Chronological
Kw yon fi k ap akouche ak dragon an
12 Lè sa a, yon gwo siy parèt nan syèl la: Yon fi ki abiye ak solèy la, epi lalin nan te anba pye l. Li te gen yon kouwòn ki fèt ak douz zetwal sou tèt li. 2 Li te ansent epi li t ap kriye ak doulè, paske lè pou l akouche a te rive.
3 Epi gen yon lòt siy ki parèt nan syèl la: Yon gwo dragon tou wouj parèt. Li te gen sèt tèt ak dis kòn epi li te gen yon kouwòn sou chak tèt. Epi li te gen dis kòn. 4 Li ranmase yon tyè nan zetwal ki nan syèl la voye sou latè ak ke li. Dragon an kanpe devan fi k ap akouche a pou l devore bebe a touswit apre akouchman an.
5 Fi a fè yon pitit gason ki dwe gouvène tout nasyon sou latè ak yon baton an fè. Epi pitit la tou leve monte nan syèl al jwenn Bondye, kote twòn li ye. 6 Fi a menm kouri al nan dezè a, l al nan yon plas ki te tou pare pou li. Nan plas sa a, l ap jwenn swen pou 1,260 jou.
7 Lè sa a, te gen yon batay nan syèl la. Michèl[a] ak anj li yo t ap goumen ak dragon an, epi dragon an menm, ak anj pa l yo, t ap goumen kont yo. 8 Men yo pa t gen plis fòs, konsa pa t gen plas pou yo nan syèl la ankò. 9 Yo te voye gwo dragon an jete deyò soti nan syèl la. Dragon sa a, se li menm ki sèpan ansyen an, yo rele l dyab ak satan. Se li k ap twonpe tout mond lan. Yo ranvèse l sou latè ansanm ak anj li yo.
10 Apre sa, m tande yon vwa nan syèl la k ap di byen fò:
“Kounye a, jou delivrans lan rive,
jou puisans Bondye a,
jou reny Bondye a
ansanm ak pouvwa Kris li a,
paske akizatè frè ak sè nou yo
ranvèse anba.
Se li menm ki te konn akize yo
devan Bondye lajounen kou lannuit.
11 Yo ranpòte laviktwa sou li gras ak pouvwa san sakrifis Ti Mouton an
ansanm ak mesaj Bondye a yo t ap pote bay moun yo.
Yo pa t renmen pwòp tèt yo twòp
pou ta fè yo pè lanmò.
12 Syèl yo, se pou n rejwi nou
ansanm ak tout sa ki nan syèl yo!
Men sa va tèrib pou latè a ak lanmè a,
paske dyab la ranvèse tonbe sou nou.
Li move, li an kòlè,
paske l konnen l pa gen anpil tan ankò.”
13 Lè dragon an wè yo ranvèse l anba sou latè, li pran rapouswiv fi ki te akouche pitit gason an. 14 Men yo bay fi a de zèl gwo malfini an pou l ka vole pati ale nan dezè a, l al nan plas ki te prepare pou li a, byen lwen sèpan[b] an. Se la yo pran swen li pandan twa zan si mwa. 15 Lè sa a, sèpan an louvri bouch li, li vomi dlo tankou yon gwo larivyè dèyè fi a pou l te ka fini avè l. 16 Men, latè pote fi a sekou, li louvri bouch li, li anglouti gwo larivyè ki te soti nan bouch dragon an. 17 Lè sa a, dragon an te an kòlè kont fi a anpil. Li pati pou fè lagè ak tout pitit fi a. Pitit li yo, se moun k ap viv nan obeyi Bondye epi k ap rann temwanyaj pou Jezi.
18 Dragon an al kanpe sou sab lanmè a.
Bèt ki soti nan lanmè a
13 Apre sa, m wè yon bèt monte soti nan lanmè a. Li te gen dis kòn ak sèt tèt. Te gen yon kouwòn sou chak kòn. Epi sou chak tèt te gen yon non pou joure Bondye. 2 Bèt mwen wè a te sanble ak yon leyopa. Pat li yo te menm jan ak pat yon lou epi bouch li te menm jan ak bouch yon lyon. Dragon an bay bèt sa a puisans li a, twòn li ak yon gran pouvwa.
