Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Read the Gospels in 40 Days

Read through the four Gospels--Matthew, Mark, Luke, and John--in 40 days.
Duration: 40 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Lik 15-16

Anpil rejwisans nan syèl la

(Mat 18:12-14)

15 Pèseptè kontribisyon yo ansanm ak moun k ap viv nan peche yo te pwoche bò kote Jezi pou yo tande ansèyman li yo. Farizyen yo ansanm ak Skrib yo menm t ap plenyen kont sa, yo t ap di: “Nonm sa a[a] resevwa moun k ap viv nan peche yo epi li manje ak yo.”

Se sa k fè Jezi rakonte yo parabòl sa a. “Sipoze youn nan nou gen san (100) mouton epi youn ladan yo pèdi. Ki sa ou t ap fè? Ou t ap kite katrevendiznèf (99) lòt yo nan raje a epi pati al chache mouton ki pèdi a. Ou t ap kontinye chache jouktan li jwenn ni? Lè l jwenn ni, li pote l sou zepòl li ak anpil kè kontan. Lè l rive lakay, li rele tout zanmi l yo ak vwazen li yo, li di yo: Vin rejwi ansanm ak mwen, paske mouton m nan ki te pèdi a, mwen jwenn ni. M ap di nou sa, gen anpil rejwisans nan syèl la lè yon sèl pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye. Gen plis rejwisans pou yon sèl pechè sa a pase pou katrevendiznèf (99) jis yo ki pa bezwen chanje lavi yo.

Sipoze yon madanm ta gen dis (10) pyès lajan[b] epi l ta pèdi youn ladan yo. Li t ap limen lanp li, epi bale kay la byen bale. Li t ap chache jouktan li jwenn pyès lajan an? Lè l jwenn ni, li rele tout zanmi l yo ak tout vwazen l yo epi li di: Vin rejwi ansanm ak mwen, paske pyès lajan m nan ki te pèdi a, mwen jwenn ni. 10 Konsa tou m ap di nou, gen anpil rejwisans nan pami anj Bondye yo lè yon pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye.”

Istwa konsènan de pitit gason

11 Apre sa Jezi di: “Yon nonm te gen de pitit gason. 12 Pi piti a nan de gason yo di papa l: Papa, ban m pòsyon pa m nan byen w yo. Epi papa a separe byen l yo ant mesye yo.

13 Kèk jou apre sa, ti gason an rasanble tout bagay, li pati ale nan yon peyi byen lwen. Lè l rive la, li gaspiye tout byen li yo nèt nan banbòch. 14 Apre l fin depanse tout sa l te genyen, yon gwo grangou tonbe sou peyi a, epi jèn nonm nan tonbe nan malsite. 15 Jèn gason an vin asosye ak yon sitwayen nan peyi a ki ba l yon travay. Li voye l nan jaden li al bay kochon manje. 16 Grangou a te tèlman rèd, li swete li te ka manje enpe nan manje kochon yo. Men pèsonn pa t ba li anyen ladan yo.

17 Jèn nonm nan reyalize li t ap aji tankou moun fou. Li di nan panse l: Tout sèvitè k ap vann papa m jounen yo gen kont manje pou yo manje jis y ap kite rès. Alòske mwen menm m ap mouri grangou isit la, m pa ka jwenn manje. 18 M ap tounen lakay papa m. M pral di l: Papa, mwen peche kont Bondye epi mwen peche kont ou. 19 Mwen pa merite pou konsidere m kòm pitit ou ankò. Gade m tankou youn nan sèvitè w yo. 20 Apre sa, li leve li tounen lakay papa l.

Pandan jèn nonm nan te yon bèl distans toujou, papa l wè l ap vini, epi kè papa a fè l mal pou li. Papa a kouri al kontre pitit la, li vole nan kou pitit la, li bo li. 21 Pitit gason an di: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. Mwen pa merite pou konsidere m kòm pitit ou.

22 Men, papa a di sèvitè l yo: Fè vit, vini ak pi bèl rad la, mete l sou li. Vini ak yon bag pou met nan dwèt li ansanm ak sandal pou met nan pye l. 23 Vini avèk ti towo bèf gra a. Touye li vit pou nou ka manje, pou nou ka fete. 24 Paske pitit gason m nan te mouri, kounye a li resisite. Li te pèdi, kounye a nou rejwenn ni. Epi yo kòmanse fete.

25 Pi gran pitit gason an menm te nan jaden. Etan l ap retounen sot nan jaden an, lè l rive pre kay la, li tande mizik k ap jwe ansanm ak moun k ap danse. 26 Li rele youn nan sèvitè yo li mande l: Sa k gen la a? 27 Sèvitè a reponn: Frè w la retounen lakay epi papa w touye jenn towo bèf ki pi gra a, paske li rejwenn pitit gason n nan an bòn sante.

28 Gran frè a fè kòlè. Li refize antre pou selebre retou ti frè li. Lè papa a wè sa, li oblije soti vin kote l, li sipliye l pou l antre. 29 Men, li reponn papa l, li di: Mwen sèvi w tankou yon esklav pandan tout ane sa yo. Mwen pa janm dezobeyi lòd ou. Menm yon ti kabrit ou pa janm ban mwen pou m ta fete ansanm ak zanmi m yo. 30 Epoutan, lè pitit gason w nan retounen, apre l fin gaspiye tout byen w yo nan pran plezi ak fi pwostitiye, ou touye pi bèl ti bèf ou a pou li!

31 Papa a reponn li: O pitit gason mwen! Ou menm ou toujou ansanm ak mwen, epi tout sa m genyen se pou ou. 32 Men li te nesesè jodi a pou nou fete, pou nou rejwi, paske frè w la te mouri, li resisite; li te pèdi, nou rejwenn ni.”

Sa ki vrè richès

16 Apre sa, Jezi di disip li yo: “Vwala se te yon nonm rich ki te gen yon administratè ki t ap jere byen l yo pou li. Yo vin fè nonm rich la konnen administratè a t ap fè piyay nan byen yo. Nonm rich la rele administratè a, li di l: Mwen aprann anpil move bagay de ou. Vin fè regleman avè m sou sa ou te fè ak lajan m yo, paske mwen p ap kite byen m yo anba men w ankò pou jere.

Konsa, administratè a tonbe reflechi. Li di nan kè l: Ki sa m ta fè la a, poutèt patwon an ap retire byen l yo nan men m? Mwen pa gen fòs pou travay tè epi se ta yon wont pou m ta tonbe nan mande charite? M konn sa m pral fè. M ap chache fè zanmi, dekwa pou lè m pèdi travay la zanmi sa yo ka resevwa m lakay yo.

Konsa, administratè a rele tout moun ki te dwe patwon an lajan, youn apre lòt. Li mande premye a: Konbyen ou te dwe mèt la? Li reponn: Mwen dwe san (100) bidon[c] lwil. Administratè a di li: Men papye kontra w yo, chita la, degaje w vit ekri senkant (50).

Apre sa, li mande yon lòt: E ou menm, konbyen ou dwe? Li reponn: Mwen dwe san (100) sak ble.[d] Lè sa a, administratè a di: Men papye kontra w yo, ekri katreven (80).

Patwon an fè move administratè a konpliman dèske li te aji ak tout ladrès sa a. Jounen jodi a, moun k ap viv nan fènwa yo parèt entèlijan nan jan y ap mennen biznis yo youn ak lòt plis pase moun k ap viv nan limyè Bondye a.”

Jezi di yo ankò: “Nou menm, men sa m ap di nou. Fè zanmi pou demen ak richès nou genyen sou latè. Pou lè bagay sa yo fin pase, y a resevwa nou nan yon kay k ap la pou tout tan. 10 Nenpòt moun ou ka fè konfyans nan ti bagay, ou ka fè l konfyans nan gwo bagay tou. Nenpòt moun ki malonnèt nan ti bagay, l ap malonnèt nan gwo bagay tou. 11 Si ou aji mal ak richès sou latè yo, ki moun k ap fè w konfyans ak vrè richès la? 12 Si yo pa ka fè w konfyans ak bagay ki pa menm pou ou, kijan yo ka fè w konfyans ak bagay ki rele w pa w.

13 Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès[e] anmenmtan.”

Lalwa Bondye a pa ka chanje

(Mat 11:12-13)

14 Farizyen yo t ap koute tout sa Jezi t ap di yo. Men, yo te pase Jezi nan betiz paske yo menm yo renmen lajan. 15 Men Jezi di yo: “N ap fè tèt nou pase pou moun k ap fè sa ki dwat devan je moun, men Bondye konnen vrè panse ki nan kè nou. Sa moun panse ki gen enpòtans bay Bondye degoutans nan kè li.

16 Anvan Janbatis te vini, Bondye te toujou anonse pèp la pou yo viv lavi sou baz sa lalwa Moyiz la ansanm ak ekri pwofèt yo te di. Men, depi Janbatis fin vini an se Bòn Nouvèl Wayòm Bondye a k ap preche epi moun ap fè anpil jefò pou yo antre ladan l. 17 Men, li t ap pi fasil pou syèl la ak tè a disparèt pase pou yon sèl ti detay nan lalwa a ta pèdi.”

Divòs ak remaryaj

18 Yon nonm ki divòse ak madanm li epi ki marye ak yon lòt, li komèt adiltè. Yon nonm ki marye ak yon fi mari l te divòse ak li, li komèt adiltè tou.

Nonm rich la ansanm ak pòv Laza

19 Jezi di ankò: “Vwala se te yon nonm rich ki te toujou renmen abiye chè. Rad li te fèt ak bèl twal wouj ki koute chè ansanm ak len. Chak jou se te gwo fèt lakay li, epi se bon manje sèlman yo t ap manje. 20 Te genyen tou yon mandyan yo te rele Laza ki te toujou kouche bò papòt nonm rich la. Tout kò Laza te kouvri ak maleng. 21 Laza t ap byen renmen manje ti moso ki t ap tonbe soti sou tab nonm rich la. Menm chyen te konn ap vin niche maleng yo sou kò Laza.

22 Se konsa Laza vin mouri. Zanj Bondye yo pote l al met chita nan plas donè bò kote Abraram,[f] pou l manje ak li. Nonm rich la mouri tou, epi yo antere li. 23 Pandan nonm rich la te kote mò[g] yo ye a, nan mitan soufrans li, li voye je li, li wè Abraram byen lwen ansanm ak Laza chita nan plas donè bò kote l, nan yon fèt. 24 Lè sa a, li rele byen fò, li di: Papa Abraram, gen pitye pou mwen. Tanpri, voye Laza vin tranpe pwent dwèt li nan yon ti dlo pou l mete sou lang mwen, paske se pa ti soufri m ap soufri nan flanm dife sa a!

25 Men Abraram reponn li: Monchè, sonje ou te gentan resevwa tout bon bagay yo lè w te sou latè; epi Laza menm te nan pwoblèm ak soufrans. Kounye a li jwenn konsolasyon bò isit la, men ou menm ou ap soufri. 26 Fòk mwen di w tou, gen yon gwo twou san fon ki separe nou ansanm ak ou. Sa fè, pa gen mwayen menm pou yon moun ta sot isit la al jwenn ou lòtbò a, ni pou yon moun ta sot kote ou ye a pou vin jwenn nou bò isit la.

27 Lè sa a, nonm rich la di: Enben, si se pou sa, tanpri papa Abraram, voye Laza kay papa m sou latè. 28 Paske mwen gen senk (5) frè, pou l ka avèti yo pou yo pa vin isit la kote m ap soufri konsa a.

29 Men, Abraram di li: Yo gen lalwa Moyiz la ansanm ak sa pwofèt yo te ekri yo nan men yo, se pou yo aprann ladan yo.

30 Nonm rich la reponn: Non! Papa Abraram, yo p ap koute! Men, si youn nan mò yo al kote yo, y ap chanje lavi yo.

31 Men Abraram reponn: Si frè w yo p ap obeyi ni lalwa Moyiz la ni ekri pwofèt yo, yo p ap tande nonplis menmsi yon moun mouri ta leve vin pale ak yo.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International