Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Chronological

Read the Bible in the chronological order in which its stories and events occurred.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Mak 11

Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa

(Mat 21:1-11; Lik 19:28-40; Jan 12:12-19)

11 Lè Jezi ak disip li yo te prèske rive Jerizalèm, toupre Bètfaje ak Betani, sou Mòn Olivye a, li voye de nan yo. Li di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Lè nou rive, n a jwenn yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen. Si nenpòt moun ta mande nou sa n ap fè konsa? Reponn li konsa: Mèt la bezwen prete l. L ap voye l retounen tousuit.”

Disip yo ale, yo jwenn yon jenn ti bourik mare bò wout la toupre yon pòtay. Yo lage li. Kèk moun ki te kanpe la di yo: “Kisa n ap fè konsa, poukisa n ap lage bourik la?” Yo reponn yo jan Jezi te di yo a, epi moun yo kite yo ale.

Yo mennen bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do li epi Jezi monte l. Anpil moun te tann rad yo sou wout la. Gen lòt ki te koupe branch bwa nan jaden pou mete sou wout la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:

“Louwanj[a] pou Sovè a!
    Benediksyon pou sila ki vini nan non Senyè a![b]
10 Viv wayòm k ap vini an,
    wayòm papa nou David.
    Lwanj pou Bondye ki nan syèl la.”

11 Jezi antre nan lavil Jerizalèm, epi l ale nan tanp lan. Li gade tout bagay toutotou li nan tanp la, men kòm li te gen tan fin ta, l ale Betani avèk douz disip li yo.

Jezi modi yon pye fig

(Mat 21:18-19)

12 Nan demen, etan yo t ap kite Betani, Jezi te santi l grangou. 13 Li wè yon pye fig pa twò lwen ki te chaje fèy, li avanse pou l wè si l ta jwenn kichòy sou li. Men lè l rive, li pa jwenn fig, se fèy sèlman li jwenn, paske se pa t sezon fig. 14 Lè sa a, Jezi pale ak pye fig la, li di: “Pèsonn moun p ap janm manje fig nan ou ankò.” Disip li yo t ap eseye konprann sa l t ap di a.

Jezi mete lòd nan tanp lan

(Mat 21:12-17; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)

15 Apre sa, yo antre lavil Jerizalèm. Jezi antre nan tanp lan epi Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 16 Li pa t pèmèt pèsonn moun pote anyen nan tanp lan. 17 Li t ap anseye yo: “Èske sa pa ekri nan Bib la: Yo va rele kay mwen an mezon lapriyè kote moun tout nasyon ka priye m?[c] Men nou, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”[d]

18 Lè chèf prèt yo ak doktè lalwa yo tande pawòl sa yo, yo kòmanse ap chache yon okazyon pou yo touye Jezi. Yo te pè li, paske tout pèp la te etone pou wè jan l t ap anseye. 19 Nan aswè, Jezi ak disip li yo te kite vil la.

Jezi montre puisans lafwa

(Mat 21:20-22)

20 Nan demen maten, pandan yo t ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig la sèch jouk nan rasin. 21 Pyè vin sonje sa k te pase a, li di Jezi: “Mèt gade pye fig ou te modi a sèch.”

22 Jezi di yo: “Fè Bondye konfyans.” 23 An verite m ap di nou: “Si yon moun di mòn sa a, retire kò w la, al jete tèt ou nan lanmè, si l pa gen dout nan kè l, men si l kwè sa l di a, sa gen pou rive toutbon vre. 24 Se poutèt sa m ap di nou, kèlkeswa sa nou mande nan lapriyè, kwè nou gen tan jwenn li, epi n ap jwenn li. 25 Lè nou ap priye, si nou gen yon bagay nan kè nou kont yon moun, padone l, konsa Papa nou ki nan syèl la ap padone peche nou yo.” 26 [e]

Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout

(Mat 21:23-27; Lik 20:1-8)

27 Jezi ak disip li yo retounen lavil Jerizalèm. Pandan li t ap mache nan lakou tanp lan, chèf prèt yo, doktè lalwa yo ak ansyen yo vin kote l. 28 Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?”

29 Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. 30 Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”

31 Lè sa a, youn t ap di lòt: “Si nou reponn, batèm jan an soti nan Bondye, l ap mande nou, poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a, 32 Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, lè sa a pèp la pral lage nan kò nou.” (Lidè Juif yo te pè pèp la paske pèp la te kwè Jan te yon pwofèt.)

33 Lè sa a yo reponn Jezi: “Nou pa konnen.”

Jezi di yo: “Mwen non plis, m p ap di nou ak ki otorite m ap fè bagay sa yo.”

Jan 12

Yon dam fè lwanj pou Jezi

(Mat 26:6-13; Mak 14:3-9)

12 Sis jou anvan fèt Pak la, Jezi ale Betani kote Laza, nonm li te resisite a te rete. Yo te fè bèl fèt pou li la, Mat t ap fè sèvi manje, epi Laza te la ak envite yo ap manje ak Jezi. Lè sa a, Mari pran yon boutèy losyon san melanj ki koute chè anpil, plis pase yon lit konsa, li mouye pye Jezi ak losyon an epi li siye yo ak cheve l. Lè sa a, tout kay la te vin gen lodè losyon an.

Jida Iskaryòt, youn nan disip yo, ki t apral trayi Jezi a, te di disip yo konsa: Pou ki nou pa vann losyon an pou twasan denye,[a] nou ta bay pòv yo kòb sa a? Li t ap pale konsa, se pa paske l te panse ak pòv yo non. Se paske se te yon vòlè l te ye, epi se li menm ankò ki te kenbe kès la. Li te konn vòlè nan sa yo mete ladan l.

Lè sa a, Jezi di: “Kite l trankil, se yon ekonomi l ap fè pou jou antèman m. Pou pòv yo, n ap toujou genyen yo ak nou,[b] men mwen menm, mwen p ap la pou tout tan ak nou.”

Konplo kont Laza

Yon gwo foul Jwif te vin konnen Jezi te la, yo pa t vini pou yo wè Jezi sèlman, men pou yo te kapab wè Laza Jezi te resisite a tou. 10 Chèf prèt yo te deside touye Laza tou. 11 Paske, poutèt li menm, anpil Jwif vire do kite yo pou y al kwè nan Jezi.

Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa

(Mat 21:1-11; Mak 11:1-11; Lik 19:28-40)

12 Nan demen, tout foul moun ki te vin nan fèt la te vin konnen Jezi t apral rive nan lavil Jerizalèm. 13 Yo pran branch bwa soti al rankontre l. Yo t ap plede rele:

“Louwanj[c] pou Letènèl!
Benediksyon pou moun ki vini
    nan non Senyè a,[d] wa Izrayèl la.”

14 Jezi jwenn yon jenn ti bourik, li monte sou li, jan Bib la te di a:

15 “Pa krenn anyen, moun lavil Siyon,[e]
men Wa ou la ap vini,
    li monte yon jenn ti bourik.”[f]

16 Nan moman sa a, disip yo pa t konprann sa k t ap pase a. Men lè Jezi te fin retounen al jwenn papa l, yo reyalize bagay sa yo te ekri sou li, epi se sa menm yo te fè pou li.

17 Foul moun ki te la yo, lè li te rele Laza soti nan tonm nan, lè li te resisite l la, yo tout t ap rann temwanyaj pou li. 18 Se poutèt sa, foul moun sa yo te vin kontre li, paske yo te tande ki kalite mirak li te fè. 19 Lè sa a, Farizyen yo t ap di antre yo menm: “Nou pa wè nou pa ka fè anyen? Men tout moun pati ale jwenn li.”

Jezi ap pale sou lanmò ak lavi

20 Te gen kèk moun pami Grèk yo ki te vini pou adore Bondye nan moman fèt la. 21 Y al jwenn Filip ki moun Bètsayida, nan teritwa Galile, yo mande l: “Mesye, nou ta renmen wè Jezi.” 22 Filip al di Andre sa, epi yo toulede al di Jezi sa ansanm.