3 Youn nan tèt bèt la te blese prèt pou mouri. Men kote l te blese prèt pou mouri a geri. Tout moun sou latè t ap admire epi t ap swiv bèt sa a. 4 Tout moun t ap adore dragon an, paske l te bay bèt la pouvwa a. Tout moun t ap adore bèt la tou, yo t ap di: “Kilès ki menm jan ak bèt la? Kilès ki ka batay ak li?”
5 Bèt la te jwenn otorizasyon pou l di yon bann pawòl plen ak lògèy ansanm ak yon seri pawòl pou joure Bondye. Li te jwenn pouvwa pou l aji pandan 42 mwa. 6 Bèt la te ouvè bouch li epi li t ap joure Bondye: Li joure non Bondye, joure kote Bondye rete a ansanm ak tout sa ki rete nan syèl la. 7 Li te jwenn pouvwa pou l goumen ak moun ki apa pou Bondye yo ak pouvwa pou l ranpòte laviktwa sou yo. Li te jwenn pouvwa sou tout tribi, tout ras moun, sou tout lang ak sou tout peyi. 8 Tout moun toupatou sou latè pral adore bèt la. Moun sa yo se moun ki pa t gen non yo ekri nan liv lavi Ti Mouton an depi anvan mond lan te kòmanse. Ti Mouton an, se li menm yo te touye a.
9 Nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande
ta dwe tande sa:
10 Si yon moun te dwe al nan prizon,
fòk li al nan prizon.
Yon moun yo te dwe touye ak nepe,
y ap touye l ak nepe.
Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo dwe gen pasyans ak lafwa.
Bèt ki soti anba tè a
11 Apre sa, m wè yon lòt bèt ki soti monte anba tè a. Li te genyen de kòn menm jan ak Ti Mouton an, men li pale menm jan ak yon dragon. 12 Bèt sa a kanpe devan premye bèt la, li fè tout sa premye bèt la te fè ak menm puisans lan. Li te fòse latè ak tout moun k ap viv ladan l fè yo adore premye bèt la, bèt ki te blese prèt pou mouri a epi ki te geri a. 13 Dezyèm bèt sa a te fè yon bann gwo mirak. Li te menm fè dife soti nan syèl la tonbe sou latè, devan je tout moun.
14 Se konsa dezyèm bèt la te twonpe tout moun k ap viv sou latè. Li te jwen pouvwa sa a nan men premye bèt ki te soti nan lanmè a. Li kòmande pou tout moun sou latè fè yon estati bèt ki te soti nan lanmè a, bèt ki te blese ak kout lans lan epi ki vivan toujou a. 15 Dezyèm bèt la te jwenn pouvwa pou l mete lavi nan estati premye bèt la, pou fè l pale epi pou fè touye tout moun ki pa ta vle adore l. 16 Dezyèm bèt la te egzije tout moun pote yon mak sou men dwat yo oubyen sou fon yo, kit ou te timoun kit ou te granmoun, kit ou te rich kit ou te pòv, kit ou te esklav kit ou te lib. 17 Pou yon moun vann oubyen achte yon bagay, fòk li pote mak sa a: Mak sa a, sete non bèt la oubyen nimewo non l.
18 Men sa ki rele sajès: Moun ki gen sajès va kalkile nimewo bèt la, se nimewo yon gason. Nimewo a se 666.
Pèp Bondye a ap chante yon chan nouvo
14 Apre sa, m gade, m wè Ti Mouton an, li te kanpe sou Mòn Siyon an.[c] Te gen 144,000 moun avèk li. Yo tout te gen non l ak non papa l ekri sou fon yo.
