Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Read the Gospels in 40 Days

Read through the four Gospels--Matthew, Mark, Luke, and John--in 40 days.
Duration: 40 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Lik 23-24

Gouvènè Pilat ap kesyone Jezi

(Mat 27:1-2,11-14; Mak 15:1-5; Jan 18:28-38)

23 Apre sa, tout foul la nèt leve epi yo mennen Jezi devan Pilat. Yo tonbe akize Jezi devan Pilat. Yo di: “Nou kenbe nonm sa a k ap monte tèt pèp la. L ap di yo pou yo pa peye taks bay Seza. Li di se li menm ki Mesi a, sa vle di yon wa.”

Pilat poze Jezi kesyon. Li mande l: “Èske ou se wa Jwif yo?”

Jezi reponn: “Se ou ki di li.”

Apre sa, Pilat di chèf prèt yo ansanm ak foul la: “Mwen pa jwenn okenn fot nan nonm sa a.”

Men yo kontinye plede ak Pilat. Yo di: “L ap monte tèt pèp la ak ansèyman l yo nan tout peyi Jide a. Li kòmanse bagay sa a depi nan Galile, kounye a li rive jouk isit la.”

Pilat voye Jezi bay Ewòd

Lè pilat tande sa yo te di a, li mande: “Èske nonm sa a se moun Galile?” Lè Pilat aprann Jezi soti nan yon teritwa ki anba kòmandman Ewòd, li voye Jezi bay Ewòd ki li menm t ap pase kèk jou[a] nan Jerizalèm lè sa a.

Lè Ewòd wè Jezi, li pa t manke kontan. Depi yon bon tan li te konn tande pale de Jezi. Li te anvi rankontre ak li fasafas. Li te anvi wè Jezi fè yon mirak devan li. Ewòd te poze Jezi anpil kesyon, men Jezi pa t janm reponn anyen. 10 Pandan tan sa a, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo pa t sispann pote anpil akizasyon kont Jezi. 11 Ewòd ansanm ak sòlda l yo pran kont plezi yo sou do Jezi. Yo pase l nan rizib kont yo. Apre sa, yo mete yon bèl rad sou li epi yo voye l tounen bay Pilat. 12 Ewòd ak Pilat ki te lènmi anvan sa, te rekonsilye youn ak lòt nan menm jou sa a.

Pilat eseye libere Jezi

(Mat 27:15-26; Mak 15:6-15; Jan 18:39–19:16)

13 Pilat rele chèf prèt yo ak tout otorite yo ansanm ak tout pèp la. 14 Li di yo: “Nou mennen nonm sa a ban mwen, nou di m l ap monte tèt pèp la. Epoutan, mwen egzamine li devan nou la a, mwen pa jwenn li koupab anyen nan bagay nou akize l yo. 15 Ewòd nonplis pa jwenn li koupab, se sa k fè li voye l tounen ban nou. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. 16 Kidonk, m ap fè bat li byen bat, epi m ap lage l.” 17 [b]

18 Men, tout foul la pran kriye ansanm: “Touye nonm sa a! Lage Barabas!” 19 Barabas la te nan prizon poutèt li te okazyone yon dezòd epi li te touye yon moun tou.

20 Kòm Pilat te vle lage Jezi. Sa fè li pale ak foul la ankò. 21 Foul la menm pran kriye byen fò: “Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa!”

22 Pou yon twazyèm fwa, Pilat di yo: “Manyè di m non, ki move zak nonm sa a fè? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan li ki merite lanmò. Mwen deja di nou, m ap fè bat li byen bat, apre sa, m ap lage l.”

23 Men, foul la kontinye kriye pi fò toujou. Yo ensiste pou Pilat klouwe Jezi sou kwa. Yo sitèlman rele fò, 24 Pilat pran desizyon pou l ba yo sa yo mande a. 25 Jan yo te mande l la, Pilat lage Barabas ki te nan prizon poutèt li te pwovoke yon dezòd epi touye moun, apre sa, li livre Jezi ba yo pou yo fè sa yo vle ak li.

Yo klouwe Jezi sou yon kwa

(Mat 27:32-44; Mak 15:21-32; Jan 19:17-27)

26 Pandan sòlda yo t ap mennen Jezi ale, yo kontre ak yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap sot nan jaden. Yo fòse Simon pote kwa a. Yo fè l swiv Jezi ak kwa a sou do li.

