Read the Gospels in 40 Days
Jezi voye swasanndouz mesye yo
10 Apre tout bagay sa yo, Senyè a chwazi swasanndouz[a] lòt moun ankò nan pami moun ki t ap swiv li yo. Li voye yo de pa de ale nan tout vil ak tout bouk kote li planifye apre pou l ale. 2 Li di yo: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil ouvriye. Se poutèt sa, mande mèt rekòt la pou l voye ouvriye pou ranmase rekòt la.
3 Nou mèt ale. Men, tande byen wi, m ap voye nou tankou ti mouton nan mitan bèt sovaj. 4 Pa pote bous. Pa pote sak pou pwovizyon osinon sandal derechany. Pa rete kanpe nan wout ap di moun bonjou nonplis. 5 Lè nou antre nan yon kay kèlkonk, premye bagay pou nou di se: Lapè Bondye sou kay sa a. 6 Si moun nan kay la se moun ki renmen lapè, alò lapè ap rete sou li. Men tou, si moun nan se pa moun ki renmen lapè, alò lapè a ap retounen pou ou. 7 Se pou nou rete nan kay moun ki renmen lapè a. Manje, bwè ansanm avèk yo tout sa yo ban nou, paske moun ki travay merite salè li. Pa plede ap pwonmennen rete nan plizyè kay.
8 Si nou antre nan yon vil epi moun yo byen resevwa nou, manje nenpòt manje yo ofri nou pou n manje. 9 Geri moun malad yo nan vil la, epi di tout moun yo: Wayòm Bondye a rive sou nou!
10 Men, si nou antre nan yon vil, yo pa resevwa nou, soti al kanpe nan mitan lari a epi di: 11 Ata pousyè lavil nou an ki te kole nan sandal nou, nou souke yo kont nou. Men, konnen byen wayòm Bondye a rive sou nou. 12 M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa pase pou moun Sodòm.[b]
Avètisman pou moun ki rejte Jezi yo
(Mat 11:20-24)
13 Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida.[c] Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon[d] ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje. 14 Men nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou nou pase pou moun Tir ak Sidon. 15 E nou menm moun lavil Kapènawòm, nou panse yo pral leve nou pou n rive nan syèl la? Non. Okontrè se nan kote mò yo ye a n ap desann.
16 Nenpòt moun ki obeyi pawòl nou, se mwen menm li obeyi. Nenpòt moun ki rejte nou, se mwen menm li rejte. Nenpòt moun ki rejte m, se moun ki voye m nan li rejte.”
Satan tonbe
17 Lè swasanndouz (72) disip yo retounen soti nan vwayaj la, yo te kontan anpil. Yo di: “Senyè, menm move lespri yo soumèt devan nou lè nou sèvi ak non ou pou pase yo lòd.”
18 Jezi di yo konsa: “Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou yon zèklè. 19 Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan, lènmi nou an, anba pye nou. Anyen p ap ka rive nou. 20 Piga nou fè twòp chèlbè[e] poutèt nou wè move lespri yo soumèt devan nou. Rejwi pito paske non nou ekri nan kaye syèl la.”
Jezi priye Papa a
(Mat 11:25-27; 13:16-17)
21 Nan menm moman an tou, Sentespri a te fè Jezi santi l kontan anpil, epi Jezi di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante gran choz. Wi, Papa, sa fèt konsa paske se konsa menm ou te vle li.”
22 Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.
23 Apre sa, Jezi vire gade disip li yo etan yo te apa ak li, li di yo: “Benediksyon pou nou menm ki gen chans wè sa n ap wè a. 24 Paske m ap di nou sa, anpil pwofèt ak anpil wa te vle wè sa n ap wè a, men yo pa t wè yo. Yo te vle tande sa n ap tande yo, men yo pa t tande yo.”
Yon istwa konsènan yon bon Samariten
25 Apre sa, yon doktè Lalwa ki te vle pran Jezi nan pyèj leve kanpe epi li poze l kesyon sa a: “Mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi etènèl?”
