Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Chronological

Read the Bible in the chronological order in which its stories and events occurred.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Travay 1-3

Lik ekri yon lòt liv

Chè Teyofil, nan premye liv mwen te ekri a, mwen te rakonte tout sa Jezi te fè ak tout sa li te anseye pèp la, depi okòmansman, jouk rive nan jou li te retounen monte nan syèl la. Li bay moun li te chwazi kòm apot yo yon seri enstriksyon anba pouvwa Sentespri a, anvan l te monte nan syèl. Li te parèt byen vivan devan moun li te chwazi yo apre l te fin mouri. Pandan karant (40) jou, li te ba yo anpil prèv pou montre li vivan tout bon vre epi li te di yo anpil bagay konsènan Wayòm Bondye a tou. Pandan Jezi t ap manje avèk apot yo, li pase yo lòd pou yo pa kite Jerizalèm, jouktan yo resevwa kado Papa a te pwomèt yo a. Jezi li menm te gentan pale yo de kado sa a, kèk tan anvan. Janbatis te batize moun nan dlo, men nou menm, n ap gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a nan kèk jou ankò.

Jezi monte nan syèl

Tout apot yo te reyini ansanm, yo t ap poze Jezi kesyon. Yo mande li: “Mèt, èske se kounye a ou pral mete wayòm Izrayèl la sou pye l ankò?”

Men, Jezi reponn yo: “Afè tan ak moman Bondye fikse ak pwòp otorite li, se pa bagay ki regade nou epi se pa bagay nou bezwen konnen nonplis. Men lè Sentespri a va vini sou nou, l ap ban nou puisans. Lè sa a, n a rann temwanyaj de mwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide a, nan Samari rive jouk nan dènye bout latè.”

Apre Jezi fin di pawòl sa yo, li monte nan syèl. Pandan disip yo t ap gade l ki prale konsa, yon nyaj bare li. Konsa yo vin pa t ka wè l ankò. 10 Disip yo ap founi je gade nan syèl la, nan direksyon kote Jezi monte a. Lamenm yo wè de moun abiye tou de blan parèt kote yo. 11 Epi yo di yo: “Nou menm moun Galile yo, poukisa n ap founi je gade nan syèl la konsa? Jezi sa a nou wè ki kite nou li monte nan syèl la, li gen pou l retounen menm jan nou wè l monte a.”

Yo chwazi yon lòt apot

12 Disip yo kite mòn Oliv la, yo retounen lavil Jerizalèm. Mòn Oliv la te toupre vil Jerizalèm nan, a yon distans yon kilomèt[a] konsa. 13 Lè disip yo antre nan vil la, yo monte toudwat nan chanm anwo kote yo te rete deja a. Moun ki te la yo se te: Pyè, Jan, Jak, Andre, Filip, Toma, Batèlmi, Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, zelòt la, epi Jida, pitit Jak la.

14 Tout apot sa yo te mete tèt yo ansanm pou priye pou menm bi. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè Jezi yo tou.

15 Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun konsa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di: 16 Frè ak sè m yo, li te nesesè pou pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre. Mwen vle pale de pawòl Sentespri a te anonse davans nan bouch wa David konsènan Jida. Li te di se Jida li t apral mennen moun ki te vin arete Jezi yo.

17 Jida se te youn pami nou ki te gen sèvis pa l nan travay sa n ap fè a.

18 Jida te achte yon moso tè avèk lajan sal li te resevwa pou trayi l te trayi Jezi a. Men apre sa, li sot tonbe sou tèt, vant li pete, tout trip li gaye sou menm moso tè sa a. 19 Pawòl lanmò Jida a te gaye rive nan zòrèy tout moun ki t ap viv nan lavil Jerizalèm. Sa te fè yo te bay moso tè a yon non. Nan lang pa yo, yo te rele l “Akèldama”, ki vle di “Jaden san”.

20 Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo:

Se pou lakay li tounen yon dezè,
    se pou pèsonn pa rete lakay li.[b]

Men sa ki ekri ankò:

Se pou yon lòt moun ranplase li nan travay la.[c]

21 Se poutèt sa, li nesesè pou nou jwenn yon lòt moun ki te la tout tan Senyè Jezi t ap monte desann ansanm ak nou nan tout peyi a. 22 Yon moun ki te ak nou depi lè Janbatis t ap batize moun nan, jouk rive lè Jezi te kite nou li monte nan syèl la. Fòk li se yon temwen rezireksyon Kris la tou, pou l vin met tèt ansanm avèk nou menm apot yo.

