Read the Gospels in 40 Days
Jezi pale sou kesyon divòs
(Mak 10:1-12)
19 Apre Jezi fin pale sou tout koze sa yo, li kite rejyon Galile a pou l ale nan rejyon Jide ak rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. 2 Yon gwo foul moun t ap swiv li. Li te fè anpil gerizon.
3 Kèk Farizyen ki te vle pase Jezi yon tès, te pwoche bò kote l. Yo di li: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse madanm li pou nenpòt ki rezon?”
4 Jezi reponn yo: “Èske Bib la pa di lè Bondye t ap kreye lemonn se yon gason ak yon fi[a] l te kreye? 5 Apre sa Bondye di: Se poutèt sa, yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl.[b] 6 Konsa, yo pa de ankò, men yo vin tounen youn. Donk, okenn moun pa dwe chache separe de moun Bondye mete ansanm.”
7 Farizyen yo di Jezi: “Enben, poukisa Moyiz te bay lòd si yon gason ap kite madanm li fòk li ba li papye divòs?”[c]
8 Jezi reponn yo: “Moyiz bay pèmisyon an paske tèt nou di, men sa pa t nan plan kreyasyon an. 9 Men mwen menm, m ap di nou: si yon nonm divòse ak madanm li, eksepte pou koz peche seksyèl, epi l al marye avèk yon lòt fi, li komèt adiltè.”
10 Lè disip yo tande sa, yo di Jezi: “Si se konsa bagay la ye nan relasyon gason ak fi, li ta pi bon pou yon nonm pa janm marye!”
11 Jezi reponn yo: “Se sèlman moun Bondye bay don pou sa ki konprann sa n ap di la a. 12 Gen moun ki pa marye poutèt jan yo fèt la: se bagay de nesans. Gen lòt moun ki pa marye[d] poutèt operasyon lèzòm fè sou yo. Gen kèk lòt moun ki deside pa marye pou yo ka fè sèvis Bondye pi byen. Sa a se pou moun ki ka fè l.”
Jezi resevwa timoun yo
(Mak 10:13-16; Lik 18:15-17)
13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l te ka poze men sou yo epi beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. 14 Lè sa a, Jezi di: “Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa anpeche yo, paske wayòm syèl la se pou moun ki sanble avèk yo.” 15 Apre Jezi fin touche timoun yo ak men l, epi li beni yo, li deplase kite kote l te ye a.
Yon nonm rich refize swiv Jezi
(Mak 10:17-31; Lik 18:18-30)
16 Yon nonm pwoche bò kote Jezi, epi li di l: “Mèt, ki bon zèv mwen dwe fè pou m ka gen lavi etènèl?”
17 Jezi reponn li: “Poukisa w ap poze m kesyon sou sa ki bon? Se sèl Bondye ki bon. Men si ou vle gen lavi etènèl, obeyi kòmandman yo.”
18 Nonm nan reponn:
“Kilès nan kòmandman yo?” Jezi reponn li: “Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou lòt moun. 19 Onore papa w ak manman w,[e] epi renmen pwochen[f] w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[g]
20 Jenòm nan di Jezi: “Mwen gen tan fè tout bagay sa yo deja. Sa m manke?”
21 Jezi di li: “Si ou vle bon nèt, ale vann tout sa w genyen. Bay pòv lajan an! Konsa, ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”
22 Lè nonm nan tande deklarasyon sa a, sa te fè l tris anpil, paske li te gen anpil richès. Konsa, li vire do li, l ale.
23 Jezi di disip li yo: “Anverite, li p ap fasil menm pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a. 24 M ap di nou ankò: L ap pi fasil pou yon chamo pase nan twou je yon zegwi pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
25 Disip Jezi yo te sezi tande sa. Konsa, yo mande li: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?”
26 Jezi gade yo epi l di: “Pou lèzòm, sa se yon bagay ki konplètman enposib, men pou Bondye tout bagay posib.”
27 Apre sa, Pyè reponn, li di Jezi: “E nou menm ki kite dèyè tout sa nou te genyen pou nou vin swiv ou, kisa n ap jwenn?”
28 Jezi di yo: “Anverite m ap di nou, nan nouvo mond la, Pitit Lòm nan gen pou chita sou yon twòn laglwa li. Lè sa a, nou menm tou n a chita sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo. 29 Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt non mwen ap gen pou resevwa 100 fwa plis, epi l ap eritye lavi etènèl nan fanmi Bondye. 30 Anpil moun ki nan premye plas kounye a ap gen pou vin dènye. Anpil moun ki dènye kounye a gen pou yo vin premye.
Parabòl travayè jaden yo
20 Wayòm Bondye a se tankou yon gwo kiltivatè ki soti byen bonè nan maten pou l al chache travayè pou travay nan jaden rezen l. 2 Li antann li ak yo pou l peye yo yon jounen travay. Epi li voye yo al travay nan jaden an.
