Print Page Options Listen to Reading
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the NET. Switch to the NET to read along with the audio.

Haitian Creole Version (HCV)
Version
Rit 2-4

¶ Naomi te gen yon fanmi mari l' yo te rele Bòz. Se te yon nonm ki te rich epi ki te grannèg. Li te fè pati menm branch fanmi ak Elimelèk, defen mari Naomi an.

Rit, fanm peyi Moab la, di Naomi konsa: -Kite m' ale nan jaden yo pou m' ranmase tèt lòj moun k'ap ranmase rekòt yo kite tonbe atè. M'a jwenn yon moun ki va kite m' ranmase nan jaden li. Naomi reponn li: -Ale non, mafi.

Se konsa, Rit leve, li al nan jaden yo, li pran mache dèyè travayè yo, li t'ap ranmase tèt lòj yo te kite tonbe atè. Chans pou li, li rive nan yon jaden ki te pou Bòz, fanmi Elimelèk la.

¶ Li te la depi kèk tan lè Bòz rive soti Betleyèm. Li di travayè yo bonjou, li di yo: -Seyè a avèk nou! Yo reponn li: -benediksyon Seyè a avè ou tou!

Bòz mande kontwòlè a: -Ki jenn ti madanm sa a?

Nonm lan reponn: -Se yon fi moun lòt peyi li ye. Se li menm ki te vini ansanm ak Naomi lè li te tounen soti nan peyi Moab.

Li te mande m' pou m' kite l' mache dèyè travayè yo ranmase tèt lòj ki tonbe atè yo. L'ap degaje l' la a depi maten. Li fèk sispann pou l' pran yon ti repo anba tonèl lan la a.

Lè sa a, Bòz di Rit konsa: -M'ap ba ou yon ti konsèy, tande, mafi. Ou pa bezwen ale nan lòt jaden pou ranmase tèt lòj. Ou mèt rete nan jaden sa a, bò medam yo ki isit la.

Gade tout kote y'ap travay nan jaden an, fè dèyè yo, rete ak yo. Mwen bay mesye m' yo lòd pou yo pa anbete ou. Chak fwa w'a swaf dlo, ou mèt al bwè nan kannari yo plen pou sa.

10 Rit bese tèt li jouk atè devan Bòz. Li di l' konsa: -Poukisa w'ap bay kò ou tout traka sa a pou mwen? Poukisa w'ap fè tout bagay sa a pou yon moun ki pa menm ras avè ou?

11 Bòz reponn li: -Yo di m' tou sa ou te fè pou bèlmè ou depi mari ou mouri a. Mwen konnen ou kite manman ou, papa ou ak peyi kote ou moun lan, ou vin viv nan mitan yon lòt pèp ou pa t' janm konnen anvan.

12 Mwen mande Seyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi. Ou vini mete ou anba zèl li pou l' pwoteje ou. Se pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!

13 Rit reponn li: -Ou pa konn sa ou fè la a pou mwen, msye! Jan ou pale byen avè m' la a, sa ban m' kouraj, malgre mwen pa vo yonn nan medam k'ap sèvi avè ou yo.

14 Lè lè pou yo manje a rive, Bòz di Rit konsa: -Pwoche non! Pran yon moso pen, tranpe l' nan sòs vinèg la pou ou manje! Se konsa Rit vin chita ansanm ak lòt travayè yo. Bòz te ba li kèk grenn lòj griye tou. Rit manje plen vant li, epi rès manje ki te rete a, li sere l'.

15 Lè Rit leve al ranmase, Bòz bay travayè yo lòd sa a: -Nou mèt kite l' ranmase grenn menm kote pakèt mare yo ye a. Pa chache l' kont.

16 Okontrè, rache kèk tèt nan pakèt mare yo, lage yo atè pou l' ka ranmase. Pa di l' anyen, tande!

17 ¶ Se konsa Rit rete ranmase grap lòj nan jaden an jouk solèy kouche. Lè li fin bat tèt lòj yo, li jwenn sa ki te manke l' pou l' te gen vennsenk ti mamit la pa t' anyen.

