Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Chronological

Read the Bible in the chronological order in which its stories and events occurred.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Ebre 11-13

Lafwa

11 Lafwa se yon konviksyon sa nou espere a ap rive toutbon vre. Se yon asirans sa nou pa wè a li egziste toutbon vre. Kèk moun ki te viv nan tan lontan te fè kè Bondye kontan paske yo te gen kalite lafwa sa.

Lafwa ede nou konprann se avèk pawòl li Bondye te kreye lemonn antye. Sa vle di bagay nou wè ak je nou jodi a soti nan bagay nou pa ka wè ak je nou.

Abèl te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè l te ofri yon pi bon sakrifis pase Kayen. Bondye te pran plezi nan sa Abèl te ofri ba li a. Konsa, li temwanye Abèl se yon nonm ki fè sa Bondye vle. Abèl mouri se vre, men poutèt lafwa li, se kòmsi li toujou ap pale.

Enòk te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè Bondye te pran l pou ale viv ansanm avè l, san l pa pase pa lanmò. Lè moun t ap chache l, yo pa t ka jwenn li, paske Bondye te pran l bò kote l. Bib la bay prèv Enòk te fè Bondye plezi. Li enposib pou nou fè Bondye plezi san lafwa. Se sa k fè nenpòt moun ki vle vin jwenn Bondye, li dwe kwè Bondye egziste epi Bondye rekonpanse moun k ap chache l ak tout kè yo.

Noye te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè lè li te jwenn avètisman sou bagay ki pa t ko janm rive, li te pran l pou pawòl serye. Konsa li bati yon gwo bato pou sove fanmi li. Lafwa Noye te sèvi kondanasyon pou lemonn. Li antre nan kategori moun ki te jis devan Bondye gras ak lafwa li.

Abraram te gen lafwa nan Bondye. Bondye rele Abraram pou l kite peyi l pou l te ale yon lòt kote li te pwomèt l ap ba li. Abraram te pati, menm lè li pa t menm konnen ki kote l prale. Abraram te viv tankou moun ki de pasaj nan pwòp tè Bondye te pwomèt li yo. Abraram te gen lafwa nan Bondye, se sa ki fè li te viv anba tant menm jan ak Izarak ak Jakòb ki te vin eritye menm pwomès la. 10 Abraram t ap tann yon vil[a] ki gen yon fondasyon reyèl. Li t ap tann vil Bondye te fè plan bati epi li te bati a.

11 Sara pa t ka fè pitit epi Abraram te fin granmoun. Men malgre sa Abraram te gen lafwa nan Bondye. Li te kwè Bondye ap kenbe pwomès li. Konsa, Bondye te ba yo pitit. 12 Abraram te tèlman granmoun lanmò te gentan make l. Poutan, pitit granmoun sa a ta pral tèlman fè pitit, pitit sa yo te vin anpil tankou zetwal yo ki nan syèl la, ak tankou grenn sab bò lanmè.

13 Tout gwo zotobre nou sot site la yo, yo te viv pa lafwa jouktan yo mouri. Gen ladan yo ki pa t gentan jwi sa Bondye te pwomèt pèp li a. Men yo te kontan menm lè yo t ap admire pwomès sa yo de lwen. Yo te rekonèt se etranje ak vwayajè yo ye sou latè. 14 Lè moun rekonèt yon bagay konsa, yo montre y ap tann yon peyi ki va rele yo chèmèt chèmètrès. 15 Si yo te regrèt peyi yo te kite a, yo te ka fè lide tounen dèyè. 16 Men yo te gen lespri yo konsantre sou yon pi bon peyi, yon peyi nan syèl la. Se sa ki fè Bondye pa wont lè yo rele l Bondye yo. E li prepare yon vil pou yo.

17-18 Bondye pase Abraram yon tès. Bondye pase l lòd pou l ofri Izarak an sakrifis. Abraram obeyi paske li te gen lafwa. Li te gentan gen pwomès Bondye kòm garanti. Bondye te gentan di l: “Se pa mwayen Izarak mwen pral ba w pitit pitit.”[b] Abraram te tou pare pou ofri sèl pitit gason l lan. Li te fè sa, paske li te fè Bondye konfyans. 19 Li te kwè Bondye te ka resisite moun ki mouri. Nan yon sans, nan moman lè Bondye te anpeche Abraram touye Izaak la, se kòmsi se resisite Bondye te resisite l.

