Print Page Options Listen to Reading
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the EHV. Switch to the EHV to read along with the audio.

Haitian Creole Version (HCV)
Version
1 Samyèl 14

14 ¶ Yon jou, Jonatan, pitit Sayil la, pale ak jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Ann al avè m'! Ann travèse lòt bò a, nan kan moun Filisti yo. Men Jonatan pa t' avèti papa l'.

Sayil menm te moute kan li anba pye grenad Migwon an, sou lizyè peyi Gibeya a. Li te gen sisan (600) sòlda konsa avè l'.

Prèt ki t'ap pote jile Bondye a te rele Akija. Se te pitit Akitoub, pitit frè Ikabòd la. Yo te pitit Fineas ki li menm te pitit Eli, ki te prèt Seyè a lavil Silo. Sòlda yo pa t' konnen Jonatan te pati.

Nan pas kote Jonatan t'ap chache janbe larivyè pou ale nan kan moun Filisti yo, te gen de gwo wòch, yonn chak bò pas la. Yonn te rele Bozès, lòt la Sene.

Yonn te sou bò nò anfas lavil Mikmas, lòt la sou bò sid anfas lavil Geba.

Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.

Jenn gason an reponn li: -Fè sa ou gen nan lide ou. Ale non! M'ap kanpe avè ou!

Jonatan di l': -Bon! Nou pral janbe lòt bò a epi n'ap kite yo wè nou.

Si yo di nou rete kote nou ye a, y'ap vin jwenn nou, n'ap rete kote nou ye a, nou p'ap mache sou yo.

10 Men, si yo di nou moute vin jwenn yo, enben! n'a mache sou yo. Paske, sa vle di Seyè a gen tan lage yo nan men nou.

11 Yo parèt kò yo, yo kite moun Filisti yo wè yo. Moun Filisti yo di: -Gade! Men kèk ebre k'ap soti nan twou kote yo te kache.

12 Sòlda Filisti yo rele Jonatan ak jenn gason an, yo di yo: -Moute vin jwenn nou non. Nou gen yon bagay pou n' di nou. Lè sa a, Jonatan di jenn gason an: -Swiv mwen. Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la.

13 Jonatan grenpe moute sou men l' ak sou pye l' yo, jenn gason an t'ap swiv li. Jonatan atake moun Filisti yo, li jete yo atè. Jenn gason an menm t'ap touye yo dèyè l'.

14 Nan premye atak sa a, Jonatan ak jenn gason an te touye vin sòlda konsa, sou yon ti teren ki pa t' menm mezire yon ka (1/4) kawo tè.

15 Tout moun Filisti ki te nan kan an, nan tout plenn lan, vin pè anpil. Sòlda yo te mete an avangad yo ak tout rès lame a te vin pè tou. Tè a pran tranble, te gen yon gwo kouri nan tout peyi a.

16 ¶ Faksyonnè Sayil te mete ap veye lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo wè te gen yon sèl debandad nan mitan moun Filisti yo ki t'ap kouri tankou moun fou.

17 Sayil di moun ki te avè l' yo: -Konte sòlda yo! Gade kilès ki pa la! Yo konte, yo pa jwenn ni Jonatan ni jenn gason ki te konn pote zam li yo.

18 Lè sa a, Sayil di Akija konsa: -Pwoche ak Bwat Kontra Bondye a isit. Li te di sa paske jou sa a se Akija ki t'ap pote bwat la devan pèp Izrayèl la.

19 Pandan Sayil t'ap pale ak prèt la, kouri a te vin pi rèd nan mitan moun Filisti yo. Sayil di prèt la konsa: -Rete sou sa ou fè!

20 Li leve ansanm ak moun ki te avè l' yo, yo ale kote batay la te cho a. Moun Filisti yo menm te fin pèdi tèt yo, yo t'ap goumen yonn ak lòt.

21 Gen kèk ebre ki te mete tèt yo bò kote moun Filisti yo, yo te la avèk yo nan kan an. Lè sa a, yo vire kont moun Filisti yo, yo mete yo bò moun pèp Izrayèl yo ki te avèk Sayil ak Jonatan.

22 Moun pèp Izrayèl ki te kache nan mòn Efrayim yo vin tande moun Filisti yo t'ap kraze rak. Yo menm tou yo vini, yo lage kò yo nan batay la, yo t'ap kouri dèyè moun Filisti yo.

23 Se konsa jou sa a, Seyè a te sove pèp Izrayèl la. Yo rive jouk lòt bò lavil Bèt-Avenn, yo t'ap goumen toujou.

24 ¶ Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: -Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m' yo. Se konsa pesonn nan peyi a pa t' manje anyen jou sa a.

25 Pèp la rive nan yon gwo rakbwa kote ki te gen anpil siwo myèl.

26 Siwo myèl t'ap koule konsa atè nan rakbwa a, men pesonn pa goute menm ladan l' paske yo te pè pou malè Sayil te di a pa rive yo.