23 Yo prezante de (2) kandida pou plas la: Jozèf, yo te konn rele Basabas oubyen Jistis, ansanm ak Matyas. 24 Apre sa, apot yo priye Bondye, yo di: Senyè, ou menm ki konnen sa ki nan kè tout moun. Montre nou ki lès pami de mesye sa yo ou chwazi 25 pou sèvi kòm apot nan ministè sa a Jida te kite tonbe pou l al kote ki pou li a. 26 Apre sa, yo fè tiraj osò pou yo, epi chwa a te tonbe sou Matyas. Konsa, Matyas te vin apot akote lòt onz apot yo.

Sentespri a vini

Lè jou Pannkot la te rive, tout disip yo te rasanble ansanm menm kote. Sanzatann konsa, yon gwo bri soti nan syèl la, tankou yon gwo van k ap soufle ak raj, epi li ranpli tout kay kote yo te chita a. Konsa, disip yo wè yon bann bagay ki tankou ti flanm dife ki te detache youn ak lòt epi y al chita youn pa youn sou tèt chak moun ki te la yo. Yo tout te ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe pale tout kalite lòt lang, selon jan Sentespri te ba yo abilite pou pale ak moun ki te nan Jerizalèm yo.

Nan moman sa a, te gen anpil Jwif ki gen krentif pou Bondye ki te prezan nan Jerizalèm. Yo te soti nan tout kalite peyi sou latè. Bri ki te fèt la te fè yon gwo foul moun rasanble. Moun sa yo pa t manke sezi lè chak moun te tande disip yo ap pale ak yo nan pwòp lang peyi pa yo.

Foul la tèlman sezi, tèlman etone, yo mande: “Tout moun sa yo n ap tande k ap pale a, se pa moun Galile[d] yo tout ye? Ki jan nou fè tande y ap pale nan pwòp lang pa nou? Pami nou la, gen moun ki soti toupatou tankou Pat, Medi, Elam, Mezopotami, Jide, Kapadòs, moun Pon ak moun ki soti an Azi. 10 Gen moun ki soti Friji ak Panfili, gen moun peyi Lejip ansanm ak sa ki soti nan tout rejyon Libi ki toupre lavil Sirèn nan, gen moun ki soti lavil Wòm tou. 11 Pami nou la a, gen moun ki Jwif nan san yo, gen lòt se moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo. Gen moun ki soti Krèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou chak fè tande y ap pale de bèl mèvèy Bondye yo nan pwòp lang nou chak?”

12 Tout foul la te sezi. Yo pa t konnen kijan pou yo eksplike sa k pase a. Anpil ladan yo t ap mande youn lòt: “Ki sa bagay sa a vle di menm?” 13 Men gen lòt menm ki t ap pase disip yo nan betiz, yo t ap di: “Yo genlè bwè twòp diven, yo dwe sou.”

Pyè pale ak foul la

14 Apre sa, Pyè ansanm ak lòt onz apot yo leve kanpe. Pyè pale byen fò ak foul la, li di yo: “Nou menm Jwif parèy mwen ansanm ak tout lòt moun Jerizalèm, koute sa m ap di nou. Gen kèk bagay nou bezwen konnen. Koute byen sa m ap di nou ankò. 15 Moun sa yo pa sou, jan nou panse a, se nevè dimaten li ye sèlman. 16 Pwofèt Jowèl te gentan ekri konsènan sa nou wè k ap pase a deja. Men sa li te ekri:

17 Bondye di: Nan dènye tan yo, men sa k pral rive:
    M ap vide Lespri m sou tout moun sou latè.
Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo pral pwofetize.
    Jenn gason nou yo va fè vizyon.
    Granmoun nou yo va fè rèv.
18 Nan dènye tan yo, m ap vide Lespri m
    sou sèvitè m yo ak sou sèvant mwen yo
    epi yo tout ap pwofetize.
19 Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la,
    ak gwo mirak anba sou latè.
    Va gen san, dife ansanm ak gwo nyaj lafimen.
20 Solèy la pral vin tou nwa.
    Lalin nan pral vin wouj tankou san
    anvan jou Senyè va rive.
Se yon gwo jou,
    yon jou gloriye jou sa va ye.
21 Lè sa a, nenpòt moun ki va mete konfyans li
    nan Senyè a[e] va sove.[f]

22 Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen. 23 Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan. 24 Bondye fè l resisite. Lanmò te vle kenbe l nan tonm nan, lanmò te dwe kite l soti nan tonm nan libelibè, menm jan ak yon bebe ki rive lè l pou l soti nan vant manman l. 25 Men sa wa David te ekri konsènan Jezi:

Mwen te toujou wè Senyè a devan je mwen,
    paske li te toujou bò kote m
    pou asire sekirite m.
26 Konsa, mwen gen anpil lajwa nan kè m,
    epi bouch mwen ap chante lwanj.
    Anplis de sa, kò m ap repoze avèk esperans,
27 paske ou p ap kite m nan tonbo a,[g]
    ou p ap kite kò moun ou chwazi a pouri nan tonbo.
28 Ou va fè m konnen kijan pou m retounen viv ankò.
    Ou ranpli kè m ak lajwa, paske ou ap toujou toupre mwen.[h]

29 Frè m yo, mwen pran libète pou m di nou kareman, zansèt nou David mouri, yo antere li, epi tonbo li toujou la jouk jodi a nan mitan nou. 30 David se te yon pwofèt, epi li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te bay David garanti li t ap fè yon moun nan branch fanmi David chita sou twòn David la kòm wa.[i] 31 David te gentan wè sa Bondye t apral fè a depi byen avan, se sa k fè li te pale konsa konsènan rezireksyon Kris la. Li di:

Bondye pa t kite l kote mò yo ye a,
    Bondye pa t kite kò li pouri nan tonbo a.

32 Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan nan lanmò. Nou tout te temwen evènman sa a. 33 Jezi monte nan syèl la. Li adwat Bondye menm. Li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la nan men Bondye Papa a. Se Sentespri sa a li vide sou nou. Sa n ap wè la a, ak sa n ap tande yo, se Sentespri sa a menm k ap manifeste. 34 Se pa David ki te monte nan syèl la. Okontrè, men sa David te di:

Bondye di Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
35     jouktan m fè lènmi w yo
    tonbe anba pouvwa w.[j]

36 Nou tout nan pèp Izrayèl la, nou bezwen konnen sa byen. Jezi sa a nou te klouwe sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè a, se li menm Bondye fè Kris la.”

37 Lè foul la fin tande sa Pyè te di a, kè yo te fè yo mal anpil. Yo te regrèt sa. Lè sa a, yo di Pyè ak lòt apot yo konsa: “Frè nou yo, kisa pou nou fè?”

38 Pyè pran lapawòl, li di yo: “Chanje kè nou ak fason n ap viv la. Chak moun dwe resevwa batèm nan non Jezikris. Konsa Bondye va padone peche nou epi li va ban nou Sentespri a kòm kado nan lavi nou. 39 Pwomès la se pou nou, se pou pitit nou yo, se pou tout moun ki byen lwen, tout kantite moun Senyè a, Bondye nou an ta rele vin jwenn li.”

40 Pyè te di yo anpil lòt pawòl ankò pou fè yo kwè. Li eseye ankouraje yo. Li di yo: “Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan jenerasyon sa a k ap viv nan mechanste.” 41 Konsa, tout moun nan foul la ki te aksepte mesaj Pyè a te resevwa batèm. Nan jou menm sa a, te gen twa mil (3,000) moun ki te vin ajoute sou gwoup kwayan ki te la yo.

Kwayan yo pataje byen yo

42 Kwayan yo te pase tout tan yo ap resevwa ansèyman apot yo. Yo te viv ansanm youn ak lòt tankou frè. Yo te reyini epi yo te manje[k] ansanm epi yo te lapriyè ansanm. 43 Bondye te pèmèt apot yo fè anpil mirak ak anpil bèl bagay devan je moun yo, sa te fè moun yo vin gen anpil respè pou Bondye. 44 Tout kwayan yo te rete ansanm yon sèl kote, epi yo te pataje tout sa yo te genyen ansanm tou. 45 Ye te vann tè yo ak lòt byen yo te genyen epi yo pataje lajan an ant yo tout, selon bezwen chak moun. 46 Chak jou, yo te reyini ansanm nan tanp lan. Yo te konn separe pen bay tout moun kay an kay, epi yo te konn manje ansanm ak anpil kè kontan nan yon espri imilite. 47 Yo t ap fè lwanj pou Bondye. Tout pèp la te renmen yo. Chak jou Senyè a t ap ajoute moun li t ap delivre yo sou gwoup moun ki te la yo.

Pyè geri yon mandyan ki te estwopye

Yon jou, Pyè ak Jan t ap monte nan Tanp lan vè twazè nan apremidi. Se nan lè sa yo te konn fè lapriyè nan Tanp lan.[l] Vwala te gen yon nonm ki te estwopye depi l fèt ki te bò pòt kote yo t ap antre a. Yo te rele pòt sa a “Bèl pòt la.” Se chak jou yo te pote nonm nan pou yo vin depoze l bò pòt sa a pou l ka mande moun k ap antre nan Tanp lan lacharite. Lè nonm nan wè Pyè ak Jan t apral antre nan Tanp lan, li mande yo lacharite.

