Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Chronological

Read the Bible in the chronological order in which its stories and events occurred.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Revelasyon 1-5

Jan ap entwodui liv la

Liv sa a, se yon seri vizyon ki montre ki moun Jezikris ye. Se Bondye ki bay Jezi revelasyon sa yo, pou l voye montre sèvitè l yo sa k gen pou rive nan yon ti kras tan ankò. Epi, Kris voye Zanj li pou montre Jan, sèvitè l la, bagay sa yo. Se Jan k ap rakonte tout sa l te wè. Sa Jezi di l la se verite a. Se mesaj sa a Bondye voye menm. Moun k ap li liv sa a ansanm ak moun yo k ap tande sa liv sa a di, moun sa yo se moun ki ere, si yo mete an pratik pawòl sa yo. Paske moman ki fikse pou bagay sa yo prèske rive.

Jan voye lèt bay legliz yo

Se Jan k ap ekri voye bay sèt legliz ki nan zòn Azi a:

Gras ak lapè Bondye pou nou, limenm ki la, ki te toujou la, epi ki nan wout ap vini an, ansanm ak sèt espri Bondye yo ki devan twòn li a, ansanm ak Jezikris, temwen fidèl la. Li se premye pami moun ki va resisite yo, li se chèf tout wa sou latè.

Jezikris renmen nou epi ak san li, li delivre nou anba pouvwa peche nou yo. Epi li pran nou, li fè nou vin yon wayòm, yon pil sakrifikatè pou Bondye, Papa li. Se pou li laglwa ak puisans ye pou tout tan gen tan! Amèn.

Gade, men l ap vini avèk nyaj yo! Tout je moun ap wè l, menm moun yo ki te pèse[a] kò l yo. Tout moun sou latè ap kriye anpil epi y ap pote dèy poutèt li menm. Wi, sa pral rive! Amèn!

Senyè a deklare: “Mwen se Alfa ak Omega,[b] mwen se premye, mwen se dènye. Se mwen ki la, ki te la, epi k ap vini an, sila a ki gen tout pouvwa a.”

Mwen se Jan, frè nou, k ap patisipe nan menm detrès la, menm wayòm ak menm pèseverans nan Jezi ak nou. Yo te ekzile m sou zile yo rele Patmòs[c] la, poutèt m t ap di laverite ki konsènen Jezi epi mwen t ap anonse mesaj Bondye a. 10 Nan jou Senyè a, Sentespri Bondye te pran kontwòl mwen nèt, epi m tande yon vwa ki te sonnen byen fò, menm jan ak yon kout twonpèt. 11 Vwa a te di konsa: “Sa ou wè a, ekri l nan yon liv pou voye l bay sèt egliz yo: Efèz, Esmin, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi epi Lawodise.”

12 Mwen vire pou m wè vwa a ki t ap pale avè m nan. Lè m vire, mwen wè sèt chandelye an ò. 13 Epi, nan mitan chandelye yo, mwen wè tankou se yon moun. Li te gen yon wòb tou long sou li ak sentiwon an ò boukle sou pwatrin li. 14 Tèt li ak cheve li te tou blan. Yo te sanble ak yon lenn blan, menm jan ak lanèj. Epi je li te tankou yon flanm dife tou wouj. 15 Pye li te sanble ak bwonz dife fè vin klere anpil. Vwa li te tankou bri vwa gwo dlo k ap desann. 16 Nan men dwat li, li kenbe sèt zetwal, epi nan bouch li, yon nepe soti. Pwent nepe a file epi li koupe nan de bò. Figi li t ap briye menm jan ak yon gwo solèy midi.