18 Li pran grenn lòj li yo, li tounen lavil, li moutre bèlmè li tou sa li te ranmase. Li ba li tou rès manje ki te rete lè l' te fin manje a.

19 Naomi mande l': -Kote ou ranmase tout lòj sa a jòdi a? Nan jaden ki moun ou t'ap travay, en? Se pou Bondye beni moun ki fè sa pou ou a! Lè sa a, Rit di bèlmè li konsa li t'ap travay nan jaden yon msye yo rele Bòz.

20 Naomi di bèlfi li a: -benediksyon Seyè a pou Bòz! Wi. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li, nou te mèt vivan, nou te mèt mouri! Naomi di ankò: -Nonm sa a, se yon fanmi pre nou li ye. Se yonn nan moun ki reskonsab defann enterè fanmi an.

21 Lè sa a, Rit di konsa: -Men sa l' di m' ankò: Se pou m' rete ranmase tèt lòj ansanm ak travayè li yo jouk rekòt la fini.

22 Naomi reponn li: -Wi, pitit mwen! Pito ou rete travay avèk medam yo nan jaden Bòz la, tande. Si ou ale nan jaden lòt moun, malè ka rive ou.

23 Se konsa, Rit rete ansanm avèk medam k'ap travay ak Bòz yo. Li t'ap ranmase tèt lòj jouk travayè yo te fin rekòlte tout lòj la ak tout ble a. Li t'ap viv tout tan sa a ak bèlmè li toujou.

¶ Kèk tan apre sa, Naomi di Rit konsa: -Pa pito m' chache yon mari pou ou, pou ou ka viv ak kè poze lakay ou?

Ou chonje Bòz, pa vre? Mèt jaden kote ou te ye ansanm ak medam yo? Bon! Ou chonje mwen te di ou se yon fanmi pre nou li ye! Bon. Koute! Aswè a, yo pral vannen lòj yo fin bat yo.

Al benyen. Mete odè sou ou, mete pi bèl rad ou sou ou. Epi ale bò glasi a, kote y'ap vannen an. Men, pa kite Bòz konnen ou la. W'a tann li fin manje, li fin bwè diven anvan.

Lè sa a, w'a gade byen kote li al kouche. Lè w'a wè dòmi pran l', ou va ale, w'a leve pwent dra ki kouvri pye l' yo, epi w'a kouche kouche ou la, bò kote l'. Li menm l'a di ou sa pou ou fè apre sa.

Rit reponn li: -M'a fè tou sa ou di m' fè.

¶ Se konsa Rit leve vre, li ale bò glasi a, li fè sa bèlmè li te di l' fè a.

Lè Bòz fin manje, lè li fin bwè diven, kè l' te kontan. Li al kouche bò yon pil pay lòj, epi dòmi pote l' ale. Lè sa a, Rit pwoche tou dousman, li leve pwent dra ki te kouvri pye l' yo, epi li kouche la bò kote l'.

Nan mitan lannwit, Bòz pantan nan dòmi an. Li leve, li panche, li tou sezi wè yon fanm ki te kouche nan pye l'.

Li mande: -Ki moun sa? Rit reponn li: -Se mwen menm, Rit. Ou se yon fanmi pre nou. Se ou ki reskonsab pou pran swen mwen. Mwen vin jwenn ou.

10 Bòz di l' konsa: -benediksyon Seyè a avè ou, mafi! Sa w'ap fè la a pi konsekan pase tou sa ou te fè pou bèlmè ou la. Sa moutre ou pa soti pou ou lage fanmi an. Ou ta gen dwa al dèyè nenpòt ki jenn gason, rich osinon pòv, pou marye avè ou, men ou pa fè l'.

11 Ou pa bezwen bat kò ou, tande. M'ap fè tou sa ou mande m' fè pou ou a. Tout moun konnen ou se yon fanm total.

12 Se vre sa ou di a. Mwen se yon fanmi pre nou. Mwen reskonsab ou. Men, gen yon nonm ki fanmi ou pi pre pase m'.

13 Ou mèt rete pase nwit lan la. Denmen maten m'a chache konnen si li vle pran reskonsablite a sou do li. Si li dakò pou li pran li, m'a byen kontan. Si li pa vle, enben, mwen fè sèman devan Bondye vivan ki nan syèl la, m'ap pran l' mwen menm. Koulye a, rete kouche la jouk denmen maten.

