Chronological
1 Mwen menm, Pòl, mwen se apot Jezikris,[a] paske se sa Bondye vle. Mwen gen responsabilite pou m anonse pwomès lavi a, pa mwayen Jezikris.
2 Mwen vle salye w, Timote, pitit byeneme m nan.
Gras, mizerikòd ak lapè Bondye Papa a, ansanm ak Jezi, Senyè nou an avè w!
Remèsiman ak ankourajman
3 Nan priyè mwen, lannuit kou lajounen, mwen toujou sonje w. Epi mwen rann Bondye gras poutèt ou menm. Se li menm ki Bondye zansèt mwen yo t ap sèvi epi se li mwen menm mwen toujou ap sèvi ak konsyans mwen byen klè. 4 Lè m ap sonje dlo nan je w, m ta byen renmen rewè w pou kè m ka ranpli ak lajwa. 5 Mwen sonje kijan ou gen yon lafwa ki sensè. Se konsa Loyis, grann ou te ye epi apre sa, manman w Enis te konsa tou anvan w. M wè se menm lafwa sa a ki nan ou tou, mwen sèten se vre. 6 Se poutèt sa m ap fè w sonje sa: kenbe flam don Bondye ba w la byen limen. Don ou te resevwa lè m te poze men m sou tèt ou a. 7 Paske Sentespri Bondye ban nou an, li pa rann nou timid. Okontrè, Lespri sa a ranpli nou ak fòs, ak lanmou epi ak bon kontwòl sou tèt nou.
8 Konsa, ou pa dwe wont rann temwanyaj pou Senyè nou an. Epi, pa wont pou mwen tou ki nan prizon poutèt Senyè a. Men, soufri avèk mwen pou Bòn Nouvèl la, avèk puisans Bondye.
9 Bondye sove nou epi li rele nou pou n vin yon pèp apa pou li. Li pa fè sa poutèt sa nou te fè, men se paske li deside l konsa. Se yon don gratis li fè nou nan Jezikris, anvan menm lemonn te egziste. 10 Kounye a, don an parèt aklè, lè Jezikris te vin fèt. Li kraze puisans lanmò epi pa mwayen Bòn Nouvèl la, li montre nou chemen lavi pou tout tan.
11 Bondye ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl sa a kòm yon apot, epi kòm yon pwofesè. 12 Se poutèt sa m ap soufri kounye a. Men m pa wont. Mwen konnen nan kilès mwen plase konfyans mwen. Mwen sèten Bondye gen ase puisans pou l pwoteje m nan sa l ban m fè a, jouk nan dènye jou a.
13 Sa w tande m anseye, se sa ou dwe anseye tou. Se pou w swiv modèl yon ansèyman ki san fot avèk lafwa epi lanmou nou genyen pa mwayen Jezikris. 14 Ansèyman sa yo, se yon gwo trezò ou te resevwa pou w gade. Se pou w pwoteje l pa mwayen èd Sentespri a, li menm k ap viv nan nou.
15 Ou konnen tout moun nan Lazi te abandone m. Menm Fijèl ak Emojèn te vire do ban mwen. 16 M ap priye pou Bondye gen mezerikòd pou fanmi Onezifò. Plizyè fwa Onezifò te ankouraje m. Li pa t wont poutèt mwen te nan prizon an. 17 Non, li pa t wont. Lè l te vini nan lavil Wòm, li chache jouktan l jwenn mwen. 18 M ap priye Senyè Jezi pou Onezifò kapab jwen mezerikòd Bondye nan jou sa a. Ou konnen ki valè ede frè sa te ede m nan Efèz.
