Chronological
Mèlkisedèk se wa epi li se sakrifikatè tou
7 Mèlkisedèk se te wa nan Salèm epi li te sakrifikatè pou Bondye ki pi Wo a tou. Li te rankontre Abraram apre Abraram te fin ranpòte laviktwa sou wa yo. Jou sa a, Mèlkisedèk te beni Abraram. 2 Lè sa a, Abraram te ba li ladim sou tout sa l te genyen. Non Mèlkisedèk la gen de sans. Pou premye sans lan, Mèlkisedèk vle di “wa ki pratike lajistis.” Pou dezyèm sans lan, Mèlkisedèk se wa Salèm, sa vle di “wa ki bay lapè.”
3 Pèsonn pa konnen ni ki lès ki papa l, ni ki lès ki manman l, ni ki kote l soti. Pa gen moun ki konnen ni ki lè l te fèt ni ki lè l te mouri. Mèlkisedèk sanble ak Pitit Bondye a, nan sans li rete sakrifikatè pou tout tan.
4 Nou ka konprann ki nivo enpòtans Mèlkisedèk te genyen. Menm Abraram te ba l ladim sou tout sa l te pran nan batay la. 5 Lalwa Moyiz la pase lòd pou moun ki soti nan fanmi Levi yo epi ki sèvi kòm sakrifikatè kolekte ladim nan men pèp la, menmsi yo tout ansanm se pitit pitit Abraram. 6 Mèlkisedèk pa gen okenn rapò ak Levi, poutan li resevwa ladim nan men Abraram. Mèlkisedèk te beni Abraram, li menm ki te resevwa pwomès nan men Bondye. 7 Tout moun konnen se moun ki gen plis enpòtans ki pou beni moun ki gen mwens enpòtans la.
8 Moun ki soti nan branch fanmi Levi yo ki la pou kolekte ladim gen pou mouri tankou tout moun, epi Mèlkisedèk ki te resevwa ladim nan men Abraram toujou vivan, selon sa Bib la di nou. 9 Se vre se sèlman moun ki soti nan branch fanmi Levi yo ki kolekte ladim nan men pèp la, men nou ka di lè Abraram te bay Mèlkisedèk ladim nan, Levi te ba l ladim pa mwayen Abraram tou. 10 Lè Abraram te rankontre ak Mèlkisedèk, Levi pa t ko fèt, men nou ka di li te nan ren zansèt li Abraram.
11 Selon lalwa Moyiz la se sèl moun nan fanmi Levi ki gen dwa vin sakrifikatè nan menm liy ak Arawon. Men kòm pa t gen okenn sakrifikatè ki te san fay nan sistèm sa a, te vin gen bezwen pou yon lòt kalite prèt. Konsa, Bondye etabli yon sakrifikatè nan menm liy ak Mèlkisedèk. 12 Depi liy sakrifikatè a chanje, fòk lalwa a chanje tou. 13-14 N ap pale de Jezikri, Senyè nou ki soti nan yon fanmi diferan de sa Lalwa di. Li soti nan gwoup fanmi Jida. Pa gen okenn lòt moun nan fanmi sa a anvan l ki te sèvi kòm sakrifikatè. Moyiz pa t janm pale de yon sakrifikatè ki t ap soti nan gwoup fanmi Jida.
Jezi se sakrifikatè menm jan ak Mèlkisedèk
15 Men bagay yo vin pi klè pou nou lè n wè lòt sakrifikatè ki parèt la tankou Mèlkisedèk. 16 Li pa vin tounen sakrifikatè sou baz prensip nan ki fanmi l te fèt. Li vin sakrifikatè sou baz puisans yon lavi ki p ap janm fini. 17 Men sa Bib la di sou li: “Ou se sakrifikatè pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.”[a]
18 Ansyen sistèm nan rive nan bout li, paske l te fèb epi li pa t ka ede nou. 19 Lalwa Moyiz la pa t ka mennen nou nan pèfeksyon. Kounye a gen yon pi bon espwa. Se espwa sa a ki ban nou asirans pou nou pwoche pi pre Bondye.
