Chronological
1 Mwen se Simon Pyè, sèvitè ak apot Jezikri k ap salye nou.
M ap ekri pou nou tout ki te resevwa yon lafwa ki te ban nou menm benediksyon nou genyen yo. Nou te jwenn lafwa sa a, paske Bondye ansanm ak Sovè nou Jezikris toujou fè sa ki jis epi ki san defo.
2 Poutèt nou konnen Bondye ak Jezi, Senyè nou an, se pou yo ban nou gras ak lapè an abondans.
Bondye ban nou tout sa n gen bezwen
3 Nan pouvwa Bondye genyen, Jezi ban nou tout sa nou bezwen pou n ka viv epi sèvi l ak fidelite. Li te fè nou konnen moun ki te rele nou an, pou fè n patisipe nan glwa ak nan bonte li. 4 Konsa, Bondye fè n anpil gwo pwomès ki gen anpil valè. Pwomès sa yo ede n kite tout vye kòripsyon ki nan lemonn, pou n vin patisipe nan nati Bondye li menm.
5 Poutèt nou genyen benediksyon sa yo, an n fè tout sa n kapab pou n mete bagay sa yo nan lavi nou: mete bon konduit sou lafwa nou; mete konesans sou bon konduit nou; 6 mete ladrès nan kontwole tèt nou sou konesans nou; mete pasyans sou ladrès nan kontwole tèt nou; mete devouman pou Bondye sou pasyans nou; 7 mete jantiyès pou frè ak sè an Kris yo sou devouman nou pou Bondye; epi mete lanmou sou jantiyès nou pou frè ak sè an Kris yo. 8 Lè n gen bagay sa yo nan lavi nou, lè y ap ogmante detanzantan, nou p ap janm tonbe nan pwen pou n ta vin pa itil Bondye ankò. N ap pote fwi ki soti nan konesans Jezikris, Senyè nou an. 9 Men, moun ki pa grandi nan domèn sa yo, yo avèg. Yo pa wè klè sa yo genyen. Yo bliye Bondye te netwaye peche yo te genyen yo.
10 Poutèt sa, frè ak sè m yo, fè jefò pi plis pou nou ka konfime apèl ak chwa Bondye te fè pou nou an. Si nou fè sa konsa, nou p ap janm tonbe. 11 Wi, Bondye va louvri Wayòm ki p ap fini an byen laj pou nou, Wayòm Jezikris, Sovè ak Senyè nou an.
12 Se poutèt sa m vle fè n toujou sonje bagay sa yo. Se bagay nou konnen deja, nou toujou rete fèm nan verite nou te resevwa a. 13 Pandan m ap viv sou tè sa a toujou, m kwè se jis pou fè n toujou sonje bagay sa yo. 14 M konnen m pa lwen mouri. Jezikris, Senyè nou an, te fè m konn sa. 15 Men apre m fin pati, m ap fè tout sa m kapab, pou n toujou sonje ansèyman m yo.
Nou te wè laglwa Kris la
16 Paske, lè n ap pale sou pouvwa Jezikri genyen epi lè n di l ap retounen, nou pa rakonte istwa ki pa verite a, bagay moun envante ak pwòp entèlijans yo non! Se wè nou wè grandè li menm ak de grenn je nou. 17 Jezi te resevwa onè ak laglwa ki soti kote Bondye, Papa a. Lè sa a, li te tande vwa Bondye ki gen grandè ak laglwa a ki te di: “Sa a se Pitit Gason mwen, Pitit mwen renmen an. Se li menm ki fè kè m kontan anpil.” 18 Epi nou te tande vwa a. Vwa a te soti nan syèl la, lè n te ansanm ak Jezi sou Mòn ki apa pou Bondye a.[a]
19 Sa fè n vin gen plis konfyans nan pawòl pwofèt yo. Nou byen fè, lè n bay pwofesi yo anpil enpòtans. Yo tankou yon lanp k ap klere yon kote ki fè nwa, jouk li prèske jou, tankou lè zetwal bajou kase a pote plis limyè nan kè nou. 20 Sa ki pi enpòtan, se pou n konnen pa gen okenn pwofesi nan Bib la yon pwofèt ka bay ak pwòp konpreyansyon l. 21 Paske, pa gen okenn pwofesi ki soti nan sa yon pwofèt te anvi di. Men se Sentespri Bondye ki pouse moun bay mesaj ki soti nan Bondye.
Fo doktè yo
2 Nan tan pase, te gen fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a. Se menm bagay la ki pral rive nou. Nou pral genyen kèk fo doktè nan gwoup nou yo. Yo pral ansenye bagay ki fo, yon bann bagay k ap mennen moun sou chemen destriksyon. Epi fò n entèlijan pou n rive wè sa y ap di a pa bon nan jan yo ansenye a. Yo menm ap rive pa swiv Senyè a ki te sove yo. Epi se konsa y ap detwi pwòp tèt yo. 2 Anpil moun pral swiv yo nan fè sa k pa bon. Epi yo menm ak lòt moun pral pase chemen verite a nan betiz. 3 Fo doktè sa yo, se lajan ase yo vle fè. Poutèt sa, y ap sèvi avè n epi rakonte nou yon bann istwa ki pa verite a. Pou moun sa yo, jijman yo pare lontan deja, kondanasyon yo p ap dòmi.
4 Paske, menm zanj nan syèl la ki te peche, Bondye pa t kite yo ale san l pa t pini yo, li voye yo nan lanfè etènèl. Li mete yo nan prizon fènwa pou tann jou jijman yo.
5 Bondye pa t epanye pèp mechan yo ki t ap viv nan tan lontan. Li voye yon gwo lavalas dlo pou detwi pèp ki te kont li yo. Men li te sove Noye ansanm ak sèt lòt moun. Noye se te yon moun ki t ap preche pou moun viv yon fason ki dwat.
6 Bondye te pini vil Sodòm ak Gomò yo tou. Li boule yo tout tounen sann. Li fè vil sa yo sèvi egzanp pou sa k gen pou rive pèp ki kont Bondye yo. 7 Poutan Bondye sove Lo, nonm jis la, ki t ap gade ak tristès jan pèp yo t ap viv nan imoralite. 8 Nonm lavi dwat sa a t ap viv nan mitan pèp mechan yo chak jou. Kè l te tris pou l wè epi tande bann move zak yo t ap komèt.
9 Konsa, nou wè, Bondye konnen kijan pou l prezève moun ki fè lwanj pou li yo. L ap sove yo anba latwoublay yo. Epi Bondye ap kenbe mechan yo pou l ka pini yo nan jou jijman an. 10 Pinisyon sa a se pou moun ki toujou ap swiv move dezi feblès lèzòm nan lachè yo, pou moun ki rayi otorite Bondye. Yo fè sa yo vle, epi yo gen fyète pou pwòp tèt yo. Yo pa pè anyen, yo pa menm pè di move pawòl kont kreyati ki gen anpil glwa.[b]
11 Poutan, zanj yo ki gen plis puisans epi ki pi fò pase lèzòm, yo pa janm akize yo nan prezans Senyè a. 12 Men fo doktè sa yo, yo di move pawòl sou bagay yo pa konnen. Yo sanble ak zannimo ki pa gen bon konprann, ki pran nan pyèj yo pare pou touye yo. Y ap peri nan pye travay yo. 13 Konsa yo va soufri. Se konsa y ap jwenn sa yo merite pou sa yo te fè. Se yon plezi pou yo, lè yo komèt move zak deprave gwo lajounen. Lè y ap manje ansanm avè nou, yo pran plezi yo nan bay manti. Prezans yo bay moun kè plen, prezans yo fè moun wont.
14 Je yo ap gade toupatou kote yon fi ap soti. Yo toujou anvi komèt peche konsa. Yo atire moun ki fèb pou fè yo tonbe nan peche. Se yon bann moun ki gen lanbisyon pou lajan. Yo anba malediksyon.[c]
15 Fo doktè yo kite bon chemen an, yo pèdi. Yo pran menm wout ak Balaam, pitit Bozò a. Li te renmen fè yo peye l pou l fè sa ki mal. 16 Men se te yon bourik ki te di l sa l t ap fè a pa bon. Yon bourik pa konn pale, se vre, men bourik sa a pale ak yon vwa moun epi li frennen pwofèt la nan zak foli li t apral komèt la.
17 Fo pwofèt sa yo, se tankou sous ki pa gen dlo. Yo tankou nyaj gwo van ap pouse. Gen yon plas ki rezève pou yo kote ki fènwa anpil la. 18 Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se konsa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont. 19 Fo doktè sa yo ap pwomèt moun liberasyon, poutan yo menm, yon bann plezi peche domine yo epi fè yo vin esklav.
20 Moun ki konnen Jezikri, Senyè ak Sovè nou an, moun sa yo vire do bay move enfliyans lemonn. Men si yo retounen nan menm move bagay sa yo, yo ka tonbe anba kontwòl yo ankò. Lè sa a, sitiyasyon yo vin pi mal pase anvan. 21 Yo konnen bon chemen an, men yo vire do bay kòmandman Bondye yo te aprann yo. Nan ka sa a, li ta pi bon pou yo pa t janm konn chemen sa a. 22 Kounye a, sa k rive yo a montre sa pwovèb la di a se vre: “Chen an manje sa l fin vomi a ankò”[d] epi tou “kochon yo fenk fin benyen an tounen al woule nan m a labou ankò.”
Jezi ap retounen
3 Zanmi m yo, sa se dezyèm lèt m ap ekri nou. Nan toulede, m ap chache fè n sonje kèk bagay nou konnen deja, pou m kapab ede n reflechi yon fason ki dwat. 2 M ta renmen nou sonje pawòl pwofèt ki apa pou Bondye yo te konn ap di nan tan pase yo. Se pou n sonje kòmannman apot nou yo te ansenye nou tou: se kòmannman Senyè a ak Sovè a yo ye.
3 Li enpòtan pou n konnen kijan sa pral pase nan dènye tan an. Se nan rizib moun pral pase nou, poutèt ansèyman nou te resevwa a. Yo pral kontinye viv nan move bagay sal yo vle fè yo. 4 Yo pral di: “Jezi te pwomèt l ap retounen, kote l? Zansèt nou yo mouri, epi depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn, bagay yo rete jan yo te ye, depi lakreyasyon”.
5 Moun sa yo refize sonje sa k te pase nan tan lontan. Te gen syèl epi te gen tè a Bondye te kreye pa mwayen dlo epi li fè l soti nan dlo. Tou sa te rive fèt pa mwayen pawòl Bondye. 6 Epi tout bagay ki te egziste te peri nan dlo. 7 Poutan se menm pawòl sa a ki deklare syèl ak tè nou genyen kounye a rezève pou dife detwi yo, nan jou jijman kote Bondye pral pini moun ki kont li yo.
8 Men, byenneme m yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: “Pou Senyè a, yon jou se menm jan ak mil an, epi mil an se menm jan ak yon jou. 9 Senyè a pa an reta nan akonpli pwomès li yo, jan kèk moun konprann li an reta a. Men se pasyans li genyen pou nou konsa. Li pa vle okenn moun peri, men pou tout moun rive repanti.”
10 Lè Senyè a ap vini, se sanzatann, menm jan ak lè yon vòlè ap vin vòlè. Jou sa a, syèl la ap fè yon bri tèrib epi l ap disparèt. Dife ap detwi tout bagay yo ki nan syèl la. Tè a ansanm ak zak abitan l yo pral jije.[e] 11 Poutèt se konsa tout bagay sa yo gen pou yo detwi, konprann byen sa n dwe fè! Fòk nou gen yon konduit ki sen, ki montre atachman nou ak Bondye. 12 Nou dwe ap tann jou Senyè a rive epi swete li vini prese prese. Lè jou sa a va rive, dife ap detwi syèl la epi tout sa ki nan syèl la ap fonn. 13 Men Bondye fè nou yon pwomès. N ap tann pwomès la reyalize, yon syèl tou nèf ak yon tè tou nèf. Se yon plas kote lajistis va rete.
14 Se poutèt sa, frè m yo, pandan n ap tann jou sa a rive, an n fè anpil efò pou n mennen yon lavi ki pwòp epi san repwòch nan je Bondye. Epi tou n ap viv an pè avèk Bondye. 15 Sonje se grenmesi pasyans Senyè a nou sove. Se sa frè byenneme nou an, Pòl, di nan sa l ekri ak sajès Bondye ba li. 16 Se sa li ekri nan tout lèt li yo. Gen pasaj nan sa li ekri yo ki difisil pou moun rive konprann. Se rezon sa a ki fè kèk inyoran, moun ki pa merite yo fè yo konfyans, chanje sans yo epi entèprete yo mal. Dayè, yo fè menm bagay nan anpil lòt pasaj nan Bib la. Men lè y ap fè sa, se detwi y ap detwi pwòp tèt yo.
17 Men pou nou menm, byenneme, kounye a mwen fè n konn sa. Pridans! Pa kite lènmi Bondye yo twonpe nou, pa kite yo pouse nou fè menm fot ak yo. Se konsa n ap rete fèm nan lafwa nou. 18 Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikri. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.
1 Mwen menm se Jid, sèvitè Jezikris la, epi frè Jak la. M ap ekri pou tout moun Bondye rele yo. Li renmen yo epi l ap gade yo pa mwayen Jezikris.
2 M ap priye pou Bondye ban nou mezerikòd, lapè ak lanmou l pi plis toujou.
Bondye ap pini moun k ap fè sa ki mal yo
3 Byeneme m yo, se pa ti anvi mwen te anvi ekri nou osijè delivrans nou tout ap pataje ansanm lan. Men m santi yon pouse pou m ekri nou sou yon lòt bagay: pou m ka ankouraje nou pou n defann lafwa Bondye bay moun ki apa pou l yo, yon fwa pou tout. 4 Gen kèk moun ki foure kò yo an kachèt pami nou. Se yon bann moun ki gentan kondane deja poutèt sa y ap komèt. Depi lontan Ekriti Sent yo te gentan anonse chatiman yo. Se moun ki kont Bondye yo ye. Y ap tòde sans mesaj gras Bondye a, pou yo kapab jistifye imoralite y ap komèt. Epi yo refize swiv Jezikris, ki se sèl Mèt ak sèl Senyè nou an.
