Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Chronological

Read the Bible in the chronological order in which its stories and events occurred.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
2 Korentyen 10-13

Pòl ap defann otorite apot li

10 Mwen menm Pòl, kèk moun di ki timid lè m nan mitan nou, epi ki sevè lè m lwen, mwen ta vle fè nou yon demand pèsonèl poutèt bonte ak dousè Kris la: Tanpri, pa oblije m mete severite m deyò lè m vini. Mwen gen plan pou m aji ak severite ak tout moun ki panse rezon ki kontwole konduit nou sanble ak sa ki kontwole mond sa a. Se vre n ap viv nan mond la, men nou pa mennen batay nou menm jan lemonn. Nou pa sèvi ak zam lèzòm fè. Puisans zam nou yo soti nan Bondye, epi y ap detwi tout kote lènmi an genyen pou fè l kwè li an sekirite. N ap detwi move rezònman lèzòm ap fè, n ap detwi tout vye panse ògeye ki opoze ak konesans Bondye. N ap mete tout panse anba kòd pou fè yo obeyi Kris la. Nou pare pou nou pini tout moun ki dezobeyi, men nou vle wè ou ap obeyi Kris san grate tèt anvan.

Gade prèv ki devan w yo! Si yon moun gen konviksyon li se moun Kris la, lè l byen reflechi, l ap wè nou menm tou, nou se moun Kris la. Menmsi li ta sanble mwen egzajere nan jan m fyè a, mwen pa wont. Paske, Senyè a ban m otorite pou m konstui, li pa ban m otorite pou m detwi. Mwen pa vle parèt tankou moun k ap ekri lèt pou fè nou pè. 10 Se vre gen moun ki di: “Lèt li yo egzijan, yo gen fòs, poutan lè l nan mitan nou an pèsòn, pawòl li yo fèb, epi yo pa vo anyen.” 11 Men sa moun sa yo bezwen konnen: lè nou vini, aksyon nou yo ap gen menm pwa ak sa nou ekri nan lèt nou yo.

12 Nou pa oze mete nou nan menm nivo oswa konpare tèt nou ak moun sa yo ki panse yo tèlman enpòtan. Yo etabli pwòp mezi yo pou mezire pwòp tèt yo, epi yo konpare tèt yo ak pwòp tèt yo. Ala egare!

13 Men nou menm nou pa pral vante tèt nou depase limit travay nou. N ap vante tèt nou nan limit travay Bondye ban nou. Epi nou menm, legliz Korent, nou antre anndan limit travay sa a. 14 Nou te ka tonbe nan kategori moun k ap vante tèt yo depase, si nou pa t deja vini lakay ou. Men nou se premye moun ki te rive Korent ak Bòn Nouvèl Kris la. 15 Nou p ap vante tèt nou ni chache pran kredi pou travay lòt moun te fè. Souwè nou, se paske pandan lafwa ou ap kontinye fè pwogrè, ou ap ede travay n ap fè a kontinye grandi epi ale pi lwen. 16 Konsa nou ka pote Bòn Nouvèl la nan lòt zòn ki pi lwen toujou, san nou pa bezwen vante tèt nou sou travay lòt moun te fè. 17 “Si yon moun vle vante tèt nou, se pou l vante tèt li sou travay Senyè a fè.”[a] 18 Lè yon moun ap vante tèt li di l bon, sa pa vo anyen. Sa k konte, se sa Bondye li menm, li di sou yon moun.

Konparezon ant Pòl ak fo apot yo

11 Mwen swete nou ka sipòte pou m manifeste yon ti kras foli. Men wi, fè yon ti sipòte m non! Mwen jalou pou nou. Jalouzi sa a soti nan Bondye. Mwen te pwomèt pou m remèt nou bay Kris kòm sèl mari nou. Epi m ta renmen remèt nou bay mari nou vyèj. Men menm jan Èv te tonbe anba riz sèpan an, mwen krenn pou panse nan tèt nou pa fè nou kite atachman fidèl epi san detou nou dwe genyen ak Kris la. Pa egzanp mwen wè nou gen anpil pasyans ak moun ki vin anonse nou yon lòt Jezi ki pa menm ak sa nou te anonse w la. Mwen wè nou aksepte fasilman yon lòt lespri ak yon lòt mesaj pa menm ak Lespri mesaj Bòn Nouvèl mwen te anonse nou an.