27 Men, Jonatan pa t' konnen papa l' te bay pèp la prigad sa a. Sa li fè, li lonje baton ki te nan men l' lan, li tranpe bout baton an nan yon gato myèl, epi li mete l' nan bouch li. Lamenm, li santi li vin gen fòs ankò.

28 Men, yonn nan mesye yo di li: -Tout moun ap tonbe feblès, yo pa manje paske papa ou te ban nou prigad sa a, li te di: Madichon pou nenpòt moun ki manje anyen jòdi a.

29 Jonatan reponn li: -Sa papa m' fè pèp la la a pa bon menm! Gade jan m' santi m' gen fòs ankò, paske mwen goute yon ti siwo myèl.

30 Si pèp la te manje nan manje li pran lakay moun Filisti yo jòdi a, koulye a èske nou wè kantite moun Filisti nou ta ka touye met sou sa nou touye deja yo?

31 Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Filisti yo byen bat, depi lavil Mikmas jouk lavil Ajalon. Pèp la t'ap tonbe feblès tèlman yo te grangou.

32 Se konsa yo lage kò yo sou sa yo te pran nan men lènmi yo: yo pran mouton, kabrit, gwo bèf, ti bèf, yo touye yo lamenm epi yo manje vyann lan ak tout san an ladan l'.

33 Y' al di Sayil konsa: -Gade! Men pèp la ap peche kont Seyè a: Y'ap manje vyann ak tout san an ladan l'. Sayil di konsa: -Nou se yon bann lach! Woule yon gwo wòch bò isit la ban mwen.

34 Apre sa, li bay lòd sa a: -Gaye kò nou nan tout pèp la. Al di pou chak moun mennen bèf yo ak mouton yo ban mwen. Se isit la n'a touye yo, se isit la n'a manje yo pou nou pa fè peche kont Seyè a, pou nou pa manje vyann yo ak tout san yo ladan yo. Jou swa sa a, chak moun mennen bèt yo te genyen, yo touye yo la.

35 Sayil bati yon lotèl pou Seyè a. Se te premye lotèl li te bati.

36 ¶ Sayil di moun yo: -Ann desann dèyè moun Filisti yo. Ann pase nwit lan ap bat yo, n'a piye yo jouk bajou kase, n'a touye yo tout. Yo reponn li: -Fè sa ou wè ki bon! Men, prèt la di: -Ann gade sa Seyè a di nou sou sa!

37 Sayil mande Seyè a: -Eske se pou m' desann dèyè moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men pèp Izrayèl la? Men Seyè a pa reponn li jou sa a.

38 Lè sa a, li rele tout chèf pèp la, li di yo: -Pwoche devan la a. Chache konnen ki peche nou te fè jòdi a.

39 Mwen bay pawòl mwen. Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, li menm ki delivre pèp Izrayèl la, menm si se Jonatan, pitit mwen, ki koupab, se pou l' mouri. Pesonn pa louvri bouch yo di anyen.

40 Epi li di tout pèp Izrayèl la: -Nou menm kanpe bò isit. Mwen menm ak Jonatan, pitit gason m' lan, m'ap kanpe bò la. Pèp la di Sayil: -Fè sa ou wè ki bon!

41 Sayil di Seyè a: -Bondye pèp Izrayèl la! Poukisa ou pa reponn mwen jòdi a? Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, reponn mwen nan ourim ak toumim yo. Si se mwen menm osinon Jonatan ki koupab, w'a bay ourim yo. Men, si se yon moun nan pèp la ki koupab, w'a bay toumim yo. Seyè a fè yo konnen se bò Sayil ak Jonatan fòt la te ye, pèp la te pou anyen nan sa.

42 Sayil di: -Koulye a, ant Jonatan avè m', di kilès nan nou de a ki koupab. Seyè a fè konnen se Jonatan.

43 Lè sa a, Sayil mande Jonatan: -Kisa ou fè? Jonatan reponn: -Mwen te pran ti gout siwo myèl nan pwent baton ki te nan men m' lan, mwen goute. Men mwen! Mwen pare pou m' mouri.

44 Sayil di li: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè yo touye ou.

45 Men pèp la di Sayil konsa: -Se Jonatan ki te genyen bèl batay sa a pou pèp Izrayèl la, li pa ka mouri. Mande Bondye padon! Nou fè sèman devan Seyè ki vivan an, nou p'ap kite yon grenn cheve nan tèt li tonbe, paske se avèk lasistans Bondye li fè sa l' fè jòdi a. Se konsa moun yo enpoze yo touye Jonatan. Li pa mouri.

