Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Chronological

Read the Bible in the chronological order in which its stories and events occurred.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Women 11-13

11 “Sa fè m ap mande, èske Bondye voye pèp li a jete?” Se pa sa ditou! Egzanp lavi pa m pwouve sa. An reyalite mwen menm, m se moun pèp Izrayèl la. M soti nan ras Abraram, m soti nan fanmi Benjamen. Bondye te chwazi Izrayèl pou pèp pa l anvan menm yo te fèt, li pa voye pèp la jete. Selon sa ki ekri nan Bib la, Eli te pote plent bay Bondye kont pèp Izrayèl la. Se sèten nou konnen sa l te di: “Senyè, yo touye pwofèt ou yo, yo kraze lotèl ou yo. M se sèl pwofèt ki rete vivan, epi men y ap chache touye m.”[a] Men, ki repons Bondye te bay Eli? Men sa Bondye te di l: “M gen 7,000 moun de rezèv ki pa janm met ajenou devan zidòl ki rele Baal la.”[b]

Se menm bagay pou Izrayèl jodi a. Gen yon ti gwoup Izrayelit Bondye chwazi nan gras li ki rete fidèl. Si se nan gras li li chwazi yo, sa vle di se pa sou baz zèv yo te fè. Si l pa t konsa, nou pa t ap ka pale de gras.

Kisa sa vle di? Sa vle di: Pi fò pèp Izrayèl la pa jwenn sa yo t ap chache a. Men ti rès Izrayelit Bondye te chwazi yo te jwenn li. Men lòt yo, yo fèmen kè yo pou yo pa konprann. Se sa Bib la di:

“Bondye fè yo dòmi pou yo pa tande.”[c]
“Bondye bouche je yo pou yo pa wè,
    epi li bouche zòrèy yo pou fè yo pa ka tande.
    Sa kontinye jouk kounye a.”[d]

David deklare li menm tou:

“Tab kote y ap fete tounen yon pyèj pou yo, yon filè,
    yon kote ki fè yo fè bitay.
Se pou bon moman sa yo fè yo tonbe
    pou yo jwenn pinisyon yo merite.
10 Se pou je yo bouche pou yo pa ka wè,
    se pou y ap koube do yo tout tan anba gwo chay lou ak sousi.”[e]

11 Konsa, m ap mande, lè pèp Bondye a pa koute l, èske sa detwi yo nèt? Se pa sa ditou! Men, bitay Jwif yo fè a fè moun ki pa Jwif yo jwenn delivrans Bondye bay la, poutèt pou Jwif yo ta vin jalou. 12 Fot Jwif yo fè a pote anpil benediksyon pou lemonn, pou moun ki pa Jwif yo. Konsa nou ka imajine ki pi gran benediksyon sa va ye pou lemonn, lè ta gen ase Jwif ki ta vin tounen kalite moun Bondye vle yo ye!

13 M ap di nou sa, nou menm moun ki pa soti nan ras Jwif yo: Mwen se moun Bondye voye pale avè nou. M bay travay sa a anpil enpòtans. 14 M ta byen kontan fè moun ras jwif parèy mwen yo jalou pou m ta rive ede yo sove. 15 Si moun ki pa Jwif rive rekonsilye ak Bondye paske Bondye te mete pèp Jwif la sou kote, ki gwo bagay sa va ye lè Bondye va aksepte Jwif yo? Sa va sanble ak moun ki te mouri epi ki leve soti vivan nan lanmò? 16 Dayè, si premye moso nan pat nou ofri bay Bondye a kòm premye pati nan rekòt la se yon bagay ki sen, alò tout rès pat la vin sen tou. Epi, si rasin yon pye bwa sen, branch yo sen tou.

17 Si kèk nan branch yo te koupe yo, epi si ou menm ki te yon pye olivye sovaj, yo te grefe w nan plas yo, si ou jwenn nan nouriti pye olivye a pran nan rasin li yo, 18 pa fè lwanj tèt ou pou w pa panse ou pi bon pase branch sa yo ki te koupe mete a kote. Si ou santi w fyè, pa bliye, se pa ou ki bay rasin yo manje, se rasin yo ki ba ou manje. 19 Kounye a ou va di: Yo te koupe kèk branch jete, se pou mwen menm, m te ka grefe nan plas yo. 20 Se vre, yo te koupe yo, paske yo pa t gen lafwa, epi ou menm, ou rete kole nan pye bwa a, paske w gen lafwa. Pa lwanje tèt ou, ou ta dwe pè pou w pa fè menm jan ak yo pito. 21 Paske, si Bondye pa prezève Jwif yo, yo menm ki se vrè branch yo, ou dwe fè atansyon, paske li p ap prezève w nonplis si ou sispann kwè.