20 Epi, li enpòtan pou nou konnen Bondye te fè yon sèman lè li te chwazi Jezi kòm granprèt. Pa t konn gen sèman pou etabli lòt prèt nan gwoup fanmi Levi yo. 21 Men se yon sèman ki etabli Jezi prèt. Men sa Bondye te di:
“Letènèl fè sèman
eli p ap tounen sou pawòl li:
Ou se prèt pou toujou.”[b]
22 Se sa ki fè, Jezi se garanti Bondye bay pèp li a pou l montre li fè l yon pi bon pwomès.
23 Gen yon lòt diferans ankò: lè youn nan lòt prèt yo te mouri, misyon l kòm prèt te rive nan bout li. Sa fè yo te oblije genyen yon bann prèt. 24 Men, Jezi vivan pou letènite. Misyon l kòm prèt p ap janm fini. 25 Konsa, Jezi gen pouvwa pou l sove nètale tout moun ki vin jwenn Bondye pa mwayen li menm. Li toujou vivan epi li vle entèsede pou tout moun ki pwoche bò kote Bondye.
26 Donk, Jezi se kalite prèt nou bezwen an. Li sen epi li inosan. Li pa gen okenn peche nan li. Moun pa ka enfliyanse l pou fè l tonbe nan peche. Bondye leve l nan yon nivo ki pi wo pase syèl la. 27 Li pa menm jan ak lòt prèt yo. Li pa bezwen ofri sakrifis chak jou pou peche pa l ak peche pèp la menm jan lòt prèt yo te konn fè sa. Li te ofri yon sakrifis yon fwa pou tout. Epi se tèt li li te ofri kòm sakrifis. 28 Lalwa te etabli l kòm prèt ki te gen menm feblès ak tout moun. Men, se apre lalwa, Bondye te fè sèman l ap mete Pitit ki san fay la kòm sakrifikatè pou letènite.
Jezi se granprèt nou
8 Pwen ki pi enpòtan nan tout sa n ap di nou la, se paske se kalite granprèt sa a nou genyen. Li chita nan plas donè a, adwat[c] twòn laglwa Bondye ki nan syèl la. 2 L ap jwe wòl granprèt li nan Kote ki pi Sen[d] an, nan vrè Tabènak ki nan syèl la. Se Bondye menm ki fè sa, se pa lèzòm.
3 Tout granprèt etabli pou ofri don ak sakrifis bay Bondye. Konsa, fòk granprèt nou an gen yon bagay pou l ofri tou. 4 Si granprèt nou an te sou latè, li pa t ap ka prèt. Mwen di sa, paske gen prèt deja sou latè k ap ofri don egzakteman jan lalwa mande sa. 5 An reyalite, travay prèt sa yo ap fè, se tankou kopi ak lonbraj sa ki nan syèl la. Se sa k fè, men sa Bondye te di Moyiz lè li t ap bati Tabènak la: “Fè sèten ou fè tout bagay egzakteman selon modèl mwen te montre w sou mòn nan.”[e] 6 Jezi li menm gen yon travay ki pi enpòtan. Li rann yon nouvo akò posib ant Bondye ak pèp li a. Akò sa pi bon paske li chita sou anpil pwomès ki pi bon.
7 Si tout bagay te anfòm nèt ak premye akò a, dezyèm akò a pa t ap nesesè. 8 Men Bondye te jwenn gen bagay ki pa t bon lakay pèp la. Bondye di:
“Letènèl deklare, jou yo pa lwen rive
pou mwen fè pèp Izrayèl la ak pèp Jida a yon nouvo pwomès.
9 Li p ap menm jan ak pwomès mwen te fè zansèt yo,
lè m te kondui yo pou fè yo soti nan peyi Lejip.
Poutèt yo pa t onore pwomès mwen te fè ak yo a,
mwen te vire do ba yo.
10 Letènèl ajoute: Men nouvo pwomès mwen pral fè
pèp Izrayèl la, nan jou ki pa twò lwen yo.
M ap enskri prensip mwen yo nan lespri yo,
m ap ekri lwa mwen yo sou kè yo.
Se mwen menm k ap Bondye yo,
epi yo menm, yo va tounen yon pèp ki rele m chèmèt chèmètrès.
11 Okenn moun p ap bezwen anseye vwazen li
oswa yon manm fanmi l pou yo konnen Senyè a.
Paske tout moun nèt ap konnen mwen,
soti nan pi piti pou m rive nan pi gran.
12 M ap padone fot yo,
epi m ap bliye peche yo.”[f]
13 Lè Bondye di l ap fè yon nouvo kontra, li fè premye a tounen yon ansyen kontra. Bagay ki ansyen moun p ap sèvi ankò pa lwen disparèt.