Yon sòlda Jezikris ki lwayal
2 Timote, ou se yon pitit gason pou mwen. Se pou w chache vin pi solid toujou nan gras ak nan lanmou Jezikris la. 2 Sa w tande m anseye devan tout moun, se pou w anseye lòt moun menm bagay yo. Pataje yo ak moun de konfyans ki gen kapasite pou anseye lòt moun menm bagay yo. 3 Menm jan ak yon bon sòlda pou Jezikris, se pou ou aksepte pòsyon soufrans pa nou an. 4 Yon sòlda dwe toujou obeyi kòmandan ki chèf li. Konsa, li pa pase tan l nan bagay ki pa gen rapò ak responsabilite l. 5 Atlèt k ap kouri yo, yo dwe respekte tout règ yo, pou yo genyen laviktwa. 6 Kiltivatè k ap travay di, se li ki dwe premye pou jwenn benefis rekòlt la. 7 Panse sou sa m di w la a. Epi Senyè a ap ede w konprann tout bagay.
8 Sonje Jezikris soti nan ras fanmi David, dapre Levanjil m ap preche a, li leve soti vivan nan lanmò. 9 Se poutèt Levanjil sa a, mwen anba soufrans sa yo, mwen menm rive pran prizon kòm yon malveyan. Men mesaj Bondye a pa nan prizon. 10 Se poutèt sa, mwen anba soufrans sa yo, poutèt moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou kapab rive nan delivrans ki genyen nan Jezikris la, ansanm avèk yon laglwa san fen.
11 Men sa ki sèten:
Si nou mouri avèk Kris,
n ap viv ansanm avè l tou.
12 Si nou rete fidèl menm nan soufrans,
n ap renye avè l tou.
Si nou refize di nou konnen l,
l ap refize di li konnen nou tou.
13 Si nou pa fidèl,
li menm, l ap toujou rete fidèl,
paske li pa kapab nye pwòp tèt li.
Yon ouvriye ki fè Bondye plezi
14 Fè tout moun sonje sa. Devan Bondye, se pou w rekòmande moun yo avèk fòs pou yo pa batay sou yon seri de mo. Sa p ap sèvi anyen, sa ap fin demoli moun k ap koute yo sèlman. 15 Ou menm, fè tout sa w kapab pou w prezante w san repwòch devan Bondye, yon moun k ap travay pou Bondye, ki kontan nan sa l ap fè epi k ap preche mesaj Bondye korèkteman.
16 Pa antre nan vye diskou ki pa gen okenn sans, ki pa ale nan menm sans ak lafwa. Wi, moun konsa, se moun k ap ale pi lwen Bondye tanzantan. 17 Move ansèyman yo ap vale tèren menm jan ak yon maladi ki anndan yon kò. M ap pale de Imene ak Filèt: 18 Yo vire ale lwen verite a epi y ap kraze lafwa plizyè moun, lè y ap di rezireksyon an gentan rive deja.
19 Poutan, fondasyon Bondye plante a p ap janm ranvèse, men sa ki ekri sou sa: “Senyè a konnen moun ki moun pa l yo”.[b] Men kèk lòt pawòl ankò: Nenpòt moun ki di yo kwè nan Senyè a, li dwe sispann fè sa ki mal.
20 Nan yon gwo kay, genyen bagay ki fèt an ò, gen lòt ki an lajan. Men tou, genyen bagay ki fèt avèk bwa, lòt avèk tè ajil. Kèk nan bagay sa yo, yo la pou itilize nan moman espesyal, lòt yo pou itilizasyon òdinè. 21 Senyè a vle itilize w pou moman espesyal yo. Poutèt sa, netwaye lavi w, retire tout sa k pa bon. Lè sa a, ou va san peche, epi Mèt la va kapab itilize w. Ou va prèt pou fèt tout sa ki byen.
22 Kanpe lwen yon seri de move bagay jenn moun tankou w yo konn vle fè. Toujou chache fè sa ki dwat, chache gen lafwa, lanmou ak lapè avèk moun k ap priye Senyè a ak kè yo pwòp. 23 Men, pa mele nan vye diskisyon ki pa gen sans. Ou konnen, vye diskisyon konsa toujou fini nan kont. 24 Yon sèvitè Senyè a pa dwe nan diskisyon ki mennen kont ak moun. Ou dwe byen ak tout moun. Ou dwe anseye byen. Epi ou Dwe gen pasyans. 25 Ou dwe korije moun ki kont ou yo avèk dousè. Ou pa janm konnen, Bondye kapab chanje yo pou fè yo aksepte verite a. 26 Lè sa a, y o va chape soti nan pèlen lespri malen an ki fè yo vin esklav li, pou fè yo fè sa l vle.
