Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Chronological

Read the Bible in the chronological order in which its stories and events occurred.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Filipyen 1-4

Mwen menm Pòl ak Timote, sèvitè Jezikri,[a] nou salye nou tout, pèp ki apa pou Bondye a, ansanm ak tout lòt lidè[b] ak dyak legliz k ap viv nan vil Filip.

Se pou Bondye Papa nou ak Jezikri, Senyè nou an ban nou benediksyon ak lapè.

Pòl di Bondye mèsi

Mwen di Bondye m nan mèsi chak fwa m sonje nou. Mwen toujou priye pou nou, ak kè kontan. Mwen di Bondye mèsi pou jan nou ede m nan preche Bòn Nouvèl la, depi premye jou a rive jodi a. Mwen sèten Bondye ki kòmanse bon travay sa a nan nou an ap kontinye l jouktan li va fini l nan jou Jezi va retounen an.

M gen rezon pou m panse de nou tout konsa, paske m pote nou nan kè m. Nou tout te ede m nan tout favè Bondye fè m, non sèlman pandan m nan prizon an, men tou, lè m te lib epi m t ap defann mesaj Levanjil la nan montre moun chemen verite a. Se sèl Bondye ki konnen kijan m anvi wè nou. Mwen renmen nou tout ak lanmou Jezikris la.

Men ki priyè mwen fè pou nou:

Se pou lanmou ki nan kè nou an kontinye grandi plis toujou. Se pou nou gen tout kalite konesans ak bon konprann, 10 pou n ka fè diferans ant sa ki enpòtan ak sa ki pa enpòtan. Epi se lè sa a, n ap san tach epi san repwòch nan jou Senyè a va retounen an. 11 M ap priye pou lavi nou ranpli ak bon zèv tou pou sa ka sèvi yon sous glwa ak lwanj pou Bondye gras a Jezikris.

Pwoblèm Pòl fè Levanjil la avanse

12 Frè m ak sè m yo, m ta renmen nou konnen byen sa k rive m yo fè Levanjil la avanse. 13 Sa fè tout moun isit la, ak sòlda women k ap pwoteje Seza yo, konnen se poutèt Jezikris mwen nan prizon. 14 Se konsa tou, anpil frè ak sè nan fanmi Bondye a vin pran plis kouray nan Senyè a, paske m nan prizon. Yo kòmanse vin gen plis kouray de jou an jou pou yo anonse Levanjil la san krent.

15 Se vre, gen kèk nan yo ki preche nan non Jezi paske yo jalou epi yo vle fè polemik. Men gen lòt tou ki fè l paske yo renmen fè sa. 16 Moun ki aji konsa, se renmen yo renmen m, yo konnen se Bondye ki mete m kote m ye a pou m defann Levanjil la. 17 Men lòt yo anonse Levanjil Kris la ak yon lespri egoyis, yo pa sensè, epi yo panse yo ka ban m pwoblèm pandan m nan prizon an. 18 Men sa sa fè? Kit yo sensè kit yo pa sensè, sa ki pi enpòtan an se pale y ap pale moun de Jezi. Sa fè kè m kontan.

Epi sa ap kontinye fè kè m kontan. 19 Mwen konnen m ap rive jwenn liberasyon m nan prizon an gras ak konkou lapriyè nou ak sipò Lespri Jezikri va ban mwen. 20 Se sa m ta renmen wè. Epi se sa m ap tann ak pasyans. Mwen p ap janm regrèt, okontrè, mwen gen yon gwo espwa. Kit mwen rete vivan, kit mwen ta mouri, se pou Bondye sèvi ak lavi m pou l fè lwanj pou Jezikris pi plis toujou. 21 Paske pou mwen, si m ap viv se pou Kris m ap viv; epi lanmò se yon benefis pou mwen. 22 Si mwen kontinye viv nan kò sa a, m ap kontinye travay mwen. Konsa mwen pa konnen kisa m ta chwazi: lavi oubyen lanmò? 23 Se yon chwa ki difisil. Men gen de lè, mwen ta vle mouri pou m ka al jwenn Kris, sa t ap pi bon nèt. 24 Men, gen de lè mwen santi l pi bon pou m rete vivan nan kò sa a, poutèt nou menm. 25 Poutèt sa, mwen sèten m ap rete avèk nou pou m ede nou grandi ak lajwa nan lafwa nou. 26 Konsa, lè m retounen jwenn nou ankò, n ap gen plis rezon pou n fyè poutèt sa Jezikri fè pou mwen.

27 Men, kèlkeswa sitiyasyon an, se pou n viv yon fason ki konfòm ak Levanjil Jezikri a. Konsa, kit mwen retounen wè nou, kit mwen pa vini, mwen ta renmen tande bon temwanyaj sou nou, epi m ap konnen n ap mennen yon konba ansanm pou lafwa nou jwenn nan Levanjil la. 28 Nou p ap pè sa yo ki kont nou. Kouray nou sèvi kòm prèv. Moun ki kont nou yo se moun pèdi yo ye, men nou menm, nou se moun sove. Se Bondye menm k ap fè sa. 29 Se yon benediksyon Bondye ban nou, non sèlman pou nou sèvi Kris la, men pou nou soufri pou li tou. 30 Konsa, nou nan menm batay avè m, batay nou te wè m ap mennen anvan sa a, se menm batay sa a nou tande mwen toujou ap mennen jouk kounye a.

Viv nan inite epi pran swen youn lòt

Si nou vle ankouraje m nan Kris la, si nou vle fè m santi m byen, si nou vle fè yon sèl ak mwen nan menm Espri a, si nou vle montre afeksyon ak konpasyon youn pou lòt, n ap fè m santi m kontan anpil si nou gen menm objektif, menm lanmou, si n ap viv nan amoni youn ak lòt, si nou youn ini ak lòt toutbon vre. Pa fè anyen ak lògèy nan fè tèt nou pase pou pi bon pase lòt moun. Men se pou imilite nou fè n konsidere lòt moun pi enpòtan pase nou. Okenn moun pa ta dwe gade enterè pa l sèlman, men nou ta dwe panse ak enterè lòt moun tou.

Imite Kris pou n pa egoyis

Men sa nou ta dwe genyen kòm objektif: Se pou nou sanble ak Kris nan jan n ap panse.

Li menm ak Bondye yo egalego,
    poutan, li pa t panse gade egalite li ak Bondye a
    kòm yon avantaj pou l ta chache kenbe ak tout fòs li.
Okontrè, li chwazi mete egalite sa a sou kote,
    san moun pa fòse l,
li fè tèt li tounen yon sèvitè,
    li vin tankou tout moun.
Lè l fin fè tèt li tounen
    yon moun menm jan ak tout moun.
Li chwazi soumèt li anba otorite Bondye,
    li obeyi Bondye jouk nan lanmò li.
Se pa nenpòt kalite lanmò,
    men se te lanmò sou yon kwa.
Se sa ki fè, Bondye leve l mete nan plas ki pi wo a
    epi li ba li non ki pi gran pase tout lòt non.
10 Se poutèt sa, yon jou,
    tout moun va mete ajenou devan l
lè yo va tande tit Jezi genyen
    nan syèl la, sou tè a ak anba tè a.
11 Yo tout va konfese: “Jezi se Senyè a,”
    sa va fè Bondye Papa a jwenn anpil glwa.

Se pou nou jan Bondye vle nou ye a

12 Zanmi m yo, nou toujou obeyi m nan sa m di nou lè mwen avèk nou. Kounye a mwen pa la, li pi enpòtan ankò pou nou fè sa m mande nou fè. Kontinye viv yon fason ki montre nou se moun sove vre. Fè sa ak anpil respè ak krentif pou Bondye. 13 Paske se Bondye ki travay nan nou pou fè nou gen volonte epi se li menm ki fè sa li vle nou fè nan nou.

14 Fè tou sa nou gen pou nou fè san nou pa ni plenyen ni babye. 15 Fè sa pou nou ka pwòp, pou nou ka san repwòch, pou nou ka sanble pitit Bondye pèsonn pa ka akize pou di yo fè sa ki mal pandan y ap viv nan mitan yon jenerasyon moun ki kòwonpi epi ki pèvèti. Se pou nou klere nan mitan yo tankou limyè nan fènwa. 16 Ba yo tout ansèyman ki bay lavi, pou m ka fyè de nou, lè Jezi va retounen. M va wè m pa t travay an ven.

17 Menmsi m ta dwe bay lavi m sou yon lotèl, menmsi m ta dwe ofri sakrifis sèvis lafwa mwen mande bay Bondye, m ap kontan, kontan ak nou tout. 18 Konsa tou, nou ta dwe kontan epi pataje lajwa nou avè m.

Enfòmasyon sou Timote ak Epafwodit

19 Mwen espere ak benediksyon Jezi Senyè a, m va voye Timote ban nou tousuit pou m ka jwenn ankourajman, lè m pran nouvèl nou. 20 Se li m ta vle voye, paske m pa gen okenn lòt moun ankò ki santi yo jan mwen santi m nan, epi ki fè sousi pou nou konsa. 21 Paske tout lòt moun yo ap fè sousi pou pwòp tèt yo, se pa enterè Kris y ap chache. 22 Nou konnen ki moun Timote ye byen. Li te fè ministè preche Levanjil avè m tankou yon pitit ta fè ak papa l. 23 Konsa, mwen espere voye l ban nou tousuit lè m fin konnen kisa k pral rive m. 24 Mwen menm tou, m kwè, ak sekou Senyè a, mwen p ap pran tan pou m rive al wè nou.

