Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Read the Gospels in 40 Days

Read through the four Gospels--Matthew, Mark, Luke, and John--in 40 days.
Duration: 40 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Mak 15-16

Gouvènè Pilat ap kesyone Jezi

(Mat 27:1-2,11-14; Lik 23:1-5; Jan 18:28-38)

15 Byen bonè nan maten, chèf prèt yo, ansyen yo, direktè Lalwa yo, ak tout Sanedren an fè yon plan. Yo mare Jezi, yo mennen l bay Pilat.

Pilat mande l: “Èske w se wa Juif yo?”

Jezi reponn li: “Se sa ou di.”

Chèf prèt yo mete anpil akizasyon sou Jezi. Epi Pilat poze l kesyon ankò, li di l “A pa ou pa menm replike? Gade valè akizasyon y ap lage sou do w?”

Malgre sa, jezi pa janm reponn anyen. Pilate te sezi wè sa.

Pilat eseye libere Jezi

(Mat 27:15-31; Lik 23:13-25; Jan 18:39–19:16)

Chak ane, nan sezon Fèt Pak la, Pilat te konn lage nenpòt prizonye pèp la vle. Te gen yon nonm yo te rele Barabas ki te nan prizon ak yon gwoup rebèl ki te touye yon moun nan yon soulèvman.

Foul la vin kote Pilat epi yo mande l pou l lage yon prizonye jan l te konn abitye fè sa. Pilat reponn yo, li di: “Èske nou ta vle m lage wa Jwif la ban nou?” 10 Pilat te di sa, paske li konnen se jalouzi ki fè chèf prèt yo te livre Jezi nan men l. 11 Men chèf prèt te pouse foul la mande lage Barabas ba yo pito.

12 Konsa Pilat mande pèp la ankò: “Kisa menm nou ta vle m fè ak nonm sa a nou rele wa Jwif yo?”

13 Yo pran rele byen fò: “Kloure l sou yon kwa!”

14 Men Pilate di yo: “Men Poukisa? Ki krim li fè?” Men foul la pran krye pi fò toujou: “Kloure l sou yon kwa!”

15 Nan sousi pou fè foul la plezi, Pilat lage Barabas. Epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l, apre l te fin fè yo bat li byen bat.

16 Sòlda yo mennen Jezi nan lakou palè gouvènè a. Yo rasanble tout lòt sòlda yo. 17 Yo mete yon rad mov[a] sou li, yo fè yon kouwòn pikan, epi yo mete l sou tèt li. 18 Epi yo kòmanse rele byen fò: “Viv, wa Jwif yo.” 19 Yo kontinye bat li nan tèt ak yon baton, yo t ap krache sou li epi mete ajenou devan l tankou se adore yo t ap adore l. 20 Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad mov la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa, yo pati avè l pou yo al krisifye l.

Yo klouwe Jezi sou you kwa

(Mat 27:32-44; Lik 23:26-43; Jan 19:17-19)

21 Sou wout la, yo jwenn yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap soti nan jaden. Li te papa Aleksann ak Rifis. Sòlda yo fòse Simon pote kwa Jezi a. 22 Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota, ki vle di: “zo tèt.” 23 Se la yo ba li divin melanje ak lami, men li pa t bwè l. 24 Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li, pou wè kisa chak moun ta jwenn.

25 Li te nevè nan maten konsa, lè yo te klouwe Jezi sou kwa a. 26 Sa yo te ekri kòm rezon kondanasyon: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo. 27 Yo te klouwe de kriminèl sou kwa tou ansanm ak li, youn adwat, youn agoch. 28 [b]

29 Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. Yo t ap di: “Gade misye, se pa ou menm ki t ap di ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? 30 Ebyen, kounye a sove tèt ou, desann kwa a!”

31 Se te menm jan tou, chèf prèt yo ak direktè Lalwa yo t ap pase li nan betiz, yo t ap di youn lòt: “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. 32 Si l se Kris la, wa Izrayèl la, se pou l desann kwa a, pou nou wè, epi n ap kwè nan li.” Menm kriminèl ki te klouwe sou lòt kwa yo t ap pase l nan betiz tou.

Jezi mouri

(Mat 27:45-56; Lik 23:44-49; Jan 19:28-30)

33 Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. 34 A twazè, Jezi rele byen fò: “Eloyi, Eloyi, lama sabaktani.” Sa te vle di: “Bondye m, Bondye m, poukisa ou abandone m?”[c]

35 Kèk nan moun ki te la yo te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Tande, men l ap rele Eli.”[d]

36 Yon nonm kouri al tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl bwa epi li lonje l bay Jezi pou l bwè. Epi li di: “Tann! Ann gade si Eli ap vin desann li sou kwa a.”

37 Apre sa, Jezi pouse yon gwo, epi li mouri.

38 Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. 39 Lè ofisye lame a ki te kanpe toupre a, anfas Jezi wès mouri nan fason sa a, li di: “Anverite nonm sa a te reyèlman Pitit Bondye.”

40 Te gen kèk fanm ki te rete a yon distans ap gade. Pami yo, te genyen Mari, moun Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Joz epi Salome. 41 Lè Jezi te nan Galile, medam sa yo t ap swiv li epi yo te sèvi l. Te gen anpil lòt fi tou ki te la ki te monte Jerizalèm ak Jezi tou.

Yo antere Jezi

(Mat 27:57-61; Lik 23:50-56; Jan 19:38-42)

42 Se te nan aswè, kòm yo te bezwen kòmanse fè preparasyon, nan lavèy jou saba, 43 Jozèf, moun lavil Arimate a, yon manm nan tribinal Jwif la tout moun respekte anpil, ki limenm tou t ap tann etablisman wayòm Bondye, li ale kareman kot Pilat pou l mande l kò Jezi.

44 Pilat te sezi tande Jezi gen tan mouri. Li rele ofisye lame a, epi li mande l si Jezi gentan mouri vre. 45 Lè ofisye a fè Pilat konnen byen sa ki te rive, Pilat bay Jozèf kadav la.

46 Se konsa Jozèf achte twal len, li desann Jezi sou kwa a, li vlope kò a nan twal len yo epi li mete Jezi nan yon kavo yo te taye nan wòch. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. 47 Mari, moun Magdala a, ak Mari, manman Joze t ap obsève pou wè kote yo te antere Jezi.

Jezi leve vivan soti nan lanmò

(Mat 28:1-8; Lik 24:1-12; Jan 20:1-10)

16 Nan dimanch maten, Mari, moun Magdala a, avèk Mari, manman Jak epi Salome, yo te achte luil santi bon pou t al anbome kò Jezi. Byen bonè, nan dimanch maten sa a, apèn solèy la t ap leve, medam yo vini nan kavo. Epi yo t ap mande tèt yo: “kilès ki pral woule wòch sa a pou nou devan bouch kavo a?”

Lè yo leve tèt yo gade, yo wè wòch la te gen tan woule. Se te yon kokenn chenn wòch. Lè yo antre nan kavo a, yo wè yon jèn gason toudeblan chita sou bò dwat la. Medam yo te sezi anpil.

Men, jèn gason di yo: “Nou pa bezwen pè. N ap chache Jezi, moun Nazarèt la yo te klouwe sou kwa a. Li resisite. Li pa isit la. Vin wè kote kadav la te yo te mete l la.” Apre sa kouri vit al di disip li yo ansanm ak Pyè: “Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”

Medam yo fè yon sèl voltije sòti nan kavo a, yo t ap tranble tèlman yo te sezi. Yo pa di pèsonn moun anyen, paske yo te pè.[e]

Kèk disip Jezi wè l

(Mat 28:9-10; Jan 20:11-18; Lik 24:13-35)

Apre Jezi te fin resisite byen bonè nan dimanch maten an, li parèt anpremye devan Mari, moun Magdala a. Se sou li Jezi te chase sèt demon. 10 Mari menm al anonse lòt disip Jezi yo nouvèl la, yo menm ki te andèy epi ki t ap krye kriye. 11 Lè yo tande Jezi vivan epi Mari te wè l, disip yo te refize kwè sa.

12 Apre sa, Jezi parèt sou yon lòt fòm devan de nan disip li yo ki t apral andeyò. 13 De disip sa yo retounen al di lòt disip yo sa ki te rive, men lòt disip yo toujou pa kwè.

Jezi parèt devan disip li yo

(Mat 28:16-20; Lik 24:36-49; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)

14 Nan pita, li parèt devan onz apot yo pandan yo t ap manje. Li repwoche yo poutèt yo te refize kwè. Tèt yo te di epi yo refize kwè moun ki te di yo Jezi te resisite.

15 Li di yo: “Ale tout kote nan lemonn antye preche tout moun Bòn Nouvèl la. 16 Nenpòt ki kwè epi ki batize va sove, men moun ki pa kwè ap kondane. 17 Men siy ki ap akonpanye moun ki kwè yo: Y ap sèvi ak non mwen pou chase demon, y ap pale nan lang yo pa janm aprann. 18 Y ap kenbe koulèv ak men yo epi si yo bwè pwazon yo p ap gen anyen. Y ap mete men sou moun malad epi malad yo va geri.”

Jezi retounen nan syèl

(Lik 24:50-53; Trav 1:9-11)

19 Apre li fin pale ak yo, Jezi Senyè a monte nan syèl epi li chita adwat Bondye. 20 Apot yo ale epi yo preche toupatou. Senyè a te avèk yo. Li t ap konfime mesaj yo t ap preche a avèk mirak ki te akonpanye yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International