Chronological
4 Men sa m vle di: Lè eritye yo se timoun yo ye, yo menm jan ak yon esklav. Sa pa fè okenn diferans, menm lè, yon jou, se yo menm k ap mèt tout byen papa a. 2 Pandan yo timoun nan, yo dwe soumèt yo ak moun k ap okipe yo a. Men lè yo rive nan laj papa a te deside a, yo vin lib. 3 Se menm bagay pou nou tou. Yon lè nou te menm jan ak timoun, nou te esklav yon bann fòs k ap domine sou lavi moun. 4 Men, lè lè a te rive, Bondye te voye Pitit li a, yon fanm te ba l nesans epi li te viv anba Lalwa. 5 Bondye te fè sa konsa pou l te kapab achte libète moun k ap viv anba Lalwa yo. Pwojè Bondye se pou l fè nou vin pitit li.
6 Poutèt kounye a nou se pitit Bondye, Bondye voye Lespri Pitit li nan kè nou. Lespri sa a rele Bondye, “Abba,[a] Papa.” 7 Kounye a, nou pa esklav ankò jan n te ye anvan an. Nou se pitit Bondye, epi n ap jwenn tout sa Bondye te pwomèt pitit li yo.
Lamou Pòl genyen pou kwayan nan peyi Galasi yo
8 Nan tan pase, nou menm moun Galasi, nou pa t konn Bondye. Nou te esklav lòt dye yo, bagay ki pa t dye vrèman. 9 Men kounye a, nou konnen vrè Bondye a. Ann di pito, se Bondye ki konnen nou. Alò, poukisa nou retounen al obeyi vye fòs san pouvwa san valè, bagay nou te swiv anvan yo? Èske nou vle retounen esklav bagay sa yo ankò? 10 Nou tonbe nan obsève jou, mwa, sezon avèk ane. 11 Sa chaje tèt mwen anpil. Mwen krenn pou travay mwen nan mitan nou pa tounen yon travay ki fèt pou granmesi.
12 Frè m ak sè m yo, silvouplè, poutèt mwen fè m sanble ak nou, fè n sanble ak mwen tou. Nou te si bon anvè mwen anvan. 13 Nou konnen, se paske m te malad ki fè m te pote Bòn Nouvèl la lakay nou premye fwa a. 14 Maladi m nan te yon fado pou nou. Men, nou pa t janm derespekte m[b] pou te fè m pati. Okontrè, nou te akeyi m kòmsi m te yon anj Bondye voye; nou te aksepte m kòmsi m te Jezikris menm! 15 Lè sa a, nou te si kontan. Sa k pase, kote lajwa sa a? Mwen kapab di san okenn dout: Nou t ap fè tout sa k posib pou n ede m. E si se te posib, nou t ap prèt pou rache pwòp je nou ban mwen. 16 Èske m vin tounen yon ènmi pou nou, paske m di nou verite a?
17 Gen moun[c] k ap fè anpil efò pou detounen nou, men sa pa bon pou nou. Se vle yo vle pran tèt nou pou detache nou de mwen epi pou n vin fanatik yo pito. 18 Li bon pou n fè anpil efò, men fòk se pou yon bon bagay. Epi se pa lè m la sèlman, men, menm lè m pa la tou. 19 Ti moun mwen yo, se soufri m ap soufri yon fwa ankò pou nou, menm jan ak yon manman k ap akouche. M ap toujou santi doulè sa a jouktan yon moun ta gade nou epi yo ta wè Jezikris. 20 Mwen ta renmen ansanm ak nou kounye a, pou m ta chache jwenn yon lòt fason pou m pale ak nou. Mwen pa konnen kijan m ta pale ak nou ankò.
Egzanp Aga ak Sara
21 Di m non, nou menm ki vle obsève Lalwa a, èske nou pa konnen sa Lalwa a di? 22 Bib la di Abraram te gen de pitit gason. Manman youn nan yo se te yon esklav epi manman lòt la te gen libète l. 23 Pitit gason Abraram te fè ak esklav la te fèt jan tout moun fèt. Men pitit li fè ak fanm ki te gen libète l la te fèt dapre pwomès Bondye te fè Abraram nan.