26 Jezi reponn li: “Ki sa ki ekri nan Liv Lalwa a? Ki sa ou wè l di?”
27 Doktè Lalwa a reponn: “Renmen Bondye ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout panse w;[f] epi renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[g]
28 Lè sa a, Jezi di li: “Ou konnen ou byen reponn. Annik fè sa a epi ou ap gen lavi etènèl.”
29 Men, doktè Lalwa a ki te vle montre Jezi li bon deja, poze Jezi kesyon sa a: “Men, ki moun menm pou m konsidere kòm pwochen m?”
30 Lè sa a, Jezi reponn li: “Yon nonm te soti Jerizalèm l ap desann Jeriko. Pandan l sou wout la, yon kolonn vòlè atoufè tonbe sou li. Yo dechèpiye li, pran tout sa l te genyen, ata rad sou po do l. Yo bat li byen bat epi y al fè wout yo kite li atè a twaka mò.
31 Konsa, vin gen yon sakrifikatè k ap pase. Lè l wè nèg la, li pa kanpe pou ede l. Okontrè, li chankre kò l sou lòt bò chemen an, l ale fè wout li. 32 Apre sa, vin gen yon Levit ki vin ap pase tou. Lè l wè nonm nan, li chankre kò l sou lòt bò chemen an tou, l ale fè wout li.
33 Apre sa ankò, vin gen yon Samariten[h] k ap pase. Lè l wè nonm yo te dechèpiye a, kè l fè l mal anpil pou li. 34 Li pwoche kote li. Li vide lwil doliv ak diven sou kote li blese yo pou netwaye yo, epi li vlope yo ak twal. Apre sa, Samariten an ki te gen yon bourik, chaje nonm nan mete sou bourik la. Li mennen l nan yon otèl pou ba li plis swen. 35 Nan demen, Samariten an bay responsab otèl la kantite lajan ou te ka peye yon moun pou de jounen travay, epi li di l konsa: Pran swen malad sa a pou mwen. Sizoka ou ta depanse plis pou pran swen l, lè m retounen m ap remèt ou li.”
36 Apre sa, Jezi di doktè Lalwa a: “Dapre ou, ki lès nan twa mesye sa yo ki pwochen nonm ki te tonbe anba men atoufè yo?”
37 Doktè lalwa a reponn: “Nonm ki te gen kè sansib pou li a.”
Epi Jezi di li: “Ebyen, ale, montre kè sansib tou pou nenpòt moun ki nan bezwen.”
Mari ak Mata
38 Etan yo t ap vwayaje, Jezi ak disip li yo antre nan yon ti bouk epi yon fi nan bouk la yo te rele Mata te resevwa yo lakay li. 39 Mata te gen yon sè yo rele Mari. Mari ta vin chita nan pye Jezi ap koute ansèyman Jezi t ap bay yo. 40 Mata menm t ap fatige kò l ak travay pou resevwa moun yo. Li vin parèt kote Jezi, li di: “Mèt, sa pa fè w anyen Mari kite m poukont mwen pou m fè tout travay sa yo. Pale avè l non pou fè l vin ede m.”
41 Senyè a reponn Mata, li di l konsa: “Mata, Mata, ou ap bay kò w traka pou anpil bagay. 42 Men, se yon sèl bagay ki nesesè. Se bagay sa menm Mari chwazi, yo p ap janm retire l nan men l.”
Jezi anseye kijan pou n lapriyè
(Mat 6:9-15)
11 Yon lè, Jezi t ap lapriyè yon kote. Lè Jezi te fin priye, youn nan disip li yo di li: “Mèt, montre nou kijan pou nou priye, menm jan Janbatis te montre disip pa l yo.”
2 Jezi di yo: “Lè n ap priye se pou nou di:
Papa, se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen.
Vin etabli wayòm ou an.
3 Ban nou pou chak jou manje nou bezwen pou jounen an.
4 Padone peche nou yo,
menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal.[i]
Epi pa kite nou tonbe anba tantasyon.”
Mande Bondye sa w gen bezwen
(Mat 7:7-11)
5 Apre sa, Jezi di yo: “Sipoze youn nan pami nou la a ta al kote yon zanmi l nan mitan lannuit, ou di l: prete m twa pen, 6 paske m gen yon zanmi ki fèk rive lakay mwen la a soti an vwayaj epi m pa gen anyen pou m ta ba l manje. 7 Epi pou zanmi an ta reponn ou: Monchè, kite m repo tande. Pòt mwen gentan fèmen, timoun mwen yo gentan kouche. Èske m ka nan leve la a ankò pou ba w anyen la a. M regrèt sa. 8 M ap di nou sa: menmsi li pa ta vle leve pou ba w pen sèlman paske li se zanmi w, si ou pèsiste, ou kontinye frape nan pòt la, zanmi an ap leve pou ba w tout sa ou gen bezwen. 9 Se sa k fè m ap di nou: Mande, epi Bondye ap ban nou. Chèche, epi n ap jwenn. Frape, epi Bondye ap louvri pou nou. 10 Paske moun k ap mande ap resevwa. Moun k ap chache ap jwenn. Moun k ap frape y a louvri pou li. 11 Kilès nan tout papa yo ki la a, si pitit gason w ta mande w yon pwason, k ap ba li yon koulèv si l mande yon pwason? 12 Oubyen si l ta mande w yon ze, ou t ap ba l yon eskòpyon alaplas ze li mande w la? Ou pa t ap fè sa. 13 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa a ki nan syèl la ap bay Sentespri a kòm kado a tout moun ki mande li.”
Puisans Jezi soti nan Bondye
(Mat 12:22-30; Mak 3:20-27)
14 Yon lè, te gen yon moun ki gen yon denmon sou li ki te fè l bèbè. Jezi chase denmon an sou nonm nan. Lè denmon an te soti, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa. 15 Men, te gen kèk moun ki te di: “Se Satan,[j] chèf demon yo, ki ba li pouvwa pou l chase demon. Satan se chèf tout demon yo.”
16 Gen lòt menm ki te vle pran l nan pyèj. Yo mande l pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l. 17 Men, Jezi ki te konnen ki panse yo te gen nan tèt yo, li di yo konsa: “Yon wayòm ki divize ap fini pa kraze. Yon vil oswa yon fanmi k ap goumen tout tan pa la pou lontan. 18 Menm jan an tou, si Satan leve kont pwòp tèt li, li divize. Ki jan pou wayòm li fè kontinye kanpe? M di nou sa paske nou di se Bèlzebil ki banm puisans pou m chase denmon yo. 19 Si nou di mwen chase denmon ak pouvwa Bèlzebil, epi patizan nou yo menm, ak ki pouvwa yo chase denmon? Se poutèt sa, se yo menm m ap kite jije nou pou sa nou di a. 20 Men okontrè si se pouvwa Bondye a m sèvi pou m chase demon, sa vle di wayòm Bondye deja tabli pami nou.
21 Lè yon nonm vanyan byen ame ap veye kay li, tout byen l yo ki nan kay la an sekirite. 22 Men, sipoze yon lòt ki pi vanyan pase l vin atake l. Sa k pi vanyan an ap ranpòte laviktwa sou li. L ap pran zam li yo ki te garanti sekirite kay la, apre sa, l ap separe byen nonm nan jan l pi pito.
23 Yon moun ki p ap travay avè m, ap travay kont mwen. Yon moun ki p ap ede m sanble, se gaye l ap gaye.”[k]
Danje lè w rete vid
(Mat 12:43-45)
24 Lè yon move lespri sòti sou yon moun, li vwayaje pati al nan zòn dezè pou l chache yon lòt kote pou l rete. Si l pa jwenn, li di tèt li: “M ap retounen nan ansyen kay mwen.” 25 Men lè li l rive, li jwenn kay la byen bale, byen ranje. 26 Lè sa a li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan.
Moun Bondye beni yo
27 Pandan Jezi t ap pale pawòl sa yo, gen yon fi nan foul la ki pale byen fò, li di Jezi konsa: “Ala beni Bondye beni manman ki te pote w nan vant li epi ki te ba ou tete a.”
28 Men Jezi reponn ni: “Okontrè, moun ki beni se moun ki tande pawòl Bondye epi ki obeyi li.”
Kèk moun gen dout sou otorite Jezi
(Mat 12:38-42; Mak 8:12)
29 Pandan foul la te kontinye ap gwosi, Jezi di yo konsa: “Ala moun yo mechan se moun alèkile yo. Y ap mande mirak ki pou sètifye travay mwen, men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas[l] la. 30 Paske, menm jan Jonas te sèvi kòm yon siy pou pèp Niniv la, konsa tou Pitit Lòm nan va sèvi kòm yon siy pou moun nan jenerasyon sa a.
31 Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la[m] ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.
32 Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.
Yon limyè k ap klere lemonn
(Mat 5:15; 6:22-23)
33 Pa gen moun k ap limen yon lanp pou l sere l nan yon ti kwen osinon anba yon bokit. Okontrè, l ap mete l anlè sou etajè, yon fason pou lè moun ap antre limyè a ka klere pou yo. 34 Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè[n] pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. 35 Fè sèten ou se yon moun ki ranpli ak limyè olye fènwa. 36 Si ou ranpli ak limyè,[o] epi pa gen okenn pati nan ou ki kache nan fènwa, ou ap briye nèt tankou lè yon lanp ap klere chemen ou ak limyè li.”
Jezi kritike lidè relijye yo
(Mat 23:1-36; Mak 12:38-40; Lik 20:45-47)
37 Lè Jezi fin pale, yon Farizyen envite l vin manje ak li. Jezi ale, li antre lakay Farizyen an epi li chita bò tab la. 38 Farizyen an pa t manke sezi lè l wè Jezi pa t lave men[p] l anvan l manje. 39 Men, Jezi di Farizyen an konsa: “Nou menm Farizyen yo sa nou fè a se tankou yon moun ki netwaye deyò yon gode oubyen yon plat men anndan nou se lide vòlò, lide pran tout pou nou ak mechanste sèlman ki genyen. 40 Bann moun egare! Bondye ki kreye pati ki sou deyò a se li menm tou ki kreye anndan an. 41 Bay pòv yo sa w ta renmen gade pou ou menm. Lè sa a ou ap pwòp nèt.
42 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo, paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye sitwonèl ak lòt kalite plant nou yo. Men, kanta pou pratike lajistis, pou nou renmen Bondye, nou kale yo bèl vag. Tandiske se sa pou ne te fè, san n pa neglije lòt bagay yo tou.
43 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ki renmen pran plas devan nan sinagòg yo ak lè moun ap montre respè pou nou lè y ap salye nou nan mache yo. 44 Malè pou nou, paske nou tankou yon bann tonm ki pa make. Moun ap mache sou nou san yo pa konnen kijan nou malouk anndan nou.”
45 Apre sa, youn nan direktè Lalwa yo pran lapawòl li di: “Mèt, lè ou ap di bagay sa yo ou ensilte nou tou wi nou menm.”
46 Jezi reponn li: “Malè pou nou tou nou menm direktè Lalwa yo, paske nou fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo.[q] Alòske nou menm, nou p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande. 47 Malè pou nou paske nou bati bèl tonm pou pwofèt yo, men, se zansèt nou yo ki te touye yo. 48 Lè nou fè sa, nou montre nou dakò ak sa zansèt nou yo te fè, lè yo te touye pwofèt yo, paske yo te touye yo, nou menm nou bati tonm pou yo. 49 Se poutèt sa Bondye di nan sajès li: M ap voye pwofèt ak apot ba yo. Y ap touye kèk ladan yo epi y ap pèsekite rès yo.