2 Epi m tande yon gwo bri soti nan syèl la, yon bri tankou bri gwo inondasyon dlo k ap desann ansanm ak gwo kout loray. Men bri sa a te fè m sonje yon bann moun ki konn jwe gita, ki t ap jwe. 3 Pèp la t ap chante yon chan nouvo devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ansanm ak granmoun yo. Moun ki te ka aprann chan nouvo sa a se 144,000 moun sa yo sèlman, moun yo te rachte sou latè yo. Pa gen pyès lòt moun ankò ki te ka aprann li.
4 Moun sa yo se moun ki pa t sal tèt yo nan fè peche seksyèl ak fi, yo san peche. Y ap mache dèyè Ti Mouton an tout kote l ale. Yo se moun ki te rachte pami lèzòm tankou ofrann pou Bondye ak pou Ti Mouton an. 5 Yo se moun ki pa janm bay manti: yo san fot.
Twa anj yo
6 Apre sa, m wè yon lòt anj ki t ap vole byen wo nan syèl la. Anj lan te gen pou l te bay moun k ap viv sou latè yo yon Bòn Nouvèl ki va dire pou tout tan, pou tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp. 7 Anj lan t ap rele byen fò: “Se pou n gen krentif pou Bondye, ba li glwa, paske lè a rive pou Bondye jije tout nasyon yo. Adore Bondye, li menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè a ak sous dlo yo.”
8 Yon dezyèm anj vini apre premye a, li t ap rele byen fò: “Li kraze! Li kraze! Gwo lavil Babilòn nan! Li te fè tout nasyon yo bwè nan diven peche seksyèl sovaj li a.”
9 Yon twazyèm zanj parèt apre de premye yo. Li di byen fò: “Si yon moun adore bèt la ak estati zidòl li a, si yon moun resevwa mak li sou fon l oubyen sou men l, 10 li menm tou l ap bwè nan gode diven san melanj kòlè Bondye a. Moun konsa va soufri anpil nan toumant dife, devan anj ki apa pou Bondye yo ak devan Ti Mouton an tou! 11 Dife k ap toumante yo a ap bay yon lafimen pou tout tan gen tan. P ap gen okenn repo, lajounen kou lannuit, pou moun sa yo ki adore bèt la ak zidòl li a oubyen ki te pote mak non bèt la.” 12 Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo, moun k ap obeyi kòmannman Bondye epi ki kwè nan Jezi, yo dwe gen pasyans.
13 Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan syèl la. Li di: “Ekri sa: Depi kounye a, moun ki mouri nan sèvis Senyè a byennere.” Sentespri a di: “Se vre, y ap repoze apre anpil travay yo te fè. Wi, zèv yo ap rann temwanyaj pou yo.”
Latè mwasonnen
14 M gade ankò. Te gen yon nyaj blan. Yon siy ki sanble ak yon moun te chita sou nyaj la. Li pote yon kouwòn an n ò sou tèt li. Nan men li, li gen yon manchèt byen file. 15 Lè sa a, yon lòt anj soti nan tanp lan, li pale avèk fòs, ak moun ki te chita sou nyaj la: “Pran manchèt ou, ranmase rekòt la, paske lè a rive pou rekòlte, paske rekòt latè a pare.” 16 Lè sa a, moun ki te nan mitan nyaj la pase manchèt la sou latè, yo te ranmase rekòt la.
17 Apre sa, yon lòt anj soti nan tanp ki nan syèl la. Li menm tou li te gen yon manchèt byen file. 18 Se lè sa a, yon lòt anj, anj ki gen pouvwa sou dife a, li te soti kote lotèl la ye a. Li pale byen fò ak anj ki te gen manchèt byen file nan men l lan: “Voye manchèt byen file w la, rekòlte grap rezen ki sou latè yo, paske rezen yo pare.” 19 Anj lan voye manchèt li sou latè, li ranmase grap rezen sou latè yo epi li jete yo tout nan gwo basen kòlè Bondye a. 20 Yo te kraze rezen yo nan basen andeyò lavil la. San te koule sou yon distans 300 kilomèt[d] epi monte rive jis nan fè ki bride cheval yo.
Zanj ki pote dènye kalamite yo
15 Apre sa, m wè yon lòt siy nan syèl la. Li te gwo anpil epi li te fè moun sezi. Se te sèt anj ki responsab pou sèt gwo kalamite. Kalamite sa yo, se yo ki dènye. Se avèk yo kòlè Bondye a ap fini.
2 Apre sa, m wè yon lanmè ki sanble yon bagay ki fèt ak kristal mele ak dife. M wè moun yo ki te ranpòte laviktwa nan batay ak bèt la, ak zidòl li a ak nimewo ki reprezante non li a. Yo kanpe sou lanmè an kristal la epi yo kenbe gita Bondye yo nan men yo. 3 Yo t ap chante kantik Moyiz la, sèvitè Bondye a, ansanm ak kantik Ti Mouton an. Yo t ap di:
“Tout sa w fè, se gwo bagay, yo fè moun sezi.
Senyè, Bondye toupisan,
tout sa w fè, yo dwat epi yo san fot,
ou menm ki wa sou tout nasyon yo!
4 Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè.
Tout pèp va fè lwanj pou non ou.
Se ou sèl ki sen.
Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w,
paske jijman ou fè yo dwat.”
5 Apre sa, m gade, m wè tanp lan louvri nan syèl la, kote ki apa pou Bondye a.[e] 6 Epi sèt anj ki responsab sèt kalamite yo soti. Yo te abiye ak yon bèl twal blan ki t ap klere anpil. Sentiwon yo te fèt ak lò. 7 Apre sa, youn nan kat kreyati vivan yo bay sèt anj yo sèt koup ki fèt ak lò ki plen ak kòlè Bondye k ap viv pou tout tan an. 8 Tanp lan te plen ak lafimen ki montre glwa ak pouvwa Bondye. Pèsòn pa t ka antre nan tanp lan, jouktan sèt kalamite sèt anj yo te fin pase.
Koup yo ki plen ak kòlè Bondye a
16 Apre sa m tande yon vwa byen fò nan tanp lan. Li di sèt anj yo konsa: “Al vide sèt koup kòlè Bondye yo sou latè.”
2 Premye a pati, l al vide koup li a sou latè. Tout moun ki te gen mak bèt la epi ki t ap adore zidòl li a te pran nan yon move maleng ki t ap fè yo soufri anpil.
3 Dezyèm anj lan vide koup pa l la sou lanmè a. Lè sa a, lanmè a vin tounen san, menm jan ak san yon moun mouri epi tout bèt nan lanmè a te mouri.
4 Twazyèm anj lan vide koup pa l la nan gwo larivyè yo ak nan sous dlo yo. Yo vin tounen san. 5 Lè sa a, m tande anj ki responsab dlo yo di Bondye konsa:
“Ou menm ki la, ki te toujou la, ou menm ki sen,
ou jis vre, pou fason ou fè jijman w yo.
6 Paske moun yo te fè san koule,
san moun ki apa pou yo ansanm ak pwofèt ou yo.
Kounye a ou ba yo san pou yo bwè.
Se sa yo merite.”
7 Epi m tande lotèl la di:
“Wi, Senyè Bondye toupuisan an,
jijman w yo fèt ak jistis epi yo dwat.”
8 Katriyèm anj lan vide koup pa l la sou solèy la. Solèy la jwenn pouvwa pou l boule moun ak dife. 9 Lè sa a, moun sou latè te boule ak yon chalè tèrib. Men, olye pou yo ta repanti epi bay Bondye glwa, se joure yo te pran joure non Bondye ki gen pouvwa sou kalamite sa yo.
10 Senkyèm anj lan vide koup pa l la sou twòn bèt la. Fènwa te kouvri wayòm bèt la. Moun t ap mòde lang yo tèlman yo t ap soufri. 11 Yo t ap joure Bondye ki nan syèl la, poutèt soufrans yo ak maleng yo, men yo refize chanje kè yo pou yo ta vire do bay move zak y ap komèt yo.
12 Sizyèm anj lan vide koup pa l la sou gwo larivyè ki rele Lefrat la. Dlo a seche nèt pou wa k ap soti nan peyi solèy leve yo ka travèse. 13 Apre sa, m wè twa move lespri, yo te sanble ak krapo, youn t ap soti nan bouch dragon an, youn ki t ap soti nan bouch bèt la, epi youn ki t ap soti nan bouch fo pwofèt la. 14 Lespri sa yo, se demon yo te ye. Se twa lespri demon ki t ap fè anpil mirak. Yo pral rasanble tout wa sou latè pou batay ki gen pou fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.
15 “Tande sa! M ap vini sanzatann, menm jan ak yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, epi ki rete tou abiye. Yo p ap mache toutouni sou moun, pou yo pa wont lè moun wè yo toutouni.”
16 Lespri yo te rasanble wa yo yon kote yo rele Amagedon, nan lang Ebre.
17 Epi setyèm anj lan vide koup pa l la nan lè a. Lè sa a, yon gwo vwa te soti nan tanp lan, se te sou twòn nan l te soti. Li di: “Se fini!” 18 Lè sa a, te gen anpil kout zeklè, anpil gwo vwa k ap fè bri, anpil kout loray ak yon gwo trannmantè. Se te pi gwo trannmantè ki te janm fèt depi latè te gen moun sou li. 19 Gwo lavil la te fann fè twa moso. Lavil tout lòt nasyon yo kraze. Epi Bondye sonje gwo lavil Babilòn nan, li ba l bwè yon koup plen ra bouch ak diven kòlè tèrib li a. 20 Tout zile yo disparèt, pa gen mòn ankò sou latè. 21 Anpil gwo grenn lagrèl te pran tonbe sou moun yo. Grenn lagrèl yo te peze prèske 40 kilo.[f] Epi moun yo te pran joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la. Se te yon kalamite avèk vyolans tèrib.
Fanm ki chita sou bèt la
17 Youn nan sèt anj ki te kenbe sèt koup yo avanse sou mwen epi li di m: “Vini. M pral montre w jijman gwo pwostitye a ki chita sou anpil dlo a. 2 Se ak pwostitye sa a wa sou latè yo livre kò yo nan peche seksyèl yo. Epitou tout moun k ap viv sou latè fin soule tèt yo ak diven pwotitisyon li.”
3 Anj lan mennen m nan yon dezè, pa mwayen Sentespri a. Lè m rive la, mwen wè yon fanm chita sou yon bèt tou wouj. Tout kò l te kouvri ak vye pawòl pou joure Bondye. Li te gen sèt tèt ak dis kòn. 4 Fanm nan te gen yon rad mov ak wouj sou li. Li te chaje ak bijou an ò, ak wòch tout kalite koulè ki gen anpil valè ansanm ak anpil grenn pèl. Li te gen yon koup an ò nan men l ki te plen ak aksyon abominab ak tout bagay sal yon pwostitye gen nan lavi l. 5 Fanm nan te gen yon non ekri sou fon l. Non sa a gen yon sans sekrè. Men non an:
Gwo lavil Babilòn nan
manman tout pwostitye yo
ansanm ak tout move zak sou latè
6 M gade, m wè fanm nan te sou. Li te sou avèk san pèp Bondye a li te bwè. Li sou avèk san moun k ap rann temwanyaj pou Jezi yo. Lè m te wè fanm nan, mwen te sezi anpil.
7 Lè sa a, anj lan di m konsa: “Pou kisa w sezi konsa? M ap di w sekrè fanm nan ansanm ak bèt li monte a, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn nan. 8 Bèt ou wè a, yon tan li te egziste, men li pa egziste ankò. Li gen pou l monte sot nan twou san fon an epi y ap detwi l. Moun k ap viv sou latè va sezi lè yo va wè bèt la, paske gen yon lè l te vivan, li te vin p ap viv ankò, epi li gen pou l vini ankò. Moun sa yo, se moun ki pa t janm gen non yo ekri nan liv lavi a depi mond lan te kòmanse.
9 Ou bezwen sajès pou w konprann sa. Sèt tèt yo se sèt mòn kote fanm nan chita. Se sèt wa yo ye tou. 10 Senk nan yo gentan mouri. Youn nan yo la kounye a, epi dènye wa a ap vini. Lè l vini, l ap fè yon ti tan tou kout. 11 Bèt ki te la nan tan pase a, epi ki pa la ankò a, limenm se yon uityèm wa. Epi li se youn nan sèt wa yo tou. Epi l ap genyen pou l detwi nèt.
12 Dis kòn ou wè yo, se dis wa ki pako jwenn wayòm pa yo. Men y ap jwenn pouvwa pou gouvène ansanm ak bèt la pou inèdtan. 13 Tout wa sa yo gen yon sèl objektif: sèvi ak pouvwa yo pou fè sèvis bèt la. 14 Y ap batay ak Ti Mouton an, men Ti Mouton an ap kraze yo, paske li se Senyè sou tout SENYÈ, Wa sou tout wa yo. Epi l ap gen moun pa l yo avè l, disip ki rete fidèl avè l yo, moun li te chwazi pou moun pa l yo.”
15 Lè sa a, anj lan di m konsa: “Bann dlo ou wè kote pwostitye a chita a, dlo sa yo se pèp, se plizyè ras, se plizyè nasyon ak plizyè lang ki nan mond lan. 16 Dis kòn ou wè yo, ansanm ak bèt la, ap rayi pwostitye a. Y ap pran tout sa pwostitye a genyen, y ap kite l toutouni. Y ap manje tout vyann sou kò l epi y ap boule l nan dife nèt. 17 Se Bondye ki mete nan kè yo pou yo fè sa, pou l rive atenn objektif li, yon sèl objektif: mete pouvwa yo nan sèvis bèt la, jouktan pawòl Bondye yo fin reyalize. 18 Fanm ou te wè a, se gwo vil ki gen pouvwa sou wa ki sou latè a.”
Babilòn detwi nèt
18 Apre sa, m wè yon lòt anj desann soti nan syèl la. Anj sa a te gen anpil pouvwa. Laglwa anj sa a te klere latè byen klere. 2 Anj lan t ap rele byen fò:
“Li kraze!
Gwo lavil Babilòn nan kraze!
Li vin tounen kay tout demon yo.
Lavil la vin tounen yon kote tout move lespri yo rete.
Se yon kote tout kalite zwazo ki pa pwòp yo rete.
Se yon kote tout vye bèt ki pa pwòp ak bèt moun rayi rete.
3 Tout pèp sou latè bwè nan diven an,
diven peche seksyèl la, ansanm ak kolè Bondye a.
Wa ki sou latè yo fè peche seksyèl avèk li,
machann yo ki nan mond lan tou,
yo vin rich avèk anpil richès yo jwenn nan gwo lavil la.”
4 Mwen tande yon lòt vwa ki soti nan syèl la. Li di:
“Pèp mwen, soti nan vil la,
pou w pa patisipe nan peche l yo.
Lè sa a, ou p ap pase anba pinisyon tèrib k ap vin pou li.
5 Peche lavil la fè pil monte rive nan syèl la.
Bondye pa bliye move zak li yo.
6 Trete lavil sa a menm jan l te trete lòt yo.
Remèt li de fwa lavalè sa l te fè.
Mete nan gode pou li yon diven ki de fwa pi fò
pase diven li te bay lòt yo.
7 Li te renmen laglwa ak richès anpil.
Ba l menm kantite a nan soufrans ak nan dèy.
Li t ap di nan kè li:
M chita sou fotèy rèn mwen.
Mwen pa yon vèv;
m p ap janm an dèy.
8 Se poutèt sa, nan yon sèl jou, li pral soufri
yon grangou rèd, dèy ak lanmò.
