Chronological
Lavi nan Sentespri a
8 Kounye a, pa gen okenn kondanasyon pou moun Jezikri yo. 2 Paske Sentespri ki bay lavi a delivre w[a] anba lalwa ki pote peche ak lanmò a, pa mwayen Jezikri. 3 Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a. 4 Bondye fè sa pou n ka viv dapre sa Lalwa mande. Kounye a, nou p ap mache selon feblès nou. N ap mache dapre Sentespri a.
5 Moun k ap mache dapre feblès yo, yo panse sèlman ak sa yo vle. Men moun k ap mache anba kontwòl Sentespri a, yo panse selon volonte Sentespri a. 6 Lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès li, se wout lanmò li pran. Men lè yon moun gen panse l anba kontwòl Sentespri a, se wout lavi ak lapè li pran. 7 Poukisa? Se paske, lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès lachè, li se lènmi Bondye: Li pa soumèt anba Lalwa Bondye. Dayè, li pa menm ka obeyi Bondye. 8 Moun ki anba kontwòl feblès lachè yo, yo pa ka fè Bondye plezi.
9 Men ou menm, ou pa anba kontwòl feblès lachè. Ou anba kontwòl Sentespri a si Lespri Bondye ap viv nan ou toutbon. Men, nenpòt moun ki pa gen Lespri Kris la nan li, li pa moun Kris la. 10 Men si Kris ap viv nan nou, lè sa a, Sentespri a ban nou lavi paske nou te libere anba peche ak lanmò. Sa se yon verite, menm si kò nou deja nan wout pou mouri poutèt peche. 11 Si Lespri Bondye ki resisite Jezi a ap viv nan nou se sèten l ap resisite kò nou tou pa mwayen Sentespri a k ap viv nan nou.
12 Konsa, frè m ak sè m yo, nou pa dwe kite se feblès lachè k ap dirije nou epi k ap fè nou fè sa l vle. 13 Si nou pase lavi nou ap fè sa feblès lachè vle, n ap mouri nan vi espirityèl nou. Men si n kite Sentespri a ede n fini ak move bagay lachè yo, n ap genyen vrè lavi a.
14 Moun ki pitit Bondye, se moun ki kite Lespri Bondye dirije yo. 15 Lespri nou te resevwa a pa fè nou esklav pou n ap viv nan lapèrèz ankò. Lespri nou te resevwa a fè Bondye adopte nou kòm pitit li. Se Lespri sa a ki fè nou rele, “Abba,[b] Papa.” 16 Sentespri a kominike ak lespri pa nou pou ban nou garanti nou se pitit Bondye. 17 Poutèt nou se pitit Bondye, n ap resevwa pòsyon pa nou nan byen Bondye pwomèt moun pa l yo. L ap ban nou tout sa li gentan bay Jezikri. Si jodi a nou gen pòsyon soufrans pa nou menm jan ak li, n ap gen pòsyon laglwa pa nou avèk li tou.
N ap gen laglwa yon jou
18 Soufrans n ap andire kounye a pa anyen devan laglwa n ap jwenn pi devan. 19 Tout sa Bondye te kreye yo ap tann ak pasyans ki lè Bondye va devwale moun ki pitit li yo[c] toutbon. 20 Tout sa Bondye te kreye tonbe anba madichon ki anpeche yo jan Bondye vle pou yo ye a. Se pa t pwòp chwa pa l, men se Bondye ki fè sa rive konsa avèk espwa sa: 21 kreyasyon an p ap kontinye rete esklav anba fòs sa yo k ap detwi l. Bondye vle kreyasyon an jwi menm libète ak laglwa pitit Bondye yo va genyen.
22 Nou konnen se plenn tout kreyasyon an ap plenn, jouk jodi a, menm jan ak yon fanm ansent k ap akouche. 23 Se pa sèlman kreyasyon an, men nou menm tou ki gen Sentespri Bondye a kòm garanti. N ap plenn ak lapenn nan kè nou pandan n ap tann lè a fin rive nèt, lè pou nou jwenn adopsyon nou kòm pitit Bondye, lè pou kò nou rive libere. 24 Bondye sove nou pou n ka gen espwa sa a. Se pa yon bagay nou wè kounye a. Si nou te ka wè sa, sa pa t ap yon espwa. Yon moun p ap espere sa l gentan genyen. 25 Men, nou gen espwa nou sou yon bagay nou pako wè. N ap tann li ak pasyans.
26 Sentespri a ede nou tou, paske nou sitèlman fèb. Nou pa menm konnen kijan pou n ta priye, men Sentespri a li menm pale ak Bondye pou nou, li sèvi ak soupi nou pa menm gen mo pou n ta tradui yo. 27 Bondye gentan konnen panse ki nan fon kè nou. Epi li konprann sa Sentespri a gen entansyon di li, paske Sentespri a ap pale pou pèp Bondye a yon fason ki tonbe daplon ak volonte Bondye.
28 Nou konnen Bondye[d] ranje tout bagay yon fason pou yo tounen byen pou moun ki renmen l yo. Moun sa yo se moun Bondye chwazi paske l te planifye l konsa. 29 Bondye te deja konnen yo anvan l te kreye lemonn. Epi li te deside pou yo tounen menm jan ak Jezikri, pitit li a pou li ka premye pitit pami anpil frè ak sè. 30 Bondye planifye pou yo vin menm jan ak pitit li a. Li chwazi deklare yo jis devan l. Epi lè l fin deklare yo jis devan li, li ba yo laglwa li.
Bondye renmen nou nan Jezikris
31 Ki sa n ta di sou sa? Poutèt Bondye pou nou, ki moun ki ka kanpe kont nou? 32 Menm pwòp pitit li Jezikri Bondye pa anpeche l soufri pou nou, li te livre l pou nou tout. Sa fè nou kwè Bondye p ap manke ban nou tout bagay ak Jezikri, pitit li a. 33 Ki lès ki ka akize moun Bondye chwazi yo? Pèsòn! Se Bondye ki deklare yo jis devan li. 34 Kilès ki ka pwononse kondanasyon moun Bondye yo? Pèsòn! Jezikri te mouri, anplis li te resisite, li adwat Bondye Papa a epi l ap priye an favè nou. 35 Èske gen yon bagay ki ka separe nou ak renmen Kris la? Èske se kalamite lavi, pwoblèm oubyen pèsekisyon ki ta separe nou ak renmen li? Si nou pa ta gen manje pou n manje oubyen rad pou n mete oubyen nou ta devan danje, menm devan lanmò, èske sa yo ka separe nou ak renmen li? 36 Jan Bib la di l,
“Poutèt ou menm nou kontre danje pou mouri tout tan.
Moun vin gade nou menm ak mouton yo pral touye.”[e]
37 Men nan mitan tout pwoblèm sa yo, nou gen laviktwa total poutèt Bondye ki montre renmen li genyen pou nou. 38-39 Wi, mwen sèten, anyen p ap ka separe nou ak lanmou Bondye: kit se lanmò, kit se lavi, kit se anj yo oubyen espri yo k ap gouvène an lè a, kit se move lespri yo, kit se bagay k ap pase kounye a, kit se bagay ki va vini, kit se sa yo ki gen pouvwa, kit se fòs ki soti anwo nan syèl, kit se fòs ki soti anba sou latè, kit se nenpòt bagay nan kreyasyon an, pa gen anyen ki ka separe nou ak lanmou Bondye montre nou nan Jezikri, Senyè nou an.
Bondye ak pèp Jwif la
9 Mwen se moun Jezikri, epi m ap di nou verite a. Epi Sentespri a k ap dirije konsyans mwen dakò sa m ap di a se verite a: 2 Mwen gen gwo lapenn nan kè m epi m toujou santi anpil tristès 3 pou pwòp pèp mwen an. Yo se frè m ak sè m, nou soti nan menm ras fanmi. Mwen swete m te ka ede yo. M ta menm aksepte separe ak Kris la, si sa te ka ede yo jwenn chemen delivrans lan. 4 Yo se moun pèp Izrayèl, pitit Bondye adopte. Bondye ba yo laglwa li ak tout Alyans Bondye fè ant li menm ak yo menm. Bondye ba yo Lalwa Moyiz la, li ba yo Tanp lan pou adore li epi li ba yo pwomès li yo. 5 Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi[f] a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.