27 Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi. Anpil nan medam yo t ap kriye, yo te pran lapenn pou Jezi. 28 Men Jezi vire gade medam yo, li di yo: “Pitit fi Jerizalèm yo, pa kriye pou mwen. Kriye pou tèt nou ak pou pitit nou yo pito. 29 Paske gen jou k pral vin la a kote moun pral di: Benediksyon pou fi ki pa ka fè pitit, pou fi ki pa janm fè pitit, pou fi ki pa janm gen pitit pou l bay tete. 30 Lè sa a moun va mande mòn yo: Tonbe sou nou! Y a di ti mòn yo: Kouvri nou![c] 31 Paske si yo ka fè m soufri konsa malgre m inosan, Bondye ap fè moun ki koupab yo soufri pi rèd toujou.”[d]

32 Yo te kondi de kriminèl ale tou ansanm ak Jezi pou yo egzekite. 33 Lè yo rive sou tèt mòn nan, kote yo rele Zo Bwa Tèt la, yo klouwe Jezi sou kwa a, epi yo klouwe de kriminèl yo tou akote l. Yo mete sou kwa tou, youn sou bò dwat Jezi epi lòt la sou bò gòch li.

34 Men, Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.”[e]

Sòlda yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 35 Pèp la te kanpe ap gade sa k ap pase a. Chèf Jwif yo menm t ap pase Jezi nan betiz. Yo t ap di: “Si l se Mesi a vre, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt li. Li te konn sove lòt moun.”

36 Menm sòlda yo tou te antre nan pase Jezi nan betiz. Yo pwoche bò kote l, yo ofri l vinèg pou l bwè. 37 Yo di li: “Si ou se wa Jwif yo vre, sove tèt ou.” 38 Sou tèt kwa a, yo te klouwe yon pannkat ki di: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo.

39 Youn nan de kriminèl yo te klouwe ak Jezi yo t ap pase Jezi nan betiz tou, li t ap di: “Si ou se Kris la vre, sove tèt ou epi sove nou tou!”

40 Men, lòt kriminèl la fè l pe bouch li. Li di l: “Ou gen lè pa pè Bondye, paske se anba menm kondanasyon an ou ye tou. 41 Pou nou menm, se nòmal. Paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou te fè. Men li menm, li pa fè anyen ki mal.” 42 Apre sa li di: “Jezi, pa bliye m lè ou vin renye nan Wayòm ou an!”

43 Jezi reponn li: “M ap di w sa franchman, jodi a menm ou ap avèk mwen nan paradi.”

Jezi mouri

(Mat 27:45-56; Mak 15:33-41; Jan 19:28-30)

44 Li te bò midi konsa rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a, 45 paske solèy la te sispann klere. Vwal tanp lan menm chire fè de moso. 46 Jezi kriye byen fò, li di: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.”[f] Fini l fin di sa a, li rann dènye souf li.

47 Lè kaptenn lame a wè sa k te rive a, li bay Bondye louwanj epi li di: “Se sèten, nonm sa a te inosan vre!”

48 Tout foul la te rasanble pou vin wè espektak sa a. Lè yo wè sa k te rive a, sa fè yo mal epi yo retounen lakay yo. 49 Tout zanmi Jezi yo ansanm ak medam ki t ap swiv li depi nan Galile yo te kanpe a yon ti distans ap swiv. Yo te wè tout sa k te rive.

Yo antere Jezi

(Mat 27:57-61; Mak 15:42-47; Jan 19:38-42)

50 Vwala te gen yon nonm nan zòn nan yo rele Jozèf. Se te yon manm gran konsèy Jwif yo, men se te yon moun debyen, ki te mache dwat devan Bondye. 51 Jozèf pa t dakò ak gran konsèy la, ni nan desizyon yo te pran ni nan aksyon yo te poze. Jozèf sa a te moun lavil Arimate, yon vil nan teritwa Jide. Jozèf se youn ki t ap tann Wayòm Bondye a etabli. 52 Jozèf ale kote Pilat, li mande pèmisyon pou l pran kò Jezi. 53 Li desann kò a, li vlope l nan yon bèl dra blan, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Kavo a te tou nèf. Pèsonn lòt moun pa t ko antere ladan l. 54 Se te nan vandredi apremidi. Saba a te prèske kòmanse.