14 ¶ Se konsa Rit kouche la nan pye l'. Men, anvan bajou kase, li leve pou moun pa wè l', paske Bòz pa t' vle pesonn konnen li te la.

15 Bòz di l' konsa: -Wete dra ki vlope ou la, louvri l' atè a. Rit louvri dra a atè. Bòz vide dis mamit lòj konsa ladan l'. Li mare l', epi li ede l' mete l' sou tèt li. Apre sa, Rit tounen lavil ak pakèt la.

16 Lè li rive lakay li, bèlmè a mande l': -Enben, mafi! Ki jan sa pase? Rit tanmen rakonte l' tou sa Bòz fè pou li.

17 Epi li di: -Anvan m' ale, li di m' konsa ou pa ka tounen san anyen. Se konsa, li ban m' dis mamit lòj sa yo.

18 Naomi di l': -Koulye a, Rit mafi, poze kò ou tann pou ou wè jan sa pral pase. Bòz p'ap bay kò l' kanpo jòdi a, tout tan li pa regle zafè sa a.

¶ Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l' la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l', li di l': -Entèl, vini m' pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita.

Bòz fè rele dis nan chèf fanmi lavil la, li fè yo chita la tou. Lè yo fin chita,

li di nonm ki te fanmi pre Elimelèk la: -Naomi tounen soti nan peyi Moab. Koulye a, li ta vle vann jaden ki te pou Elimelèk, fanmi nou an.

Mwen kwè se devwa m' pou m' fè ou konnen sa. Si ou vle achte tè a, ou mèt di l' devan dis mesye chèf yo ki chita la a, paske se ou menm an premye lalwa rekonèt dwa sa a. Konsa tou, si ou pa vle, ou mèt di l', paske apre ou, se mwen menm ki gen dwa sa a. Nonm lan di l': -M'ap achte l'.

Lè sa a Bòz di l': -Bon. Mwen byen kontan. Men, si ou achte jaden an nan men Naomi ak Rit, ti fanm peyi Moab la, vèv pitit Elimelèk la, se pou Rit vin madanm ou tou pou non fanmi defen an pa pèdi, epi pou tè a ka rete nan fanmi defen an tou.

Lè sa a, nonm lan reponn: -Si se konsa, mwen p'ap ka achte tè a. Paske, si m' achte l', pitit mwen riske pèdi nan sa m'ap kite pou yo a. Ou mèt achte l' ou menm. Mwen p'ap fè zafè a ankò.

Nan tan sa a, nan peyi Izrayèl, lè yon moun pase dwa li genyen pou achte osinon pou twoke yon tè bay yon lòt moun, men sa yo te konn fè: Moun ki te gen dwa a wete yon grenn sapat nan pye l', li bay lòt moun lan li. Se konsa moun Izrayèl yo te konn fè tout moun konnen zafè a te regle nèt.

Se poutèt sa, lè nonm lan di Bòz ou mèt achte tè a, li wete yon grenn sapat nan pye l', li lonje l' bay Bòz.

¶ Lè sa a, Bòz di chèf fanmi yo ak lòt moun yo ki te la a: -Nou tout nou temwen, pa vre! Jòdi a, yo ban m' dwa achte nan men Naomi tou sa ki te pou Elimelèk ak de pitit gason l' yo, Maklon ak Kiljon.

10 An menm tan tou, yo ban m' dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi non plis nan lavil la. N'a sèvi m' temwen pou sa ki rive jòdi a.

11 Chèf yo ak lòt moun yo di l': -Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Seyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm.

12 Se pou pitit Seyè a va ba ou ak jenn fanm sa a fè onè fanmi an, menm jan Perèz, pitit gason Jida ak Tama a, te fè l' pou fanmi l'.

13 ¶ Se konsa, Bòz pran Rit pou madanm li. Seyè a te beni Rit. Rit vin ansent, li fè yon pitit gason.

