Chronological
Pa kritike frè w
14 Byen resevwa moun ki pa gen yon konviksyon solid sou sa yon kwayan dwe fè ak sa l pa dwe fè, san fè lide kritike fason yo panse. 2 Yon moun kwè li ka manje tout bagay,[a] yon lòt menm, ki pa gen yon lafwa solid, li manje legim sèlman. 3 Moun ki manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki pa manje tout bagay; epi menm jan an tou, moun ki pa manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki manje tout bagay la. Paske Bondye aksepte l. 4 Ou menm k ap kritike sèvitè yon lòt moun, kilès ou ye? Kit sèvitè sa a rete kanpe, kit li tonbe, se bagay ki gade mèt li. L ap rete kanpe, paske Senyè a gen pouvwa pou fè l kanpe.
5 Yon moun ka panse gen jou ki pi enpòtan pase lòt, yon lòt panse tout jou se menm. Chak moun dwe byen sèten sou sa l kwè nan pwòp lespri li. 6 Yon moun ki fè diferans nan jou yo, se pou Senyè a li fè sa. Yon moun ki manje tout kalite manje, se pou Senyè a li fè l, paske li di Bondye mèsi. Moun ki pa manje tout bagay la, se pou Senyè a li fè sa, epi li menm tou, li di Bondye mèsi.
7 Pa gen pèsòn ki viv oubyen ki mouri pou tèt li ase. 8 Si n ap viv, se pou Senyè a n ap viv. Epi si nou mouri, se pou Senyè a n ap mouri. Kit n ap viv, kit nou mouri, se pwopriyete Senyè a nou ye. 9 Se poutèt sa, Kris te mouri epi li resisite, se pou l ka Senyè moun ki mouri ak moun ki vivan yo.
10 Alò, pou kisa w ap kritike yon frè w oubyen yon sè w? Epi pou kisa w ap meprize yo? Paske nou tout gen pou n parèt devan tribinal Kris la. 11 Paske Bib la di:
“Senyè a di, poutèt mwen vivan toutbon,
tout moun va mete ajenou devan m;
tout moun va di se Bondye mwen ye.”[b]
12 Konsa, nou tout gen pou n rann kont devan Bondye pou sa nou fè.
Pa lakoz moun fè peche
13 Se pou nou tout sispann kritike youn lòt. Men sa pou n fè pito: Pa mete anyen devan frè nou ou byen devan sè nou pou fè pye l glise oubyen pou pouse l fè sa ki mal. 14 M konnen epi m sèten, nan Jezi Senyè a, pa gen manje ki pa pwòp pou manje. Men si yon moun panse yon bagay pa bon, li vin pa bon pou li.
15 Si w deside manje yon manje ki fè frè w oubyen sè w mal ou p ap viv selon lanmou. Pa detwi lafwa yon moun poutèt yon manje! Kris te mouri poutèt moun sa a. 16 Pa kite sa w panse ki bon pou ou tounen yon rezon pou fè moun kritike w. 17 Wayòm Bondye a, se pa yon zafè manje ak bwè. Sa ki enpòtan se sa ki jis, se lapè, se lajwa ki soti nan Sentespri a. 18 Moun k ap sèvi Kris nan fason sa a, l ap fè Bondye plezi epi tout moun ap respekte l.
19 An n travay ansanm pou ka gen lapè nan mitan youn lòt, epi an n poze aksyon ki ka fè nou grandi pou n vin pi solid nan lafwa nou. 20 An n pa kite yon manje detwi travay Bondye. Tout manje bon devan Bondye, men li pa bon pou yon moun manje yon bagay ki fè yon lòt moun peche. 21 Sa ki byen, se pou n pa ta manje vyann, pa bwè diven, pa sèvi ak anyen ki ka fè frè ak sè nou yo peche.
22 Egzamine konviksyon w yo nan kè w sou bagay sa yo devan Bondye. Se yon benediksyon pou moun ki ka fè sa l kwè ki dwat, san l pa santi l koupab. 23 Men, si yon moun gen dout sou sa l ap manje, li tou kondane, paske li pa aji selon lafwa li. Paske tout sa yon moun fè ki pa soti nan yon konviksyon lafwa bay, se yon peche.
