Chronological
Jezi resevwa timoun yo
(Mat 19:13-15; Mak 10:13-16)
15 Moun yo te pote yon ekip timoun bay Jezi pou l te ka mete men sou tèt yo pou l beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. 16 Jezi menm rele timoun yo vin jwenn li epi li di disip li yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo, paske Wayòm Bondye a se pou moun ki tankou yo. 17 An verite, mwen di nou: Nenpòt moun ki pa aksepte Wayòm Bondye a tankou jan yon timoun aksepte tout bagay, li p ap ka antre ladan l.”
Yon nonm rich refize swiv Jezi
(Mat 19:16-30; Mak 10:17-31)
18 Youn nan lidè Jwif yo poze Jezi kesyon sa a: “Bon Mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi ki p ap janm fini an?”
19 Jezi di l: “Pouki sa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen. Se sèl Bondye ki bon. 20 Ou konnen kòmandman Bondye yo: Pa fè adiltè; pa touye moun; pa vòlè; pa fè manti sou moun, onore papa ak manman w.[a]”
21 Men lidè Jwif la reponn: “Sa yo se bagay m ap obsève depi lè m te jèn.”
22 Lè Jezi tande sa, li di nonm nan: “Gen yon sèl bagay ki rete pou fè. Vann tout sa ou genyen, distribye lajan an bay pòv, konsa ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.” 23 Men, lè nonm nan tande deklarasyon sa a, li vin tris, paske li te gen anpil richès.
24 Lè Jezi wè jan nonm nan te nan lapenn poutèt sa l te di a, li di: “L ap difisil anpil wi pou moun rich yo antre nan Wayòm Bondye a. 25 L ap pi fasil pou yon chamo pase nan yon twou je yon zegwi pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
26 Lè moun ki t ap koute yo tande sa, yo di: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?”
27 Jezi di: “Bondye kapab fè tout bagay ki enposib pou lèzòm.”
28 Pyè pran lapawòl, li di: “Gade kijan nou menm nou kite tout sa nou te genyen pou n swiv Bondye kapab fè yo.”
29 Jezi di yo: “Anverite, mwen di nou, tout moun ki kite kay yo, madanm yo, frè yo, paran yo, osinon pitit yo poutèt Wayòm Bondye a, 30 y ap resevwa anpil fwa sa yo te kite dèyè yo. Y ap resevwa anpil fwa lavalè depi nan lavi sa a. Nan lòt mond ki gen pou vini an menm, y ap resevwa lavi ki p ap janm fini an.”
Jezi pale sou lanmò li ankò
(Mat 20:17-19; Mak 10:32-34)
31 Apre sa, Jezi pran douz (12) disip li yo apa li di yo: “Men n ap monte Jerizalèm kounye a, se la tout sa Bondye te di pwofèt yo ekri konsènan Pitit Lòm nan pral akonpli. 32 Yo pral lage Pitit Lòm nan nan men payen yo. Yo pral pase l nan betiz, yo pral maltrete l epi krache nan figi l. 33 Y ap bat li byen bat, apre sa y ap touye li. Men, sou twa (3) jou, l ap resisite ankò.” 34 Disip yo pa t konprann anyen ditou, paske sans pawòl la te kache. Yo pa t wè klè ditou nan sa Jezi t ap di yo a.
Jezi geri yon avèg
(Mat 20:29-34; Mak 10:46-52)
35 Lè Jezi rive toupre lavil Jeriko, te gen yon avèg ki te chita bò wout la ap mande lacharite. 36 Lè l tande tout foul moun sa yo ap pase, li mande kisa k genyen.
37 Yo di li se Jezi, moun Nazarèt la k ap pase.
38 Avèg la tonbe kriye byen fò: “Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen.”
39 Moun ki te devan yo nan foul la t ap fè presyon sou li pou yo fè l pe bouch li. Men li menm li rele pi fò toujou: “Pitit David la, gen pitye pou mwen.”
40 Jezi kanpe. Li bay lòd pou yo mennen mesye a ba li. Lè yo rive devan Jezi ak avèg la, Jezi mande li: 41 “Ki sa ou ta vle mwen fè pou ou?”