22 Alò, gade: Bondye bon, men an menm tan li sevè. Li sevè ak moun ki tonbe yo, li bon pou ou menm, si ou kontinye kwè nan bonte li. Sinon, y ap debranche w menm jan ak yon branch bwa. 23 Men si yon jou, Jwif yo dakò pou yo kwè, y ap grefe yo ankò kote yo te ye anvan an. Paske Bondye gen pouvwa pou l refè sa ankò. 24 Ou menm, ou te yon branch nan yon pye bwa sovaj. Yo te debranche w epi yo te grefe w sou yon bon pye bwa. Ka pa w la pa natirèl. Jwif yo, yo menm, yo soti nan bon pye bwa a. Alò, Bondye ap grefe yo fasil fasil ankò sou pye bwa sa a kote yo te soti a.

25 Frè ak sè, kretyen yo, verite sa a ap ede nou wè nou pa konnen tout bagay. Men sa ki verite a: Yon pati nan pèp Izrayèl la ap fè tèt di, jouk tan gen ase moun ki pa Jwif ki vin jwenn Bondye. 26 Konsa, tout moun ki nan pèp Izrayèl la ap sove, jan Pawòl Bondye di l la:

“Sovè a ap soti nan Siyon;
    L ap retire Izrayèl nan move zak l ap komèt yo.
27 Se konsa m va fè alyans ak yo
    lè m va retire peche yo.”[f]

28 Pou kounye a, gen Jwif ki refize aksepte Levanjil. Lè yo fè sa, yo tou rejte Bondye. An reyalite yo fè tèt yo lènmi Bondye. Sa rive konsa poutèt ou menm ki pa Jwif. Men yo toujou rete pèp Bondye chwazi a, epi Bondye renmen yo, poutèt pwomès li te fè zansèt yo. 29 Panse Bondye pa janm chanje konsènan pèp li te chwazi a. Li pa t janm deside retire benediksyon li te ba yo. 30 Nan tan pase yo, ou te refize obeyi Bondye. Men kounye a, Bondye fè w gras, paske Jwif yo pa t obeyi Bondye. 31 Epi kounye a, se yo ki refize obeyi, paske Bondye fè w gras. Men sa pase konsa pou yo ka jwenn gras Bondye yo menm tou. 32 Tout moun refize obeyi Bondye. Konsa, li fèmen yo tout ansanm nan prizon dezobeyisans. Men li fè sa pou l ka montre yo tout kijan li konn fè moun gras.

Lwanj pou Bondye

33 Wi, ala gran richès Bondye yo gran! Sajès li ak konesans li san limit! Pèsòn pa ka eksplike desizyon Bondye yo. Pèsòn pa ka konprann sa l ap fè. 34 Jan Bib la di sa:

“Ki moun ki ka konnen sa k nan panse Senyè a?
    Ki moun ki ka ba l konsèy?”[g]
35 “Ki moun ki te janm fè Bondye yon kado?
    Bondye pa dwe pèsòn anyen.”[h]

36 Wi, Bondye fè tout bagay. Epi tout bagay kontinye ap mache pa mwayen li menm ak pou li menm. Tout laglwa se pou Bondye pou tout tan gen tan! Amèn.

Bay Bondye lavi w

12 Frè ak sè m yo, poutèt Bondye montre nou jan li renmen nou anpil konsa, men sa m ap mande nou: An n ofri tout sa nou ye bay Bondye, tankou yon sakrifis vivan ki sen, epi ki fè l plezi. Lè n gade sa li fè pou nou, se konsa vrèman vre nou ta dwe adore l. Pa panse oubyen pa aji menm jan ak moun ki nan lemonn. Men, kite Bondye transfòme w, kite l ba w yon entèlijans nouvo. Konsa, ou va an mezi pou w konprann volonte Bondye: Sa ki bon, sa ki fè l plezi, sa ki san fay.

Poutèt Bondye fè m yon gras espesyal pou m di nou tout: Pa bay tèt nou plis enpòtans pase sa n genyen. Nou dwe wè tèt nou jan nou ye a, dapre kantite lafwa Bondye ban nou chak. Paske, menm jan nou chak gen yon sèl kò ak anpil manm, epi tout manm yo pa gen menm wòl pou yo jwe, se konsa tou, nou anpil epi nou fòme yon sèl kò nan Kris, epi nou se manm youn lòt.

Men, don nou genyen yo diferan. Yo soti nan gras Bondye. Si yon moun gen don pwofesi, se pou l sèvi avè l selon lafwa li. Si yon moun gen don pou rann sèvis, se pou l rann sèvis. Moun ki gen don pou l anseye, se pou l anseye. Moun ki gen don egzòte moun, se pou l fè sa. Gen moun ki gen don pou bay, se pou l fè l ak jenewozite. Moun ki gen don pou dirije, se pou l fè sa ak dilijans. Moun ki gen don pou l montre favè yo anvè malere yo, se pou yo fè sa ak kè kontan.