25 Pou kounye a, mwen panse m dwe voye Epafwodit ban nou. Li se frè mwen, li se konpanyon mwen, yon sòlda menm jan ak mwen epi tou se li nou te delege pou ban m asistans nou lè mwen te nan bezwen. 26 Mwen deside fè sa paske li te anvi wè nou tout. Sa te fè l tris anpil, lè l te aprann nou te konnen l malad. 27 Se vre li te malad, li te menm prèske mouri. Men Bondye gen mizerikòd pou li. Se pa pou li sèlman, men pou mwen tou, konsa pou m pa ta gen lapenn sou lapenn. 28 Konsa, m ap voye l tounen ban nou ak anprèsman. Lè nou wè l, kè nou va kontan. Epi mwen p ap bay kò m traka ankò. 29 Resevwa l byen nan Senyè a ak anpil jwa. Se moun tankou Epafwodit nou bezwen onore. 30 Paske li manke mouri poutèt travay Kris la, epi li riske lavi l pou l ka ranplase nou nan rann mwen sèvis.

Kris pi empòtan pase tout bagay

Kounye a, frè m ak sè m yo, se pou n fè kè n kontan nan Senyè a. Se pa yon pwoblèm pou mwen pou m ta kontinye ekri nou menm bagay yo. Li bon pou nou.

Veye kò nou ak chyen yo! Veye kò nou ak moun k ap fè move bagay. Veye kò nou ak moun ki ta vle sikonsi tout moun. Paske lè nou byen gade epi lè nou byen reflechi, nan yon sans espirityèl se nou menm ki sikonsi, nou menm k ap adore Bondye selon Sentespri a. Nou pa mete konfyans nou ni nan tèt nou ni nan sa nou fè, men nou ka santi n fyè dèske se nan Jezikri nou mete konfyans nou. Poutan, m ta gen anpil rezon pou m ta mete konfyans mwen nan tèt mwen. Si yon moun kwè li gen rezon pou l kwè nan tèt li, enben mwen gen plis rezon pase l toujou. Se sou 8 jou, apre m fin fèt, mwen te sikonsi. Mwen soti nan ras Izrayèl. Mwen soti nan tribi Benjamen. Mwen se yon bon Jwif, ata paran m se Jwif. Kanta pou Lalwa menm, mwen se yon Farizyen. Kanta zèl pou relijyon Jwif la,[c] mwen se moun ki te konn pèsekite legliz Kris la. Kanta pou sa Lalwa di ki dwat, pa gen moun ki ka jwenn fot nan mwen.

Poutan sa ki te yon avantaj pou mwen lontan, jodi a mwen konsidere yo tankou bagay ki san valè poutèt Kris. Anplis pa gen anyen ki gen valè pou mwen lè m pran konpare yo ak enpòtans relasyon mwen genyen ak Jezi Senyè a. Mwen mete tout bagay sou kote epi mwen konsidere yo tankou fatra pou m ka genyen Kris. Mwen vle pou Kris nèt. Se Kris ki fè mwen dwat devan Bondye, men sa pa soti nan obeyisans ak sa lalwa mande, men nan fidelite Kris.[d] Mwen vin yon moun ki dwat devan Bondye pa mwayen lafwa mwen nan Kris la. 10 Tou sa mwen vle, se konnen Kris la epi rive fè esperyans kalite pouvwa ki fè l resisite a. Mwen ta vle patisipe nan soufrans li epi rive sanble ak li menm nan lanmò li. 11 Alò, m gen espwa m va resisite tou, menm jan li menm li te resisite.

Fè jefò pou nou atenn objektif la

12 Se pa paske mwen vle di mwen gentan rive nan yon pwen kote mwen bon nèt. Mwen toujou ap travay pou m ka rive. Se sa Kris la vle m fè. 13 Frè m ak sè m yo, m pa konsidere mwen gentan rive deja. Men gen yon bagay mwen fè: Mwen bliye sa ki dèyè m epi m ap vanse pou m atenn objektif la. 14 Mwen kontinye ap kouri pou m ka rive resevwa rekonpans Bondye pwomèt nan Kris la, anwo nan syèl la.

15 Se pou nou tout ki vin byen devlope nan Kris la panse konsa. Si nou pa wè l konsa, Bondye va fè sa klè pou nou. 16 Sèlman, an nou kontinye ale ansanm sou menm chemen sa a.

17 Frè m ak sè m yo, mete tèt nou ansanm ak lòt yo pou n swiv egzanp mwen. Menm jan an tou, gade byen sou moun k ap viv selon modèl ki nan nou menm nan. 18 Paske, jan mwen te di sa plizyè fwa deja, epi kounye a se ak dlo nan je m m ap di l ankò. Gen anpil moun k ap viv tankou lènmi kwa Kris la. 19 Yo gen pou yo fini mal. Pou yo menm, se vant yo ki bondye yo. Sa ki pi rèd, wont yo se fyète yo. Y ap panse ak bagay latè. 20 Men nou menm, se moun syèl la nou ye. Se la Jezikri Senyè a, Sovè n ap tann nan ap soti. 21 Li gen pou li chanje vye kò feblès nou yo, pou li fè yo vin menm jan ak kò glorifye li genyen an. Kris va fè sa ak pouvwa li genyen pou l gouvène tout bagay.

Kèk bagay nou dwe fè

Frè m ak sè byeneme m yo, mwen anvi wè nou anpil. Nou fè kè mwen kontan epi mwen fyè de nou. Poutèt sa, byeneme, kontinye rete fidèl epi rete atache ak Senyè a.

Evodi, ou menm ak Sentich, m ap egzòte nou pou nou chache gen tèt ansanm nan Senyè a. Ou menm ki se yon konpanyon fidèl pou mwen: M ap mande w pou w ede medam sa yo. Se pa ti travay yo te travay ansanm ak mwen nan anonse Levanjil la, ansanm ak Klèman epi lòt moun yo tou. Non yo tout ekri nan Liv lavi a.[e]

Toujou kontan nan Senyè a! M ap repete sa, fè kè nou kontan!

Se pou tout moun wè kijan nou se bon moun. Senyè a pa lwen retounen. Pa bay tèt nou pwoblèm pou anyen. Men nan chak sikonstans, fè Bondye konnen sa nou bezwen nan lapriyè pandan n ap di l mèsi. Lè sa a, lapè Bondye ki depase tout sa yon moun kapab konprann[f] va kenbe kè nou ak panse nou nan Jezikris.

Pou fini, frè m ak sè m yo, bagay ki pou nan lespri nou se bagay ki bon, ki vrè, ki jis, ki sen, ki bèl, bagay moun respekte, ki pwòp epi bagay moun ka fè lwanj pou yo. Mete sa nou aprann an pratik, pratike sa nou te resevwa nan menm; sa nou tande ak sa nou wè nan lavi m. Epi Bondye ki sous lapè a va avèk nou.

Pòl ap di kretyen Filip yo mèsi

10 Mwen senti m kontan anpil nan Senyè a, paske nou te montre kijan nou renmen m yon lòt fwa ankò. Nou te toujou renmen m, men nou pa t gen mwayen pou nou montre sa. 11 Se pa paske m nan bezwen ki fè m ap di sa. Mwen aprann satisfè m ak sa m genyen epi ak sa ki rive m. 12 Mwen konn viv nan nesesite, mwen konn viv nan labondans. Mwen aprann sekrè kijan pou m viv nan kèlkeswa sitiyasyon an, nan vant plen oubyen nan grangou, nan labondans oubyen nan zafè pa bon. 13 Mwen kapab fè fas ak nenpòt ki sitiyasyon poutèt Kris k ap ban mwen fòs.

14 Men, se yon bon bagay nou fè, lè nou ede m konsa nan soufrans mwen yo. 15 Nou menm Filipyen, nou konnen sa k te rive, lè m te fenk kòmanse preche Levanjil. Lè m te kite rejyon Masedwàn nan, pa gen yon legliz ki te ede m, se nou menm sèlman ki te fè sa. 16 Plizyè fwa nou voye anpil bagay pou ede mwen, lè m te lavil Tesalonik. 17 Se pa kado ak lajan m ap chache non. Okontrè, m ap chache wè si nou menm, lafwa nou ta fè pi plis benefisye toujou devan Bondye. 18 Mwen resevwa tout bagay, mwen pa manke anyen, epi menm pi plis pase sa m te bezwen. Epafwodit te ban mwen pwovizyon nou te voye yo. Yo te byen vini, tankou yon bon kalite ofrann ki fè Bondye plezi. 19 Se pou Bondye m nan ban nou tou sa nou gen bezwen ki soti nan richès laglwa li nan Jezikris. 20 N ap fè louwanj pou Bondye Papa a pou tout tan gen tan. Amèn!

21 Salye tout pèp Bondye a nan Jezikris. Frè ki avè m yo salye nou tou. 22 Tout pèp Bondye isit la voye salitasyon pou nou, sitou sa yo k ap travay pou anperè Seza.

23 Se pou gras Senyè Jezikris ranpli lespri nou chak.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International