Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Read the Gospels in 40 Days

Read through the four Gospels--Matthew, Mark, Luke, and John--in 40 days.
Duration: 40 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Jan 9-10

Jezi geri yon nonm ki fèt tou avèg

Pandan Jezi t ap mache konsa, li wè yon nonm ki te fèt tou avèg. Disip li yo mande l: “Mèt, pou kisa nonm sa a fèt avèg? Peche ki moun ki fè sa rive? Pwòp peche pa l oubyen peche paran l yo?”

Jezi reponn: “Se pa ni peche pa l ni peche paran l yo, men se yon okazyon pou Bondye fè wè puisans li nan sa l ka fè. Toutotan l lajounen toujou, fòk nou kontinye fè travay moun ki voye m nan. Lannuit gen pou vini, lè sa a pèsonn p ap ka travay ankò. Toutotan m nan mond lan, mwen se limyè mond lan.”

Apre Jezi fin pale konsa, li krache atè. Li fè labou ak krache a epi li mete l sou je mesye a. Jezi di li: “Al lave je w nan pisin Siloye a.” (Siloye vle di: yon moun yo voye.) Avèg la ale, li lave je l epi lè l retounen li wè klè.

Vwazen avèg la yo ak tout moun ki te konn wè l ap mande charite yo di: “Se pa li menm ki te konn chita isit la ap mande charite a?”

Gen moun ki di: “Se li menm.” Men gen lòt ki di: “Se pa li, se kèk moun ki sanble l.”

Nonm ki te avèg la menm reponn, li di: “Se mwen menm.”

10 Yo mande li: “Kòman ou fè wè?”

11 Li reponn: “Nonm yo rele Jezi a fè labou li pase sou je m epi li di m: Al lave je w nan pisin Siloye a. M al lave je m, epi mwen wè.”

12 Yo mande: “Kote nonm nan?”

Nonm ki te avèg la reponn: “A, m pa konnen.”

Farizyen yo te gen kèk kesyon

13 Yo mennen nonm ki te avèg la bay Farizyen yo. 14 Se te yon jou saba Jezi te fè labou epi li te louvri je nonm nan. 15 Farizyen yo retounen poze nonm nan kesyon ankò sou kijan li fè wè.

Nonm nan di yo konsa: “Li fè labou, li pase sou je m, mwen lave je m epi m wè.”

16 Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di: “Se pa Bondye ki voye nonm sa a, paske li pa obsève saba a.”

Men, kèk lòt di: “Kòman yon nonm pechè kapab fè gwo mirak sa yo?” Konsa, te gen divizyon nan mitan yo.

17 Yo retounen poze Nonm ki te avèg la kesyon ankò: “Ki sa ou menm ou di de nonm sa a, kòm se je pa w li louvri?”

Alò, li reponn: “Pou mwen menm, se yon pwofèt li ye.”

18 Lidè Jwif yo pa t vle kwè nonm nan te avèg epi li vin wè. Yo voye chache paran l yo. 19 Jwif yo mande paran yo: “Èske nonm sa a se pitit nou an nou di ki te fèt tou avèg la? Kòman li fè wè kounye a?”

20 Alò, paran yo reponn epi yo di: “Wi, nonm sa a se pitit nou an, li te fèt tou avèg. 21 Men nou pa konnen kijan li fè wè jodi a. Nou pa konnen ki moun ki fè l wè nonplis. Mande l, li gran moun, l a reponn.” 22 Paran yo te pale konsa paske yo te pè lidè Jwif yo. Lidè yo te gentan antann yo pou yo pini tout moun ki di Jezi se Mesi a. Yo ta mete l deyò nan Sinagòg la. 23 Se poutèt sa paran yo di li gran ase pou l pale poukont li, poze l kesyon.

24 Alò yon dezyèm fwa, yo voye rele nonm ki te avèg la, yo di l: “Devan Bondye, di nou verite a.[a] Nou menm nou konnen nonm sa a se yon pechè l ye.”

25 Nonm nan reponn: “Si se yon pechè li ye, m pa konnen. Men gen yon bagay mwen konnen: M te avèg, kounye a m wè.”

26 Jwif yo mande l: “Ki sa li fè w? Kòman l fè louvri je w?”

27 Nonm nan reponn yo: “Mwen gentan di sa deja, epi nou pa koute; pou kisa nou vle tande m di sa ankò? Èske nou menm nou ta vle vin disip li tou?”

