Print Page Options Listen to Reading
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the CSB. Switch to the CSB to read along with the audio.

Haitian Creole Version (HCV)
Version
1 Istwa 15:1-16:36

15 ¶ David fè yo bati anpil kay pou li nan lavil David la. Li pare yon anplasman pou Bwat Kontra Bondye a, li moute yon gwo tant twal pou li.

Epi li di: -Se moun Levi yo ase ki pou pote Bwat Kontra Bondye a, paske se yo menm Seyè a te chwazi pou pote Bwat la, se yo li te chwazi pou sèvi l' pou tout tan.

Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a.

Apre sa, li voye chache tout moun nan ras fanmi Arawon yo ansanm ak moun Levi yo.

Nan branch fanmi Keyat la, te gen Ouryèl, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou sanven (120).

Nan branch fanmi Merari a, te gen Asaja, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou desanven (220).

Nan branch fanmi Gèchon an, te gen Joèl, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou santrant (130).

Nan branch fanmi Elizafan an, te gen Semaja, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou desan (200).

Nan branch fanmi Ebwon an, te gen Eliyèl, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou katreven.

10 Nan branch fanmi Ouzyèl la te gen Aminadad, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou sandouz (112).

11 David rele Zadòk ak Abyata, prèt yo, ansanm ak sis moun Levi: Ouryèl, Asaja, Joèl, Chemaja, Eliyèl ak Aminadad.

12 Li di yo: -Se nou menm ki chèf branch fanmi Levi yo. Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nou menm ansanm ak tout moun nan fanmi nou, pou nou ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, kote mwen fè pare pou li a.

13 Premye fwa a, nou pa t' la. Se poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, te touye kèk nan nou paske nou pa t' fè l' jan nou te dwe fè l' la.

14 Se konsa, prèt yo ak moun Levi yo al mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, pou yo te ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

15 Yo mete Bwat la sou gwo travès long yo, yo leve l' mete l' sou zepòl yo, yo pote l' ale jan Moyiz te ba yo lòd fè l' la dapre pawòl Seyè a.

16 David bay chèf moun Levi yo lòd pou yo chwazi divès moun nan fanmi yo ki konn chante, pou yo vini ak enstriman mizik yo, gita, bandjo ak senbal, pou jwe mizik cho paske kè tout moun te kontan.

17 Moun Levi yo chwazi Eyman, pitit gason Joèl la, ansanm ak Asaf, pitit gason Berekya, yon fanmi Eyman, ak Etan, pitit gason Kouchaja nan branch fanmi Merari a, fanmi ak de lòt premye yo.

18 Apre sa, yo chwazi lòt moun Levi nan menm fanmi ak premye yo, pou ede yo nan travay yo. Se te Zakari, Aziyèl, Semiramòt, Jekiyèl, Ouni, Eliyab, Benaja, Maseja, Matitya, Elifeleou, Mikneja, ak de gad pòtay tanp lan, Obèd-Edon ak Jeyèl.

19 Eyman, Asaf ak Etan, sanba yo, te reskonsab pou bat senbal kwiv yo pou fè mizik.

20 Zakari, Aziyèl, Semiramòt, Jekiyèl, Ouni, Eliyab, Maseja ak Benaja t'ap jwe premye gita yo.

21 Matitya, Elifeleou, Mikneja, Obèd-Edon, Jeyèl ak Azazya t'ap jwe gita bas. Se yo ki pou te bay kadans chante yo.

22 Se Kenanya, chèf moun Levi ki te reskonsab pote Bwat la, ki t'ap dirije yo, paske li te fò nan fè travay konsa.

23 Se Berekya ak Elkana ki t'ap pote Bwat Kontra a.

24 Men non prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra a. Se te Chebanyas, Jozafa, Netaneyèl, Amasayi, Zakari, Benaja ak Elyezè. Obèd-Edon ak Jebija te la pou pote Bwat Kontra a tou.

25 ¶ Se konsa David ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf rejiman mil sòlda yo ale lakay Obèd-Edon, yo pran Bwat Kontra a pou yo pote l' lavil Jerizalèm ak kè kontan.

26 Yo touye sèt towo ak sèt belye pou Bondye te ka ede moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a.

27 David te gen yon rad fèt ak twal fin blan sou li, menm jan ak tout moun Levi yo ki t'ap mache devan Bwat Kontra a, sanba yo ak Kenaja ki t'ap dirije travay transpò a. David te gen yon moso twal fin blan tou mare nan ren li.

28 Se konsa, tout pèp Izrayèl la ale ansanm ak Bwat Kontra Seyè a, yo pote l' lavil Jerizalèm. Yo t'ap rele, yo t'ap fè fèt. Yo t'ap jwe klewon, twonpèt, senbal, gita ak bandjo sou tout wout la.

29 Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a lavil Jerizalèm, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t'ap danse fè laviwonn devan Bwat la. Li vin pa gen yon san pou li ankò.