46 Apre sa, Sayil sispann kouri dèyè moun Filisti yo. Moun Filisti yo menm tounen nan peyi yo.

47 ¶ Apre yo te fin fè Sayil wa peyi Izrayèl la, li fè lagè ak tout lènmi l' yo alawonnbadè: ak moun Moab yo, moun Amon yo, moun Edon yo, ak wa lavil Soba yo, ak moun Filisti yo. Kote li pase, li genyen batay yo.

48 Li te fè wè jan li te yon vanyan sòlda. Li bat ata moun Amalèk yo. Konsa, li delivre pèp Izrayèl la anba men tout moun ki t'ap piye l' yo.

49 Men pitit gason Sayil te genyen: Se te Jonatan, Yichwi ak Malkichwa. Men non de pitit fi li yo: Pi gran an te rele Merab, pi piti a te rele Mikal.

50 Madan Sayil te rele Akinoam. Se te pitit Akimas. Kòmandan lame a te rele Abnè. Se te pitit Nè, tonton Sayil.

51 Kich, papa Sayil, ak Nè, papa Abnè, te pitit gason Abiyèl.

52 Sayil pase tout lavi li ap mennen gwo batay ak moun Filisti yo. Chak fwa li te jwenn yon vanyan gason osinon yon moun ki te gen anpil fòs ak kouraj, li te mete l' nan lame li a.

Jan 7:31-53

31 Atousa, te gen anpil moun nan foul pèp la ki te kwè nan li. Yo t'ap di: Lè Kris la va vini, èske la fè plis mirak pase nonm sa a?

32 Farizyen yo vin konnen sa yo t'ap di nan zòrèy sou Jezi nan pèp la. Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo voye kèk gad pou arete Jezi.

33 Jezi di konsa: Se pou yon ti tan ankò mwen la ak nou. Apre sa, mwen pral jwenn moun ki voye m' lan.

34 N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen, paske nou p'ap ka vini kote m' prale a.

35 Jwif yo yonn t'ap mande lòt: Ki bò l' prale menm pou nou pa kapab jwenn li? Eske li pral menm kote ak jwif ki gaye nan mitan moun Lagrès yo pou l' moutre moun Lagrès yo anpil bagay?

36 L'ap plede di: N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen. Nou pa ka vini kote mwen prale a. Kisa sa vle di menm?

37 ¶ Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè.

38 Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule soti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la.

39 (Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo tapral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pa t' ankò desann sou pesonn, paske Jezi pa t' ankò moute nan syèl la.)

40 Te gen kèk moun nan foul pèp la, lè yo fin tande pawòl sa yo, yo t'ap di konsa: Se vre wi. Nonm sa a, se pwofèt la!

41 Gen lòt ki t'ap di: Se Kris la. Gen lòt ankò ki t'ap di: Men, Kris la pa ka soti nan peyi Galile.

42 Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l' soti, lavil kote David te pase tout lavi li a.

43 Te vin gen divizyon nan mitan foul moun yo poutèt Jezi.

44 Gen ladan yo ki te vle arete l', men pesonn pa t' mete men sou li.

45 ¶ Lè gad yo tounen vin jwenn yo, chèf prèt yo ak farizyen yo mande yo: Poukisa nou pa mennen l' ban nou?

46 Gad yo reponn: Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a.

47 Farizyen yo di: Gen lè nou kite l' pran tèt nou tou?

48 Eske nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li?

49 Moun sa yo gen lè pa konn lalwa Moyiz la. Se moun ki gen madichon!

50 Nikodèm te yonn nan farizyen ki te la yo. Se menm Nikodèm sa a ki te al wè Jezi kèk jou pase. Li di yo konsa:

51 Dapre Lalwa nou, nou pa ka jije yon moun san nou pa tande l' anvan, san nou pa konnen sa l' fè.

52 Yo reponn li: Gen lè, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, wa wè pa gen pwofèt ki janm soti nan peyi Galile.

53 Apre sa, tout moun al lakay yo.

Sòm 109

109 ¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen.

Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m' mal. Y'ap fè manti sou mwen.

Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen.

Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou.

M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m' mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m'.

¶ Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li.

Lè yo jije l', se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche.

Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li.

Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv.

10 Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a.

11 Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li.

12 Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite.

13 Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.

14 Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l' pa janm padonnen peche manman l' yo.

15 Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè,

16 paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo.

17 Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon.

18 Tout kò l' se madichon! Se pou madichon pase l' nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l'.

19 Se pou madichon kouvri l' tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l' tankou yon sentiwon.

20 Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo.

21 ¶ Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'.

22 Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann.

23 Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale.

24 Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!

25 Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib.

26 Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè.

27 Se pou lènmi m' yo konnen se ou menm, Seyè, k'ap delivre m'.

28 Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan.

29 Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo.

30 M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini,

31 paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo.

Pwovèb 15:5-7

¶ Moun fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y'ap rale zòrèy yo.

¶ Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tèt chaje pou yo.

¶ Lè moun ki gen bon konprann yo ap pale, se konesans y'ap bay. Men, se pa menm bagay pou moun ki san konprann yo.