17 Lè m wè l, mwen tonbe nan pye l, menm jan ak yon moun mouri. Li poze men dwat li sou mwen epi li di: “Ou pa bezwen pè! Se mwen menm ki premye a, se mwen menm ki dènye a. 18 Se mwen menm ki vivan an. Mwen te mouri, men kounye a, mwen vivan pou tout tan epi mwen gen pouvwa sou lanmò, mwen gen pouvwa sou kote mò yo ye a. 19 Alò, ekri sa ou wè, sa k ap pase kounye a, epi sa k ap rive apre sa. 20 Men ki sans kache sèt zetwal yo ou wè nan men dwat mwen yo genyen, oubyen sèt lanp yo: Sèt zetwal yo se zanj sèt egliz yo epi sèt lanp yo se sèt egliz yo.”

Mesaj Jezi voye bay legliz Efèz la

“Ekri voye bay zanj legliz Efèz la: Men sa moun ki gen sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k ap mache pami sèt lanp an ò yo, men sa l di.

Mwen konnen tout sa w fè, kijan ou travay di. Mwen konnen ou pa kapab sipòte mechan yo. Moun ki di se apot yo ye, poutan se pa vre, ou rive demaske yo, ou jwenn se manti y ap fè. Ou gen bon pèseverans, ou soufri poutèt non mwen epi ou pa janm abandone.

Men sa m genyen kont ou, se paske ou pèdi premye amou ou te genyen okòmansman an. Alò, sonje kote w te ye anvan w te tonbe la a. Repanti w epi rekòmanse viv jan w te ye anvan an. Si ou pa fè sa, m ap vini epi m ap retire pye lanp ou a nan plas kote l ye a. Men gen yon bagay ou fè ki byen, ou rayi sa Nikolayit[d] yo ap fè a. Mwen rayi sa y ap fè a tou.

Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa, m ap ba l dwa pou l al manje fwi pye bwa lavi a[e] ki nan paradi Bondye a.

Mesaj Jezi voye bay legliz Esmin nan

Ekri voye bay anj legliz Esmin nan: Men kisa moun ki premye ak dènye a voye di w, moun ki te mouri epi ki resisite a.

Mwen konnen pwoblèm ou yo, epi m konnen ou pòv, men anreyalite ou rich! Moun ki di yo se Jwif, poutan se pa vre, mwen konnen ki valè ensilte yo ensilte w. Se yon gwoup moun pou Satan yo ye. 10 Ou pral soufri, men pa pè anyen. Satan pral mete kèk nan nou nan prizon. L ap fè sa pou sonde nou. Nou pral soufri pandan di jou, men kontinye rete fidèl, m ap ban nou lavi etènèl pou rekonpans.[f]

11 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa yo, dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo.

Mesaj Jezi voye pou legliz Pègam nan

12 Ekri voye pou anj legliz Pègam nan: Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di w.

13 Mwen byen konnen ki kote w ap viv. Ou ap viv kote Satan gen twòn li a. Men ou kenbe fèm avè m. Ou toujou kenbe lafwa nan mwen, menm nan tan Antipas, se te yon temwen fidèl pou mwen, yo touye l nan menm zòn ou ye a, zòn kote Satan ap viv la. 14 Men m gen kèk bagay pou m repwoche w. Ou gen moun kote w la k ap swiv doktrin Balaam nan. Balaam t ap montre Balak kijan pou l fè pèp Izrayèl la tonbe nan peche, pou fè yo manje vyann yo te ofri bay zidòl epi fè yo tonbe nan peche seksyèl. 15 Ou menm tou, ou gen kèk moun bò kote w k ap swiv ansèyman Nikolayit yo tou. 16 Poutèt sa, ou dwe chanje atitid nèt. Sinon, talè m ap vini, m ap konbat yo, mwen menm, ak nepe ki nan bouch mwen an.

17 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande kisa Sentespri a ap di legliz yo!

Moun ki ranpòte laviktwa yo, m ap ba yo lamàn kache. M ap ba yo chak yon wòch blan tou. Sou wòch sa a, gen yon non nouvo ki ekri, yon non pèsòn lòt moun pa konnen, sèlman moun ki resevwa l la.

