle. Abèl mouri se vre, men poutèt lafwa li, se kòmsi li toujou ap pale.
5 Enòk te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè Bondye te pran l pou ale viv ansanm avè l, san l pa pase pa lanmò. Lè moun t ap chache l, yo pa t ka jwenn li, paske Bondye te pran l bò kote l. Bib la bay prèv Enòk te fè Bondye plezi. 6 Li enposib pou nou fè Bondye plezi san lafwa. Se sa k fè nenpòt moun ki vle vin jwenn Bondye, li dwe kwè Bondye egziste epi Bondye rekonpanse moun k ap chache l ak tout kè yo.
7 Noye te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè lè li te jwenn avètisman sou bagay ki pa t ko janm rive, li te pran l pou pawòl serye. Konsa li bati yon gwo bato pou sove fanmi li. Lafwa Noye te sèvi kondanasyon pou lemonn. Li antre nan kategori moun ki te jis devan Bondye gras ak lafwa li.
8 Abraram te gen lafwa nan Bondye. Bondye rele Abraram pou l kite peyi l pou l te ale yon lòt kote li te pwomèt l ap ba li. Abraram te pati, menm lè li pa t menm konnen ki kote l prale. 9 Abraram te viv tankou moun ki de pasaj nan pwòp tè Bondye te pwomèt li yo. Abraram te gen lafwa nan Bondye, se sa ki fè li te viv anba tant menm jan ak Izarak ak Jakòb ki te vin eritye menm pwomès la. 10 Abraram t ap tann yon vil[a] ki gen yon fondasyon reyèl. Li t ap tann vil Bondye te fè plan bati epi li te bati a.
11 Sara pa t ka fè pitit epi Abraram te fin granmoun. Men malgre sa Abraram te gen lafwa nan Bondye. Li te kwè Bondye ap kenbe pwomès li. Konsa, Bondye te ba yo pitit. 12 Abraram te tèlman granmoun lanmò te gentan make l. Poutan, pitit granmoun sa a ta pral tèlman fè pitit, pitit sa yo te vin anpil tankou zetwal yo ki nan syèl la, ak tankou grenn sab bò lanmè.
13 Tout gwo zotobre nou sot site la yo, yo te viv pa lafwa jouktan yo mouri. Gen ladan yo ki pa t gentan jwi sa Bondye te pwomèt pèp li a. Men yo te kontan menm lè yo t ap admire pwomès sa yo de lwen. Yo te rekonèt se etranje ak vwayajè yo ye sou latè. 14 Lè moun rekonèt yon bagay konsa, yo montre y ap tann yon peyi ki va rele yo chèmèt chèmètrès. 15 Si yo te regrèt peyi yo te kite a, yo te ka fè lide tounen dèyè. 16 Men yo te gen lespri yo konsantre sou yon pi bon peyi, yon peyi nan syèl la. Se sa ki fè Bondye pa wont lè yo rele l Bondye yo. E li prepare yon vil pou yo.
17-18 Bondye pase Abraram yon tès. Bondye pase l lòd pou l ofri Izarak an sakrifis. Abraram obeyi paske li te gen lafwa. Li te gentan gen pwomès Bondye kòm garanti. Bondye te gentan di l: “Se pa mwayen Izarak mwen pral ba w pitit pitit.”[b] Abraram te tou pare pou ofri sèl pitit gason l lan. Li te fè sa, paske li te fè Bondye konfyans. 19 Li te kwè Bondye te ka resisite moun ki mouri. Nan yon sans, nan moman lè Bondye te anpeche Abraram touye Izaak la, se kòmsi se resisite Bondye te resisite l.
20 Izarak te gen lafwa nan Bondye lè li te beni Jakòb ak Ezayi pou bagay ki te gen pou rive pita. 21 Jakòb te gen lafwa nan Bondye. Lanmò te prèt pou pase pran l, lè l te beni pitit gason Jozèf yo youn apre lòt. Li t apiye sou baton l, epi li t ap adore Bondye.
22 Jozèf te gen lafwa nan Bondye. Nan dènye jou lavi li, li te pale sou moman pèp Izrayèl la te gen pou yo kite peyi Lejip. Li te tou di yo sa pou yo fè ak zosman li yo lè yo retounen nan peyi yo.
23 Paran Moyiz yo te gen lafwa nan Bondye. Apre pitit la fin fèt, yo te wè l bèl, epi yo sere l pandan twa mwa. Yo pa t pè dekrè wa a, malgre sa yo te fè a te kont lòd wa a te pase.
24-25 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Lè l vin gen laj majè, li pa t vle moun di li se pitit gason pitit fi Farawon an. Li te chwazi pou l sibi move tretman avèk pèp Bondye a olye l te mennen yon vi pechadò pou yon tan. 26 Moyiz te reyalize li pi bon pou li pou l sibi lawont menm jan ak Kris la, pase pou l ta gen tout richès peyi Lejip yo. Li te gen je l fikse sou rekonpans ki te gen pou vini an.