14 Medam lavil yo di Naomi konsa: -Lwanj pou Seyè a! Jòdi a li ba ou yon pitit gason ki pral pran swen ou. N'ap lapriyè pou ti gason sa a kite non l' nan peyi Izrayèl la.

15 Bèlfi ou la gen tan renmen ou. Li fè pou ou sa sèt pitit gason pa ta ka fè. Koulye a, li ba ou yon pitit pitit ki pral fè ou anvi viv ankò, yon pitit gason ki pral tounen baton vyeyès ou.

16 Naomi pran ti bebe a, li kenbe l' lakay li, li pran swen li tankou pitit li.

17 Medam yo ki rete nan vwazinaj la rele ti gason an Obèd. Yo mache di tout moun: Naomi gen yon lòt pitit gason. Se Obèd sa a ki pita vin gen yon pitit gason yo te rele Izayi, Izayi sa a ki te papa David.

18 Men non zansèt David yo depi Perèz: Perèz te papa Ezwon,

19 Ezwon te papa Ram. Ram te papa Aminadad,

20 Aminadad te papa Nachon. Nachon te papa Salmon,

21 Salmon te papa Bòz. Bòz te papa Obèd,

22 Obèd te papa Izayi, epi Izayi te papa David.

Jan 4:43-54

43 ¶ Lè Jezi fin pase de jou sa yo la, li pati, li ale nan peyi Galile.

44 Paske, se Jezi menm ki te di: Yo pa janm respekte yon pwofèt nan peyi kote l' soti.

45 Lè li rive nan Galile, moun Galile yo te byen resevwa l', paske yo menm tou yo te al lavil Jerizalèm pou fèt Delivrans lan, yo te wè tou sa li te fè lè sa a.

46 Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l' ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm.

47 Lè li vin konnen Jezi te soti peyi Jide vin nan peyi Galile, li al jwenn li, li mande l' pou li al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri.

48 Jezi di l' konsa: Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè.

49 Fonksyonè a reponn li: Mèt, vin avè m' non, anvan pitit mwen an gen tan mouri.

50 Jezi di li: Ou mèt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri. Nonm lan kwè sa Jezi te di l' la, li ale.

51 Li te sou wout lakay li toujou lè domestik li yo vin jwenn li avèk nouvèl sa a: Pitit ou a pa mouri.

52 Li mande yo: Kilè ti gason an refè? Yo reponn li: Yè apremidi, bò enè konsa, lafyèb la tonbe.

53 Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l': Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi.

54 Sa te fè dezyèm mirak Jezi te fè lè l' tounen soti Jide vini nan peyi Galile.

Sòm 105:16-36

16 Lè Seyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo,

17 li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la.

18 Yo te mete pye l' nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li,

19 jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Seyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon.

20 Wa peyi Lejip la te wete l' nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l'.

21 Li mete l' chèf sou tout moun lakay li, li mete l' pou l' gouvènen tout peyi a.

22 Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l' moutre notab yo sa pou yo fè.

23 Apre sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo.

24 Seyè a te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l' vin pi fò pase lènmi l' yo.

25 ¶ Li fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a: Yo aji mal ak li, yo twonpe li.

26 Lè sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l', ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi.

27 Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip.

28 Li voye fènwa kouvri tout peyi a. Men, moun peyi Lejip yo pa t' koute sa l' te di yo.

29 Li fè dlo larivyè yo tounen san, li touye tout pwason ladan yo.

30 Krapo te pran tout peyi a pou yo, yo te rive jouk anndan kay wa a.

31 Bondye annik pale, mouchavè ak vèmin parèt, yo kouvri tout peyi a.

32 Li pa ba yo lapli, li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a.

33 Li te detwi tout pye rezen ak tout pye figfrans yo. Li jete tout pyebwa nan peyi a atè.

34 Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite.

35 Yo devore tout ti plant nan peyi a, yo manje tout rekòt nan jaden yo.

36 Bondye touye premye pitit gason nan tout fanmi nan peyi Lejip la. Wi, li touye tout premye pitit gason yo.

Pwovèb 14:26-27

26 ¶ Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l' apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kot Bondye.

27 Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje.