M’Cheyne Bible Reading Plan
Pyè ak Jan ansanm ak Gran Konsèy Jwif la
4 Pandan Pyè ak Jan t ap pale ak foul la konsa, yon pakèt lidè Jwif ki te gen kèk prèt ladan yo, kòmandan lagad ki t ap siveye tanp lan ansanm ak kèk Sadiseyen te vin parèt kote yo te ye a. 2 Lidè sa yo te fache anpil dèske Pyè ak Jan t ap anseye pèp la, dèske yo t ap pale pèp la de Jezi epi fè yo konnen moun mouri kapab leve vivan ankò menm jan ak Jezi. 3 Konsa, lidè yo arete Pyè ak Jan epi yo mete yo nan prizon. Kòm solèy te gentan fin kouche, mesye yo pase nuit la nan prizon an pou tann demen. 4 Malgre sa, anpil nan moun ki t ap koute Pyè ak Jan yo te mete konfyans yo nan Jezi. Sa te fè kantite kwayan yo te rive jouk nan senk mil (5,000) konsa.
5 Nan demen, chèf Jwif yo, lidè yo ki pami pèp la ansanm ak Skrib yo, yo tout te rasanble nan Jerizalèm. 6 Nan moun ki te la yo, te gen Àn, chèf prèt la, te gen Kayif, Jan, Aleksann, ansanm ak yon bann lòt moun ankò ki nan branch fanmi chèf prèt la. 7 Yo mete Pyè ak Jan kanpe nan mitan epi yo tonbe poze yo kesyon. Yo mande yo pou yo di ak ki pouvwa osinon nan non ki lès yo geri nonm kite paralize a.
8 Lè sa a, Pyè te vin twouve l anba kontwòl Sentespri a epi li di yo: “Nou menm chèf yo ansanm ak lidè pami pèp Izrayèl la. 9 Gade se nou menm jodi a k ap poze nou kesyon sou byen nou fè pou nonm ki te estwopye a. Nou bezwen konnen kijan li fè geri? 10 Enben se pou nou tout ki la a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la, se pou nou konnen se nan non Jezikris, nonm Nazarèt, la li geri. Nou te klouwe l sou kwa a, men Bondye fè l leve soti vivan nan lanmò. Se poutèt pouvwa Jezikris nonm sa a kanpe an sante devan nou jodi a. 11 Jezi se
wòch[a] nou te voye jete pou pa bon an,
nou menm ki t ap bati kay la,
men, li tounen wòch kwen an,
wòch ki pi enpòtan an.[b]
12 Pa gen delivrans nan pyès lòt moun, eksepte nan Jezi sèlman. Paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre moun. Se Jezi sèl ki ka delivre nou.”
13 Chèf Jwif yo pa t manke sezi lè yo te wè kijan Pyè ak Jan t ap pale avèk konviksyon, sitou lè yo vin reyalize mesye sa yo se pa moun ki te gen gwo enstriksyon ni okenn fòmasyon espesyal. Amplis, yo te vin reyalize Pyè ak Jan te ansanm avèk Jezi. 14 Lidè Jwif yo pa t jwenn anyen pou reponn Pyè ak Jan sou sa yo te di yo, paske yo te wè nonm ki te geri a kanpe la, bò kote yo.
15 Konsa, yo kòmande Pyè ak Jan pou yo soti epi Gran Konsèy la menm te toujou reyini ap reflechi ansanm sou kisa pou yo ta fè. 16 Yo t ap di: “Ki sa pou nou fè ak mesye sa yo menm? Paske li klè pou tout moun k ap viv nan Jerizalèm se yo menm ki te fè gwo mirak sa a. Sa k pi rèd la, nou pa ka di se pa vre. 17 Men, pou nou ka anpeche bagay la kontinye gaye, nou ka fè presyon sou yo pou yo pa kontinye pale nan non nonm sa a[c] ak pèsonn moun ankò.”
18 Apre sa, yo rele apot yo, yo pase yo lòd sevè pou yo pa janm preche ni anseye moun nan non Jezi ankò. 19 Men, Pyè ak Jan reponn Gran Konsèy la, yo di yo: “Ki sa nou panse Bondye ta vle, pou n obeyi nou osinon pou n obeyi Bondye? 20 Nou pa ka pe bouch nou, nou pa ka pa rakonte sa nou te wè ak sa n te tande.”