Poutan, mwen pa kwè okenn espès gran apot nou yo gen valè pase m. Petèt, mwen ka limite pa rapò ak moun ki fò nan fè bèl diskou. Men, kanta pou konesans, se yon lòt bagay! Nou gentan montre sa aklè nan tout bagay epi nan tout okazyon.

Èske se yon peche m te fè lè m te imilye tèt mwen pou nou menm nou te ka resevwa onè? Èske se yon peche te fè lè m te anseye nou Bòn Nouvèl la san nou pa t bay anyen? Mwen te aksepte sipò lajan nan men lòt legliz pou m te ka sèvi w pi byen. Epi lè m te lakay nou, mwen pa t sèvi fado pou pèsòn, menm lè m te nan bezwen. Frè ki te soti Masedwàn yo te ban m tout sa m te bezwen. Mwen pa t pèmèt pou tèt mwen, epi mwen p ap janm pèmèt pou tèt mwen ta yon fado pou nou. 10 Mwen di sa ak verite a Kris la nan mwen, pèsòn nan tout Lakayi pa ka anpeche m fyè sou sijè sa a. 11 Pouki sa m pa mete yon fado sou nou? Èske se renmen mwen pa renmen nou? Bondye konnen ki valè renmen mwen renmen nou!

12 M ap kontinye kenbe l jan l ye kounye a. Konsa, mwen p ap bay okenn baz pou moun k ap chache okazyon pou yo vante tèt yo. Yo p ap jwenn okazyon pou yo ta di se menm kalite travay ak nou y ap fè. 13 Se fo pwofèt yo ye. Se yon bann pwofesyonèl nan bay manti k ap fè sanblan yo se apot Kris la. 14 Sa pa etone nou, paske se menm bagay Satan ap fè lè l fè sanblan li se yon anj limyè. 15 Konsa, sa pa dwe etone nou si sèvitè Satan yo ap fè sanblan yo se moun k ap travay pou sa ki jis. Men alafen, y ap jwenn pinisyon aksyon yo merite.

Pòl ap pale sou soufrans li kòm apot

16 M ap di nou sa ankò: mwen pa vle pèsòn panse m fou. Men si se sa nou panse, enben aksepte m tankou moun fou. Konsa mwen ka vante tèt mwen yon ti kras. 17 Nan kesyon vante tèt la, mwen p ap pale jan Senyè a li menm ta pale. M ap pale pito tankou yon moun fou. 18 Poutèt gen anpil lòt moun ki vante tèt yo sou sa yo akonpli nan lavi, kite m vante tèt mwen tou. 19 Nou se moun saj, poutan nou sipòte moun ki gen foli yo tèlman byen! 20 Nou sipòte nenpòt moun ki trete nou tankou esklav epi ki eksplwate nou. Nou sipòte nenpòt moun ki twonpe nou, moun ki panse yo pi bon pase nou, menm moun ki ba nou souflèt nan figi nou. 21 Mwen santi m wont pou m di l, men nou menm nou te twò fèb pou nou te fè w sa.

Men si yon moun oze vante tèt li nan yon domèn, mwen ka oze fè l tou. (Menmsi m ap pale tankou moun fou.) 22 Se Ebre yo ye? Mwen menm tou. Se Izrayelit[b] yo ye? Mwen menm tou. Se desandan Abraram yo ye? Mwen menm tou. 23 Èske y ap sèvi Kris? M ap sèvi Kris la plis pase yo. (Se sèl moun fou ki pale jan m ap pale a). Mwen travay plis pase yo. Mwen te nan prizon pi souvan pase yo. Mwen pran plis baton pase yo. Mwen pase raz ak lanmò plis pase yo.

24 Pandan senk fwa mwen resevwa pinisyon 39 kout baton nan men Juif yo. 25 Moun bat mwen ak raso pandan twa fwa. Yon fwa yo te lapide m. Bato fè nofraj twa fwa avèk mwen. Yon fwa mwen pase yon jounen ak tout yon nuit nan dlo lanmè. 26 Poutèt mwen vwayaje anpil, mwen rankontre danje nan larivyè k ap desann, danje nan mitan bandi, danje nan men pwòp konpatriyòt mwen, danje nan men moun ki pa Juif. Mwen te an danje nan vil yo tankou nan zòn rekile yo, tankou sou lanmè. Mwen te an danje nan mitan fo frè yo.