15 Nou menm ki pa gen pwoblèm avèk bagay sa yo, se pou n gen pasyans devan lòt yo ki pa fò menm jan ak nou epi ki gen kèk dout. Nou pa dwe ap chache fè sa ki fè n plezi. 2 Se pou nou chak ap chache fè pwochen nou plezi nan fè sa ki byen, pou yo ka grandi pou vini pi fò nan lafwa yo. 3 Men Kris pa t ap chache fè pwòp tèt li plezi. Jan Pawòl Bondye di sa, “Lè moun yo ap joure w, m santi se mwen y ap joure.”[c] 4 Tout sa ki te ekri nan Pawòl la nan tan pase, yo te ekri pou ban nou enstriksyon. Yo te ekri pou fè nou viv ak espwa pa mwayen pasyans ak ankourajman yo. 5 Se nan Bondye pasyans ak ankourajman soti. M ap priye pou Bondye ede nou viv an amoni youn ak lòt, nan swiv egzanp Jezikri. 6 Lè sa a, nou tout ap ansanm. Epi tout moun ansanm, n ap bay Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an laglwa. 7 Nou tou, se pou n resevwa youn lòt, menm jan Kris li menm, li te resevwa nou pou bay Bondye glwa. 8 M di nou Kris te vini kòm sèvitè pou Jwif yo pou montre kijan Bondye fidèl. Li fè sa, pou l te ka akonpli pwomès Bondye te fè zansèt Jwif yo. 9 Kris te fè sa tou pou moun ki pa Jwif yo te ka fè lwanj pou Bondye pou gras li anvè yo. Pawòl Bondye di:
“Se poutèt sa m va fè fèt pou di w mèsi pami moun lòt nasyon yo;
Se poutèt sa m va di w mèsi.”[d]
10 Epi Bib la di ankò,
“Nou menm moun lòt nasyon yo,
se pou n rejwi nou tou ak pèp Bondye a.”[e]
11 Bib la di ankò,
“Louwe Senyè a, nou menm moun lòt nasyon yo;
Tout moun, chante pou fè lwanj Senyè a.”[f]
12 Epi Ezayi di,
“Gen yon moun k ap leve nan ras fanmi Jese.[g]
L ap vini pou l gouvène nasyon yo,
epi y ap mete espwa yo nan li menm.”[h]
13 Se pou Bondye, ki bay esperans lan, ranpli nou ak kè kontan ak lapè poutèt konfyans nou. Se pou esperans nou rive debòde pa mwayen puisans Sentespri a.
Pòl ap pale sou travay li
14 Pou mwen menm frè m ak sè m yo, m sèten nou plen ak bòn volonte. Epitou, nou konnen tout sa nou ta dwe konnen. Nou ka bay youn lòt konsèy. 15 Poutan, m ap pran libète nan lèt sa a pou m pale avè nou sou kèk bagay m ta renmen nou sonje. Se bagay nou deja konnen. M ap fè sa paske Bondye, nan gras li, 16 li fè m vin sèvitè Jezikri pami moun ki pa Jwif yo. Li mete m apa pou preche mesaj Levanjil li a. Konsa, moun ki pa Jwif yo ka tounen yon bon ofrann pou Bondye. Epi se Sentespri a ki fè ofrann gen valè nan je Bondye.
17 M fyè pou travay m fè pou Bondye paske m se moun Jezikri. 18 Epi, si m oze pale sou kèlkeswa bagay mwen fè, se sèlman pou m di sa Kris fè avè m kòm enstriman li. Li sèvi avè m pou l fè moun ki pa Jwif yo vin obeyi Bondye. Li fè yon seri bagay ekstrawòdinè ak pawòl ak aksyon mwen pa mwayen pouvwa Sentespri Bondye a 19 ak zèv puisans li. Soti Jerizalèm, rive nan rejyon Iliri, mwen preche Levanjil Kris la nèt. 20 Men, mwen te toujou vle preche Levanjil sèlman nan zòn ki pa ko konnen Kris. M fè sa, pou m pa bati sou fondasyon lòt moun gentan prepare. 21 Men, selon sa Bib la di,
“Moun yo pa t anonse sa ap wè,
epi moun ki pa t tande pale de li ap konprann.”[i]
Pòl fè plan vizite Wòm
22 Se travay sa a ki kenbe m, ki fè anpil fwa, m pa gentan vin wè nou.
23 Depi plizyè lane, mwen te vle vizite nou. Kounye a, travay mwen fini nan zòn sa yo. 24 M ap pase vizite nou lè m pral an Espay. Paske m swete wè nou pandan m ap pase, pou n ka gen yon bon moman ansanm. M swete nou va ede m kontinye pouswiv vwayaj mwen tou.
25 Kounye a, se Jerizalèm m prale, pou m al ede pèp Bondye a. 26 Gen kèk nan yo ki pòv. Konsa, legliz kretyen Masedwàn ak Akayi yo te vle ede yo. Yo fè yon ofrann voye pou yo. 27 Yo te kontan fè sa. Se kòm si yo te gen yon dèt pou legliz nan Jerizalèm. Paske yo pa Jwif, epi yo te jwenn benediksyon espirityèl pa mwayen Jwif yo. Konsa, yo t ap sèvi ak benediksyon materyèl yo genyen pou yo ede Jwif yo. 28 M ap ale Jerizalèm pou m ka sèten pòv yo resevwa lajan yo te bay pou yo a.
Lè m fin fè sa, m ap pati pou m al an Espay epi m ap rete nan chemen pou m pase vizite nou. 29 M konnen, rive m rive kote nou, m ap pote anpil benediksyon Kris pou nou.