21 Malgre sa, lidè Jwif yo bay Pyè ak Jan kèk presyon toujou epi yo lage yo. Yo pa t ka jwenn okazyon pou pini mesye yo poutèt pèp la. Se tout pèp la ki t ap fè lwanj pou Bondye poutèt gwo mirak mesye yo te fè a. 22 Nonm ki te geri pa mwayen mirak apot yo te fè a te gen plis pase karant (40) an.
Pyè ak Jan tounen al jwenn lòt disip yo
23 Lage Pyè ak Jan te fin lage, yo ale tou dwat al jwenn rès gwoup patizan Jezi yo epi yo rakonte yo tout sa chèf prèt yo ak lidè yo nan pèp Jwif la te di yo. 24 Lè kwayan yo tande sa Pyè ak Jan te rapòte yo a, yo tout leve vwa yo ansanm nan lapriyè devan Bondye. Yo di: “O Mèt, ou menm ki te kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. 25 Sèvitè w David, zansèt nou, te di pawòl sa yo anba pouvwa Sentespri a:
Poukisa moun lòt nasyon yo ap bat kò yo konsa?
Poukisa pèp yo ap fè bann plan ki pa vo anyen sa yo?
26 Tout wa latè yo prepare yo pou batay,
tout chèf yo rasanble ansanm
pou yo goumen kont Senyè a
ak kont Kris la.[d]
27 Se egzateman sa ki te rive nan vil sa a menm, lè Ewòd te reyini ansanm ak Pons Pilat ansanm ak moun lòt nasyon yo ak pèp Izrayèl la kont Jezi, sèvitè w la ou te chwazi epi ki te mache dwat devan w lan. 28 Yo te fè sa pou yo te ka akonpli sa ou menm, nan pouvwa w ak volonte w te gen tan planifye davans pou rive. 29 Kounye a Senyè, gade kijan y ap fè nou menas pou anpeche nou pale. Ede sèvitè w yo pou yo ka pwoklame mesaj ou a avèk konviksyon. 30 Lonje men w pou fè moun malad geri, fè mirak ak anpil lòt bèl bagay rive pa mwayen pouvwa[e] Jezi, sèvitè w la ki te viv apa pou ou a.”
31 Apre kwayan yo te fin priye Bondye konsa, kote yo te rasanble a te pran tranble. Tout moun ki te la, san manke youn, te vin ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe preche mesaj Bondye a san pè anyen.
Kwayan yo separe sa yo genyen ansanm
32 Tout moun ki te mete konfyans yo nan Jezi yo te fè yon sèl. Yo te gen menm panse nan tèt yo epi yo te gen menm santiman youn pou lòt. Pèsonn pa t di byen l te genyen se te pou li sèlman. Okontrè, tout sa youn te genyen te pou tout moun. 33 Se avèk anpil puisans apot yo t ap fè konnen jan Senyè Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Bondye menm t ap vide benediksyon an kantite sou tout kwayan yo. 34 Pa t gen pèsonn ki te nan nesesite nan mitan yo. Sa k te gen tè osinon kay te van yo epi yo pote lajan an vini. 35 Yo te pote lajan an bay apot yo. Apre sa, yo te separe bay chak moun selon bezwen yo.
36 Youn nan kwayan sa yo te rele Jozèf. Se te yon Jwif nan branch fanmi Levi ki te soti nan yon zile ki rele Chip. Apot yo te ba l ti non Banabas, ki te vle di “Nonm ki renmen ankouraje moun nan”. 37 Jozèf te gen yon jaden tou. Li vann li epi li pote lajan an bay apot yo.
Yo mennen Jezi bay Pilat
(Mak 15:1; Lik 23:1-2; Jan 18:28-32)
27 Byen bonè nan maten, tout chèf prèt yo ak tout lidè Jwif yo te pran desizyon pou yo touye Jezi. 2 Yo mare li, yo kondui li epi yo livre l bay Pilat, gouvènè a.
Jida touye tèt li
(Trav 1:18-19)
3 Lè Jida, moun ki te trayi Jezi a, wè yo pral touye l, li regrèt sa l te fè a. Li pote trant pyès lajan an remèt chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo. 4 Li di: “Mwen peche paske mwen te livre yon nonm inosan bay lènmi l yo pou yo touye l.”
Yo reponn li: “Ki mele nou? Sa a se biznis pa w!”
5 Jida voye pyès lajan yo anndan tanp la, epi l soti, l al pann tèt li.
6 Chèf prèt yo ranmase pyès lajan yo, epi yo di: “lajan sa a se lajan san, lalwa pa pèmèt nou mete l nan kès tanp la.” 7 Konsa, yo mete yo dakò pou yo achte yon tèren yo rele Jaden Potye a. Tèren sa a te sèvi simityè pou vizitè ki mouri pandan y ap vizite Jerizalèm. 8 Se poutèt sa, depi lè a, yo rele tèren kot simityè a ye a Jaden San. 9 Alò, pwofesi pwofèt Jeremi an te akonpli:
“Yo pran trant pyès lajan. Se fòs kòb sa a pèp Izrayèl te deside peye pou lavi l. 10 Yo pran trant pyès lajan sa a, yo achte Jaden Potye a avè l, jan Senyè a te ban m lòd la.”[a]
Gouvènè Pilat ap kesyone Jezi
(Mak 15:2-5; Lik 23:3-5; Jan 18:33-38)
11 Jezi parèt devan gouvènè a. Pilat mande l: “Èske w se wa Juif yo?”
Jezi reponn li: “Se sa ou di.”
12 Apre sa, malgre tout akizasyon chèf prèt yo ak lidè Jwif yo t ap mete sou do l, li pa t janm ouvè bouch li.
13 Lè Pilat wè sa, li di l: “Ou gen lè pa tande ki valè akizasyon y ap met sou do w?”
14 Men, Jezi pa t janm di yon mo. Sa te fè Pilat sezi anpil.
Pilat eseye libere Jezi
(Mak 15:6-15; Lik 23:13-25; Jan 18:39–19:16)
15 Chak ane nan sezon fèt Pak la, gouvènè a te gen abitid pou l lage nenpòt prizonye foul la te vle. 16 Lè sa a, te gen yon prizonye moun te byen konnen yo te rele Barabas.[b]
17 Konsa lè foul la te rasanble, Pilat mande yo: “Kilès nan de a nou vle m lage ba nou: Barabas oswa Jezi, yo rele Kris la?” 18 Li konnen se jalouzi ki fè moun yo te livre Jezi ba li.
19 Pandan Pilat chita nan plas espesyal li konn fè jijman an, madanm li voye di l: “Pa foure kò w twò fon nan zafè sa a, paske nonm lan inosan. Yè swa mwen fè yon move rèv sou li, epi depi lè a m boulvèse anpil.”
20 Men, chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo, te gen tan jwe nan tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas epi kondane Jezi.
21 Gouvènè a mande: “Kilès nan de prizonye yo nou vle pou m lage?”
Pèp la reponn: “Barabas!”
22 Pilat di ankò: “Ki sa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la?”
Yo tout reponn: “Krisifye l!”
23 Pilat mande yo: “Men, pouki? Ki mal li fè?”
Men yo tout te pran rele pi fò: “Krisifye l!”
24 Lè sa a, Pilat wè se tan l ap pèdi. Okontrè, foul la te vin pi ajite. Li mande enpe dlo, epi li lave men l devan je tout moun. Li di: “Mwen inosan nan lanmò nonm sa a. Lanmò l sou kont nou!”
25 Pèp la reponn: “Ou mèt met lanmò a sou do nou menm ak tout pitit nou!”
26 Konsa, Pilat lage Barabas. Li fè bat Jezi. Epi li livre Jezi bay sòlda yo pou y al krisifye l.
Sòlda women yo pase Jezi nan betiz
(Mak 15:16-20; Jan 19:2-3)
27 Apre sa, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout sòlda te reyini, epi yo mete Jezi nan mitan. 28 Yo dezabiye l, epi yo mete yon tòj wouj vyolèt sou li. 29 Yo trese yon kouwòn ak branch pikan met sou tèt li. Yo mete yon baton nan men dwat li. Apre sa yo met ajenou devan l, epi yo t ap rele “Viv wa Juif yo!” pou yo te ka pase l nan betiz. 30 Yo krache sou li. Yo pran baton ki te nan men l lan yo frape l nan tèt. 31 Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa yo pati avè l pou yo al krisifye l.
Yo klouwe Jezi sou yon kwa
(Mak 15:21-32; Lik 23:26-43; Jan 19:17-19)
32 Pandan yo sou wout pou y al krisifye Jezi a, yo kontre ak Simon, moun Sirèn. Yo fòse l pote kwa Jezi a. 33 Lè yo rive kote yo rele Gòlgota a (Gòlgota vle di: Plas zo tèt), 34 yo ba l bwè yon melanj diven ak yon bagay anmè. Lè Jezi goute l, li refize bwè l.