Anpil moun pral sispann renmen Bondye
3 Ou dwe konnen sa: nan dènye jou yo, pral gen tan ki difisil. 2 Lèzòm ap vin egoyis, zanmi lajan. Yo pral vante tèt yo, y ap ògeye epi yo pral ensilte Bondye. Yo p ap obeyi paran yo ankò, yo p ap kapab remèsye moun ankò. Y ap vin drese yo kont tou bagay ki fè Bondye plezi yo. 3 Yo p ap gen kè sansib pou pèsòn, y ap san pitye, y ap pale moun mal. Yo p ap kapab kontwole tèt yo ankò, y ap kriminèl, y ap drese yo kont tou sa ki byen. 4 Zanmi pral trayi zanmi, y ap vyolan, ògèy ap bouche je yo pou yo pa wè. Y ap pi renmen plezi pase Bondye. 5 Y ap fè kòmsi se Bondye y ap adore, men anreyalite, y ap refize puisans ki pou ede yo adore Bondye epi fè l plezi vrèman. Moun konsa, retire kò w sou yo!
6 Gen kèk nan yo ki pran abitid mache lakay moun. Yo pran yon seri medam ki fèb nan pyèj yo. Medam sa yo te gentan chaje peche deja epi lafwa yo pa t solid. Medam sa yo se moun tout kalite lanvi ap mennen. 7 Yo toujou ap aprann yon bann bagay, men yo pa janm rive konnen verite a vre. 8 Se menm jan ak Janès epi Janbrès[c] nan tan lontan, ki te konbat kont Moyiz. Se menm jan an tou, moun sa yo ap batay kont verite a. Se yon bann moun ki gen lespri yo bouche, lafwa moun sa yo pa vo anyen. 9 Men se pa moun k ap rive lwen nan sa yo vle fè a. Tout moun ap rive wè se moun ki pa byen nan tèt yo ye, menm jan yo te rive dekouvri kilès Janès ak Janbrès te ye.
Dènye enstriksyon
10 Men ou menm, ou toujou ap swiv jan mwen anseye, konpòtman mwen. Ou konnen pwojè m yo. Ou konnen lafwa mwen, pasyans mwen, lanmou mwen, fidelite mwen. 11 Ou konnen kijan yo te atake m di, ak tout soufrans mwen te konnen nan Antyòch ki nan Pisidi a, nan Ikòn, nan List. Wi, mwen soufri anpil. Poutan, Senyè a delivre m anba tout latwoublay sa yo. 12 Dayè menm, tout moun ki vle mennen yon lavi ki fidèl epi ki makònen avèk Jezikris, y ap jwenn pèsekisyon. 13 Men mechan yo k ap fè bagay pou twonpe moun yo, yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo. Y ap mache twonpe moun epi lòt moun menm ap twonpe yo tou.
14 Ou menm, se pou w kontinye swiv ansèyman ou te resevwa a. Ou konnen se li ki bon, paske ou konnen ou kapab fè moun ki te anseye w yo a konfyans. 15 Depi w piti, ou konnen Bib la. Sa ki nan Bib la kapab rann ou saj. Epi sajès sa a mennen nan lavi etènèl pa mwayen lafwa nan Jezikris. 16 Se Lespri Bondye ki fè ekri tout sa ki nan Bib la. Li bon pou anseye, pou montre moun sa ki pa bon nan lavi yo. Epi li bon tou pou korije fot, pou anseye kijan pou moun viv yon jan ki dwat. 17 Lè moun ap sèvi ak Bib la, y ap prepare epi y ap genyen tout sa yo bezwen pou yo fè zèv ki bon.
