Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Historical

Read the books of the Bible as they were written historically, according to the estimated date of their writing.
Duration: 365 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Neemi 7-8

¶ Lè nou te fin rebati miray la, nou moute gwo batan pòtay yo. Nou bay gad tanp yo, moun k'ap chante yo ak moun Levi yo travay yo gen pou yo fè.

Mwen mete de moun reskonsab pou gouvènen lavil Jerizalèm lan. Se te Anani, frè mwen an, ak Ananya, kòmandan gwo fò a. Ananya sa a te yon nonm serye ki te gen krentif pou Bondye. Pa t' gen tankou l'.

Mwen di yo pa kite yo louvri pòtay lavil Jerizalèm yo nan maten toutotan solèy la pa konmanse cho. Konsa tou, aswè se devan yo pou yo fè fèmen batan pòtay yo epi pou yo mete ba yo dèyè pòtay yo anvan gad yo leve pòs le solèy pral kouche. Y'a chwazi kèk moun nan moun ki rete lavil Jerizalèm yo, yon seri pou fè pòs sou miray la, yon lòt pou fè patwouy bò lakay yo.

Lavil la te gran anpil, te gen anpil espas, men pa t' gen anpil moun ki t'ap viv ladan l'. Yo pa t' ankò rebati anpil kay.

¶ Bondye mete nan tèt mwen lide pou m' sanble tout pèp la ak chèf yo, majistra yo, pou m' fè yon resansman, fanmi pa fanmi. N' al tonbe sou ansyen rejis resansman premye moun ki te tounen nan peyi a. Nan rejis sa a m' te jwenn

lis moun ki te kite pwovens Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo te moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.

Men non chèf ki te vin ak yo: Zowobabèl, Jozye, Neemi, Azarya, Ramiya, Nachamani, Madoche, Bilchan, Misperèt, Bigwayi, Nawoum ak Bana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak branch fanmi:

Nan fanmi Pareòch yo, demil sanswasanndouz (2.172) moun,

nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz (372) moun,

10 nan fanmi Arak yo, sisansenkannde (652) moun,

11 nan fanmi Pakat Moab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demil wisandiswit (2.818) moun,

12 nan fanmi Elam yo, mil desansenkannkat (1254) moun,

13 nan fanmi Zatou yo, witsankarannsenk (845) moun,

14 nan fanmi Zakayi yo, sètsansousant (760) moun,

15 nan fanmi Bennwi yo, sisankaranntwit (648) moun,

16 nan fanmi Bebayi yo, sisanvenntwit (628) moun,

17 nan fanmi Azgad yo, demil twasanvennde (2.322) moun,

18 nan fanmi Adonikan yo, sisanswasannsèt (667) moun,

19 nan fanmi Bigwayi yo, demil swasannsèt (2.067) moun,

20 nan fanmi Aden yo, sisansenkannsenk (655) moun,

21 nan fanmi Atè yo, katrevendizwit moun, (Anvan sa, Atè te rele Ezekyas)

22 nan fanmi Achoum yo, twasanvenntwit (328) moun,

23 nan fanmi Betsayi yo, twasanvennkat (324) moun,

24 nan fanmi Arif yo, sandouz (112) moun,

25 nan fanmi Gabawon yo, katrevenkenz moun.

26 Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm ak pou lavil Netofa, sankatreventwit (188) moun,

27 pou lavil Anatòt, sanvenntwit (128) moun,

28 pou lavil Azmavèt, karannde moun,

29 pou lavil Kiriyat-Jearim, lavil Kefira ak lavil Bewòt, sètsankaranntwa (743) moun,30 pou lavil Rama ak pou lavil Geba, sisanventeyen (621) moun,31 pou lavil Mikmas, sanvennde (122) moun,32 pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, sanvenntwa (123) moun,33 pou lavil Neba, senkannde moun,34 pou lòt lavil Elam lan, mil desansenkannkat (1.254) moun,35 pou lavil Arim lan, twasanven (320) moun,36 pou lavil Jeriko yo, twasankarannsenk (345) moun,37 pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak Ono, sètsanventeyen (721) moun,38 pou lavil Sena, twamil nèfsantrant (3.930) moun.

39 Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja ki te soti nan branch fanmi Jozye a, nèfsanswasanntrèz (973) moun,

40 nan pitit Imè yo, mil senkannde (1.052) moun,

41 nan pitit Pachou yo, mil desankarannsèt (1.247) moun,

42 nan pitit Arim yo, mil disèt (1.017) moun.

43 Men lis moun Levi ki te tounen yo: Te gen swasannkatòz moun nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl ki soti nan branch fanmi Odva a.

44 Te gen sankarantwit (148) sanba, moun ki konn chante ak moun ki konn fè mizik nan tanp lan, epi ki soti nan branch fanmi Asaf la.

45 Te gen santranntwit (138) moun ki pou sèvi gad nan pòtay tanp lan epi ki soti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.

46 Men lis moun yo te bay pou travay nan tanp Bondye a, epi ki te tounen nan peyi a. Se moun fanmi Zika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,

47 moun fanmi Kewòs, moun fanmi Sya ak moun fanmi Padon,

48 moun fanmi Lebana, moun fanmi Agaba ak moun fanmi Samayi,

49 moun fanmi Anan, moun fanmi Gidèl ak moun fanmi Gaka,

50 moun fanmi Reaja, moun fanmi Rezin ak moun fanmi Nekoda,

51 moun fanmi Gazam, moun fanmi Ouza ak moun fanmi Paseyak,

52 moun fanmi Besayi, moun fanmi Meounim ak moun fanmi Nefichim,

53 moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,

54 moun fanmi Baslou, moun fanmi Mechida ak moun fanmi Acha,

55 moun fanmi Bakòs, moun fanmi Sisera ak moun fanmi Tamak,

56 moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa.

57 Men lis non moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: Moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Perida,

58 moun fanmi Jaala, moun fanmi Dakon ak moun fanmi Gidèl,

59 moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt, moun fanmi Azebayim ak moun fanmi Amon.

60 Konsa, men kantite moun ki soti nan fanmi travayè tanp lan ak domestik Salomon yo: antou twasankatrevendouz (392).

61 Men te gen yon seri moun ki soti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, ak lavil Imè nan peyi Babilòn epi ki te moute ak tout moun sa yo, atout yo pa t' ka rive fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou yo te ka fè wè yo fè pati pèp Izrayèl la vre.

62 Se te pitit Delaja, Tobija ak Nekoda: antou sisankarannde (642).

63 Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Obaja, Akòs ak Bazilayi. Zansèt moun Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo.

64 Moun sa yo pa t' ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo. Konsa yo pa t' asepte yo pou prèt.

65 Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye di nan sa.

66 Antou nèt, te gen karanndemil twasanswasant (42.360) moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a.

67 Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (7.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (200) gason ak fanm ki te konn fè mizik ak konn chante.

68 Te gen sètsanswasannsis (766) chwal, desankarannsenk (245) milèt,

69 katsantrannsenk (435) chamo ak simil sètsanven (6.720) bourik.

70 Te gen kèk chèf ki te fè ofrann pa yo pou travay la san pesonn pa fòse yo. Gouvènè a te bay pou mete nan kès la desanswasanndis (270) ons lò, senkant gwo plat pou sèvis, senksantrant (530) rad pou prèt yo mete sou yo ak onzmil sisankatreventrèz (11.693) ons ajan.

71 Chèf fanmi yo te bay pou mete nan kès la pou fè travay la: senkmil katsan (5.400) ons lò ak senkanteyenmil katsansenkant (51.450) ons ajan.

72 Rès moun pèp la te fè anpil kado tou. Antou, yo te bay senkmil katsan (5.400) ons lò, karannsimil sètsanswasanndis (46.770) ons ajan ak swasannsèt rad pou prèt yo.

73 Prèt yo, moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen yo ak anpil nan moun pèp Izrayèl yo ansanm ak travayè tanp yo, wi tout pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.

¶ Lè setyèm mwa lanne jwif yo rive, tout moun pèp Izrayèl yo te chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout nèt, yo te sanble sou plas piblik ki devan pòtay Dlo yo. Yo mande Esdras, direktè lalwa a, pou li pote liv lalwa Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la.

Esdras, prèt la, pran liv la, li pote l' kote tout moun yo te reyini an: fanm, gason ak tout timoun ki te gen laj konprann. Se te premye jou nan setyèm mwa a.

Se konsa, sou plas ki devan pòtay Dlo yo, Esdras li nan liv lalwa a pou yo, depi granmaten jouk rive midi. Tout pèp la, fanm, gason ak tout timoun ki te gen laj konprann, te louvri zòrèy yo pou yo tande sa ki te nan liv lalwa a.

Esdras, direktè lalwa a, te kanpe sou yon lestrad an bwa yo te bati espre pou sa. Sou bò dwat li, te gen Matitya, Chema, Anaja, Ourija, Ilkija ak Maseja. Sou bò gòch li, te gen Pedaja, Mikayèl, Malkija, Achoum, Achbadana, Zakarya ak Mechoulam.

Kote Esdras te kanpe byen wo sou lestrad la, li louvri liv la devan tout moun. Lè sa a, tout pèp la leve kanpe.

Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye ki gen pouvwa a. Tout pèp la leve men yo anlè, yo reponn: -Amèn! Li merite sa vre! Lèfini, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Seyè a.

Apre sa, pèp la leve kanpe epi kèk moun Levi pran esplike yo lalwa a. Se te Jechwa, Bani, Cherebya, Jamen, Akoub, Chabetayi, Odija, Maseja, Kelita, Azarya, Jozabab, Anan, Pelaja.

Yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a, yo t'ap tradwi l' pou yo, yo t'ap esplike l' ba yo, pou yo te ka konprann sa yo t'ap li pou yo a.

¶ Lè pèp la tande sa ki te ekri nan liv lalwa a, yo pran kriye. Lè sa a, Neemi, gouvènè a, ansanm ak Esdras, prèt direktè lalwa a, ak lòt moun Levi yo ki t'ap esplike lalwa a di moun yo konsa: -Jou sa a, se yon jou yo mete apa pou Seyè a, Bondye nou an! Pa kite lapenn anvayi kè nou! Pa kriye, mezanmi!

10 Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Seyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs!

11 Tout moun Levi yo pran mache nan mitan tout pèp la pou fè yo pe. Yo t'ap di yo: -Pe bouch nou, mezanmi! Siye dlo nan je nou! Jou sa a se yon jou apa pou Bondye li ye!

12 Se konsa tout pèp la al lakay yo, yo manje, yo bwè, yo separe sa yo genyen ak lòt moun. Tout moun te kontan, yo t'ap fè fèt, paske yo te konprann sa yo te li pou yo nan liv la.

13 ¶ Nan denmen, tout chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo, prèt yo ak moun Levi yo sanble ankò bò direktè Esdras pou yo te ka etidye pawòl lalwa a.

14 Men sa yo jwenn nan lalwa Seyè a te bay Moyiz pou yo a: Pandan y'ap fete fèt setyèm mwa a, moun Izrayèl yo va rete nan ti joupa.

15 Lè yo vin konn sa, yo voye fè piblikasyon nan lavil Jerizalèm ak nan tout lavil yo. Yo voye mesaj sa a bay tout moun: -Ale nan mòn. Koupe branch nan pye oliv, nan pye pichpen, nan pye pwadous, ak nan tout lòt kalite pyebwa ansanm ak fèy palmis pou nou fè ti joupa jan sa ekri nan liv la.

16 Se konsa, pèp la ale, yo ranmase kont branch bwa yo, epi yo moute yon pakèt ti joupa. Genyen ki bati ti joupa yo sou teras anwo tèt kay yo. Genyen ki fè l' nan lakou lakay yo. Gen lòt ankò ki bati pa yo nan gwo lakou Tanp lan, sou plas piblik ki bò pòtay Dlo yo ak sou plas ki bò pòtay Efrayim lan.

17 Se konsa, tout moun ki te tounen nan peyi kote yo te depòte yo a moute ti joupa epi yo rete anba yo. Depi sou rèy Jozye, pitit Noun lan, se te premye fwa moun pèp Izrayèl yo t'ap fete fèt sa a konsa. Tout moun te kontan. Yo t'ap fete.

18 Yo pase sèt jou ap fete. Chak jou, depi premye jou a jouk dènye jou a, yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a. Sou wityèm jou a, yo fè yon gwo reyinyon pou fèmen fèt la jan regleman an mande l' la.