35 Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò[c] pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 36 Sòlda yo te ret chita veye l. 37 Te gen yon pannkat nan tèt kwa Jezi ki te di pouki yo touye l. Men sa k te ekri ladan l: nonm sa a, se Jezi, wa Jwif yo.
38 Yo te pwofite menm okazyon an pou yo krisifye de bandi, youn sou bò dwat Jezi, lòt la sou bò gòch li. 39 Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. 40 Yo t ap di: “Ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? Ebyen, kounye a sove tèt! Si ou se pitit Bondye vre se pou desann kwa a!”
41 Chèf prèt yo, pwofesè lalwa yo ak lòt lidè Jwif yo, t ap pase Jezi nan betiz menm jan ak lòt moun yo. Yo t ap di: 42 “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. Si l se wa Izrayèl vre se pou l desann kwa a. Lè sa n ap kwè nan li. 43 Li mete konfyans li nan Bondye. Enben, si Bondye vle l, se pou l delivre l kounye a! Dayè li te di ak bouch li: Mwen se pitit Bondye.” 44 Menm bandi yo ki te krisifye ak Jezi t ap pase l nan betiz tou.
Jezi mouri
(Mak 15:33-41; Lik 23:44-49; Jan 19:28-30)
45 Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. 46 Vè twazè, Jezi pouse yon gwo kri: “Eli, Eli, lema sabaktani!”[d] Sa vle di: “Bondye m, Bondye m, pou kisa ou abandone m?”
47 Kèk nan moun ki te kanpe la te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Men l ap rele Eli.”[e]
48 Youn pami yo kouri pran yon eponj, li tranpe l nan yon diven ki gen gou vinèg, epi l mete sou tèt yon gòl pou Jezi te ka bwè l. 49 Men tout lòt moun yo t ap di: “Padon kò w la! Kite l pou nou wè si Eli ap vin delivre l.”
50 Jezi fè yon lòt gwo kri ankò, epi li rann dènye souf li.
51 Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. Latè tranble. Karyann yo fann. 52 Tonm yo ouvri. Yon bon valè moun nan pèp Bondye a ki te gen tan mouri te resisite. 53 Apre Jezi fin resisite, yo te kite tonm yo, epi yo antre vil Jerizalèm. Anpil moun te wè yo.
54 Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.”
55 Te gen plizyè medam ki te kanpe a distans ap gade sa k ap pase. Medam sa yo se moun ki t ap swiv Jezi espesyalman pou yo te ka pran swen l, depi lè l te nan Galile. 56 Pami yo nou jwenn Mari, moun Magdala a, Mari manman Jak ak Jozèf, epi manman Jak ak Jan pitit Zebede[f] yo.
Yo antere Jezi
(Mak 15:42-47; Lik 23:50-56; Jan 19:38-42)
57 Nan apremidi te gen yon nonm rich ki te disip Jezi, yo rele Jozèf, moun Arimate, ki te vini 58 bò kote Pilat pou l mande pou yo ba li kò Jezi. Pilat pase sòlda yo lòd pou yo remèt li kò a. 59 Jozèf pran kò a, li vlope l ak yon dra len fen, 60 epi l al antere l nan yon kavo tou nèf, li te fèk fè fouye nan yon karyann. Li woule yon gwo wòch pou fèmen bouch kavo a, epi l al lakay li. 61 Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te ret chita devan kavo a.
Yo met sòlda veye kavo a
62 Nan demen, apre jou yo rele Jou Preparasyon an, chèf prèt yo ak Farizyen, te fè yon ti rankont ak Pilat. 63 Yo di li: “Chèf, nou sonje lè magouyè sa a te vivan, li te di: m gen pou m resisite nan twa jou. 64 Konsa n ap mande w pou pase sòlda yo lòd, pou yo byen veye kavo a pandan twa jou. Konsa, disip li yo pa t ka vin vòlè kò epi fè moun kwè mèt yo resisite. Dènye magouy sa a t ap pi rèd pase premye a.”
65 Pilat di yo: “Pran kèk sòlda, al bay kavo a tout sekirite ki nesesè.” 66 Yo ale nan plas kot kavo a ye pou yo ba l sekirite. Yo poze sele sou gwo wòch ki fèmen bouch kavo a, epi yo mete sòlda veye l.
Copyright © 2017 by Bible League International