Avèg la reponn: “Mèt, mwen ta renmen wè ankò.”
42 Jezi di li: “Enben wè non. Ou geri paske ou te kwè.”
43 Menm kote a avèg la wè ankò, epi li kòmanse swiv Jezi etan l ap fè lwanj pou Bondye. Tout moun ki te temwen mirak la te tonbe fè lwanj pou Bondye tou.
Istwa Jezi ak Zache
19 Jezi antre Jeriko. Li t ap mache atravè vil la. 2 Vwala te gen yon nonm nan vil Jeriko a yo te rele Zache. Se te youn nan chèf pèseptè kontribisyon yo epi li te rich. 3 Zache te vle wè kilès ki Jezi a, men li te difisil pou li poutèt foul la, paske Zache te kout anpil. 4 Zache kouri pran devan foul la, l al monte sou yon pye sikomò pou l ka wè Jezi, paske se la menm Jezi t apral pase.
5 Lè Jezi rive kote Zache te ye a, li leve tèt li anlè, li di l: “Zache, prese desann, paske jodi a fòk mwen pase lakay ou.”
6 Zache desann san pèdi tan epi li resevwa Jezi lakay li ak kè kontan. 7 Tout moun ki te wè sa te tonbe babye. Yo di: “Gade ak ki kalite moun li pran pa. Li fè ladesant lakay yon moun k ap viv nan peche.”
8 Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: “Mèt, m pral bay pòv mwatye nan tout byen mwen yo. Si m te pran yon bagay mal nan men nenpòt moun, m ap peye l kat fwa lavalè.”
9 Lè sa Jezi di Zache: “Jodi a se jou pou fanmi ki nan kay sa a delivre anba peche yo. Se vre wi, paske menm pèseptè kontribisyon sa se yon pitit Abraram tou. 10 Pitit Lòm nan vini pou l chache epi sove moun ki pèdi yo.”
Yon istwa sou twa sèvitè
(Mat 25:14-30)
11 Pandan pèp la t ap koute tout bagay sa yo, Jezi rakonte yon parabòl. Li t ap pwoche pi plis sou Jerizalèm, epi anpil moun te panse Wayòm Bondye a t ap parèt imedyatman. 12 Men sa Jezi di yo: “Vwala se te yon nonm ki te fèt nan gran fanmi. Nonm nan te pati ale nan yon peyi byen lwen pou yo fè l wa. Apre sa, pou l tounen nan peyi li vin renye. 13 Li rele dis (10) nan sèvitè l yo, li bay yo chak yon kantite lajan[b] epi li di yo: Fè komès ak kòb sa a jouktan mwen retounen. 14 Men, sitwayen yo nan peyi a te rayi nonm nan. Konsa, yo voye yon gwoup mesaje ale nan peyi kote l ale a pou al di: Nou pa vle nonm sa a kòm wa sou nou.
15 Vwala chèf yo nan peyi byen lwen an fè nonm nan wa kanmenm. Lè l tounen nan peyi a vin renye, li rele sèvitè li te bay lajan yo pou yo rann kont ki benefis yo fè. 16 Premye sèvitè a vini, li di: Mèt, kantite lajan ou te ban mwen an fè dis (10) fwa plis lajan. 17 Wa a reponn li: Ekselan! Ou se yon bon sèvitè. Paske ou te fidèl nan ti bagay, m ap ba ou gouvène dis (10) vil.
18 Dezyèm sèvitè a vini, li di: Kantite lajan ou te ban mwen an fè senk (5) fwa plis. 19 Wa a di li: Ou menm, m ap ba ou gouvène senk (5) vil.
20 Apre sa, yon lòt sèvitè vini, li di: Mèt, men lajan ou te ban mwen an. Mwen te vlope l nan yon moso twal epi sere l la pou ou. 21 Paske mwen te pè w. M konnen ou se yon moun ki di. Ou pran lajan ki pa pou ou. Ou rekòlte sa ou pa t simen.
