M’Cheyne Bible Reading Plan
6 ¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Se koulye a ou pral wè sa m' pral fè farawon an. Mwen pral fè l' santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l'ap kite yo ale. Wi, m'ap fòse l' sitèlman, se mete l'ap mete yo deyò nan peyi l' a.
2 Bondye pale ak Moyiz, li di l': -Se mwen menm ki Seyè a.
3 Mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m' sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pa t' fè yo konnen m' sou lòt non mwen an, ki vle di: Seyè a.
4 Mwen te pase yon kontra ak yo, mwen te pwomèt pou m' te ba yo peyi Kanaran an, peyi kote yo te viv tankou etranje a.
5 Koulye a, mwen tande jan pèp Izrayèl la ap plenn. Moun peyi Lejip yo fè yo tounen esklav. Mwen vin chonje kontra mwen te pase ak yo a.
6 Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Seyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m' pou m' delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini.
7 M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a.
8 Apre sa, m'ap mennen nou tounen nan peyi mwen te sèmante m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. Se mwen menm Seyè a k'ap ban nou peyi sa a pou l' rele nou chèmèt.
9 Moyiz di pèp Izrayèl la sa, men yo pa t' vle kwè l', paske yo te about. Esklavaj la te peze lou sou yo.
10 ¶ Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa:
11 -Ale bò kote farawon an, wa Lejip la. Di l' konsa pou l' kite pèp Izrayèl la soti kite peyi l' la.
12 Men, Moyiz di Seyè a: -Ata pèp Izrayèl la pa t' koute m', atò se farawon an ki ta koute m'? Mwen tou pa konn pale.
13 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon. Li ba yo lòd pale ak pèp Izrayèl la ansanm ak farawon an, wa Lejip la, pou fè yo konnen yo tou de te resevwa lòd fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip.
14 ¶ Men non chèf fanmi pèp Izrayèl yo: Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se li ki papa Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. Se tout fanmi Woubenn lan sa.
15 Apre li vin Simeyon. Men non pitit Simeyon yo: Jemwèl, Jamen, Arad, Jaken, Taoska ak Sayil, yon pitit li te fè ak yon fanm moun peyi Kanaran. Se tout fanmi Simeyon yo sa.
16 Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan (137 an).
17 Men pitit Gèchon yo ak tout fanmi yo: Libni ak Chimeyi.
18 Men pitit Keyat yo: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. Keyat te viv antou santranntwazan (133 an).
19 Men pitit Merari yo: Makli ak Mouchi. Se tout branch fanmi Levi yo sa ansanm ak pitit yo.
20 Amram te marye ak Jokebèd, ki matant li bò papa. Jokebèd te fè Arawon ak Moyiz pou li. Amram te viv antou santrannsetan (137 an).
21 Men pitit Jizeya yo: Kore, Nefèg ak Zikri.
22 Men pitit Ouzyèl yo: Mikayèl, Elsafan ak Sitri.
23 Arawon te marye ak Elicheba, pitit fi Aminadab, sè Nakchon. Elicheba te fè Nadab, Abiyou, Eleaza ak ltama pou Arawon.
24 Men non pitit Kore yo: Asi, Elkana ak Abyazaf. Se tout fanmi Kore yo sa.
25 Eleaza, pitit Arawon an, te marye ak yonn nan pitit fi Poutyèl yo, ki te fè Fineas pou li. Men non tout chèf fanmi Levi yo ak tout moun pa yo.
26 Se menm Arawon sa a ansanm ak Moyiz Seyè a te di: Fè pitit Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la, gwoup pa gwoup.
27 Se yo menm tou ki t al di farawon an, wa Lejip la, pou l' fè pèp Izrayèl la soti kite Lejip. Wi, se Arawon sa a avèk Moyiz sa a ki te fè tou sa.
28 Lè Seyè a te pale ak Moyiz nan peyi Lejip la, men sa li te di l':
29 -Se mwen menm ki Seyè a! Tou sa mwen di ou la a, se pou ou rapòte l' bay farawon an, wa Lejip la.