27 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te kite peyi Lejip san l pa t pè reyaksyon kòlè wa a t ap genyen. Li te rete fèm kòm si l te ka wè Bondye okenn moun pa ka wè a. 28 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te fè aranjman pou manje Pak la. Li te wouze lento pòt kay yo ak san ti mouton pou pwoteje premye pitit pèp Izrayèl yo kont zanj lanmò a.[c]
29 Pèp Izrayèl la te gen lafwa nan Bondye. Yo te travèse Lanmè Wouj kòmsi se nan tè sèk yo t ap mache. Men lè Ejipsyen yo te eseye fè menm jan an, yo tout te nwaye.
30 Se lafwa nan Bondye ki te lage miray Jeriko yo atè, apre pèp Izrayèl la te fè laviwonn vil la pandan sèt jou.
31 Raab, fi movèz vi a, te gen lafwa nan Bondye. Li te resevwa espyon Izrayèl yo tankou zanmi l. Konsa li pa t mouri menm jan ak tout moun ki te pran pozisyon kont Bondye yo.
32 Ki lòt egzanp pou m ta bay ankò? Mwen pa gen ase tan pou m pale de Jedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl, ak tout lòt pwofèt yo. 33 Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Yo te gen laviktwa sou lame lòt peyi. Yo te fè sa ki dwat devan Bondye, konsa Bondye te ede yo jan l te pwomèt sa. Kèk nan yo fèmen bouch lyon. 34 Gen lòt ki etenn gwo dife. Gen lòt ankò ki chape anba lanmò kout nepe. Genyen ki te fèb men ki vin fò. Yo vin gen fòs pou yo batay, yo kouri dèyè lame lènmi yo. 35 Gen kèk medam ki te rejwenn moun yo te gen mouri vivan. Gen lòt ki pase anpil mati, poutan yo refize libète. Yo te pito resisite ak yon nouvo lavi ki pi bon. 36 Genyen yo te pase nan betiz, yo bat yo. Gen lòt yo anchene lage nan prizon. 37 Gen kèk lòt yo kalonnen ak kout wòch jouktan yo mouri. Genyen yo te fann an de. Yo touye yo ak kout nepe. Gen lòt sèl rad yo te genyen se te po mouton oubyen po kabrit. Yo te pòv. Gen lòt yo te fè soufri epi maltrete yo. 38 Lemonn pa t merite yo, yo te twò swa pou lemonn. Yo te tankou refijye ki san plas nan tout dezè, nan tout mòn. Yo te viv nan gwòt ak nan tou wòch.
39 Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Men yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo. 40 Bondye planifye yon pi bon bagay pou nou. Bondye pa t vle fè yo rive nan nivo pèfeksyon an san nou menm.
Jezi voye apot li yo al nan yon misyon
1 Chè Teofil,
Anpil lòt moun te gentan eseye ekri plizyè dokiman sou tout sa k te pase nan mitan nou konsènan Jezikris. 2 Yo rapòte nan dokiman sa yo tout temwanyaj ki soti nan bouch moun ki te temwen sa k te pase yo, epi ki vin tounen predikatè pawòl Bondye. 3 Mwen menm tou, m kwè li nòmal, poutèt mwen gentan fè yon bonjan rechèch sou bagay sa yo depi nan kòmansman, pou m ekri yon rapò byen detaye pou ou tou. 4 Mwen deside fè sa pou w ka rive kwè sa yo te anseye w yo se verite a.
Yon anj Bondye vin anonse nesans Janbatis
5 Nan epòk wa Ewòd t ap renye sou rejyon Jide a, te gen yon sakrifikatè yo te rele Zakari. Li te fè pati yon gwoup sakrifikatè Abija[a] t ap dirije. Madanm Zakari ki te rele Elizabèt te soti nan branch fanmi Arawon, frè Moyiz la. 6 Tou de moun sa yo te mennen lavi yo byen dwat devan Bondye, epi yo te obeyi tout kòmandman Bondye yo. 7 Yo pa t gen pitit, paske Elizabèt pa t ka fè pitit, epi yo te gentan granmoun anpil.
8 Lè lè a te rive pou gwoup Abija a te pran relèv pou sèvi nan tanp lan, Zakari te la pou ranpli wòl sakrifikatè li devan Bondye. 9 Sakrifikatè yo te fè tiraj osò tankou jan yo te toujou fè dapre koutim yo, epi yo te chwazi Zakari pou l te antre nan tanp Senyè a pou l al boule lansan an. 10 Pandan Zakari t ap boule lansan an anndan an, te gen yon gwo foul moun ki te rasanble deyò a ap lapriyè.