24 Istwa sa a kapab gen yon lòt sans pou nou. De fanm sa yo se de alyans ant Bondye ak pèp li a. Youn nan alyans yo, se Lalwa Bondye te bay sou mòn Sinayi a. Moun ki anba alyans sa a, yo nan esklavaj. Manman ki rele Aga a, se alyans sa a. 25 Konsa, Aga se menm jan ak mòn Sinayi. Alaverite, mòn Sinayi se yon mòn nan peyi Arabi. Men Aga reprezante vil Jerizalèm nan moman m ap ekri nou la a. Vil sa se yon esklav, epi tout moun ladan l se esklav Lalwa a. 26 Men, Jerizalèm ki soti nan syèl la, li menm jan ak fanm ki gen libète l la. Se li ki manman nou. 27 Bib la di konsa:
“Fè kè w kontan, madanm,
ou menm ki pa ka fè pitit.
Se pou w kontan,
ou menm ki pa janm fè pitit.
Leve vwa w ak lajwa!
Ou pa janm konnen doulè akouchman.
Fanm san mari a[d] ap gen plis pitit
pase madanm k ap viv ak mari l la.”[e]
28 Pou nou menm, frè m ak sè m yo, nou se pitit ki te fèt selon pwomès Bondye a, menm jan ak Izaak. 29 Men, lòt pitit Abraram nan, ki te fèt kon tout moun nan, li te pèsekite sa k te fèt pa pouvwa Sentespri a. Se menm bagay jodi a. 30 Men kisa Bib la di: “Mete fanm esklav la deyò ak tout pitit li a! Pitit fanm ki gen libète l la ap resevwa tout sa papa l genyen, men pitit esklav la p ap jwenn anyen.”[f] 31 Konsa, frè m ak sè m yo, nou pa pitit fanm esklav la. Nou se pitit fanm ki gen libète l la.
5 Kounye a, poutèt Kris fè nou lib, an n kenbe fèm nan libète sa a. Ann pa tounen anba jouk esklavaj ankò.
Avètisman konsènan sikonsizyon
2 Koute byen! Mwen menm Pòl, men sa m ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, Kris p ap vle di anyen pou nou ankò. 3 M ap di ankò: Nenpòt moun ki kite yo sikonsi l, li oblije fè tout sa lalwa Moyiz la mande l fè tou. 4 Nou menm k ap chache vin dwat devan Bondye nan fè sa lalwa Moyiz la mande, nou tou separe ak Kris. Nou chwazi mete tèt nou nan yon pozisyon pou nou pa benefisye gras Bondye a. 5 Mwen di sa, paske se pa mwayen lafwa nou gen espwa Bondye ap fè nou vin dwat devan l. Sentespri a ban nou garanti pandan n ap tann sa rive. 6 Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.
7 Nou te kòmanse kous la trè byen, kisa k pran tèt nou pou fè nou sispann swiv verite a? 8 Asireman yon move enfliyans konsa pa ka soti nan Bondye ki te chwazi nou an. 9 Fè atansyon, “Yon ti kras ledven kapab fè tout yon pat leve.”[g] 10 Pou mwen menm, mwen konte sou nou nan Senyè a, nou p ap panse okenn lòt fason. Men, kanta pou moun k ap twouble nou an, nenpòt ki moun li ye a, l ap peye sa.
11 Frè m ak sè m yo, si m t ap di moun yo bezwen sikonsi, m pa ta kontinye sibi pèsekisyon. Si m t ap fè sa tou, mesaj lanmò Kris sou kwa a pa t ap deranje moun ankò? 12 Moun sa yo k ap twouble nou an, m ta swete pou tout ti pati yo ta tou koupe nèt, pandan y ap sikonsi a?
13 Frè m ak sè m yo, Bondye rele nou pou nou ka viv tankou moun ki lib. Sèlman, se pa pou nou kite libète sa a sèvi pretèks pou nou viv nan dezòd. Okontrè, nan pratike lamou, se pou nou viv tankou youn se esklav lòt. 14 Paske tout lalwa a akonpli nan sèl pawòl sa a: “Se pou ou renmen pwochen w[h] menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[i] 15 Men, si youn ap mòde lòt, si youn ap devore lòt, veye pou youn pa touye lòt tou.
Sentespri a ak nati peche ki nan lòm nan
16 M ap di nou pito: Kite Sentespri a kontwole lavi nou. Si nou fè sa, nou p ap fè move bagay dezi kò a fè moun fè. 17 Vrèmanvre, an jeneral, moun toujou vle bagay ki kont Sentespri a, tandiske Sentespri a vle ki kontrè. Yo menm nan yon lit youn kont lòt. Sa vle di nou pa lib pou nou toujou viv jan nou ta renmen viv la. 18 Men, si nou kite Sentespri a dirije lavi nou, nou p ap viv anba lalwa.