20 Izarak te gen lafwa nan Bondye lè li te beni Jakòb ak Ezayi pou bagay ki te gen pou rive pita. 21 Jakòb te gen lafwa nan Bondye. Lanmò te prèt pou pase pran l, lè l te beni pitit gason Jozèf yo youn apre lòt. Li t apiye sou baton l, epi li t ap adore Bondye.

22 Jozèf te gen lafwa nan Bondye. Nan dènye jou lavi li, li te pale sou moman pèp Izrayèl la te gen pou yo kite peyi Lejip. Li te tou di yo sa pou yo fè ak zosman li yo lè yo retounen nan peyi yo.

23 Paran Moyiz yo te gen lafwa nan Bondye. Apre pitit la fin fèt, yo te wè l bèl, epi yo sere l pandan twa mwa. Yo pa t pè dekrè wa a, malgre sa yo te fè a te kont lòd wa a te pase.

24-25 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Lè l vin gen laj majè, li pa t vle moun di li se pitit gason pitit fi Farawon an. Li te chwazi pou l sibi move tretman avèk pèp Bondye a olye l te mennen yon vi pechadò pou yon tan. 26 Moyiz te reyalize li pi bon pou li pou l sibi lawont menm jan ak Kris la, pase pou l ta gen tout richès peyi Lejip yo. Li te gen je l fikse sou rekonpans ki te gen pou vini an.

27 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te kite peyi Lejip san l pa t pè reyaksyon kòlè wa a t ap genyen. Li te rete fèm kòm si l te ka wè Bondye okenn moun pa ka wè a. 28 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te fè aranjman pou manje Pak la. Li te wouze lento pòt kay yo ak san ti mouton pou pwoteje premye pitit pèp Izrayèl yo kont zanj lanmò a.[c]

29 Pèp Izrayèl la te gen lafwa nan Bondye. Yo te travèse Lanmè Wouj kòmsi se nan tè sèk yo t ap mache. Men lè Ejipsyen yo te eseye fè menm jan an, yo tout te nwaye.

30 Se lafwa nan Bondye ki te lage miray Jeriko yo atè, apre pèp Izrayèl la te fè laviwonn vil la pandan sèt jou.

31 Raab, fi movèz vi a, te gen lafwa nan Bondye. Li te resevwa espyon Izrayèl yo tankou zanmi l. Konsa li pa t mouri menm jan ak tout moun ki te pran pozisyon kont Bondye yo.

32 Ki lòt egzanp pou m ta bay ankò? Mwen pa gen ase tan pou m pale de Jedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl, ak tout lòt pwofèt yo. 33 Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Yo te gen laviktwa sou lame lòt peyi. Yo te fè sa ki dwat devan Bondye, konsa Bondye te ede yo jan l te pwomèt sa. Kèk nan yo fèmen bouch lyon. 34 Gen lòt ki etenn gwo dife. Gen lòt ankò ki chape anba lanmò kout nepe. Genyen ki te fèb men ki vin fò. Yo vin gen fòs pou yo batay, yo kouri dèyè lame lènmi yo. 35 Gen kèk medam ki te rejwenn moun yo te gen mouri vivan. Gen lòt ki pase anpil mati, poutan yo refize libète. Yo te pito resisite ak yon nouvo lavi ki pi bon. 36 Genyen yo te pase nan betiz, yo bat yo. Gen lòt yo anchene lage nan prizon. 37 Gen kèk lòt yo kalonnen ak kout wòch jouktan yo mouri. Genyen yo te fann an de. Yo touye yo ak kout nepe. Gen lòt sèl rad yo te genyen se te po mouton oubyen po kabrit. Yo te pòv. Gen lòt yo te fè soufri epi maltrete yo. 38 Lemonn pa t merite yo, yo te twò swa pou lemonn. Yo te tankou refijye ki san plas nan tout dezè, nan tout mòn. Yo te viv nan gwòt ak nan tou wòch.

39 Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Men yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo. 40 Bondye planifye yon pi bon bagay pou nou. Bondye pa t vle fè yo rive nan nivo pèfeksyon an san nou menm.

Nou dwe swiv egzanp Jezi

12 Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an. Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan finisman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a. Wi, annik reflechi sou valè tray Jezi pase anba men pechè sou latè ki te rayi l yo! Konsa, nou p ap kite dekourajman pote n ale, nou p ap bay legen.

Bondye menm jan ak tout bon papa

Dayè, nan batay n ap mennen kont peche a, nou pako rive nan pwen kote lanmò se sèl bon chwa ki rete. Nou se pitit Bondye, men nou gen lè bliye pawòl ankourajman Bondye voye pou konsole kè nou:

“Pitit mwen, lè Senyè a ap korije w.
    Pa pran sa alalejè, pa dekouraje.
Senyè a korije tout moun li renmen;
    li pini tout moun l aksepte kòm pitit li.”[d]

Konsa, sipòte soufrans tankou yon pitit papa l ap korije. Bondye trete nou tankou pitit li. Ki pitit yon papa pa janm korije? Si n ta wè n pa janm resevwa koreksyon nan men Bondye menm jan ak tout pitit, konnen nou pa pitit lejitim li, konnen se pa moun Bondye nou ye vre. Nou tout gen papa isit sou latè ki korije nou, epi nou respekte yo. Konsa, li menm pi enpòtan toujou pou n obeyi Papa espirityèl nou pou n ka gen lavi. 10 Wi papa nou sou latè te korije pou yon ti tan. Yo te fè sa yo kwè ki t ap pi bon pou nou. Men Bondye korije nou pou l ka ede nou vin sen menm jan avè l. 11 Pa gen moun ki renmen koreksyon, paske sa fè mal. Men pita, lè leson an byen antre nan tèt nou, n ap jwi lapè moun ki fè sa ki byen.

Fè atansyon sou fason n ap viv

12 Remanbre men fatige nou yo. Repare jenou nou yo k ap tranble. Ranmase fòs nou. 13 Pa fè chemen kwochi pou pye n yo ki gentan ap bwate pa fin enfim nèt, men pou yo ka geri.

14 Fè tout sa k depann de nou pou nou viv an pè ak tout moun, mennen yon lavi ki sen pou fè Bondye plezi. Nenpòt moun ki pa mennen yon lavi ki sen konsa, li p ap janm wè Bondye. 15 Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vire do bay gras Bondye a. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vin tounen yon plant nwizib k ap pouse epi k ap pwazonnen tout gwoup la. 16 Fè atansyon pou pèsonn nan mitan nou pa tonbe nan peche seksyèl. Se pou nou gen respè pou bagay sakre. Pa fè tankou Ezayi, ki vann dwa premye pitit li te genyen an jis pou yon plat manje. 17 Sonje pita lè li te vle resevwa benediksyon ki rezève pou premye pitit la, papa l pa t ka fè anyen pou li. Ezayi te tèlman vle benediksyon an li te kriye, men pa t gen okenn fason li te ka defèt sa l te gentan fè a.

18 Tankou pèp Bondye a jodi a, nou pako rive bò mòn yo ka touche a, ki gen gwo dife k ap boule, ki kouvri ak fènwa, tenèb ak tanpèt. 19 Pa gen son twonpèt ni vwa k ap pale pawòl tankou sa pèp la te tande yo. Moun ki te tande vwa a pale te tèlman anba lapèrèz, yo te mande pou yo pa tande yon mo ankò. 20 Yo pa t ka sipòte lòd sa a: “Menmsi se yon bèt ki touche mòn nan se pou yo kalonnen l ak kout wòch pou touye l.”[e] 21 Sa yo te wè te tèlman fè yo pè, menm Moyiz te di: “M tranble tèlman m pè!”[f][g]

22 Men nou vini bò mòn Siyon an, vil Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, kote ki gen zanj pa milye ki rasanble pou selebre. 23 Nou vini nan asanble premye pitit Bondye yo. Yo gen non yo ekri nan syèl la. Nou vini bò kote Bondye ki se jij lemonn antye. Nou vini jwenn tout lespri moun ki jis yo, moun Bondye te fè rive nan pèfeksyon yo. 24 Nou vini bò kote Jezi, li menm ki vini ak nouvo kontra Bondye siyen ak pèp li a. Yo te aspèje w ak san Jezi ki te koule a, san k ap di bagay ki pi bon pase san Abèl la.

25 Fè atansyon epi pa fè tèt di lè Bondye pale. Moun yo ki te refize koute Bondye yo pa t chape anba pinisyon an. Pou nou menm, se depi nan syèl la Bondye ap pale avèk nou. Si nou vire do ba li, bagay la ap pi mal pou nou toujou. 26 Latè te tranble lè l te pale premye fwa a. Kounye a, li fè pwomès sa: “Yon lòt fwa ankò non sèlman m ap fè latè tranble, syèl la ap tranble tou.”[h] 27 Mo “yon lòt fwa ankò” a montre aklè Bondye pral sekwe tout bagay ki nan kreyasyon an epi li pral disparèt tout sa ki pa dire yo. Se sèlman sa ki pa ka sekwe k ap rete.

28 Men nou menm nou mèt di Bondye mèsi, paske nou resevwa yon wayòm pèsonn pa ka sekwe. An nou adore Bondye avèk anpil respè ak krentif, 29 paske Bondye nou an se yon dife ki ka kraze brize.[i]

Adorasyon ki nan gou Bondye

13 Se pou nou kontinye renmen youn lòt tankou frè ak sè. Toujou sonje pou n byen resevwa moun ki vin lakay nou. Nan byen resevwa moun gen kèk moun ki konn resevwa zanj lakay yo san yo pa menm konnen. Se pou nou sonje sila yo ki nan prizon kòmsi nou te anndan prizon an ansanm avè yo. Sonje sa yo y ap fè pase mati kòmsi nou menm tou nou t ap pase mati.

Tout moun dwe onore maryaj. Mari ak madanm dwe rete fidèl youn anvè lòt. Bondye ap jije tout moun ki komèt adiltè, ak lòt peche seksyèl. Pa atache ak lajan twòp. Kontante nou ak sa n genyen. Bondye di:

“Mwen p ap janm kite w,
    mwen p ap janm abandone w.”[j]

Se sa ki fè nou pa bezwen pè di:

“Senyè a se sekou mwen.
    Poutèt sa, nou kapab di ak fòs:
    Ki sa lèzòm ka fè m?”[k]

Pa bliye lidè nou yo. Se yo ki te fè n konnen mesaj Bondye a. Sonje jan yo te viv lavi yo ak jan yo te mouri. Imite lafwa yo. Menm Jezikri ki te la yè a, se li menm ki la jodi a, ak pou tout tan. Pa kite okenn ansèyman ki pa dwat vire lòlòj nou. Se pa nan règ ki gen rapò ak sa n ap manje oubyen ak kijan n ap manje pou nou pran fòs nou, men se pou nou kite se gras Bondye ki fòtifye nou, paske règ sa yo pa janm ede pèsonn.

10 Nou gen yon otèl,[l] prèt yo ka sèvi nan Tant ki sen an, yo pa gen dwa manje ladan l. 11 Granprèt yo pote san bèt yo pou peche yo Kote ki pi Sen an. Men se deyò kan an yo boule kò bèt yo. 12 Menm jan an tou, Jezi te soufri deyò vil la. Li mouri pou li ka fè pèp la sen ak pwòp san li. 13 Alò, an nou soti al jwenn Jezi deyò kan an. An nou pote menm chay lawont li te pote a. 14 Nou pa gen yon vil ki la pou tout tan isit sou latè. Men n ap tann vil ki gen pou vini an. 15 Nou pa dwe janm sispann ofri sakrifis nou bay Bondye pa mwayen Jezikri. Sakrifis sa a, se lwanj k ap soti nan bouch k ap selebre non Bondye. 16 Pa bliye fè sa ki byen. Sonje pataje sa n genyen. Paske se kalite sakrifis sa yo Bondye renmen.

17 Obeyi lidè nou yo. Fè sa yo mande nou fè. Yo responsab byennèt espirityèl nou. Paske Bondye ap mande yo rann kont pou travay yo fè. Obeyi yo, konsa yo ka fè travay yo ak kè kontan. Si n pa obeyi, y ap plenyen, epi lè konsa li p ap nan avantaj nou ditou.

18 Kontinye priye pou nou. Nou gen yon konsyans ki klè, paske nou toujou eseye fè sa ki pi byen. 19 M ap ankouraje nou pou n priye sitou pou Bondye ka pèmèt mwen tounen vin jwenn nou pi vit.

20-21 Se pou Bondye, ki se sous lapè a, ban nou tout sa nou gen bezwen pou n ka fè volonte l. Se Bondye li menm ki te resisite Jezi Senyè nou an, pi gran Bèje mouton l yo. Li te ofri san l kòm garanti pou kòmanse yon nouvo kontra ki pa gen fen. Se pou Bondye kontinye fòme nou pa mwayen Jezikri pou n toujou fè bon bagay ki fè l plezi. Se li menm ki merite glwa pou tout letènite. Amèn!

22 Frè m ak sè m yo, mwen priye nou an gras, pou nou koute ak pasyans de ti mo ankourajman sa yo mwen ekri tou kout voye ban nou. 23 Mwen vle fè nou konnen frè nou Timote lage, li pa nan prizon ankò. Si l vini nan yon tan ki pa long, mwen menm ansanm avè l n ap pase wè nou.

24 Mwen voye salitasyon pou tout lidè yo ak tout pèp Bondye a. Tout kretyen ki soti Itali yo voye salitasyon.

25 Se pou gras Bondye rete avèk nou tout.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International