50 Konsa, nou menm ki fè pati jenerasyon sa a, Bondye ap pini nou pou san tout pwofèt ki te koule depi okòmansman lakreyasyon pou jis kounye a. 51 L ap tankou se nou menm ki te touye soti sou Abèl pou rive sou Zakari,[r] sila a ki te mouri ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon nou an pou tout zak sa yo.
52 Malè pou nou, nou menm direktè Lalwa! Nou kenbe kle pou louvri pòt konesans pawòl la nan men nou. Epoutan nou pa aprann anyen ladan l pou tèt nou epi nou anpeche lòt moun aprann tou.”
53 Lè Jezi kite kote l te ye a, Skrib yo ak Farizyen yo te kòmanse ap di move pawòl sou li. Yo te tonbe kwense l ak kesyon pou wè si fè l di yon pawòl ki pa sa. 54 Yo t ap chache mwayen pou tann pyèj pou li, pou yo ta akize ak pawòl ki soti nan bouch pa li.
Piga nou sanble ak Farizyen yo
12 Lè sa a, foul moun ki te rasanble pou tande Jezi a te plizyè milye. Yo te tèlman anpil, se kòmsi youn t ap mache sou lòt. Men, Jezi chwazi pale ak disip li yo anvan, pandan lòt moun yo ap koute. Li di yo: “Veye kò nou ak ledven Farizyen yo, ki vle di yo eseye parèt tankou[s] moun ki dwat, men alaverite yo pa moun ki dwat. 2 Pa gen anyen ou ka resi sere tèlman byen pou l pa janm parèt aklè. Pa gen anyen ou ka resi sere pou moun pa janm konnen li ditou. 3 Kidonk, tout sa ki di an prive pral di devan tout moun. Tout sa ou chichote nan zòrèy moun ankachèt, y ap pibliye l byen fò an piblik.”
Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun
(Mat 10:28-31)
4 Men sa m ap di nou, nou menm ki zanmi m: “Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a sèlman, men ki pa gen anyen li ka fè ankò apre sa. 5 M ap di nou kilès pou nou pè pito. Se pou nou pè Bondye pito, paske lè l fin touye kò a, li gen otorite tou pou voye l jete nan lanfè. Wi, se li menm pou nou pè pito.
6 Èske nou pa wè ti zwazo ap vann pou piyay, se senk (5) pou dis (10) kòb yo vann yo. Epoutan, Bondye pa bliye yo. 7 Bondye menm konnen konbyen cheve nou gen nan tèt nou. Nou pa bezwen pè anyen, paske nou gen plis valè lontan pase anpil ti zwazo.”
Ou pa bezwen jennen devan moun poutèt lafwa w
(Mat 10:32-33; 12:32; 10:19-20)
8 M ap di nou sa: “Nenpòt moun ki pa wont kanpe devan moun pou l di se moun pa m li ye, mwen p ap wont non plis pou m di se moun pa m li ye. M ap di sa menm devan anj Bondye yo. 9 Men, moun ki di devan moun li pa konnen m, m ap di m pa konnen l tou devan anj Bondye yo.
10 Nenpòt moun ki pale mal kont Pitit Lòm nan, li ka jwenn padon; men, yon moun ki pale mal kont Sentespri a, li p ap jwenn padon.
11 Lè y a mennen nou vin jije swa nan sinagòg la, swa devan chèf yo osinon otorite yo, nou pa bezwen bay tèt nou traka pou konnen kisa nou pral di, osinon kijan pou n defann tèt nou. 12 Paske Sentespri Bondye a ap la nan moman an pou anseye nou sa ki nesesè pou n di.”
Jezi bay avètisman kont egoyis
13 Yon nonm nan mitan foul la di Jezi konsa: “Mèt, pale ak frè m nan non pou l ka pataje byen paran nou kite pou nou yo ak mwen.”
14 Men, Jezi reponn li: “Ki moun ki mete m jij osinon abit pou m jije bagay konsa ant ou menm ak frè w?” 15 Apre sa Jezi di foul la, “Fè atansyon pou dezi pou gen anpil bagay pa pran tèt nou, paske se pa pakèt byen yon moun posede k ap fè lavi li long.”
16 Epi li tonbe rakonte yo parabòl sa a, li di: “Te gen yon nonm rich ki te fè yon bèl rekòt nan jaden l. 17 Nonm rich la reflechi nan li menm, li di: Ki sa m pral fè la a, paske mwen pa gen ase plas pou m sere rekòt mwen yo?
18 Apre sa, li di: Oke, m konn sa m pral fè. M ap kraze tout depo m yo, epi m ap bati sa k pi gwo pou m ka jwenn kote pou m sere tout ble m yo ak lòt rekòt mwen yo. 19 Apre sa, m a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen nan depo pou anpil ane ankò. Ou mèt poze kounye a. Annik manje, bwè epi jwi lavi w.
20 Men Bondye di li: Egare! Aswè a menm ou pral mouri. Tout bagay sa yo ou te prepare yo, pou kilès y ap rete?
21 Se konsa sa ye pou nenpòt moun k ap rasanble byen pou li menm sèlman, men ki pa rich nan je Bondye.”
Mete Wayòm Bondye a anvan tout bagay
(Mat 6:25-34,19-21)
22 Apre sa, li di disip li yo: “Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. 23 Paske lavi gen plis valè pase manje. Kò moun gen plis valè pase rad. 24 Gade zwazo yo rele kònèy yo. Yo pa plante ni yo pa rekòlte. Yo pa gen depo, ni galata, epoutan Bondye ba yo manje. Èske nou pa vo plis pase zwazo yo? 25 Kilès nan nou ki ka ajoute menm yon sèl èdtan sou lavi li afòs li bay tèt li traka pou sa? 26 Si ou pa ka menm fè ti bagay ki pi piti yo, poukisa pou ap bay kò w traka pou bagay ki pi gwo yo?
27 Gade jan flè ki nan raje yo grandi. Yo pa travay, yo pa koud rad. M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo. 28 E si zèb nan jaden jodi a, zèb yo pral boule nan dife demen, Bondye pran tan pou l abiye yo si bèl, epi nou menm atò? Ala piti lafwa nou piti!
29 Kidonk, nou pa bezwen ap bay kò nou traka pou chache bagay pou n manje ak bagay pou n bwè. 30 Bagay sa yo se moun ki nan mond lan ki toujou ap kouri dèyè bagay sa yo. Papa nou ki nan syèl la deja konnen nou bezwen tout bagay sa yo. 31 Akòde plis enpòtans a wayòm Bondye a pito, epi l ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi.
Pa mete konfyans ou nan lajan
32 Ti twoupo mouton m yo, nou pa bezwen pè, paske Bondye Papa nou pran plezi pou l ban nou Wayòm nan. 33 Vann tout sa nou genyen epi bay pòv kòb la. Si nou fè sa, n ap gen yon bous ki p ap janm gen twou. N ap gen yon trezò k ap dire pou tout tan nan syèl la,[t] kote vòlè pa ka jwenn li, kote mit pa ka manje l. 34 Paske kote trezò w ye se la kè w ap ye tou.
Se pou nou toujou tou pare
(Mat 24:42-44)
35 Se pou nou toujou tou pare ak rad nou sou nou epi ak lanp nou limen nan men nou. 36 Se pou nou rete tankou sèvitè k ap tann mèt yo tounen sot nan yon fèt maryaj. Kou l frape nan pòt la pou yo gentan louvri pou li san pèdi tan. 37 Ala benediksyon pou sèvitè sa yo Mèt la jwenn ap veye vini li! Sa m ap di nou la a se pawòl sèten, mèt la ap mete tabliye l sou li, l ap fè sèvitè yo chita bò tab epi l ap sèvi yo manje. 38 L ap bon nèt pou sèvitè sa yo si mèt la vini vè minwi osinon vè twazè dimaten menm epi li jwenn yo ap veye.