4 Men sa m ap mande w ak tout fòs mwen, nan prezans Bondye ak nan prezans Jezikris ki gen pou vin jije vivan kou mò, epi pou tabli wayòm li a. 2 Se pou w preche Levanjil epi toujou ensiste, menm si moman an pa favorab. Di moun yo sa yo dwe fè, ekzòte yo, ankouraje yo avèk anpil pasyans, se pou w toujou chache anseye tout moun.
3 Paske, gen yon jou k ap vini, moun yo p ap vle tande yon ansèyman ki dwat. Men yo pral swiv moun k ap anseye bagay ki fè yo plezi. Yo pral fè apèl ak moun k ap di sa yo ta renmen tande. 4 Yo pral fèmen zòrèy yo pou yo pa koute verite a epi yo pral louvri zòrèy yo pou koute vye istwa k ap bay manti. 5 Men ou menm, kontwole tèt ou byen nan tout bagay. Sipòte soufrans, travay nan anonse Levanjil. Travay pou w yon bon sèvitè.
6 Paske pou mwen menm, lavi m pral kòm yon sakrifis pou Bondye. Lè a rive pou m kite tè sa a. 7 Mwen te mennen yon bon konba, mwen fini kouri nan kous la, mwen sèvi Senyè a fidèlman. 8 Kounye a, mwen ranpòte laviktwa. Kouwòn rekonpans kous la ki montre mwen se yon moun ki dwat devan Bondye a, l ap tann mwen. Wi, Senyè a, ki rann jistis san patipri, l ap ban mwen l, lè jou a va rive. Se pa mwen menm sèlman, men tout moun ki t ap tann jou Senyè a va retounen, avèk lanmou nan kè yo pou li, l ap bay yo l tou.
Kèk pawòl pèsonèl
9 Fè sa w kapab pou w vin jwenn mwen byen vit. 10 Paske Demas renmen lemonn twòp, se pou sa li pati kite m. Li pati ale Tesalonik. Kresens li menm, li ale nan Galasi, epi Tit ale nan Dalmasi. 11 Se sèlman Lik ki rete avè m. Lè w ap vini, mennen Mak avè w, paske l ap enpòtan pou mwen nan travay m ap fè isit la. 12 Mwen voye Tichik ale nan Efèz.
13 Lè m te nan Twoas, mwen te kite yon manto m lakay Kapis. Lè w ap vini, pote l pou mwen. Pote liv mwen yo pou mwen tou, liv ki sou pachemen yo, se yo m bezwen.
14 Aleksann, fòjewon an, li fè m anpil mechanste. Senyè a ap jije l daprè zèv li. 15 Ou menm tou, veye kò w avè l, paske se yon nonm k ap fè opozisyon ak tout sa n ap anseye.
16 Lè m t ap defann mwen pou premye fwa a, pèsòn pa t ede m. Tout moun vire do ban mwen. Mwen priye pou Bondye pa pran sa pou anyen. 17 Men Senyè a te kanpe avè m. Senyè te ban m fòs. Konsa, mwen bay Levanjil tout kote m pase. Mwen fè tout payen yo tande Levanjil. Konsa, mwen te delivre soti nan bouch lyon an. 18 Senyè a va delivre m tou, lè nenpòt moun va vle fè m mechanste. Senyè a ap fè m rive nan wayòm syèl li a san pwoblèm. Tout laglwa se pou Senyè a, pou tout tan gen tan. Amèn!
Salitasyon final
19 Mwen voye salye Priska ak Akilas, salye fanmi Onezifò yo tou. 20 Oras rete nan Korent. Mwen kite Twofim tou malad a Milè. 21 Fè vit pou w vini anvan livè a rive.
Ebilis, Pidens, Linis, Klodya ansanm ak tout lòt frè ak sè yo voye salye w.
22 Timote, mwen priye pou Senyè a akonpanye lespri w! Se pou gras li avèk nou tout! Amèn.
Copyright © 2017 by Bible League International