Se nan dife l ap fini,
paske Senyè Bondye ki jije l la gen anpil puisans.”
9 Wa sou latè yo ki t ap fè peche seksyèl avè l yo epi ki t ap pwofite richès li yo, yo va wè lafimen vil la k ap boule. Yo gen pou yo kriye epi y ap pran dèy poutèt lavil la. 10 Wa yo ap kanpe lwen, nan lapèrèz, poutèt soufrans vil la. Yo va di:
“Elas! Elas, gwo vil la,
o Babilòn, vil ki te gen anpil pouvwa a!
Nan inèd tan sèlman,
ou jwenn jijman w!”
11 Machann toupatou sou latè ap kriye epi y ap pran dèy tou poutèt lavil la. Kounye a, pa gen pèsòn pou achte machandiz yo: 12 Lò, lajan, bèl wòch ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal swa, bèl twal wouj, tout kalite bwa ki santi bon anpil, tout kalite bagay yo fè ak ivwa, an bwa ki koute chè, bagay an bwonz, an fè ak an mab, 13 kanèl ak lòt epis, lami, lansan, diven, lwil doliv, farin frans ak ble, anpil bèf ak mouton, cheval ak cha pou moun monte, kò moun ak nanm moun. Machann yo pran kriye epi yo di:
14 “O Babilòn, bèl bagay yo,
sa ou te renmen yo vire do ba ou.
Tout richès ak bèlte fini pou ou.
Ou p ap janm jwenn yo ankò.”
15 Machann ki te vin rich nan fè komès nan vil sa a, yo kanpe byen lwen l. Laperèz ap tonbe sou yo poutèt gwo soufrans sa yo. Y ap kriye epi y ap pran dèy. 16 Y ap di:
“Ala rèd sa rèd, Gwo lavil la!
Li te konn abiye byen fen ak rad ki fèt ak twal ki koute chè;
li te abiye an mov wouj.
Li te plen lò sou li, wòch ki koute chè ak pèl!
17 Epi nan inèd tan sèlman
tout richès sa yo detwi!”
Tout kapitèn bato yo ki t ap vwayaje sou lanmè a, maren yo ak tout moun k ap fè lapèch kanpe byen lwen lavil Babilòn nan. 18 Yo t ap gade lafimen ki t ap leve soti nan dife a epi yo t ap di: “Pa t janm gen yon vil tankou vil sa a.” 19 Yo t ap voye pousyè sou tèt yo epi yo te pran dèy. Yo t ap di:
“Gade yon tray pou gwo lavil la!
Vil sa a te konn anrichi tout moun ki gen bato sou lanmè poutèt gwo richès li!
Epi men li kraze nèt nan inèd tan!
20 Se pou syèl la fè fèt poutèt sa!
Pèp ki apa pou Bondye a ansanm ak apot yo, pwofèt yo, se pou nou fè fèt!
Bondye pini l
poutèt sa l te konn fè nou.”
21 Lè sa a, yon anj ki puisan anpil pran yon gwo wòch ki lou tankou yon pwa senkant. Anj lan jete wòch la nan lanmè, li t ap di:
“Men kijan yo va kraze Babilòn,
gwo lavil la, yon sèl kou!
Moun p ap janm wè l ankò.
22 O Babilòn, bri mizik ap yo, chantè yo, flit yo ak twonpèt yo
moun p ap janm tande yo lakay ou ankò.
Okenn moun k ap fè djòb
p ap vin lakay ou ankò.
Bri moulen yo,
moun p ap janm tande sa lakay ou ankò.
23 Limyè lanp
p ap janm klere lakay ou ankò.
Bri lamarye ak mesye marye,
yo p ap tande sa lakay ou ankò.
Machann ou yo, se yo ki te pi gran nèg sou latè.
Ou te twonpe tout nasyon yo ak maji w.
24 Ou koupab nan lanmò anpil pwofèt, ou fè san pèp Bondye a koule
ansanm ak tout lòt moun yo touye sou latè.”
Copyright © 2017 by Bible League International