39 Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit la vòlè ap vini, li pa t ap kite l kase kay la. 40 Nou menm tou, nou bezwen prè, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa atann.”
Ki lès ki se sèvitè fidèl la?
(Mat 24:45-51)
41 Lè sa a, Pyè di Jezi konsa: “Mèt ou rakonte parabòl sa a pou nou menm disip yo osinon pou tout moun?”
42 Senyè a reponn, li di: “Ki lès nan sèvitè mèt la yo ki saj ase pou mèt la fè l konfyans? Mèt la fè youn nan sèvitè yo konfyans pou l bay lòt sèvitè yo manje lè yo gen bezwen. 43 Byenere sèvitè sa a lè Mèt la retounen, li jwenn nan pye travay li! 44 An verite m ap di nou: Mèt la ap mete l chèf sou tout sa l genyen.
45 Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? Epi li kòmanse ap bat lòt sèvitè yo ak sèvant yo tou epi li tonbe bwè jouk li vin sou. 46 Mèt la ap rive sou li sanzatann, nan lè li pa konnen; lè sa a l ap resevwa yon pinisyon ki sevè. Mèt la ap voye l menm kote ak ipokrit yo.
47 Yon sèvitè ki konnen volonte mèt li, epi ki pa prepare osinon ki pa fè zafè l selon volonte mèt li, l ap gen pou resevwa anpil kout makak. 48 Men, kisa k ap rive ak yon sèvitè ki pa konnen kisa mèt li vle l fè? Si li fè bagay ki fè l merite pini, y ap pini l mwens pase sèvitè ki konnen byen sa pou l fè a. Moun Bondye konfye anpil, y ap espere menm plis pase sa yo te konfye l la de li.
Swiv Jezi ka pote anpil pwoblèm
(Mat 10:34-36)
49 Mwen vini pou m simaye yon dife sou latè. M swete m te wè dife sa limen deja. 50 Gen yon kalite batèm[u] mwen dwe resevwa. M santi m twouble anpil jouktan mwen resevwa batèm sa a. 51 Èske nou panse se lapè mwen te vin simaye sou latè? Non! Se divizyon mwen vin simaye pito. 52 Apati de jodi a, si gen senk moun nan yon fanmi, y ap divize twa kont de, de kont twa.
53 Papa ap leve kont pitit gason li,
pitit gason ap leve kont papa li;
manman ap leve kont pitit fi li,
pitit fi ap leve kont manman li;
bèlmè ap leve kont bèlfi,
bèlfi ap leve kont bèlmè.”[v]
Jan pou nou konprann tan an
(Mat 16:2-3)
54 Apre sa, Jezi di foul la: “Lè nou wè nyaj ap gonfle sou bò solèy kouche a, nou di: Li pral fè yon kokenn chenn lapli, epi sa rive vre jan nou di a. 55 Lè nou wè van an ap soufle soti nan sid pou met tèt nan nò, nou di: li pral l fè cho konpè! Epi sa rive vre. 56 Bann ipokrit! Nou konn kijan pou n entèprete bagay sou fas tè a ak nan syèl la pou nou konnen ki tan l ap fè, pou kisa atò nou pa ka entèprete bagay k ap pase nan tan sa a kounye a?
Chache rezoud pwoblèm nou ant nou menm
(Mat 5:25-26)
57 Pouki sa nou pa ka jije pou tèt nou tou kisa ki dwat ak kisa ki pa dwat? 58 Si yon moun gen pwoblèm ak ou epi li rele w nan tribinal. Etan nou nan wout pra l nan tribinal la, se pou ou chache antann ou ak moun nan pou bagay la pa rive devan jij. Si se pa sa, l ap trennen w devan jij la, jij la menm ap lage w nan men lapolis, epi lapolis ap lage w nan prizon. 59 M ap di w sa, ou p ap soti nan prizon an jouktan ou fin peye tout lajan ou dwe a, san manke yon santim.”
Copyright © 2017 by Bible League International