16 ¶ Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi.

Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Seyè a.

Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li bay yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen.

David chwazi kèk moun Levi pou reskonsab sèvis y'ap fè devan Bwat Kontra a pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou adore l', pou di l' mèsi, pou fè lwanj li.

Li mete Asaf chèf ak Zakari pou vin apre li. Sou zòd yo te gen Aziyèl, Chemiramòt, Jekiyèl, Matitya, Eliyab, Benaja, Obèd-Edon, Jeyèl pou jwe enstriman mizik yo, gita ak bandjo. Asaf menm t'ap bat senbal ki fè gwo bri yo.

Se Benaja ak Jaziyèl, prèt yo, ki te pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra Bondye a tout tan.

¶ Se lè sa a, pou premye fwa, David te bay Asaf ak lòt moun Levi yo reskonsablite pou yo fè lwanj Seyè a.

Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!

Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout bèl bagay li te fè yo.

10 Fè kè nou kontan, paske nou se moun pa l'. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt.

11 Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou. Toujou chache rete devan li.

12 -

13 Nou menm, pitit pitit Izrayèl, sèvitè Bondye a, Nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi yo, chonje mirak ak bèl bagay li te fè yo. Chonje jijman ki te soti nan bouch li.

14 Seyè a, se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd, se pou tout latè.

15 Toujou chonje kontra li a. L'ap kenbe pwomès li pou tout tan tout tan.

16 Se kontra li te fè ak Abraram lan, sèman li te fè bay Izarak la.

17 Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan.

18 Li te di: M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon pa ou nan byen m' yo.

19 Lè sa a, pèp Bondye a pa t' anpil. Yo te sèlman yon ti ponyen moun. Yo te tankou etranje toujou nan peyi a.

20 Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo. Yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt.

21 Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo.

22 Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.

23 Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.

24 Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.

25 Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo.

26 Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.

27 Devan li, se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen kè kontan kote l' ye lakay li a.

28 Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!

29 Fè lwanj Seyè a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a!

30 Nou tout ki sou latè, tranble devan li. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'.

31 Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa.

32 Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt.

33 Lè Seyè a parèt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan. Paske l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè.

34 Lwanj pou Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.

35 Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm sèl ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.

36 Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan. Epi tout pèp la pran reponn: -Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a!

Ròm 1:18-32

18 Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li.

19 ¶ Bondye ap peni yo tou paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa konsa pou yo.

20 Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.

21 Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.

22 Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.

23 Pase pou yo adore Bondye ki p'ap janm mouri a ak tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre moun ki gen pou mouri, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pa t' ak bèt ki trennen sou vant.

24 Lèzòm vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo.

25 Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n' fè lwanj li tout tan. Amèn.

26 Se poutèt sa, Bondye kite yo fè sa yo pito. Men, se sa k'ap avili yo tou: fanm pa vle sèvi ak kò yo jan yo dwe; yo pito fè sa ki pa bon.

27 Se konsa tou, gason derefize sèvi ak fanm jan sa te dwe fèt. Yo pran dife yonn pou lòt: gason fè malpwòpte ak gason parèy yo. Yo pèdi tèt yo nèt. Men tou, yo resevwa nan kò yo penisyon yo merite a.

28 Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè.

29 Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè koken. Yo tripòt konsa.

30 Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo.

31 Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun.

32 Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.

Sòm 10:1-15

10 ¶ Poukisa ou rete lwen konsa, Seyè? Poukisa ou kache kò ou konsa lè nou nan ka?

Mechan an ap gonfle lestonmak li, l'ap pèsekite malere yo. Se pou pye l' pran nan pèlen limenm li tann lan.

Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye.

Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li.

Tou sa li fè toujou mache byen. Li pa konprann jijman Bondye yo. L'ap meprize lènmi l' yo.

L'ap di nan kè l': Anyen pa ka brannen m'. Mwen p'ap janm nan pwoblèm.

Tout pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun. Li cho konsa pou l' pale moun mal, pou l' di gwo mo.

Li kache kò l' nan ti bouk yo, l'ap pare tann inonsan yo pou l' touye yo an kachèt. L'ap veye moun ki san defans.

Li anbiske kò l' tankou yon lyon nan kachèt li. Li kouche, l'ap tann malere yo. Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale.

10 Li bese, li kwoupi kò l', malere yo tonbe nan men l'.

11 Mechan an di nan kè l': -Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l', li p'ap janm wè m'.

12 ¶ Leve non, Seyè! vin sove mwen! Bondye, pa bliye moun y'ap peze yo!

13 Ki jan mechan an fè ap meprize Bondye jouk pou li di nan kè l': Li p'ap pini mwen?

14 Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa.

15 Kraze pouvwa mechan yo, pouvwa moun k'ap fè mal yo. Fè yo rann kont pou sa yo fè, jouk yo disparèt nèt devan je ou.

Pwovèb 19:6-7

¶ Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè.

Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou!