M’Cheyne Bible Reading Plan
Mesaj Jezi voye bay legliz Sad la
3 Ekri voye bay anj legliz Sad la. Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo di:
Mwen konnen zèv ou yo. Ou gen repitasyon moun vivan, men ou se yon moun mouri. 2 Reveye w! Rele sou kò w pou w pa fin mouri nèt. Paske, mwen pa twouve aksyon w yo dwat devan Bondye m nan. 3 Sonje kijan ou te resevwa pawòl la ak jan ou te tande l, repanti w epi mete l an pratik. Si ou pa fè atansyon, m ap vin menm jan ak yon vòlè, ou p ap menm konnen kilè m ap rive sou ou.
4 Men, ou gen kèk moun avè w, nan Sad, yo pa sal rad yo. Y ap mache ansanm ak mwen, abiye toudeblan, paske yo merite sa. 5 Se konsa, moun ki ranpòte laviktwa yo ap abiye toudeblan. Mwen p ap janm efase non yo nan liv lavi a. Epi, m ap temwanye yo se moun pa m, devan Papa m epi devan anj li yo tou. 6 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!
Mesaj Jezi voye bay legliz Filadèlfi a
7 Ekri voye bay anj legliz Filadèlfi a: Men sa moun ki sen an epi ki di verite a voye di w. Li genyen nan men kle wayòm David la. Lè l louvri, pèsòn pa ka fèmen. Lè l fèmen, pèsòn pa ka louvri.
8 Mwen konnen aksyon w yo. Gade: Mwen mete devan w yon pòt louvri, pa gen pèsòn ki ka fèmen l. Paske ou pa gen anpil puisans, poutan ou kenbe pawòl mwen epi ou pa pè temwanye pou mwen. 9 Gade, m ap ba w moun sinagòg Satan yo. Yo di se Jwif yo ye, se pa vre: yo manti. M ap fè yo vin mete ajenou nan pye w pou adore w. M ap fè sa pou yo kapab konnen mwen renmen w. 10 Paske ou pèsevere nan pawòl mwen, menm nan soufrans. Alò, m ap pwoteje w nan peryòd la twoublay k ap vini sou mond lan, yon tan eprèv pou tout moun k ap viv sou latè.
11 M ap vini talè. Kenbe fèm nan la fwa w, pou pèsòn pa pran kouwòn ou. 12 Moun ki va ranpòte laviktwa yo ap sèvi kolòn nan tanp Bondye m nan. Y ap rete la pou tout tan. M ap make yo ak non Bondye m nan, epi ak non lavil Bondye m nan, Lavil Jerizalèm[a] tou nèf la Bondye voye desann soti nan syèl la. M ap make yo ak nouvo non mwen an tou. 13 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo.
Mesaj Jezi voye bay legliz Lawodise a
14 Ekri voye bay anj legliz Lawodise a, di l konsa: Moun ki rele Verite a, ki pale selon verite a, moun ki sous kreyasyon Bondye a, men kisa l voye di w:
15 Mwen konnen aksyon w yo. Mwen konnen ou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito w te frèt oubyen cho! 16 Konsa, poutèt se sèlman tyèd ou tyèd, ou pa ni frèt ni cho, m ap vomi w krache voye jete. 17 Paske, ou met nan tèt ou rich, ou pa bezwen anyen, men se wè ou pa wè ou melere, pòv mizerab, avèg epi toutouni! 18 M ap konseye w achte nan men m yon lò ki bon, ki byen pwòpte nan dife, pou w ka vin rich. Achte rad blan nan men m, pou w mete, pou ou pa wont lè w ap mache toutouni sou moun. Achte nan menm remèd pou mete nan je w, pou ka wè.
19 Moun mwen renmen, mwen tire zòrèy yo pou korije yo. Alò, fè plis efò, repanti w epi chanje konduit ou! 20 Men m kanpe devan pòt la, m ap frape. Si yon moun tande vwa m epi li louvri pòt la, m ap antre manje avè l, epi limenm tou l ap manje avè m.