30 Men Moyiz koupe pawòl nan bouch Seyè a, li di l': -Pawòl pa vin nan bouch mwen fasil. Ou kwè farawon an pral chita tande m'?
9 ¶ Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi.
2 Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou.
3 Li di yo: Pa pran anyen pou vwayaj la: ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa menm yon rad derechanj.
4 Rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati kite peyi a.
5 Tout kote moun pa vle resevwa nou, kite lavil sa a, souke pousyè pye nou; konsa yo p'ap ka di nou pa t' avèti yo.
6 Disip yo pati, yo mache ale nan tout bouk, yo t'ap anonse bon nouvèl la, yo t'ap geri moun malad toupatou.
7 Lè sa a, Ewòd t'ap gouvènen nan peyi Galile a. Li te pran nouvèl tou sak t'ap pase. Men, li pa t' konnen sa pou l' te kwè. Gen moun ki t'ap di: Se Jan Batis ki leve pami mò yo.
8 Gen lòt ki t'ap di: Se Eli ki parèt. Gen lòt ki t'ap di ankò: Se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo.
9 Men Ewòd t'ap di: Mwen te fè koupe tèt Jan. Men, nonm mwen tande y'ap nonmen non l' anpil la, kilès li ye menm? Li t'ap chache wè Jezi.
10 ¶ Lè apòt yo tounen, yo rakonte Jezi tou sa yo te fè. Li pran yo avèk li, yo pati ansanm pou kont yo pou lavil Betsayda.
11 Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad.
12 Lè solèy kòmanse kouche, douz disip yo pwoche bò kot Jezi, yo di li: Voye moun yo ale pou yo ka achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dòmi nan bouk yo ak nan vwazinaj la; paske isit la nou nan mitan yon dezè.
13 Jezi di yo: Poukisa nou pa ba yo manje pito! Men, yo reponn: Nou gen senk pen ak de pwason sèlman. Ou ta vle pou n' al achte manje pou n' bay tout pèp sa a?
14 (Te gen senkmil (5.000) gason konsa.) Jezi di disip li yo: Fè yo chita pa ranje senkant konsa.
15 Disip yo koute l', yo fè tout moun chita.
16 Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li separe l', li renmèt li bay disip yo pou mache bay foul moun yo.
17 Tout moun manje vant plen. Lèfini, disip yo ranmase douz panyen plen moso ki te rete.
18 ¶ Yon jou, Jezi te pou kont li, li t'ap lapriyè. Disip li yo vin jwenn li, li mande yo: Ki moun yo di mwen ye?
19 Yo reponn li: Gen moun ki di ou se Jan Batis! Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo.
20 Li mande yo: Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: Ou se Kris la, Moun Bondye chwazi pou voye a.
21 Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pesonn sa.
22 Apre sa, li di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou m'ap leve soti vivan nan lanmò.
23 Epi li di yo tout: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l' sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen.
24 Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, la sove li.
25 Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye, si l' pèdi nanm li, ou si l' detwi lavi li?
26 Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
27 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè gouvènman Bondye a.
28 ¶ Wit jou konsa, apre li te fin di pawòl sa yo, Jezi pran Pyè, Jan ak Jak. Li moute sou yon mòn pou li al lapriyè.
29 Antan li t'ap lapriyè, figi l' pran chanje, rad li vin klere tou blan.
30 Te gen dezòm ki t'ap pale ak Jezi: se te Moyiz ak Eli,
31 ki te parèt nan mitan yon bèl limyè ki soti nan syel la. Yo t'ap pale avèk li sou jan li tapral mouri lavil Jerizalèm pou l' te ka akonpli misyon li.
32 Yon bon dòmi te gen tan vòlè Pyè ak kanmarad li yo. Men, lè yo leve, yo wè bèl limyè ki te vlope Jezi ansanm ak de mesye ki te bò kote l' yo.
33 Antan mesye yo tapral kite Jezi Pyè di li: Mèt, sa te bon nèt pou nou te la. Ann moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli. Li pa t' konnen sa l' t'ap di.