28 Jwif sa yo te vekse nonm nan byen vekse epi yo di l: “Se ou menm ki disip nonm sa a, men nou menm, nou se disip Moyiz.” 29 Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz, men nonm sa a, nou pa konn kote l soti.

30 Nonm nan reponn yo: “Sa vrèman dwòl anpil! Nou pa konnen kote mesye a soti, epoutan li louvri je m.” 31 Nou konnen Bondye pa koute lapriyè pechè yo, men l ap koute vwa nenpòt moun ki adore l epi ki obeyi l. 32 Se premye fwa nou tande yon moun fè yon moun ki fèt tou avèg wè. 33 Si se pa t Bondye ki te voye nonm sa a, li pa t ap kapab fè bagay konsa.

34 Lidè Jwif yo reponn li: Gade non! Ou fèt nan labou peche, epi ou ap vin fè nou leson? Lidè yo mete nonm nan deyò nan sinagòg la epi yo di l pa retounen ankò.

Avèg espirityèl

35 Jezi rankontre nonm nan, apre l te fin tande yo mete l deyò nan sinagòg la, li mande l: “Èske ou kwè nan Pitit Lòm nan?”

36 Nonm nan reponn: “Ki moun li ye, Mesye, pou m kapab kwè nan li?”

37 Jezi di l konsa: “Ou gentan wè li. Pitit Lòm nan, se li menm menm k ap pale avèk ou la a.”

38 Nonm nan di: “Senyè, mwen kwè.” Epi li mete ajenou devan Jezi, li adore l.

39 Konsa, Jezi di: “Mwen vini nan mond sa a pou m fè de gwoup moun: pou moun ki pa wè vin wè, epi pou moun ki wè vin avèg.”

40 Kèk Farizyen te toupre a, lè Jezi te di sa a, epi yo tande. Lè sa a, yo di: “Sa li ye? Èske w vle di nou avèg tou?”

41 Jezi di yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap anba kondanasyon peche. Men, nou di nou wè, se sa k fè nou koupab.”

Bèje a ak mouton l yo

10 An verite, an verite, mwen di nou: yon moun k ap antre kote yo gade mouton, se nan baryè a li dwe pase.[b] Si l pase nenpòt lòt kote se yon vòlè li ye, se eseye l ap eseye vòlè mouton yo. Men, moun ki pase nan baryè a, se bèje mouton yo l ye. Moun k ap veye baryè a louvri l pou mouton yo, epi mouton yo tande vwa bèje a. Li rele pwòp mouton li yo dapre non yo epi yo swiv li soti deyò. Lè l fin fè tout mouton pa l yo soti nan pak la, li mache alatèt yo epi yo swiv li, paske yo konnen vwa li. Men, yo p ap janm swiv yon moun yo pa konnen. Y a kouri pou li, paske yo pa konnen vwa moun sa a.

Jezi rakonte yo istwa sa a, men yo pa t konprann sa l t ap di yo a.[c]

Jezi se Bon Bèje a

Jezi di yon lòt fwa ankò: “An verite, an verite, m ap di nou: se mwen menm ki pòt pou antre nan pak mouton an. Tout lòt yo ki te vini anvan m se brigan ak vòlè yo ye, men mouton yo pa t koute yo. Mwen se pòtay pak la. Nenpòt mouton ki pase nan mwen pou l antre nan pak la, l ap an sekirite. L ap ka antre nan pak la, l ap ka soti ale nan patiraj pou l manje sa l bezwen. 10 Vòlè a pa vin fè lòt bagay, se vòlè, se touye, se detwi. Men, mwen menm, mwen vini pou ba yo lavi, yon lavi pi plis pase sa w ta janm imajine.

11 Mwen se bon bèje a, epi bon bèje a bay lavi li pou mouton l yo. 12 Yon moun yo peye pou gade mouton yo, li pa yon vrè bèje. Poutèt li pa mèt mouton yo, lè li wè chyen mawon ap vini, li lage mouton yo epi li chape kò l. Chen mawon atake mouton yo epi yo tout gaye. 13 Se paske se yon djòb l ap fè ki fè li pa gen okenn sansibilite pou mouton yo.

14 Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo epi mouton m yo konnen m tou. 15 Menm jan Papa a konnen m, mwen menm mwen konnen Papa a tou, epi mwen bay lavi m pou mouton yo. 16 Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mouton sa yo, fòk mwen mennen yo vini. Y a tande vwa m, lè sa a y ap vini. Konsa, yo tout ap fè yon sèl twoupo ak yon sèl bèje.[d] 17 Se poutèt sa Papa a renmen m, paske mwen bay lavi m pou m repran l ankò. 18 Pa gen okenn moun ki pran l nan men m, men mwen bay li ak pwòp volonte m. Mwen gen dwa pou m bay li, mwen gen dwa pou m pran l ankò. Se lòd sa a Papa m ban mwen.”

19 Yon lòt fwa ankò, Jwif yo te divize poutèt sa Jezi t ap di. 20 Anpil nan Jwif yo t ap di: “Li gen yon move lespri nan tèt li ki rann li fou, pou kisa n ap koute li?”

21 Gen lòt moun ki t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl yon moun ki gen move lespri nan tèt li. Èske yon move lespri kapab louvri je moun avèg?”

Lidè pèp Jwif yo kont Jezi

22 Lè sa a, yo t ap fete fèt Dedikas la[e] nan lavil Jerizalèm. Se te sezon livè. 23 Jezi t ap pwonmennen nan tanp lan, anba kote yo rele Galri Salomon an. 24 Lidè Jwif yo te antoure Jezi epi yo mande li: “Pou jis kilè ou ap kite nou nan dout sa a? Si se ou ki Kris la, di nou bagay la klè.”

25 Jezi reponn yo: “Mwen di nou sa deja, men nou pa kwè. Mirak sa yo m ap fè nan non Papa m, yo montre aklè ki moun mwen ye. 26 Men nou pa kwè, paske nou pa fè pati mouton m yo. 27 Mouton m yo ap koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. 28 Mwen ba yo lavi etènèl epi yo p ap janm peri. Pèsonn p ap ka wete yo nan menm. 29 Se Papa m ki ban mwen yo, epi li pi gran pase tout moun.[f] Okenn moun pa ka vòlè mouton m yo nan men Papa a. 30 Mwen menm ak Papa a nou se youn.”

31 Yon lòt fwa ankò, Jwif yo ranmase wòch pou yo touye Jezi. 32 Jezi reponn yo: “Mwen fè anpil bèl bagay ki soti nan Papa a. Pou kilès ladan yo nou ta vle touye m ak kout wòch?”

33 Jwif yo reponn li: “Nou p ap touye w ak wòch pou yon bèl bagay, men paske ou di bagay ki manke Bondye dega. Se yon moun ou ye, vwala ou di ou se menm ak Bondye.”

34 Jezi reponn yo: “Èske sa pa ekri nan Lalwa nou an: Mwen di: Nou tout se dye.[g] 35 Bib la rele moun sa yo ki resevwa mesaj Bondye a dye. Epi tou, sa Bib la di se toujou verite a. 36 Alò, pou ki n ap akize m, nou di m ap manke Bondye dega paske mwen di: Mwen se Pitit Bondye? Se mwen Bondye chwazi epi li voye m sou latè. 37 Si m pa fè travay Bondye Papa m, pa kwè mwen. 38 Men si m ap fè sa Papa m ap fè, nou ta dwe kwè nan sa m fè. Menm si nou pa t ka kwè mwen, nou ta dwe kwè nan bagay m ap fè yo. Se lè sa a, nou ta konnen epi nou ta konprann Papa a nan mwen epi mwen menm, mwen nan Papa a.”

39 Lè sa a, yo te eseye arete Jezi ankò, men li chape poul li.

40 Jezi te pati yon fwa ankò ale lòtbò rivyè Jouden an, kote Janbatis te kòmanse batize moun yo, epi li rete la. 41 Anpil moun te al jwenn li. Yo di: “Se vre, Janbatis pa fè mirak, men tout sa l di sou nonm sa a se verite a.” 42 Nan zòn sa a, anpil moun te vin kwè nan Jezi.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International