5 Mwen vle ede nou sonje kèk bagay nou konnen deja: Sonje Senyè a[a] te sove pèp li a, lè l te kondui yo soti nan peyi Lejip. Men apre sa, li te detwi tout moun ki pa t kwè yo. 6 Epi sonje tou, istwa yon seri zanj ki te pèdi otorite yo, yo te kite demè yo. Senyè a anchennen yo pou tout tan nan fènwa pou tann gran jijman final la. 7 Sonje tou sa k te rive Sodòm ak Gomò ansanm ak lòt vil ki te toutotou yo. Sete menm jan ak move zanj yo. Yo te fè peche seksyèl, yo te menm rive fè sèks ak kreyati ki pa moun. Poutèt sa, yo te kondane pou lanfè etènèl la. Sa se te pou trase yon egzanp pou tout moun.
8 Malgre sa, moun sa yo ki antre nan mitan nou yo, yo fè menm jan ak abitan vil sa yo. Y ap imajine bagay ki pa vre. Y ap swiv move lanvi kò yo. Yo meprize otorite Senyè a epi y ap ensilte zanj ki nan glwa yo. 9 Menm Michèl, chèf zanj yo, li pa fè bagay konsa. Poutan, li te nan yon bon chire pit ak lespri malen an, poutèt kò Moyiz. Nan chire pit sa a, li pa t oze ensilte l. Li di sèlman: “Se pou Senyè pini w!”
10 Poutan, mesye sa yo ap kritike bagay yo pa konprann. Yo konprann kèk ti bagay. Men se pa ak entelijans yo, se sa yo santi, menm jan ak bèt yo ki pa gen entelijans pou konprann bagay yo. Epi se bagay sa yo ki detwi yo nèt. 11 Malè pou yo! Paske yo pran menm chemen ak Kayen,[b] menm wout ak Balam,[c] y ap bay manti pou lajan. Y ap peri, paske yo revòlte kont Bondye, menm jan Kore[d] te fè.
12 Moun sa yo se yon danje pou repa kominyon fratènèl nou yo. Yo manje epi bwè ak nou, san yo pa pè anyen. Yo panse sèlman ak pwòp tèt yo. Yo menm jan nyaj van ap pouse san lapli. Yo menm jan ak pye bwa ki pa janm donnen. Yo san rasin, se vye bwa ki mouri menm de fwa yo ye. 13 Y ap repann vye aksyon sal yo yon fason tout moun ap gade, menm jan lanm lanmè k ap jete vye fatra sou plaj yo. Yo se menm jan ak zetwal ki pa konnen ki kote pou yo ale. Bondye rezève pou yo yon plas nan kote ki pi fenwa a.
14 Enòk, ki se setyèm desandan depi Adan, li te pwofetize sou yo. Li te di konsa: “Koute sa, Senyè a ap vini avèk lame zanj li yo ki sen. 15 L ap jije yo tout. L ap kondane tout mechan yo pou tout move zak yo te komèt kont li yo. L ap kondane sa k ap peche ak ògèy yo, pou jan yo te ensilte l la ak tout vye pawòl yo.”
16 Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.
Yon avètisman ansanm ak sa yo dwe fè
17 Men ou menm, byeneme, se pou w sonje sa apot Jezikris, Senyè nou an te di ki gen pou vini. 18 Yo te di: “Nan dènye tan yo, pral gen moun k ap pase Bondye nan betiz epi y ap viv jan yo vle nan swiv move tandans kè yo.” 19 Moun sa yo, se yo menm k ap simen divizyon nan mitan nou. Se moun k ap viv dapre lachè, yo pa gen Sentespri Bondye a.
20 Ou menm, Byeneme, kontinye fonde lavi w nan lafwa. Se pou w priye avèk èd Sentespri a. 21 Rete nan lanmou Bondye. Mete konfyans ou nan Senyè Jezikris. Nan mizerikòd li, l ap ban w lavi etènèl.
22 Ede moun ki gen dout nan kè yo. 23 Ann rache yo soti anba dife lanfè. Pou kèk lòt moun, nou dwe gen pitye pou yo. Men se pou n pridan anpil pou salte lavi yo pa tonbe sou nou.
Louwanj pou Bondye
24 Bondye ki gen tout pouvwa a, k ap prezève nou pou n pa tonbe, epi k ap fè nou prezan devan li nan glwa li, san repwòch epi nan lajwa, 25 Pou Bondye sèl Sovè nou an, pa mwayen Jezikris, se pou tout glwa, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite rasanble nan men li menm sèl, depi kounye a epi pou tout tan! Amèn!
Copyright © 2017 by Bible League International