Mesaj Jezi voye pou legliz Tiyati a

18 Ekri anj legliz Tiyati a. Di l konsa: Men kisa pitit Bondye a voye di w, li menm ki gen je l menm jan ak flanm dife epi pye li te sanble ak bwonz dife fè vin klere anpil.

19 Mwen konnen kijan ou ap viv, lanmou ou, lafwa ou, sèvis ou, pèseverans ou, epi ou toujou ap chache fè pi plis chak jou. 20 Men, men sa m repwoche w: Ou ap tolere dam yo rele Jezabèl la, li di l se pwofèt, ou kite l ap detounen sèvitè m yo pou fè yo komèt peche seksyèl epi manje viann yo sakrifye bay zidòl. 21 Mwen te ba li tan pou l repanti l, men li refize repanti pou kite move zak li yo.

22 Poutèt sa, m pral jete l sou yon kabann, nan yon gran detrès, ansanm ak tout moun ki t ap fè adiltè avè l yo, sof si yo ta repanti, si yo kite move zak yo. 23 M ap touye moun k ap swiv li yo. Konsa, tout legliz yo va konnen sa moun panse ak sa moun santi. Pou nou tout, m ap fè chak moun pote konsekans aksyon li yo.

24 Pou nou menm, lòt moun nan Tiyati yo ki pa nan doktrin sa a, epi ki pa antre byen fon nan Satan, jan yo di l la, mwen deklare, m pa mete lòt chaj sou nou. 25 Sèlman, sa k nan men nou an, kenbe l fèm jouktan m vini.

26 Moun ki ranpòte laviktwa yo, ki fè volonte m jiska lafen, m ap ba yo pouvwa sou nasyon yo. 27 Y ap dirije nasyon yo ak yon baton anfè, y ap kraze nasyon yo menm jan yo kraze yon po anajil.[g] 28 Se konsa, mwen menm, mwen te resevwa pouvwa nan men papa m. Epi m ap bay moun sa yo zetwal ki klere chak maten an tou. 29 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!

Mesaj Jezi voye bay legliz Sad la

Ekri voye bay anj legliz Sad la. Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo di:

Mwen konnen zèv ou yo. Ou gen repitasyon moun vivan, men ou se yon moun mouri. Reveye w! Rele sou kò w pou w pa fin mouri nèt. Paske, mwen pa twouve aksyon w yo dwat devan Bondye m nan. Sonje kijan ou te resevwa pawòl la ak jan ou te tande l, repanti w epi mete l an pratik. Si ou pa fè atansyon, m ap vin menm jan ak yon vòlè, ou p ap menm konnen kilè m ap rive sou ou.

Men, ou gen kèk moun avè w, nan Sad, yo pa sal rad yo. Y ap mache ansanm ak mwen, abiye toudeblan, paske yo merite sa. Se konsa, moun ki ranpòte laviktwa yo ap abiye toudeblan. Mwen p ap janm efase non yo nan liv lavi a. Epi, m ap temwanye yo se moun pa m, devan Papa m epi devan anj li yo tou. Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!

Mesaj Jezi voye bay legliz Filadèlfi a

Ekri voye bay anj legliz Filadèlfi a: Men sa moun ki sen an epi ki di verite a voye di w. Li genyen nan men kle wayòm David la. Lè l louvri, pèsòn pa ka fèmen. Lè l fèmen, pèsòn pa ka louvri.

Mwen konnen aksyon w yo. Gade: Mwen mete devan w yon pòt louvri, pa gen pèsòn ki ka fèmen l. Paske ou pa gen anpil puisans, poutan ou kenbe pawòl mwen epi ou pa pè temwanye pou mwen. Gade, m ap ba w moun sinagòg Satan yo. Yo di se Jwif yo ye, se pa vre: yo manti. M ap fè yo vin mete ajenou nan pye w pou adore w. M ap fè sa pou yo kapab konnen mwen renmen w. 10 Paske ou pèsevere nan pawòl mwen, menm nan soufrans. Alò, m ap pwoteje w nan peryòd la twoublay k ap vini sou mond lan, yon tan eprèv pou tout moun k ap viv sou latè.