Men, Pyè ak Jan gade nonm nan fiks epi Pyè di li: “Gade nou!” Nonm estwopye a gade mesye yo. Li te met nan tèt li yo t apral ba l yon ti kòb. Konsa, Pyè di li: “Mwen pa gen ni lajan ni lò pou m ba ou, men sa m genyen an, se li m ap ba ou. Nan non Jezikris, moun Nazarèt la,[m] leve w mache.”

Apre sa, Pyè pran men dwat nonm estwopye a, li fè l kanpe. Menm kote a, pye li ansanm ak zo nan je pye l yo vin byen fèm. Nonm nan fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l, epi li kòmanse mache. Li antre nan Tanp lan ansanm ak Pyè ak Jan, l ap mache, l ap ponpe, l ap fè lwanj pou Bondye. Tout moun ki te la yo te wè nonm nan ap mache, ap fè lwanj pou Bondye. 10 Yo te wè aklè se te menm nonm sa a ki te konn chita bò Bèl pòt Tanp lan ap mande lacharite a. Sa te fè yo sezi, yo te etone wè sa k pase a.

Pyè pale ak pèp la

11 Depi nonm nan te fin geri a, li pa t janm lache Pyè ak Jan yon may. Tout moun yo te sezi wè sa k te pase a epi yo te vin rasanble devan Pyè ak Jan, anba galeri Salomon an nan Tanp lan.

12 Lè Pyè wè atitid pèp la, li di yo konsa: “Nou menm moun peyi Izrayèl, poukisa nou sezi konsa a pou sa k pase a? Poukisa n ap gade nou kòmsi se ta nou menm ak pwòp puisans pa nou nou fè nonm nan leve mache, osinon paske nou bon devan je Bondye? 13 Se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo ki glorifye Jezi, sèvitè l la. Se menm Jezi sa a nou te lage nan men otorite yo, se li menm nou te nye devan Pilat la, malgre Pilat te dispoze lage l. 14 Nou te rejte Jezi, moun Bondye te chwazi a epi ki te mennen bak li byen devan Bondye. Nou te pito mande Pilat pou l lage yon kriminèl[n] ban nou olye pou l ta lage Jezi. 15 Se konsa nou te touye Jezi, li menm ki bay lavi. Men Bondye te fè l leve soti vivan pami mò yo. Nou menm nou se temwen tout bagay sa yo.

16 Se lafwa nan Jezi ki fè nonm sa a nou wè la a, nonm nou tout konnen ki te paralize a, jwenn gerizon. Se lafwa nan Jezi ki fè l geri nèt konsa a epi l ap mache devan je nou tout.

17 Frè m yo, mwen rekonèt nou te touye Jezi, paske ni nou menm ni otorite nou yo pa t konnen sa nou t ap fè a byen. 18 Men, Bondye te gentan anonse tout bagay sa yo deja pa mwayen pwofèt li yo depi lontan. Li te gentan di Kris la te gen pou l soufri epi mouri, se bagay sa yo ki rive vre. 19 Kidonk, nou dwe chanje lide nou parapò ak jan nou t ap mennen bak nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka padone peche nou yo. 20 Lè sa a, Bondye va ban nou repo espirityèl pou nanm nou devan Li. L ap voye Jezikris, moun Bondye chwazi a, ban nou ankò.

21 Men, li nesesè pou Jezi rete nan syèl la jouktan lè a rive pou Bondye Papa a restore yon relasyon ki dwat ant Bondye ak limanite. Bondye te pale de gran restorasyon sa a depi byen lontan deja nan bouch pwofèt li yo. 22 Sou koze sa a, men sa Moyiz te ekri: Senyè Bondye nou an ap voye yon pwofèt ban nou menm jan li te voye m nan. Se youn nan pami nou l ap ye. Nou fèt pou n bay tout pawòl li di nou yo valè. 23 Nenpòt moun ki refize koute pwofèt sa a, y ap touye li. Y ap retire li nèt pami pèp Bondye a.[o]

24 Depi pwofèt Samyèl, pase pran tout lòt pwofèt ki te vin apre l yo, yo tout te anonse tan sa t ap vini. 25 Mesaj sa yo Bondye te fè pwofèt li yo anonse, se pou nou menm moun Izrayèl yo ye, epi tou nou gen pòsyon pa nou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Men sa Bondye te di Abraram: Akoz pitit ou yo, tout fanmi sou latè va jwenn benediksyon.[p] 26 Se konsa Bondye voye Jezi, sèvitè l la. Li voye l ban nou an premye, pou l beni nou epi pou l fè nou kite move fason nou t ap viv la.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International