34 Pandan li t'ap pale konsa, yon nwaj vin kouvri yo ak lonbraj li. Lè disip yo wè nwaj la ap vin sou yo, yo te pè.
35 Lè sa a, yo tande yon vwa ki soti nan nwaj la ki di: Moun sa a se pitit mwen, moun mwen chwazi a. Koute li!
36 Apre vwa a fin pale, Jezi te pou kont li ankò. Disip yo te fèmen bouch yo sou sa. Lè sa a, yo pa t' rakonte pesonn sa yo te wè.
37 ¶ Nan denmen, yo desann soti sou mòn lan. Yon gwo foul moun te vin kontre Jezi.
38 Nan mitan foul la, yon nonm pran rele: Mèt, tanpri, voye je ou sou pitit gason m' lan. Souple, se yon sèl la mwen genyen.
39 Li gen yon move lespri ki konn pran l', lè konsa lespri a fè l' bay yon sèl rèl, li souke l' byen souke, li fè bouch li kimen. Se pa ti maltrete li maltrete ti bway la. Epi se tout yon traka lè pou l' soti sou li.
40 Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pa t' kapab.
41 Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti bway la isit.
42 Pandan yo t'ap mennen ti bway la vini move lespri a fese l' atè, li souke l' byen souke. Men, Jezi pale byen fò avèk move lespri a. Li geri pitit la, li renmèt li bay papa li.
43 ¶ Tout moun te sezi pou wè jan Bondye gen pouvwa. Pandan moun yo te nan ladmirasyon pou tou sa Jezi t'ap fè konsa, Jezi di disip li yo:
44 Fè sa antre nan tèt nou byen: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' tonbe anba men lèzòm.
45 Men, disip yo pa t' konprann pawòl la; sans li te kache pou yo, yo pa t' ka konnen sa sa te vle di: epi yo te pè poze l' keksyon sou sa tou.
46 Apre sa, disip yo t'ap diskite yonn ak lòt pou konnen kilès nan yo ki te pi grannèg.
47 Jezi vin konnen lide ki te nan tèt yo: li pran yon timoun piti li mete l' bò kote li.
48 Epi li di yo: Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan tou. Moun ki pi piti nan mitan nou tout la a, se li ki pi grannèg.
49 Jan pran lapawòl, li di: Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l' fè sa paske li pa t'ap mache avèk nou.
50 Jezi reponn li: Kite l' non. Moun ki pa kont ou, se moun pa ou li ye.
51 ¶ Dat pou Jezi te moute nan syèl la t'ap pwoche. Lè sa a li pran desizyon l', li pran chemen Jerizalèm.
52 Li voye kèk mesaje devan. Yo pati. Yo antre nan yon bouk peyi Samari pou pare yon kote pou Jezi desann.
53 Men, moun yo pa t' vle resevwa l', paske li tapral Jerizalèm.
54 Lè Jak ak Jan, de nan disip yo, wè sa, yo di li: Mèt, ou pa ta vle nou bay lòd pou dife nan syèl la desann fin ak yo?
55 Jezi vire bò kote yo, li pale byen sèvè ak yo.
56 Apre sa, y' ale nan yon lòt bouk.
57 ¶ Pandan yo t'ap mache, yon nonm di Jezi konsa: M'ap swiv ou tout kote ou prale.
58 Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo, zwezo nan syèl la gen nich yo tou. Men, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa gen kote pou m' poze tèt mwen.
59 Jezi di yon lòt: Swiv mwen. Men, nonm lan reponn li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan.
60 Men, Jezi di li: Kite moun mouri antere moun mouri yo. Ou menm, al fè konnen gouvènman Bondye a.
61 Yon lòt di l' ankò: M'ap swiv ou wi, Mèt. Men, kite m' al di moun lakay mwen yo orevwa.
62 Jezi reponn li: Moun ki mete men nan yon travay, epi k'ap vire tèt gade dèyè, moun konsa pa ka sèvi nan peyi kote Bondye Wa a.
23 ¶ Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:
2 -Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l'. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l'.
3 Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a.
4 M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen.
5 M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'.
6 Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase.
7 Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan.
8 ¶ M' ale bò solèy leve, Bondye pa la. M' ale bò solèy kouche, mwen pa wè l' tou.
9 Mwen moute nan nò al chache l', m' pa wè l'. Mwen desann nan sid, bichi!
10 Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife.
11 M' mache pye pou pye dèyè l'. M' swiv chemen li mete devan m' lan. M' pa janm devire ni adwat ni agoch.
12 Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen.
13 ¶ Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a?
14 L'ap toujou fè m' sa li vle fè m' lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo.
15 Se poutèt sa, m'ap tranble devan l'. Lè m' chonje sa, mwen soti pè l'.
16 Men wi, se Bondye k'ap kraze kouraj mwen. Se Bondye menm mwen soti pè. Se pa fènwa a.
17 Fènwa a kache Bondye pou m' pa wè l'. L' enpoze m' santi prezans li. Se tout!
10 ¶ Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te rive zansèt nou yo lè yo t'ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nwaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la.
2 Antan yo te nan nwaj la ak nan lanmè a ansanm ak Moyiz, yo tout te resevwa yon batèm.
3 Yo tout te manje menm manje Lespri Bondye te ba yo a.
4 Yo tout te bwè menm bwason Lespri Bondye te ba yo a. Se konsa yo t'ap bwè dlo ki t'ap soti nan gwo wòch Lespri Bondye te ba yo epi ki t'ap mache ansanm ak yo a: Wòch sa a, se te Kris la menm.
5 Atousa, anpil ladan yo pa t' fè Bondye plezi. Se poutèt sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.
6 ¶ Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l' lan.
7 Piga nou sèvi zidòl tankou kèk ladan yo te fè l', jan sa ekri nan Liv la: Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pran plezi yo.
8 Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil (23.000) tonbe, yo mouri yon sèl jou.
9 Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri.
10 Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout.
11 Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv koulye a, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive.
12 Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe.
13 Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li.
14 Se poutèt sa, zanmi m' yo, pa mele nan sèvis zidòl yo.
15 ¶ M'ap pale ak nou tankou ak moun ki gen bon konprann: jije nou menm sa m'ap di a.
16 Gode benediksyon n'ap bwè a, lè nou fin di Bondye mèsi pou li, èske se pa san Kris la n'ap separe bay tout moun? Pen nou kase a, lè n'ap manje l', èske se pa kò Kris la n'ap separe bay tout moun?
17 Se yon sèl pen ki genyen, pa vre? Nou menm tou, nou te mèt anpil, nou fè yon sèl kò, paske se yon sèl pen an nou separe bay tout moun.
18 Ann konsidere jan sa fèt kay moun ras Izrayèl yo: moun ki manje vyann bèt ki te ofri pou touye pou Bondye sou lòtèl la, li vin an komenyon ak Bondye ki mèt lòtèl la.
19 Kisa m' vle di la a? Gen lè zidòl y'ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè?
20 Non! Men sa m' vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an komenyon ak denmon yo.
21 Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Seyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo.
22 Osinon, èske nou vle fè Seyè a fè jalouzi? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li?
23 ¶ Nou gen dwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye.
24 Piga pesonn chache sa ki bon pou tèt pa l' ase. Se pou l' chache enterè lòt yo tou.
25 Nou lib manje tou sa yo vann nan mache vyann san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans nou p'ap twouble.
26 Paske, jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l'.
27 Si yon moun ki pa gen konfyans nan Kris la envite nou nan yon fèt, si nou asepte ale, se pou n' manje tou sa yo mete devan nou, san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans pesonn p'ap twouble.
28 Men, si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l' poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pesonn pa boulvèse.
29 Mwen pa di sa pou konsyans pa nou non, men pou konsyans lòt moun lan. Men, yon moun va mande m': Ki jan konsyans yon lòt moun ka sèvi m' antrav nan sa m' gen dwa fè?
30 Si mwen di Bondye mèsi pou sa m'ap manje a, ki jan pou yo ta ka pale m' mal pou yon manje konsa?
31 Se sak fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l' pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.
32 Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche.
33 Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.