22 Wa a di li: Gade kouman ou mechan! Malveyan! M ap jije ou ak pawòl ki soti nan bouch ou. Ou te konnen mwen se yon moun ki di, ki pran sa k pa pou mwen, ki rekòlte sa m pa t simen, 23 pou kisa ou pa t mete lajan m nan labank? Lè m vini, mwen ta jwenn enterè sou li. 24 Apre sa, wa a di mesye ki te la yo: Pran lajan an nan men l bay sèvitè ki fè lajan an rapòte dis (10) fwa plis la.
25 Men, mesye yo di wa a: Monwa, nonm sa a gentan gen dis (10) fwa lajan deja?
26 M ap di nou sa: Nenpòt moun ki genyen, y ap ba li toujou. Men moun ki pa genyen, menm ti sa l genyen an y ap retire l nan men l. 27 Kounye a, kote lènmi m yo? Kote moun ki pa t vle m wa sou yo a? Mennen yo vini. Touye yo tout la devan mwen.”
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mat 21:1-11; Mak 11:1-11; Jan 12:12-19)
28 Apre Jezi fin pale konsa, li kontinye sou chemen li pou l monte Jerizalèm. 29 Lè l rive toupre Bètfaje ak Betani, sou yon mòn yo rele mòn Olivye a, li voye de nan disip li yo. 30 Li di yo: “Ale nan ti bouk ki anfas nou an. Lè nou rive la, n ap wè yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen. 31 Si nenpòt moun ta mande nou pou kisa n ap demare ti bourik la, Reponn li konsa: Mèt la bezwen li.”
32 Mesye yo ale, lè yo rive nan bouk la, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan Jezi te di yo a. 33 Etan y ap demare ti bourik la, mèt bourik la mande: “Pouki sa n ap demare bourik la?”
34 De disip yo reponn: “Mèt la bezwen li.” 35 Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo mete manto yo sou do ti bourik la, epi yo mete Jezi chita sou li. 36 Pandan Jezi t ap avanse sou Jerizalèm sou ti bourik la, anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la.
37 Jezi te prèske rive Jerizalèm, li te gentan prèske fin desann mòn Oliv la, lè yon sèl van rejwisans tonbe soufle nan foul la. Tout disip yo te kontan. Yo leve vwa yo byen wo pou yo fè lwanj pou Bondye pou tout mirak yo te wè yo. 38 Yo t ap di:
“Benediksyon pou wa a
ki vini nan non Senyè a.[c]
Kè poze nan syèl la!
Lwanj pou Bondye!”
39 Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la di Jezi konsa: “Mèt, fè disip ou yo pe bouch yo.”
40 Jezi reponn, li di yo: “Kite m di nou yon bagay. Si moun sa yo ta pe bouch yo, wòch yo t ap pran fè bri.”
Jezi kriye pou Jerizalèm
41 Lè Jezi rive toupre lavil Jerizalèm, li annik wè li, li tonbe kriye poutèt vil la. 42 Li di: “Si sèlman jodi a ou te kapab konprann, ou menm, bagay ki pou fè kè w poze? Men kounye a, je w pa kapab wè yo. 43 Paske gen yon tan k ap vin sou ou kote lènmi w yo va sènen w toupatou. Y ap fèmen w tankou anndan yon miray. Y ap kwense w nan tout direksyon. 44 Y ap detwi w nèt ansanm ak tout popilasyon k ap viv nan mitan w nan. Yo p ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pa t bay jou Bondye te vin pou l delivre w la enpòtans.”
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Mat 21:12-17; Mak 11:15-19; Jan 2:13-22)
45 Jezi antre nan tanp lan, epi li tonbe mete tout moun ki t ap vann bagay anndan tanp lan deyò. 46 Li di yo: “Men sa Bib la di: Tanp mwen an fèt pou l yon kote moun vin lapriyè Bondye.[d] Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”[e]
47 Chak jou, Jezi te nan tanp lan ap anseye moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo menm, ansanm ak doktè lalwa yo epi lidè yo nan pami pèp la t ap chache yon okazyon pou yo touye li. 48 Men li pa t fasil pou yo te rive fè sa paske tout pèp la t ap koute li ak atansyon. Yo te vrèman enterese nan sa li t ap di yo.
Copyright © 2017 by Bible League International