Adorasyon sou ansyen pwomès la
9 Premye pwomès la te gen yon seri règ pou moun respekte ak yon plas espesyal pou adore isit sou latè. 2 Plas adorasyon sa a te anndan yon tant. Premye pati tant lan te rele Kote ki Sen an. Nan Kote ki Sen an, te gen yon lanp ak yon tab kote yo te mete pen espesyal yo te ofri bay Bondye. 3 Pa dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt chanm yo rele Kote ki pi Sen an. 4 Nan Kote ki pi Sen an, te gen yon lotèl kouvri ak yo te sèvi pou boule lansan. Te gen Kòf kontra a tou ki te gen yon kouch lò sou tout kò l. Anndan Kòf la, te gen yon bokal an nò ki te gen lamàn ladan l, te gen baton Arawon an, baton ki te pouse boujon an, epi te gen de wòch plat ki te gen dis kòmannman ansyen kontra a ekri sou yo. 5 Anlè Kòf la, te gen imaj zanj ak zèl yo rele cheriben ki te sèvi kòm senbòl glwa Bondye. Zèl cheriben yo te sou tout kouvèti Kòf Pwomès la.[g] Men nou pa ka di tout bagay sou sa kounye a.
6 Tout bagay nan tant lan te fin byen pare konsa, prèt yo te antre nan premye chanm tant lan pou yo fè travay yo chak jou. 7 Men se sèlman granprèt yo ki te ka antre nan dezyèm chanm nan yon sèl fwa nan yon ane. E li pa t janm ka antre san l pa t gen san bèt nan men l. Se san sa a li te ofri bay Bondye pou peche pa l ak pou peche pèp la te komèt san yo pa konnen.
8 Sentespri te sèvi ak de chanm pou fè nou konnen wout pou nou antre Kote ki pi Sen an pa t ko ouvè toutotan premye chanm nan te egziste. 9 Sa se yon egzanp pou nou jodi a. Li montre nou tout ofrann ak sakrifis prèt yo t ap ofri bay Bondye pa t ka pirifye konsyans moun ki t ap patisipe nan adorasyon an. 10 Ofrann ak sakrifis nan ansyen sistèm nan te plis pase manje, bwason, ak divès seremoni pirifikasyon. Règ sa yo te valab jouktan Bondye te vini ak yon lòt sistèm tounèf.
Adorasyon sou Nouvo Pwomès la
11 Okontrè, Kris deja vini kòm granprèt. Li se granprèt tout kalite bon bagay nou gen kounye a. Men li pa fè sèvis nan menm kalite tant ak lòt prèt yo. L ap sèvi nan yon tant ki san fay. Se pa yon tant ki te fèt isit sou latè. Li pa fè pati mond sa a. 12 Kris te antre yon sèl fwa Kote ki pi Sen an. E li pa t bezwen fè l yon dezyèm fwa. Li te antre Kote ki pi Sen an avèk pwòp san li, li pa t ofri san bouk kabrit oswa san ti towo bèf. Li antre epi li delivre nou anba peche pou tout tan.
13 Anvan sa, san bouk kabrit, san towo bèf ak san femèl bèf yo te boule yo te sifi pou yo te rann moun ki pa t nan kondisyon pou fè adorasyon yo pwòp. Men sa te netwaye kò yo sèlman. 14 Pa gen okenn dout san Kris la ka fè plis toujou. Kris te ofri tèt li bay Bondye, pa mwayen Sentespri a ki te toujou la, tankou yon sakrifis san defo. San li ap netwaye nou nèt anba tout bagay mal nou te fè. L ap ban nou yon konsyans ki klè pou nou ka sèvi Bondye vivan an.
15 Se poutèt sa Kris negosye yon nouvo pwomès pou pèp li a. Konsa tout moun Bondye chwazi yo ap ka jwi eritaj etènèl Bondye te pwomèt yo. Sa posib paske Kris te mouri pou libere lèzòm anba peche yo te komèt lè yo te nan premye pwomès la.
16 Lè gen yon testaman,[h] li enpòtan pou gen prèv ki montre mèt testaman an mouri. 17 Yon testaman pa vo anyen toutotan mèt testaman an vivan. Se lè mèt testaman an mouri sèlman moun ap ka kòmanse aplike sa k ladan l. 18 Se sa k fè menm premye kontra a te bezwen san koule pou bay prèv te gen lanmò anvan moun te kòmanse aplike l. 19 Premye bagay Moyiz te fè, se te li tout kòmannman lalwa yo jan yo ye a. Apre sa, li te pran san jèn towo bèf yo,[i] li melanje l avèk dlo. Lè l fini, li sèvi ak yon moso lèn wouj avèk branch izòp pou l te ka simen kèk gout sou liv lalwa a ak sou tout pèp la. 20 Li di: “Sa a se san ki montre valè kontra Bondye mande pou n respekte a.”[j] 21 Menm jan an tou, Moyiz te simen san sou Tant lan tou ak tout sa yo te konn sèvi ladan l pou fè adorasyon Bondye. 22 Prèske tout bagay pirifye ak san selon lalwa Moyiz la. Moun pa ka jwenn padon pou peche yo si pa gen san ki koule.
Jezikri se sakrifis pou peche nou
23 Bagay sa yo se reprezantasyon bagay ki egziste nan syèl la tout bon vre. Yo te sèvi san bèt pou pirifye reprezantasyon sa yo. Men bagay ki reyèl yo bezwen pi bon sakrifis pou pirifye yo. 24 Kris te antre Kote ki pi Sen an, men se pa sa lèzòm te fè a. Sa lèzòm te fè a, se te yon reprezantasyon li te ye sèlman. Li te antre nan syèl la epi se la li ye kounye a, nan prezans Bondye, pou l defann koz nou.
25 Granprèt la antre Kote ki pi Sen an yon fwa chak ane. Li antre ak san bèt pou ofri kòm sakrifis. Men Kris pa t monte nan syèl pou ofri san li chak ane. 26 Si Kris te ofri tèt li plizyè fwa, li t ap bezwen soufri plizyè fwa depi kòmansman kreyasyon an. Men li te vini pou ofri tèt li yon sèl fwa pou tout. Li vini nan lè lemonn pa lwen rive nan bout li. Li ofri tèt li kòm sakrifis pou li retire tout peche.
27 Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa. Apre sa, yo dwe pase nan jijman. 28 Menm jan an tou Kris ofri tèt li kòm sakrifis yon fwa pou tout, pou li kapab efase peche anpil moun. Li gen pou l parèt yon dezyèm fwa, men se pa pou l vin ofri tèt li pou peche, men pou l pote delivrans bay moun ki ap tann li kòm yon sakrifis.
Sakrifis Jezikri a sifi
10 Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon. 2 Si lalwa te ka mennen moun nan nivo pèfeksyon, sakrifis yo t ap gentan sispann byen lontan deja. Pèp la t ap gentan delivre anba tout peche yo, konsyans yo t ap gentan sispann fè yo santi yo koupab. 3 Men sakrifis yo te sèvi tankou yon èd memwa pito pou fè yo sonje peche yo chak ane, 4 paske li enposib pou san towo bèf ak kabrit delivre moun anba peche yo.
5 Se poutèt sa, lè Jezikri vini nan mond lan, li di Bondye:
“Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann,
men, ou te prepare yon kò pou mwen.
6 Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule pou ou yo.
Ou pa t pran plezi nan ofrann pou peche yo.
7 Epi mwen di: men mwen Bondye
mwen vini pou m fè tout sa ou vle
selon sa ki ekri sou mwen nan liv lalwa a.”[k]
8 Kris kòmanse di: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann. Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule ak ofrann yo boule pou peche” (byenke se lalwa ki mande yo tout sakrifis sa yo.) 9 Apre sa li di: “Men mwen Bondye, mwen vini pou m fè tout sa ou vle.” Kris la elimine ansyen kontra sakrifis la epi li ranplase l ak yon nouvo kontra. 10 Jezikri te fè tout sa Bondye te vle l fè. Li te ofri kò l yon fwa pou tout pou l te ka fè nou vin sen.
11 Prèt yo kanpe chak jou pou yo fè sèvis Bondye. Jou apre jou yo ofri menm sakrifis yo. Men, sakrifis sa yo pa ka libere moun anba peche. 12 Poutan Kris ofri yon sèl sakrifis pou peche yon fwa pou tout. Apre sa, li chita adwat Bondye. 13 Kounye a, Kris ap tann jouktan Bondye mete tout lènmi l yo anba kontwòl li.[l] 14 Kris te mennen moun l ap pirifye yo nan nivo pèfeksyon pou tout tan pa mwayen yon sèl sakrifis.