30 Frè m ak sè m yo, men sa m mande nou, se pou n ede m lite nan lapriyè n ap fè monte bò kot Bondye pou mwen, grenmesi Jezikri ak renmen Sentespri a ban nou. 31 Priye pou m ka delivre anba moun Jide yo ki refize aksepte mesaj nou preche a. Priye pou èd m ap pote Jerizalèm nan ka fè pèp Bondye a plezi tou. 32 Lè sa a, si Bondye dakò avè m, m ap vin kote nou ak lajwa epi m va pran yon ti repo ansanm ak nou. 33 Se pou Bondye ki bay lapè a rete avèk nou tout! Amèn.
Dènye Pawòl
16 M rekòmande nou sè Febe. Li se yon dyakonès nan legliz ki nan lavil Sankre. 2 Resevwa li nan non Senyè a. Ede l nan nenpòt fason l ta gen bezwen. Li menm, li se yon byenfetè pou anpil moun, mwen menm, m se youn nan yo. Resevwa l nan jan moun Bondye yo ta fè sa.
3 Salye Prisil ak Akilas pou mwen. Yo se kolaboratè mwen nan Jezikri. 4 Yo te riske lavi yo pou yo te ka sove m. M genyen yo rekonesans, epi tout legliz pami moun ki pa Jwif yo genyen yo rekonesans tou.
5 Salye legliz ki reyini lakay yo a tou.
M ap salye bon zanmi m Epayinèt. Se te premye moun ki te aksepte Kris an Azi.
6 Salye Mari pou mwen tou. Li te travay anpil pou ou menm.
7 Salye Andwonikis ak Jinya. Moun sa yo se fanmi mwen epi yo te nan prizon avè m. Yo menm te disip Kris anvan m. Epi yo fè pati moun ki pi enpòtan Kris voye pou fè travay li[j]
8 Salye Anpliyatis, bon zanmi m nan Senyè a. 9 Salye Ibanis tou. Li te travay ansanm avè n pou Kris la. Salye Estakis tou, zanmi m 10 ak Apelès ki bay prèv li se yon bon disip Kris.
Salye tout moun nan fanmi Aristobil pou mwen, 11 salye Ewodyon, fanmi mwen.
Salitasyon pou tout moun nan fanmi Nacis, se moun Senyè a yo ye. 12 Salye Trifèn ak Trifoz, medam sa yo travay di pou Senyè a. Salye bon zanmi m Pèsid, li te travay di pou Senyè a tou.
13 Salitasyon pou Rifi tou, se youn nan moun Senyè a chwazi yo, pou manman l tou, li te yon manman pou mwen.
14 Salye Asenkrit, Flegon, Èmès, Patwobas, Èmas, pou mwen ak tout lòt frè ak sè yo ki avèk yo tou.
15 Salye Filològ ak Jilya, Nere ak sè l la, Olenpas, ak tout pèp Bondye a ki avèk yo.
16 Salye youn lòt ak yon bèl akolad[k]
Tout Legliz Kris yo voye salye nou.
17 M ap ankouraje nou, frè m ak sè m yo, fè atansyon ak moun k ap pwovoke divizyon epi k ap fè moun tonbe nan peche, sa pa mache ak ansèyman nou te resevwa deja. Retire kò nou kote moun sa yo. 18 Se pa Kris, Senyè nou an moun sa yo ap sèvi. Yo sèlman ap fè vant yo plezi. Y ap sèvi ak bèl pawòl, y ap flate w, moun ki sispèk yo, yo twonpe yo. 19 Tout moun tande pale kijan n ap obeyi Senyè a, m santi m kontan pou sa. M ta renmen nou se moun ki saj nan fè sa ki byen, m pa ta renmen nou se moun ki lage kò nou nan fè sa ki mal.
20 Byento, Bondye ki se sous lapè a, ap kraze Satan anba pye nou.
Gras Senyè nou an Jezi avè n!
21 Timote, kolaboratè mwen, ap salye nou. Lisiyis, Jazon ak Sozipatè tou (moun sa yo se fanmi mwen), yo voye salye nou.
22 Mwen menm, Tèsiyis, sekretè Pòl, k ap ekri lèt sa a, mwen voye anpil salitasyon pou nou nan non Senyè a.
23 Gayis ap salye nou. Se lakay li m ye. Epi se lakay li tout legliz la reyini. Eras, trezorye vil la, ap salye nou ak Katis tou, se yon frè nou. 24 [l]
25 An n fè lwanj pou Bondye! Se li menm ki ka fòtifye nou nan lafwa selon Levanjil m ap preche a, dapre Jezikri, dapre konesans Bondye ban nou sou mistè ki te kache depi lontan. 26 Mistè sa a devwale jodi a, pa mwayen sa pwofèt yo te ekri dapre lòd Bondye te bay. Tout nasyon yo vin konnen sa kounye a, poutèt pou yo ka obeyi ak lafwa nan Bondye. 27 Glwa pou Bondye pa mwayen Jezikri pou tout tan, li menm sèl ki gen sajès. Amèn.
Copyright © 2017 by Bible League International