21 Moun ki ranpòte laviktwa a, l ap chite ansanm ak mwen sou twòn mwen, menm jan mwen menm, mwen ranpòte laviktwa epi mwen chita ansanm ak Papa m sou twòn li a. 22 Se pou tout moun ki gen zòrèy, tande sa Sentespri voye di legliz yo!”
Maryaj nan ti vil Kana
2 Apre de jou, te gen yon maryaj nan ti vil yo rele Kana a, nan teritwa Galile. Manman Jezi te la. 2 Yo te envite Jezi ak disip li yo nan maryaj la tou. 3 Pandan fèt la, diven an vin fin i. Manman Jezi di l konsa: “Yo pa gen diven ankò non.”
4 Jezi reponn: “Chè madam, pou kisa ou di m sa? Lè m poko rive.”
5 Manman l di moun ki t ap sèvi yo: “Fè sa l di nou fè.”
6 Te gen sis gwo ja an wòch ki te la, Jwif yo te konn itilize yo pou mete dlo pou seremoni pirifikasyon[a] yo. Chak ja te kapab kenbe 20 pou rive 30 galon konsa.[b]
7 Jezi di moun ki t ap sèvi yo: “Plen ja yo dlo.” Yo te plen yo dlo ra bouch.
8 Lè l fin i, li di yo: “Pran tigout nan dlo a pote bay responsab fèt la.”
Yo te fè sa l te di yo fè a. 9 Epi, responsab fèt la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t konnen ki kote li soti, men sèvitè yo ki te pote dlo a te konnen. Apre sa, responsab la rele mesye marye a. 10 Li di l: “Nòmalman tout moun toujou sèvi pi bon diven an anvan. Pita, lè tout envite yo fin sou, yo sèvi diven ki pa twò chè a. Men, ou menm, ou kite bon diven an epi se kounye a ou ap sèvi li.”
11 Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.
12 Apre sa Jezi ale lavil Kapènawòm. Manman li, frè li yo ak disip li yo te ale avèk li. Epi yo te pase de twa jou la.
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Mat 21:12-13; Mak 11:15-17; Lik 19:45-46)
13 Fèt Pak Jwif yo te prèske rive, kon sa Jezi t al Jerizalèm. 14 Li jwenn nan tanp lan yon bann moun ki t ap vann bèf, mouton ak pijon. Li jwenn lòt moun ki te chita bò tab yo ap chanje lajan tou. 15 Jezi fè yon fwèt ak plizyè kòd. Li te chase yo tout nan tanp lan ansanm avèk mouton yo ak bèf yo. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo. Li jete tout lajan yo atè. 16 Epi li di moun ki t ap vann pijon yo: “Wete bagay sa yo isit la. Nou pa dwe fè kay Papa m nan tounen yon mache pou moun ap vann epi pou y ap achte.”
17 Disip li yo sonje sa k te ekri sou li nan Bib la:
“Lamou m genyen pou tanp ou a ap boule nan mwen tankou yon dife.”(A)
18 Jwif yo te reponn li konsa: “Fè yon mirak kòm yon siy ki soti nan Bondye. Ban nou prèv ou gen dwa fè bagay sa yo.”
19 Jezi reponn yo: “Detwi tanp sa a, epi m ap rebati l nan twa jou.”
20 Jwif yo reponn li: “tanp sa a pran karannsizan (46) pou yo bati l, epi ou menm, nan twa jou ou ap rebati l!”
21 Men, tanp Jezi t ap pale a, se te pwòp kò li. 22 Lè Jezi resisite, disip yo sonje li te di sa. Yo te kwè nan sa ki te ekri nan Bib la epi nan pawòl Jezi te di yo.
23 Pandan Jezi te lavil Jerizalèm, nan fèt Pak la, anpil moun te kwè nan li, paske yo te wè mirak li t ap fè yo. 24 Men Jezi pa t fè yo konfyans, paske li te konnen ki moun yo ye. 25 Li pa t bezwen pèsonn di l kijan lòm ye. Li menm li te konnen sa ki nan lòm.
Copyright © 2017 by Bible League International