55 Medam ki t ap mache dèyè Jezi depi nan Galile yo te swiv Jozèf. Yo wè kavo a. Yo wè tou kijan yo te mete kò Jezi ladan li. 56 Medam yo retounen lakay, y al prepare lwil santi bon, yon melanj pafen ak epi s, pou yo vin mete sou kò a.

Men, nan jou saba a, yo te repoze, jan lalwa Moyiz la mande l la.

Jezi leve vivan soti nan lanmò

(Mat 28:1-10; Mak 16:1-8; Jan 20:1-10)

24 Byen bonè nan dimanch maten, medam yo vini nan tonbo kote kò Jezi te antere a. Yo vini avèk lwil santi bon yo te prepare a. Lè yo rive, yo jwenn wòch ki te fèmen bouch kavo a te deplase. Yo antre anndan kavo a, men yo pa t jwenn kò Senyè Jezi. Medam yo potko konprann sa k pase a, la menm, de mesye abiye ak rad byen klere parèt sou yo. Medam yo te vin pè anpil epi yo bese tèt yo atè. Lè sa a, de mesye yo di yo: “Pouki sa n ap chache moun ki vivan an pami moun mouri yo? Li pa isit la. Li resisite. Sonje sa l te di nou lè l te nan Galile. Li te di: Yo gen pou yo lage Pitit Lòm nan nan men moun k ap viv nan peche yo. Y ap klouwe l sou yon kwa pou l mouri, men sou twa (3) jou, l ap resisite ankò.” Lè yo tande sa, yo vin sonje pawòl Jezi te di yo a.

Medam yo kite kavo a, y al rakonte onz (11) apot yo ansanm ak tout lòt moun yo ki te la ak yo tout sa k te pase. 10 Se te Mari, moun Magdala a, Jàn, Mari, manman Jak, ansanm ak yon ekip lòt medam ki t al nan kavo a. Yo rakonte apot yo tout sa k te pase. 11 Men, apot yo te pran sa medam yo t ap di yo a pou pawòl ki pa gen sans. Yo pa t vle kwè medam yo. 12 Antouka, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese pou gade, li wè dra ki te vlope mò a sèlman. Apre sa li ale. Li t ap poze tèt li anpil kesyon sou sa k pase a.[g]

Sou chemen emayis

(Mak 16:12-13)

13 Nan menm jou dimanch lan, de nan disip Jezi yo t ap vwayaje sou wout ki mennen nan bouk Emayis la. Emayis te a onz (11) kilomèt[h] konsa de vil Jerizalèm. 14 De mesye yo t ap pale youn ak lòt sou evènman ki te rive yo. 15 Etan mesye yo ap pale, ap diskite sou evènman yo, Jezi pwoche kote yo epi li kòmanse fè wout la ak yo. 16 Men yo pa t anmezi pou rekonèt se te Jezi. 17 Jezi di yo: “Ki sa n ap diskite antre nou konsa a pandan n ap mache a?”

Mesye yo rete, epi yo te vin tris anpil. 18 Apre sa, youn nan yo ki te rele Klewopas, di Jezi konsa: “Ou genlè se sèl moun ki vizite Jerizalèm ki pa konn sa k pase nan vil la nan jou sa yo?”

19 Epi Jezi di yo: “Ki sa k pase menm?”

Yo reponn li: “Tout sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la! Se te yon gran pwofèt, ni devan Bondye, ni devan lèzòm. Li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen tou. 20 Chèf prèt yo ansanm ak otorite nou yo livre l pou yo kondane l amò epi klouwe l sou yon kwa. 21 Nou te espere se li menm ki t ap vin delivre Izrayèl, men sa fè twa (3) jou depi bagay sa yo pase.

22 Men gen kèk medam nan gwoup nou an ki t al nan kavo a maten an ki vin fè nou sezi. 23 Yo di nou y ale yo pa jwenn kò a, epi yo wè kèk anj Bondye ki parèt sou yo ki di yo li vivan. 24 Kèk nan nou te ale nan kavo a, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan medam yo te di l la, men, li menm yo pa wè li.”