6 Sa pa vle di Bondye pa kenbe pwomès li te fè pèp Jwif la. Men, sa vle di, se kèk moun nan pèp Izrayèl la sèlman ki fè pati pèp Bondye a vre. 7 Epi se kèk nan pitit Abraram yo sèlman ki desandan Abraram toutbon. Se sa Bondye te di Abraram: “Moun ki desandan w toutbon yo se moun ki soti nan Izarak yo.”[g] 8 Sa vle di: se pa tout pitit natirèl Abraram yo ki pitit Bondye, men se pitit Abraram ki fèt dapre pwomès Bondye te fè a nou ka konsidere kòm desandan Abraram. 9 Men ki pwomès Bondye te fè: “Lane pwochèn, nan menm epòk sa a, m ap retounen epi Sara ap gen yon pitit gason.”[h]
10 Men se pa sa sèlman. Genyen Rebeka tou. Li te ansent epi li fè de jimo, de pitit pou yon sèl papa, Izarak, zansèt nou. 11-12 Anvan menm de pitit sa yo te fèt, lè yo pa t ko fè ni sa k byen ni sa k mal, Bondye te di Rebeka: “Pi gran an ap sèvitè pi piti a.”[i] Sa fèt konsa, paske plan Bondye, chwa Bondye pa chita sou sa yon moun fè, men li chita sou Bondye li menm. 13 Jan Bib la di sa: “M renmen Jakòb, men m rayi Ezayi.”[j]
14 Kisa pou n ta di sou sa? “Èske sa vle di Bondye ta enjis?” Non, se pa sa ditou! 15 Bondye te di Moyiz: “M ap fè moun mwen vle gras. M ap gen pitye pou moun mwen chwazi gen pitye.”[k] 16 Konsa, gras Bondye pa depann de moun ki vle oubyen de moun ki kouri byen nan kous la, men sa depann de Bondye sèlman ki chwazi moun li vle. 17 Nan Bib la, Bondye di Farawon konsa: “M te chwazi fè w vin wa poutèt pou m ka montre puisans mwen nan relasyon m avèk ou, epi pou yo ka konnen ki moun mwen ye toupatou sou latè.”[l] 18 Konsa, Bondye fè moun li vle gras, epi li fèmen kè moun li vle.
19 Kounye a, youn nan nou ta ka mande: “Enben, pou kisa Bondye ap blame nou pou zafè peche ankò? Paske, ki moun ki ka kenbe tèt ak Bondye?” 20 Men, kisa w ye ou menm pou w ap kenbe tèt ak Bondye? Èske yon asyèt an ajil ka mande moun ki fè l la: “Pou kisa ou fè m konsa?” 21 Èske moun ki fè po flè a pa ka fè sa l vle ak tè ajil la? Èske l pa ka fè yon bèl asyèt an ajil ak menm tè sa pou okazyon espesyal, epi yon lòt asyèt òdinè?
22 Se menm jan an pou Bondye tou. Li te vle montre kòlè li epi li fè moun wè puisans li. Men l sipòte moun li te fache kont yo ak anpil pasyans, moun ki tou pare pou yo peri. 23 Li t ap tann ak pasyans pou l te fè pèp li chwazi a konnen grandè laglwa li, pou yo resevwa gras li. Bondye te deja prepare yo pou yo patisipe nan glwa li. 24 Se nou menm Bondye rele soti nan mitan Jwif yo, anplis li mande nou soti nan mitan moun ki pa Jwif yo tou. 25 Se sa Bondye deklare pa mwayen pwofèt Oze:
“Pèp ki pa t pèp mwen an,
m ap rele l pèp mwen.
Epi nasyon m pa t renmen an,
m ap rele l nasyon byenneme m nan.”[m]
26 Epi,
“Menm kote yo te di yo:
Ou pa pèp mwen!
Menm kote sa a,
yo va rele yo pitit Bondye vivan an.”[n]
27 Pwofèt Ezayi rele byen fò pou l pale de pèp Izrayèl la konsa:
“Menm lè moun Izrayèl yo ta anpil,
menm jan ak sab ki bò lanmè
se kèk nan yo k ap sove sèlman.
28 Paske Senyè a ap fè sa l te di l ap fè sou latè a,
nan yon ti tan tou kout.”[o]
29 Ezayi te gentan di tou:
“Senyè toupisan an
te kite kèk moun vivan.
Si l pa t fè sa konsa,
kounye a, nou t ap menm jan ak Sodòm,
nou t ap menm jan ak lavil Gomò a.”[p]
30 “Ki sa pou nou konprann nan sa? Èske Bondye deklare moun ki pa Jwif yo jis menm si yo pa t ap fè efò pou sa?”
Wi. Yo benefisye jistis Bondye ki soti nan fidelite Jezikri. 31 Poutan, Izrayèl menm ki t ap swiv yon lwa pou yo ka vin jis devan Bondye, yo pa reyisi vin jis pou Bondye. 32 Sa k fè sa? Paske Izrayèl pa t chache vin jis pa mwayen lafwa, men pa mwayen zèv yo fè. Yo bite sou wòch ki fè moun tonbe a. 33 Se sa Bondye di nan Pawòl li:
“Men m mete yon wòch nan Siyon ki fè moun fè bitay.