11 Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou Zakari. Zanj lan te kanpe sou bò dwat lotèl pou boule lansan an. 12 Lè Zakari wè anj lan, sa te twouble lespri li epi li te pè anpil. 13 Lè sa a, anj lan di li: Zakari, ou pa bezwen pè, paske Bondye tande priyè w, epi madanm ou Elizabèt pral fè yon pitit gason. Ou a rele ti gason sa a Jan. 14 Ou pral gen lajwa ak kontantman nan kè w. Anpil lòt moun pral rejwi nan kè yo tou poutèt nesans li. 15 Paske ti pitit la pral vin yon moun espesyal nan je Senyè a. Li pa fèt pou l bwè ni diven ni okenn bwason ki gen alkòl. Epi l ap ranpli ak Sentespri Bondye depi nan vant manman l.
16 Se Jan ki pral ede anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Bondye, Senyè yo a. 17 Li pral mache kòm avangad devan Senyè a, pou l prepare kè yo pou resevwa Senyè a. L ap gen menm lespri ak pwofèt Eli. L ap ede paran yo fè lapè ak pitit yo. L ap ede moun ki dezobeyisan yo mennen yon vi konfòm ak volonte Bondye poutèt jan yo panse. L ap fè tout bagay sa yo pou l ka prepare kè moun yo pou yo rankontre Senyè a.
18 Lè sa a, Zakari di anj lan konsa: “kijan m ap fè konnen si sa w di m nan se vre? Paske m se yon vye granmoun epi madanm mwen se yon vye granmoun tou.”
19 Zanj lan reponn li: “Mwen rele Gabriyèl, se nan prezans Senyè a menm mwen kanpe. Senyè a te voye m vin pale ak ou pou m te ka ba w bòn nouvèl sa a. 20 Men, fòk mwen di w sa tou wi, ou pral bèbè. Ou p ap ka pale jouk tan sa m sot di w la rive, poutèt ou pa t kwè nan pawòl mwen ki gen pou akonpli nan tan ki fikse pou li a.”
21 Moun yo menm ki te deyò a ap tann Zakari, yo te kòmanse kraponnen poutèt Zakari te pran tout tan sa a anndan tanp lan. 22 Lè Zakari te vin soti, li pa t kapab pale ak foul la. Lè sa a, yo vin reyalize li te resevwa yon vizyon anndan an. Se an siy sèlman li t ap kominike ak yo paske li te bèbè. 23 Lè peryòd li te desèvis la te vin fini, Zakari te retounen lakay li.
24 Kèk tan apre sa, Elizabèt madanm Zakari vin ansent. Li fè senk mwa kache anndan kay. Elizabèt di konsa: 25 “Finalman, Senyè a chwazi ede m nan fason sa a. Li sitèlman panche sou ka mwen, li leve kalite wont sa a pou mwen devan je pèp la.”
Yon anj vin anonse nesans Jezi
26 Lè Elizabèt te gen simwa ansent, Bondye voye yon anj ki rele Gabriyèl vin nan yon ti vil ki rele Nazarèt, nan zòn Galile. 27 Zanj lan te vin pale ak yon jèn fi ki pa t ko nan lavi gason ki te rete lavil Nazarèt. Jèn fi sa a te fiyanse ak yon jèn gason yo te rele Jozèf ki li menm te soti nan branch fanmi David. Yo te rele jèn fi sa a Mari. 28 Zanj lan avanse sou Mari epi li di l: “Bonjou! Senyè a avèk ou. Ou se yon moun Bondye beni anpil.”
29 Men, sa anj lan te di a te twouble Mari anpil. Li t ap mande tèt li kisa sa vle di.
30 Epi anj lan di li: “Ou pa bezwen pè, Mari. Ou se yon moun Senyè a fè gras. 31 Tande byen, ou gen pou ou vin ansent epi ou ap fè yon pitit gason. Ou a rele pitit gason sa a Jezi. 32 L ap vin yon moun ki gran. Y a rele l Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Senyè a ap fè l vin wa tankou David gran gran papa li. 33 L ap renye sou pèp Izrayèl la pou tout tan. Pouvwa li p ap janm fini.”
34 Lè sa a, Mari di anj lan konsa: “Ki jan sa ka fè rive? Mwen se yon moun ki pa ko nan lavi gason.”
35 Zanj lan reponn li: “Sentespri a pral vini sou ou, epi pouvwa Bondye ki pi wo nan syèl la pral kouvri w. Se poutèt sa, pitit ou pral fè a ap sen. Y ap rele l Pitit Bondye. 36 Epi fòk mwen di w sa tou, fanmi ou, Elizabèt, ansent kounye a la a. Malgre li fin granmoun, li pral fè yon pitit gason. Yo te di li pa t kapab fè pitit, epoutan gen simwa la a depi li ansent. 37 Sa rive konsa, paske pa gen anyen ki enposib pou Bondye.”
38 Mari di li: “Se sèvant Senyè a mwen ye. Se pou sa rive m jan ou di a.” Apre sa, Zanj lan ale.
Copyright © 2017 by Bible League International