19 Sa moun toujou vle fè an jeneral, se yon bagay ki klè: Se imoralite seksyèl, se bagay ki sal, se libètinaj, 20 sèvi zidòl, fè maji, rayi moun, pouse kont, jalouzi, fè kòlè, anbisyon, pwovoke divizyon, patipri. 21 Se lanvi, bwè tafya, banbòch ak yon bann lòt bagay ankò. Mwen te deja di nou sa, m ap repete l ankò: Moun k ap komèt bagay sa yo se moun ki p ap antre menm nan wayòm Bondye Papa a. 22 Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa, 23 dousè, li fè nou konn kontwole tèt nou. Lalwa pa kont okenn nan bagay sa yo. 24 Moun ki moun pa Jezikris, yo krisifye tout vye dezi kò a. Yo abandone tout vye dezi ansanm ak tout bagay moun toujou vle fè yo. 25 Poutèt se Sentespri a ki ban nou lavi, annou kite Sentespri a mennen lavi nou. 26 Annou pa kite lògèy fè n ap vante tèt nou, pou nou ta ap fè moun santi youn pi enpòtan pase lòt. Annou pa anvye sò youn lòt nonplis.
Ede youn lòt
6 Frè m ak sè m yo, si nou kenbe yon moun ap fè yon move bagay, nou menm k ap mennen lavi nou dapre Sentespri a, se pou nou ede yon moun konsa retounen viv dwat devan Bondye. Men, se pou nou fè sa avèk dousè. Epi tou, pran prekosyon pou nou pa tonbe nan tantasyon tou. 2 Se pou youn ede lòt pote chay li. Se konsa n ap rive fè sa lalwa Kris la mande a. 3 Paske, si yon moun panse l se yon zafè epi li pa anyen, se twonpe l ap twonpe tèt li. 4 Se pou chak moun egzamine travay pa l, olye de konpare tèt li ak lòt moun. Konsa, l a wè si l gen rezon pou fè lwanj pou tèt li. 5 Paske chak moun fèt pou pran pwòp responsabilite li.
Pa janm sispann fè sa ki byen
6 Yon moun k ap resevwa enstriksyon pawòl Bondye a, li dwe pataje tout bon bagay li genyen ak moun k ap ba li enstriksyon an.
7 Pa twonpe tèt nou, moun pa ka pase Bondye nan betiz. Paske nenpòt sa yon moun plante, se sa tou l ap rekòlte. 8 Moun ki simen semans ki pou satisfè dezi li, sa l ap rekòlte, se destriksyon. Men, moun ki semèn semans pou satisfè Sentespri a, l ap rekòlte lavi etènèl. 9 Nou pa fèt pou n janm bouke fè sa ki byen, paske, si nou pa dekouraje, n ap jwenn rekonpans nou lè lè a rive. 10 Konsa, pandan nou jwenn okazyon an, se pou nou fè byen ak tout moun, sitou pou moun sa yo ki kwè menm jan avèk nou nan fanmi Bondye a.
Dènye rezime sa Pòl ekri nan lèt sa a
11 Kounye a m ap ekri nou ak pwòp men m. Gade gwosè lèt yo. 12 Moun sa yo k ap fòse nou pou n fè sikonsi nou an, se pou moun ka wè yo bon ki fè y ap fè sa. Yo pè pou yo pa pèsekite yo poutèt y ap swiv kwa[j] Kris la sèlman. 13 Alòske menm moun ki sikonsi yo pa rive fè tout sa lalwa a mande. Epi yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè poutèt yon ti moso po nou koupe nan kò nou.
14 Si se pou mwen, m p ap janm fè grandizè. Yon sèl bagay ki pou ta fè m fè grandizè se lanmò Kris la sou kwa a. Poutèt lanmò sa a, mwen krisifye pou lemonn, epi lemonn krisifye pou mwen tou. 15 Pou byen di nou, kit yon moun sikonsi, kit li pa sikonsi, se pa sa k gen valè. Sa k konte a, se lè yon moun antre nan nouvo lavi Bondye ap ban nou an. 16 Se pou lapè Bondye desann sou tout moun ki antre nan nouvo lavi a. Epi se pou Bondye gen konpasyon pou pèp li a, Izrayèl.
17 Pou fini, mwen mande pou pèsonn pa banm plis tèt chaje ankò. Paske mwen pote mak nan kò m, mak ki montre mwen soufri pou Jezikris.
18 Frè m ak sè m yo, Se pou gras Senyè nou an, Jezikris, rete avèk nou. Amèn.
Copyright © 2017 by Bible League International