Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Read the Gospels in 40 Days

Read through the four Gospels--Matthew, Mark, Luke, and John--in 40 days.
Duration: 40 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Matye 27-28

Yo mennen Jezi bay Pilat

(Mak 15:1; Lik 23:1-2; Jan 18:28-32)

27 Byen bonè nan maten, tout chèf prèt yo ak tout lidè Jwif yo te pran desizyon pou yo touye Jezi. Yo mare li, yo kondui li epi yo livre l bay Pilat, gouvènè a.

Jida touye tèt li

(Trav 1:18-19)

Lè Jida, moun ki te trayi Jezi a, wè yo pral touye l, li regrèt sa l te fè a. Li pote trant pyès lajan an remèt chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo. Li di: “Mwen peche paske mwen te livre yon nonm inosan bay lènmi l yo pou yo touye l.”

Yo reponn li: “Ki mele nou? Sa a se biznis pa w!”

Jida voye pyès lajan yo anndan tanp la, epi l soti, l al pann tèt li.

Chèf prèt yo ranmase pyès lajan yo, epi yo di: “lajan sa a se lajan san, lalwa pa pèmèt nou mete l nan kès tanp la.” Konsa, yo mete yo dakò pou yo achte yon tèren yo rele Jaden Potye a. Tèren sa a te sèvi simityè pou vizitè ki mouri pandan y ap vizite Jerizalèm. Se poutèt sa, depi lè a, yo rele tèren kot simityè a ye a Jaden San. Alò, pwofesi pwofèt Jeremi an te akonpli:

“Yo pran trant pyès lajan. Se fòs kòb sa a pèp Izrayèl te deside peye pou lavi l. 10 Yo pran trant pyès lajan sa a, yo achte Jaden Potye a avè l, jan Senyè a te ban m lòd la.”[a]

Gouvènè Pilat ap kesyone Jezi

(Mak 15:2-5; Lik 23:3-5; Jan 18:33-38)

11 Jezi parèt devan gouvènè a. Pilat mande l: “Èske w se wa Juif yo?”

Jezi reponn li: “Se sa ou di.”

12 Apre sa, malgre tout akizasyon chèf prèt yo ak lidè Jwif yo t ap mete sou do l, li pa t janm ouvè bouch li.

13 Lè Pilat wè sa, li di l: “Ou gen lè pa tande ki valè akizasyon y ap met sou do w?”

14 Men, Jezi pa t janm di yon mo. Sa te fè Pilat sezi anpil.

Pilat eseye libere Jezi

(Mak 15:6-15; Lik 23:13-25; Jan 18:39–19:16)

15 Chak ane nan sezon fèt Pak la, gouvènè a te gen abitid pou l lage nenpòt prizonye foul la te vle. 16 Lè sa a, te gen yon prizonye moun te byen konnen yo te rele Barabas.[b]

17 Konsa lè foul la te rasanble, Pilat mande yo: “Kilès nan de a nou vle m lage ba nou: Barabas oswa Jezi, yo rele Kris la?” 18 Li konnen se jalouzi ki fè moun yo te livre Jezi ba li.

19 Pandan Pilat chita nan plas espesyal li konn fè jijman an, madanm li voye di l: “Pa foure kò w twò fon nan zafè sa a, paske nonm lan inosan. Yè swa mwen fè yon move rèv sou li, epi depi lè a m boulvèse anpil.”

20 Men, chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo, te gen tan jwe nan tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas epi kondane Jezi.

21 Gouvènè a mande: “Kilès nan de prizonye yo nou vle pou m lage?”

Pèp la reponn: “Barabas!”

22 Pilat di ankò: “Ki sa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la?”

Yo tout reponn: “Krisifye l!”

23 Pilat mande yo: “Men, pouki? Ki mal li fè?”

Men yo tout te pran rele pi fò: “Krisifye l!”

24 Lè sa a, Pilat wè se tan l ap pèdi. Okontrè, foul la te vin pi ajite. Li mande enpe dlo, epi li lave men l devan je tout moun. Li di: “Mwen inosan nan lanmò nonm sa a. Lanmò l sou kont nou!”

25 Pèp la reponn: “Ou mèt met lanmò a sou do nou menm ak tout pitit nou!”

26 Konsa, Pilat lage Barabas. Li fè bat Jezi. Epi li livre Jezi bay sòlda yo pou y al krisifye l.

Sòlda women yo pase Jezi nan betiz

(Mak 15:16-20; Jan 19:2-3)

27 Apre sa, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout sòlda te reyini, epi yo mete Jezi nan mitan. 28 Yo dezabiye l, epi yo mete yon tòj wouj vyolèt sou li. 29 Yo trese yon kouwòn ak branch pikan met sou tèt li. Yo mete yon baton nan men dwat li. Apre sa yo met ajenou devan l, epi yo t ap rele “Viv wa Juif yo!” pou yo te ka pase l nan betiz. 30 Yo krache sou li. Yo pran baton ki te nan men l lan yo frape l nan tèt. 31 Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa yo pati avè l pou yo al krisifye l.

Yo klouwe Jezi sou yon kwa

(Mak 15:21-32; Lik 23:26-43; Jan 19:17-19)

32 Pandan yo sou wout pou y al krisifye Jezi a, yo kontre ak Simon, moun Sirèn. Yo fòse l pote kwa Jezi a. 33 Lè yo rive kote yo rele Gòlgota a (Gòlgota vle di: Plas zo tèt), 34 yo ba l bwè yon melanj diven ak yon bagay anmè. Lè Jezi goute l, li refize bwè l.

35 Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò[c] pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 36 Sòlda yo te ret chita veye l. 37 Te gen yon pannkat nan tèt kwa Jezi ki te di pouki yo touye l. Men sa k te ekri ladan l: nonm sa a, se Jezi, wa Jwif yo.

38 Yo te pwofite menm okazyon an pou yo krisifye de bandi, youn sou bò dwat Jezi, lòt la sou bò gòch li. 39 Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. 40 Yo t ap di: “Ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? Ebyen, kounye a sove tèt! Si ou se pitit Bondye vre se pou desann kwa a!”

41 Chèf prèt yo, pwofesè lalwa yo ak lòt lidè Jwif yo, t ap pase Jezi nan betiz menm jan ak lòt moun yo. Yo t ap di: 42 “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. Si l se wa Izrayèl vre se pou l desann kwa a. Lè sa n ap kwè nan li. 43 Li mete konfyans li nan Bondye. Enben, si Bondye vle l, se pou l delivre l kounye a! Dayè li te di ak bouch li: Mwen se pitit Bondye.” 44 Menm bandi yo ki te krisifye ak Jezi t ap pase l nan betiz tou.

Jezi mouri

(Mak 15:33-41; Lik 23:44-49; Jan 19:28-30)

45 Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. 46 Vè twazè, Jezi pouse yon gwo kri: “Eli, Eli, lema sabaktani![d] Sa vle di: “Bondye m, Bondye m, pou kisa ou abandone m?”

47 Kèk nan moun ki te kanpe la te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Men l ap rele Eli.”[e]

48 Youn pami yo kouri pran yon eponj, li tranpe l nan yon diven ki gen gou vinèg, epi l mete sou tèt yon gòl pou Jezi te ka bwè l. 49 Men tout lòt moun yo t ap di: “Padon kò w la! Kite l pou nou wè si Eli ap vin delivre l.”

50 Jezi fè yon lòt gwo kri ankò, epi li rann dènye souf li.

51 Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. Latè tranble. Karyann yo fann. 52 Tonm yo ouvri. Yon bon valè moun nan pèp Bondye a ki te gen tan mouri te resisite. 53 Apre Jezi fin resisite, yo te kite tonm yo, epi yo antre vil Jerizalèm. Anpil moun te wè yo.

54 Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.”

55 Te gen plizyè medam ki te kanpe a distans ap gade sa k ap pase. Medam sa yo se moun ki t ap swiv Jezi espesyalman pou yo te ka pran swen l, depi lè l te nan Galile. 56 Pami yo nou jwenn Mari, moun Magdala a, Mari manman Jak ak Jozèf, epi manman Jak ak Jan pitit Zebede[f] yo.

Yo antere Jezi

(Mak 15:42-47; Lik 23:50-56; Jan 19:38-42)

57 Nan apremidi te gen yon nonm rich ki te disip Jezi, yo rele Jozèf, moun Arimate, ki te vini 58 bò kote Pilat pou l mande pou yo ba li kò Jezi. Pilat pase sòlda yo lòd pou yo remèt li kò a. 59 Jozèf pran kò a, li vlope l ak yon dra len fen, 60 epi l al antere l nan yon kavo tou nèf, li te fèk fè fouye nan yon karyann. Li woule yon gwo wòch pou fèmen bouch kavo a, epi l al lakay li. 61 Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te ret chita devan kavo a.

Yo met sòlda veye kavo a

62 Nan demen, apre jou yo rele Jou Preparasyon an, chèf prèt yo ak Farizyen, te fè yon ti rankont ak Pilat. 63 Yo di li: “Chèf, nou sonje lè magouyè sa a te vivan, li te di: m gen pou m resisite nan twa jou. 64 Konsa n ap mande w pou pase sòlda yo lòd, pou yo byen veye kavo a pandan twa jou. Konsa, disip li yo pa t ka vin vòlè kò epi fè moun kwè mèt yo resisite. Dènye magouy sa a t ap pi rèd pase premye a.”

65 Pilat di yo: “Pran kèk sòlda, al bay kavo a tout sekirite ki nesesè.” 66 Yo ale nan plas kot kavo a ye pou yo ba l sekirite. Yo poze sele sou gwo wòch ki fèmen bouch kavo a, epi yo mete sòlda veye l.

Jezi leve vivan soti nan lanmò

(Mak 16:1-8; Lik 24:1-12; Jan 20:1-10)

28 Nan demen apre jou Saba a, dimanch maten byen bonè, Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te fè yon pase gade kavo a.

Sanzatann, tè a pran tranble byen fò paske yon anj Senyè a te desann sot nan syèl. Li woule wòch ki te bouche kavo a, epi l chita sou li. Li te briye tankou yon kout zèklè, epi rad sou li te parèt blan tankou nèj. Sòlda yo t ap tranble epi yo te vin tankou mò, tèlman yo te pè.

Anj lan pale ak medam yo, li di yo: “Nou pa bezwen pè. M konnen n ap chache Jezi, moun yo te klouwe sou kwa a, men li pa isit la. Li resisite jan l te di a. Vin wè kote kadav la te kouche a. Apre sa kouri vit al di disip li yo, Jezi resisite. Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”

Medam yo te kite kavo a touswit. Yo te pè, anmenmtan yo te kontan anpil, epi yo pa t ka tann pou yo te bay disip yo nouvèl la. Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo. Li di yo: “Bonjou!” Yo pwoche bò kote l, yo kenbe pye li, epi yo adore l. 10 Apre sa Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè! Ale di frè[g] m yo pou y al Galile. Se la yo va wè mwen.”

Rapò sòlda yo

11 Pandan medam yo sou wout pou y al bay disip yo nouvèl la, kèk nan sòlda yo t ap antre lavil la pou y al bay chèf prèt yo rapò sou sa k pase a. 12 Chèf prèt yo rankontre ak lòt lidè yo, epi yo fè yon plan. Yo bay sòlda yo yon bon sòm lajan, 13 epi yo di yo: “Di pèp la: disip Jezi veye nan nuit pandan n ap dòmi, epi yo vin vòlè kò a. 14 Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, nou mèt kite sa sou kont nou. N ap konvenk li de inosans nou.” 15 Sòlda yo pran lajan yo. Yo fè egzateman jan chèf prèt yo te mande pou yo fè. Jis jodi a, se konsa istwa a sikile pami Juif yo.

Jezi parèt devan disip li yo

(Mak 16:14-18; Lik 24:36-49; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)

16 Onz disip yo ale Galile sou tèt mòn Jezi te pran randevou avè yo a. 17 Lè yo wè li, yo adore l, menmsi kèk ladan yo te gen dout. 18 Jezi pwoche bò kote yo, li di: “Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la tankou sou tè a. 19 Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. 20 Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International