23 Men, Jezi reponn yo konsa: “Moman an rive pou Pitit Lòm nan resevwa glwa li. 24 An verite, an verite, m ap di nou, si grenn mayi yo plante a pa mouri, l ap rete poukont li. Men si li mouri, l ap donnen anpil. 25 Moun ki renmen lavi l ap pèdi l, men moun ki bay lavi l pou lemonn, moun sa a va konsève lavi l pou letènite. 26 Si yon moun ap sèvi mwen, se pou l swiv mwen, epi kote m ye sèvitè mwen ap la tou. Si yon moun ap rann mwen sèvis, Papa m ap fè lwanj pou li.

Jezi pale sou lanmò li

27 Kounye a, m santi lespri m twouble. Ki sa m ta di? Papa, delivre m non anba tan soufrans sa a. Men, se pou sa menm mwen te vini. 28 Papa, fè wè glwa w non!”

Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: “Mwen fè wè glwa m deja, epi m ap fè wè glwa m ankò.”

29 Foul moun ki te la yo te tande. Gen nan yo ki di se yon kout loray, gen lòt ki di se yon anj ki pale avè l.

30 Jezi reponn epi li di: “Se pa pou mwen menm vwa sa a pale, se poutèt nou menm. 31 Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe. 32 Epi mwen menm, lè yo va leve m anwo[g] tè a, m ap rale tout moun vin jwenn mwen.” 33 Li te di sa pou l fè konprann kijan l ap mouri.

34 Foul la te reponn li: “Nou etidye nan Lalwa, lè Kris la vini l ap viv pou tout tan, kijan ou fè di fòk Pitit Lòm nan leve anwo latè a?[h] Ki moun Pitit Lòm nan ye?”

35 Jezi di yo: “Limyè[i] a avèk nou pou yon ti tan ankò. Mache toutotan limyè a la, pou fènwa pa kenbe nou. Paske moun k ap mache nan fènwa pa wè kote l prale. 36 Pandan nou genyen limyè a, se pou n kwè nan limyè a, konsa nou va tounen pitit limyè.” Apre Jezi fin pale konsa ak yo, li pati l al kache.

Kèk Jwif derefize kwè Jezi

37 Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li 38 pou pawòl pwofèt Ezayi sa a te kapab akonpli:

“Senyè, kilès ki kwè nan sa yo tande n ap di?
    Pouki moun pouvwa Senyè a parèt aklè?”[j]

39 Men pou kisa yo pa t kapab kwè, se Ezayi menm ki di ankò:

40 “Li fè yo avèg
    epi li fè kè yo di
pou yo pa wè nan je yo,
    pou yo pa konprann nan kè yo,
pou yo pa ta vire vin jwenn mwen,
    pou m ta geri yo.”[k]

41 Ezayi te di sa, paske li te wè glwa Jezi, epi li pale de li.

42 Poutan, pami chèf yo menm, anpil te kwè nan Jezi. Men poutèt Farizyen yo, yo pa t oze di sa, yo te pè pou yo pa t mete yo deyò nan Sinagòg la. 43 Yo te prefere lwanj moun ba yo pase lwanj Bondye.

Ansèyman Jezi a gen pou jije lèzòm

44 Lè sa a, Jezi deklare byen fò: “Moun ki kwè nan mwen se pa nan mwen l kwè, se nan moun ki voye m nan li kwè. 45 Moun ki wè mwen wè moun ki voye m nan. 46 Mwen menm, mwen vini pou m yon limyè pou lemonn, pou nenpòt moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa.

47 Si yon moun tande sa m di epi li pa pratike yo, se pa mwen k ap jije li, paske mwen pa vini pou m jije lemonn, mwen vini pou m sove lemonn. 48 Yon moun ki rejte m epi ki pa fè ka pawòl mwen, li gentan gen jij li: Pawòl mwen yo, se yo k ap jije li nan dènye jou a. 49 Mwen pa pale pou pwòp tèt pa m. Men, Papa m ki voye m, li preskri m sa m dwe di. 50 Mwen konnen sa l mande fè bay lavi etènèl. Se poutèt sa, mwen di sa m ap di, menm jan papa m di l.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International