25 Lè sa a Jezi di yo: “Ala nou san konprann! Kijan lespri nou fè lou konsa pou nou konprann verite a. Nou fèt pou nou kwè tout sa pwofèt yo te di yo? 26 Kris la te fèt pou l soufri tout bagay sa yo anvan l antre nan laglwa li, pa vre?” 27 Kòmanse nan Moyiz, pase pran tout pwofèt yo, li pran eksplike yo tout sa ki te ekri sou li nan Bib la.

28 Lè yo rive toupre bouk Emayis la, Jezi fè kòmsi li t ap vwayaje pi lwen toujou. 29 Men, mesye yo soupriye li pou l rete ak yo. Yo di li: Rete ak nou. Solèy fin kouche, li pral fènwa. Konsa, li antre pou fè ladesant ansanm ak yo.

30 Etan li chita bò tab ap manje ansanm ak mesye yo, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l epi li ba yo. 31 Je mesye yo vin louvri epi yo rekonèt li. Menm kote a, li disparèt devan yo. 32 Lè sa a, youn di lòt konsa: “Lè l t ap pale ak nou nan wout la, lè l t ap eksplike nou sa k te ekri nan Bib la, èske nou pa t santi se tankou yon dife k ap boule nan kè nou?”

33 Menm kote a, de mesye yo leve, yo retounen Jerizalèm. Lè yo rive yo jwenn onz (11) apot yo ak tout lòt moun yo ansanm. 34 Apot yo di mesye ki sot Emayis yo konsa: “Se vre wi, Senyè a resisite. Li fè Simon wè li.”

35 Apre sa, de mesye yo pran rakonte sa k te pase sou wout Emayis la, epi jan yo te vin rekonèt Jezi lè l te kase pen an ba yo.

Jezi parèt devan disip li yo

(Mat 28:16-20; Mak 16:14-18; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)

36 Etan de mesye yo ap rakonte disip yo sa k te pase yo, Jezi parèt, li kanpe nan mitan yo tout epi li di: “Lapè avèk nou!”

37 Tout moun yo te pran tranble tèlman yo te pè. Yo te panse se yon zonbi yo te wè a. 38 Men Jezi di yo: “Pouki sa nou twouble konsa a? Pouki sa tout dout sa yo leve nan kè nou? 39 Gade men m yo ak pye m yo. Se mwen menm. Touche m pou nou wè. Yon zonbi pa gen vyann ak zo jan nou wè m genyen an.”

40 Etan l t ap di sa a, Jezi montre disip yo men l yo ak pye l yo. 41 Disip yo te sezi epi yo te kontan pou wè Jezi. Men, malgre sa, Jezi te wè yo pa t ka kwè toujou, li di yo: “Èske nou gen manje la a?” 42 Yo ba l yon moso pwason boukannen. 43 Li pran moso pwason an, li manje l devan yo tout.

44 Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”

45 Apre sa, Jezi ede disip yo konprann sa ki ekri sou li nan Bib la. 46 Epi li di yo: “Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri men, sou twazyèm jou a l ap resisite pami mò yo. 47-48 Nou te wè tout bagay sa yo rive nou ka sèvi temwen. Se pou n al di tout pèp yo pou yo chanje lavi yo epi tounen vin jwenn Bondye, konsa y a jwenn padon pou peche yo. Se pou nou kòmanse nan Jerizalèm, pou n bay mesaj sa a nan non mwen ak tout pèp, tout nasyon. 49 Mwen menm, mwen pral voye ban nou sa papa m te pwomèt la. Men nou menm, se pou n rete la nan vil Jerizalèm jouktan nou resevwa puisans k ap soti anwo nan syèl la.”

Jezi retounen nan syèl

(Mak 16:19-20; Trav 1:9-11)

50 Apre sa, Jezi kondi disip li yo deyò lavil la, jouk rive Betani. Li leve men l, li beni yo. 51 Etan l ap beni disip yo, li kite yo, epi li monte nan syèl la. 52 Yo adore li, apre sa yo retounen lavil Jerizalèm ak anpil kè kontan. 53 Disip yo pase tout tan yo nan tanp lan ap fè lwanj pou Bondye.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International