11 M ap vini talè. Kenbe fèm nan la fwa w, pou pèsòn pa pran kouwòn ou. 12 Moun ki va ranpòte laviktwa yo ap sèvi kolòn nan tanp Bondye m nan. Y ap rete la pou tout tan. M ap make yo ak non Bondye m nan, epi ak non lavil Bondye m nan, Lavil Jerizalèm[h] tou nèf la Bondye voye desann soti nan syèl la. M ap make yo ak nouvo non mwen an tou. 13 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo.

Mesaj Jezi voye bay legliz Lawodise a

14 Ekri voye bay anj legliz Lawodise a, di l konsa: Moun ki rele Verite a, ki pale selon verite a, moun ki sous kreyasyon Bondye a, men kisa l voye di w:

15 Mwen konnen aksyon w yo. Mwen konnen ou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito w te frèt oubyen cho! 16 Konsa, poutèt se sèlman tyèd ou tyèd, ou pa ni frèt ni cho, m ap vomi w krache voye jete. 17 Paske, ou met nan tèt ou rich, ou pa bezwen anyen, men se wè ou pa wè ou melere, pòv mizerab, avèg epi toutouni! 18 M ap konseye w achte nan men m yon lò ki bon, ki byen pwòpte nan dife, pou w ka vin rich. Achte rad blan nan men m, pou w mete, pou ou pa wont lè w ap mache toutouni sou moun. Achte nan menm remèd pou mete nan je w, pou ka wè.

19 Moun mwen renmen, mwen tire zòrèy yo pou korije yo. Alò, fè plis efò, repanti w epi chanje konduit ou! 20 Men m kanpe devan pòt la, m ap frape. Si yon moun tande vwa m epi li louvri pòt la, m ap antre manje avè l, epi limenm tou l ap manje avè m.

21 Moun ki ranpòte laviktwa a, l ap chite ansanm ak mwen sou twòn mwen, menm jan mwen menm, mwen ranpòte laviktwa epi mwen chita ansanm ak Papa m sou twòn li a. 22 Se pou tout moun ki gen zòrèy, tande sa Sentespri voye di legliz yo!”

Jan wè kijan yo adore Bondye

Apre sa, m gade, m wè yon pòt louvri nan syèl la. Premye vwa ki te pale avè m di konsa: Monte isit, m ap fè w wè sa k ap rive apre sa. Touswit, Sentespri Bondye pran kontwòl mwen. Mwen wè yon twòn nan syèl la, epi sou twòn nan, te gen yon moun chita. Moun ki te chita sou twòn nan te bèl tankou yon bijou yo rele jasp ak sadwan. Epi toutotou twòn nan, se te yon Akansyèl ki te sanble ak yon wòch yo rele emwod.

Toutotou twòn nan te gen 24 pèsonaj ansyen, chita, abiye toudeblan epi yo te gen kouwòn an ò sou tèt yo. Yon seri kout zeklè, gwo bri ak kout loray ap soti sou twòn nan. Devan twòn nan gen sèt lanp k ap klere byen klere, se sèt Espri Bondye yo. Devan twòn nan, te gen yon bagay ki sanble ak yon lanmè an glas, sanble ak kristal. Nan mitan twòn nan, epi toutotou twòn nan, gen kat kreyati vivan, yo plen je devan kon dèyè.

Premye kreyati vivan an sanble ak yon lyon, dezyèm kreyati vivan an sanble ak yon jenn towo bèf, twazyèm kreyati vivan an sanble ak yon figi moun, epi katriyèm kreyati vivan an sanble ak yon gwo malfini k ap vole. Tout kat kreyati vivan yo te genyen sis zèl. Yo ranpli ak je toutotou epi anndan yo tou. Yo pa sispann ap repete lannwit kou lajounen:

“Sen, sen, Bondye Senyè a sen, li menm ki toupisan an,
    li te la, li la, epi l ap vini!”

Yo t ap chante glwa ak onè pou moun ki te chita sou twòn nan, moun k ap viv pou tout tan an. Epi chak fwa yo te fè sa, 10 24 pèsonaj ansyen yo te tonbe ajenou devan moun ki chita sou twòn nan epi k ap viv pou tout tan gen tan an. Yo adore moun k ap viv pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan twòn nan pandan y ap di konsa:

11 “Senyè Bondye nou,
    ou diy pou resevwa glwa, onè ak pouvwa.
Paske se ou menm ki kreye tout bagay.
    Tout bagay te fèt paske w te vle fè yo.”

Ki moun ki kapab louvri woulo a?

Lè sa a, m wè yon liv sou fòm yon woulo nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan. Woulo sa a te ekri toude bò, anndan kou deyò. Liv la te fèmen epi yo poze sèt sele sou li. Epi m wè yon anj puisan ki t ap kriye byen fò: “Ki moun ki diy pou kase sele yo epi louvri liv la?” Men, ni nan syèl la, ni sou tè a, ni anba tè a, pa genyen pèsòn ki te kapab kase sele yo pou gade anndan liv la. Mwen te kriye anpil, paske pèsòn pa t diy ase pou louvri liv la, pèsòn pa t diy ni menm pou gade sa ki ladan. Men youn nan pèsonaj ansyen yo te di m konsa: Ou pa bezwen kriye! Lyon[i] ki soti nan Jida a, ki soti ras fanmi David la, li kapab louvri woulo liv la epi kase tout sèt sele yo.

Lè sa a, mwen wè yon Ti Mouton kanpe toupre twòn nan, antoure ak kat kreyati vivan yo. Ti Mouton an sanble ak yon mouton yo te ofri an sakrifis. Li gen sèt kòn ak sèt zye. Sèt je yo se sèt espri Bondye voye toupatou sou la tè. Ti Mouton an avanse epi li pran woulo liv la nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan. Lè Ti Mouton fin pran woulo liv la, kat kreyati vivan yo ak 24 pèsonaj ansyen yo tonbe ajenou devan l. Yo chak te gen yon hap nan men yo. Yo te genyen plizyè bòl an ò tou, plen ak lansan, ki se priyè moun pa Bondye yo. Yo t ap chante yon nouvo chan:

“Ou diy pou w pran woulo liv la
    epi pou kase sele yo,
paske ou te mouri an sakrifis,
    epi ak san ou, ou te achte pou Bondye
    moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.
10 Ou fè ak yo yon wayòm sakrifikatè pou Bondye nou an,
    y ap gouvènen ansanm avè l sou tè a.”

11 Epi m gade, m tande vwa yon pil anj. Anj yo te reyini toutotou twòn nan, kreyati vivan yo ak pèsonaj ansyen yo. Se te pa miryad ak pa milye yo te konte![j] 12 Zanj yo t ap di byen fò:

“Tout pouvwa, tout richès, tout sajès, ak tout puisans
    se pou Ti Mouton an ki te mouri an sakrifis la.
Li diy pou l resevwa
    onè, glwa, ak louwanj!”

13 Lè sa a, m tande tout kreyati ki nan syèl la ak sou tè a epi anba tè a ak nan lanmè a, tout bagay tout kote, yo tout t ap di:

“Tout louwanj ak onè
    ak glwa ak puisans pou tout tan gen tan,
    se pou moun ki chita sou twòn nan ansanm ak Ti Mouton an!”

14 Kat kreyati vivan yo di konsa: “Amèn!” Epi pèsonaj ansyen yo pwostène ajenou, yo t ap adore.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International