Se yon karyann k ap fè moun tonbe.
Men, nenpòt moun ki fè l konfyans
p ap wont.”[q]
10 Frè m ak sè m yo, sa m ta renmen wè, bi priyè m pou pèp Izrayèl la, se pou yo tout ta rive sove. 2 Men temwanyaj mwen bay pou yo: yo vrèman fè anpil efò pou ta fè sa Bondye vle, men yo pa konprann plan li. 3 Yo pa konprann kisa Bondye fè pou l ka sove nou. Epi y ap eseye nan fason pa yo pou yo parèt jis devan Bondye. Konsa, yo derefize aksepte fason Bondye vle sove moun. 4 Lalwa rive nan bout li ak Kris la ki akonpli tout sa Lalwa te vle. Kounye a, Bondye aksepte tout moun ki kwè nan Kris la.
5 Paske, sou lajistis Lalwa bay la, men sa Moyiz ekri: “Moun ki fè sa Lalwa mande, y ap jwenn lavi ladan l.”[r] 6 Men sa Pawòl Bondye di sou fason yon moun vin jis devan Bondye pa mwayen fidelite Jezi: “Pa mande tèt ou: Ki moun k ap monte nan syèl?” (Se ta pou l fè Kris desann sou latè.) 7 “Epi, pa di: Ki lès ki pral desann nan pwofondè latè?” (Se ta pou n di “Ki moun ki pral fè Kris leve soti nan lanmò?”)
8 Men sa Bib la di: “Mesaj la tou pre w, li nan bouch ou epi li nan kè w.”[s] Se mesaj sa a Bondye voye, mesaj lafwa n ap preche a. 9 Si ou temwanye ak bouch ou Jezi se Senyè, epi si w kwè nan kè w vrèman vre Bondye te resisite l, w ap sove. 10 Wi, si nou kwè nan Jezi ak tout kè nou, Bondye fè nou vin lib devan l, lè nou temwanye lafwa nou ak bouch nou, Bondye sove nou.
11 Wi, Pawòl Bondye di: “Nenpòt moun ki kwè nan li p ap janm wont.”[t] 12 Konsa, pa gen okenn diferans ant moun ki Jwif ak moun ki pa Jwif, paske yo tout gen menm Senyè ki pare pou beni tout moun ki rele l. 13 Men sa Bib la di, “Nenpòt moun ki rele nan non Senyè a[u] ap sove.”[v]
14 Men kijan pou yo envoke l si yo pa kwè nan li? Kòman pou yo rive kwè nan li san yo pa tande l? Kòman pou yo rive tande, si pa gen moun k ap preche? 15 Kòman pou fè gen moun k ap preche, si pèsòn pa voye yo? Dapre sa Pawòl Bondye di: “Ala bèl sa bèl, lè w wè moun k ap pote Levanjil la ap rive!”[w]
16 Men, se pa yo tout ki obeyi sa Levanjil la di. Se poutèt sa Ezayi te di: “Senyè, ki moun ki kwè nan mesaj nou?”[x] 17 Konsa, lafwa vini lè nou tande Bòn Nouvèl la, epi nou tande Bòn Nouvèl la lè yon moun pale nou de Kris la.
18 Men mwen di, “moun Izrayèl yo pa vrèman tande sa, pa vre?” Men wi, yo tande l. Ou konnen sa pòsyon Pawòl Bondye sa a di:
“Yo tande vwa a gaye toupatou sou latè,
mesaje yo rive tout kote nan lemonn.”[y]
19 Men m ap poze tèt mwen kesyon ankò, “moun pèp Izrayèl la pa t konprann sa, pa vre?” Wi, repons lan nan sa Bondye te gentan di anvan pa mwayen Moyiz:
“M ap sèvi ak moun ki pa yon vrè nasyon
pou m fè nou vin jalou.
M ap sèvi ak moun ki pa gen bon konprann
pou m fè nou fache.”[z]
20 Epi Ezayi pran kouraj li ak de men pou l di:
“Moun ki jwenn mwen,
yo pa t menm ap chache m.
M fè menm moun ki pa t ap mande
pou mwen konnen m.”[aa]
21 Men, sou Izrayèl, Bondye di:
“Tout lasent jounen, m ap lonje men m bay pèp la,
men yo dezobeyisan epi yo rebèl.”[ab]
Copyright © 2017 by Bible League International