3 A nevè di maten, li soti ankò, l ale sou yon plas piblik, epi li wè kèk mesye ki kanpe ki p ap fè anyen. 4 Li di yo: Si nou al travay nan jaden rezen m nan, m ap ba nou yon bagay ki rezonab. 5 Konsa mesye yo te pati al travay nan jaden rezen an.
Vè midi ak vè twazè, kiltivatè a refè menm mouvman nevè a. 6 Ozanviwon senkè konsa, li soti ankò epi li jwenn kèk mesye kanpe san yo p ap fè anyen. Li di yo: Poukisa nou kanpe la a tout jounen ap kalewès?
7 Yo reponn li: Pèsonn pa ban nou travay!
Li di yo: Al travay nan jaden rezen m nan.
8 Nan fen jounen an, mèt jaden an rele moun ki responsab pou peye travayè yo, epi li di l: Rele travayè yo vin touche. Kòmanse ak sa yo ki te vin an dènye jouktan w rive sou premye a.
9 Lè travayè ki te vin a senkè a vin touche, yo chak resevwa kòb yon jounen travay. 10 Konsa, lè gwoup ki te vin an premye a vin touche yo te panse yo t ap jwenn yon ti diplis, men yo tout te touche menm kòb la. 11 Yo pran kòb la, men yo t al plenyen bay mèt jaden an. 12 Yo di: Nèg senkè yo, fè sèlman inèdtan travay, men nou menm nou pase tout jounen an ap travay anba solèy cho a, epi ou ba nou menm fòs kòb!
13 Mèt jaden an reponn youn pami yo: Zanmi m, mwen pa fè nou lenjistis. Èske nou pa t mete nou dakò pou m peye yon jounen travay? 14 Pran sa k pou ou a, epi al lakay ou! Se mwen ki deside pou m bay tout moun menm kòb. 15 Dayè kòb mwen se pou mwen, mwen ka fè sa m vle avè l, pa vre? Èske nou jalou[h] paske mwen gen kè nan men pou lòt moun yo?
16 Konsa, anpil moun ki nan dènye plas kounye a ap gen pou vin premye. Anpil moun ki premye kounye a gen pou yo vin dènye.”
Jezi pale sou lanmò li ankò
(Mak 10:32-34; Lik 18:31-34)
17 Pandan Jezi te sou wout pou l monte Jerizalèm, li pran douz disip li yo apa, epi li di yo: 18 “Tande m! Nou sou wout pou Jerizalèm kote yo pral livre Pitit Lòm nan bay chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo ki gen pou kondane l amò. 19 Apre sa, yo gen pou yo livre l bay payen yo ki gen pou yo pase l nan betiz, pou yo bat li byen bat, epi krisifye l sou yon kwa. Men li gen pou l resisite sou twazyèm jou a.”
Madan Zebede mande yon favè espesyal pou pitit li yo
(Mak 10:35-45)
20 Apre sa, manman pitit Zebede yo ak de pitit gason l yo, pwoche bò kote Jezi. Li mete l ajenou devan Jezi pou mande l yon favè.
21 Jezi mande li: “Kisa w vle?”
Li reponn: “Mwen vle pou ou pwomèt mwen de pitit gason m yo ap chita youn sou bò dwat ou epi youn sou bò gòch ou, lè w va nan wayòm ou an.”
22 Jezi di li: “M pa kwè ou konprann sa w ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode[i] mwen pral bwè a?”
Mesye yo reponn: “Wi, nou kapab!”
23 Jezi di yo: “Se vre, n ap gen pou n bwè nan gode a. Men kanta pou privilèj pou youn chita adwat, lòt la chita agoch la, sa pa depann de mwen. Papa a rezève plas sa yo pou moun li vle.”
24 Lè lòt dis disip yo tande sa, yo te fache anpil ak de frè yo. 25 Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo. 26 Men se pa konsa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou. 27 Nenpòt moun ki vle jwe wòl premye nan mitan nou dwe jwe wòl esklav nou tout. 28 Fè menm jan ak Pitit Lòm nan, li pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.”
Jezi geri de avèg
(Mak 10:46-52; Lik 18:35-43)
29 Pandan Jezi ak disip li yo t ap kite Jeriko, te gen yon gwo foul moun ki t ap swiv li. 30 Te gen de mesye avèg ki te chita bò wout la. Lè yo tande Jezi ap pase, yo pran rele byen fò: “Senyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!”
31 Foul la t ap kritike mesye yo epi mande yo fèmen bouch yo. Men yo te kriye pi fò: “Senyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!”
32 Jezi fè yon kanpe. Li rele mesye yo, epi l mande yo: “Kisa nou vle m fè pou nou?”
33 Yo reponn li: “Senyè, nou vle wè!”
34 Jezi santi kè l fè l mal pou yo. Li touche je yo, epi nan menm moman an, je mesye yo te vin wè. Yo te leve, yo swiv Jezi.
Copyright © 2017 by Bible League International