Lanmou nou gen youn pou lòt pa dwe gen ipokrizi ladan l. Se pou n rayi sa ki mal. Epi rete atache ak sa ki byen. 10 Se pou nou youn renmen lòt paske nou se manm yon menm fanmi. Se pou nou toujou premye nan chache onore youn lòt. 11 Se pou n gen devouman nan lespri nou, nou pa dwe parese. Se pou n toujou chofe pou sèvis Senyè a. 12 Se pou n gen kè kontan poutèt espwa nou genyen. Nan lafliksyon, se pou n gen pasyans. Se pou nou toujou rete nan lapriyè. 13 Se pou n pran swen moun Bondye yo ki nan bezwen. Se pou n toujou pare pou n resevwa moun ki rive lakay nou.

14 Mande Bondye pou l beni moun k ap pèsekite w yo. Mande Bondye beni yo, pa mande l modi yo. 15 Se pou n kontan avèk moun ki kontan yo, pataje tristès sa yo ki nan lapenn. 16 Viv nan inite youn ak lòt pandan n ap chache viv nan lapè. Pa tonbe nan foli grandè, men se pou w dakò fè zanmi ak moun ki san enpòtans nan je lòt moun. Pa pran tèt ou pou moun ki saj.

17 Si yon moun fè w mal, pa chache remèt li sa l fè w la. Se pou n fè sa tout moun kwè ki bon. 18 Fè sa w kapab pou w viv nan lapè ak tout moun toutotan sa posib. 19 An n pa chache fè tèt nou jistis, byenneme. An n tann kòlè Bondye pito, paske Pawòl Bondye di: “Vanjans se pou mwen, se mwen k ap pini chak moun pou sa l fè.”[i] 20 Men,

“si lènmi w yo grangou,
    ba yo manje.
Si yo swaf,
    ba yo bwè.
Lè w fè sa, se yon pil chabon dife tou limen
    w ap sanble sou tèt yo.”[j]

21 Pa kite sa ki mal ranpòte laviktwa sou ou, fè sa ki byen pou w ka ranpòte laviktwa sou sa ki mal.

Obeyisans anvè otorite yo

13 Nou dwe obeyi tout otorite ki plase sou tèt nou. Paske se Bondye ki mete tout otorite. Otorite ki la yo, se Bondye ki plase yo. Konsa, si yon moun ap lite kont yon otorite, se kont volonte Bondye li pran pozisyon. Si yon moun ap lite kont otorite yo, se jijman l ap rele sou pwòp tèt li. Yon moun ki fè sa ki byen, li pa bezwen pè otorite yo, men si nou fè sa ki mal, se pou n pè yo. Ou pa vle pè otorite yo? Enben, fè sa ki byen, epi otorite yo va felisite w.

Otorite yo, se sèvis Bondye y ap fè pou ede nou. Men si ou fè sa ki mal, ou gen rezon pè yo, paske se pa pou anyen otorite yo gen pouvwa pou pini moun. Otorite yo se sèvitè Bondye plase pou pini moun k ap fè sa ki mal. Poutèt sa, se pou n soumèt nou anba otorite yo. Se pa pou yo pa pini nou sèlman, men se paske nou konnen se sa ki dwat pou nou fè.

Se poutèt sa nou peye taks yo. Moun k ap dirije yo dwe gen yon salè pou tout responsabilite sa yo yo genyen. Se pou Bondye y ap travay. Bay chak moun sa w dwe l. Nenpòt kalite taks ou dwe peye, peye l; si se obeyisans ou dwe, se pou w obeyi; si se respè, ou dwe aji ak respè; si ou dwe onore yon moun, onore l.

Renmen pwochen w, se sa ki lalwa

Nou pa dwe gen dèt anvè pèsòn, sèl dèt pou nou genyen se pou nou youn renmen lòt. Yon moun ki renmen pwochen l, li fè tout sa Lalwa mande. Lalwa di: “Pa komèt adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa pote lanvi sou bagay moun.”[k] Kòmannman sa yo ak tout lòt yo, yo anndan yon sèl: “Renmen pwochen[l] w menm jan w renmen pwòp tèt ou!”[m] 10 Moun ki renmen pwochen li, pa fè pwochen yo mal. Alò, renmen se sa ki Lalwa.

11 Nou konnen nan ki tan n ap viv kounye a: Se lè pou n pa dòmi! Jou delivrans nou an pi pre kounye a pase lè nou te fenk kwè. 12 Nuit lan prèske fini. Li prèske jou. Alò, nou dwe sispann fè zèv yo fè nan fènwa yo. Nou dwe prepare nou pou n konbat sa ki mal ak zam limyè yo. 13 Nou dwe viv yon fason ki konvenab, sa vle di jan moun k ap viv nan limyè viv, san fè eksè nan manje, nan bwason. Nou pa dwe tonbe nan dezòd seksyèl oubyen nan poze aksyon ki fè moun wont. Nou pa dwe nan joure ni nan fè jalouzi. 14 Men, se pou n abiye nou ak Jezikri, Senyè nou an. Epi, pa chache reflechi sou kijan pou n satisfè dezi feblès lachè nou.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International