15 Sentespri pale sou menm bagay la. Men premye bagay li di:
16 “Letènèl di se pwomès sa a[m] m ap fè
avèk pèp mwen an nan jou k ap vini yo.
M ap mete prensip mwen yo nan kè yo.
M ap ekri lwa mwen yo nan lespri yo.”[n]
17 Apre sa, li di:
“M ap pase yon trè sou peche yo.
M ap bliye tout move bagay yo te konn fè.”[o]
18 Depi tout peche fin resevwa padon, pa gen okenn rezon ankò pou gen yon lòt sakrifis pou delivre moun anba peche.
Pwoche bò kote Bondye
19 Konsa, frè m ak sè m yo, nou gen dwa pou nou antre Kote ki pi Sen an. Nou ka antre san nou pa bezwen gen lapèrèz gras ak san sakrifis Jezi a. 20 Nou antre Kote ki pi Sen an pa mwayen nouvo wout Jezi trase pou nou an. Se yon wout vivan ki kondui atravè rido a. Wout sa a se pwòp kò Kris la. 21 Epi tou nou gen yon granprèt puisan ki ap renye sou kay Bondye a. 22 Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la. 23 An nou kenbe fèm esperyans nou di nou genyen an paske Bondye toujou kenbe pwomès li.
An nou motive youn lòt
24 An nou chache tout jan nou ka ankouraje youn lòt pou n pratike renmen epi fè bon zèv. 25 An nou pa neglije reyinyon nou yo, jan kèk moun gen tan fè l. Wi, nou dwe kontinye ankouraje youn lòt. Li vin pi enpòtan toujou pou nou fè l paske Jou a pa lwen rive.
Pa vire do bay Jezi
26 Si nou deside pou nou kontinye nan peche nou yo apre nou fin tande verite a, alò pa gen okenn lòt sakrifis ki ka retire nou nan peche nou yo. 27 Si nou kontinye nan peche, sèl sa ki rete pou nou se pare tann jou tèrib jijman an avèk dife ki pa ret ak dife ki gen pou detwi sila yo ki nan rebelyon kont Bondye. 28 Yo te bezwen temwayaj de oubyen twa temwen sèlman pou kondane moun ki te vyole lalwa Moyiz la. Moun sa a te jwenn lanmò san okenn konpasyon. 29 Alò, reflechi pou nou wè ki gwo pinisyon ki rezève pou moun ki meprize Pitit Bondye a, moun ki montre yo pa gen okenn respè pou san sakrifis ki te kòmanse nouvo kontra a epi ki te rann nou pwòp la, oubyen moun ki pale Sentespri ki fè nou gras la mal. 30 Nou konnen byen sa Bondye di: “M ap kontre ak moun k ap fè mal yo; m ap ba yo sa yo merite.”[p] Li di ankò: “Senyè a gen pou jije pèp li a.”[q] 31 Se yon bagay tèrib pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!
Kenbe fèm, pa lage
32 Sonje jan nou te rete fidèl depi nan kòmansman lè nou te fèk aprann verite a. Nou te nan gwo batay, te gen anpil soufrans, men nou te kenbe fèm. 33 Pafwa yo te konn di nou move bagay epi yo te konn trete nou mal devan tout moun. Gen lòt fwa se nou menm menm ki t ap ede moun yo te konn bay kalite tretman konsa. 34 Wi, nou te ede moun ki nan prizon, nou te pataje soufrans yo. Nou te menm aksepte pou yo sezi byen nou ak kè kontan paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi gran, yon richès k ap dire tout tan.
35 Konsa, kenbe menm kouray nou te genyen nan tan pase yo. Nou p ap pèdi sa, Bondye ap rekonpanse nou san mezire. 36 Nou bezwen pasyans pou n fè sa Bondye vle nou fè, epi pou n jwenn sa l pwomèt nou. 37 Se li menm ki di:
“Talè konsa, sila ki gen pou vini an
pral vini, epi li p ap anreta.
38 Moun Bondye aksepte a,[r]
ap viv pa lafwa.
Men mwen p ap pran plezi
nan okenn moun k ap rale kò l dèyè poutèt lapèrèz.”[s]
39 Men nou menm, nou pa pami moun k ap rale kò yo dèyè epi ki pèdi. Nou fè pati moun ki gen lafwa epi ki sove.
Copyright © 2017 by Bible League International