27 Mwen fè travay di epi fatigan. Mwen fè plizyè nuit san dòmi. Mwen te grangou, mwen te swaf. Plizyè fwa mwen pa jwenn manje pou m manje. Mwen santi fredi san m pa gen rad pou m mete. 28 Anplis tout lòt pwoblèm yo, sousi m gen pou tout legliz yo mete m anba gwo presyon chak jou. 29 Chak fwa yon moun fèb, mwen santi m fèb. Chak fwa yon moun kite wout verite a, mwen santi anndan m ap bouyi.

30 Silfo pou m vante tèt mwen, mwen ta pito pale sou bagay ki montre kijan mwen fèb. 31 Bondye konnen m p ap bay manti. Se li menm ki Bondye ak Papa Senyè Jezi, se li menm ki merite tout glwa tout tan. 32 Lè m te Damas, gouvènè ki te reprezante wa Aretas la te mete gad nan pòtay vil la pou arete m. 33 Men kèk zanmi te mete m nan yon panye. Yo fè panye a pase nan yon twou nan miray la epi yo desann mwen anba. Se sa ki te pèmèt mwen chape anba l.

Yon benediksyon espesyal nan lavi Pòl

12 Fò m kontinye vante tèt mwen, menmsi m pa wè sa l ap itil. Kanmenm mwen vle pale sou vizyon yo ak revelasyon yo ki soti nan Senyè a. Mwen konnen yon kretyen[c] ki te monte jis nan twazyèm syèl. Èske se te nan kò li oubyen èske se san kò li? Mwen pa konnen, men Bondye konnen. Sa gentan gen 14 zan depi l pase. 3-4 Wi, mwen konnen nonm sa a te rive jis nan paradi. Mwen pa konnen si se nan kò li oubyen si se san kò li. Men gen bagay li tande li pa menm ka eksplike, ni li pa gen dwa repete. Mwen te ka vante konsènan sa nonm sa a te viv la, men mwen p ap vante tèt mwen. Silfo pou m ta vante m, mwen t ap pito pale de feblès mwen yo.

Si m te vle vante tèt mwen, mwen pa kwè m t ap pi fou pase sa, paske se verite sèlman mwen t ap di. Men m p ap di plis, paske mwen pa vle okenn moun panse m pi plis pase sa yo wè m ap fè oubyen sa yo tande m ap di.

Wi, Senyè a fè m konnen bagay ekstraòdinè ki te ka fè m anfle ak ògèy. Pou evite sa, mwen te tou resevwa yon pwoblèm nan kò m k ap fè m soufri. Se tankou yon anj Satan voye antre nan kò m pou fè m soufri epi fè m sonje mwen pa pi bon pase okenn lòt moun. Pandan twa fwa mwen priye Senyè a pou l delivre m anba pwoblèm sa a. Men repons li ban mwen: “Gras mwen sifi pou ou. Se sèlman lè ou fèb puisans mwen akonpli tout bagay pou kont li.” Donk, mwen prefere vante tèt mwen pou feblès mwen yo. Konsa puisans Kris la va rete nan mwen. 10 Wi, si se pou Kris, mwen aksepte ak kè kontan feblès mwen yo. Mwen aksepte ak kè kontan jouman, nesesite, pèsekisyon ak moman difisil. Rezon: lè m fèb se lè sa a m pi fò.

Pòl fè konnen sousi li gen pou legliz Korent la

11 Mwen t ap pale tankou moun fou. Se nou ki lakoz sa. Se nou menm ki ta dwe ap vante kalite m. Mwen pa vo anyen non, men gran apot nou yo pa vo plis pase m non. 12 Avèk anpil pasyans, lè m te avèk nou, mwen te fè tout sa ki pwouve mwen se yon apot. Te gen tout kalite mirak, siy ak pwodij yon apot. 13 Kisa m te fè pou lòt legliz yo m pa fè pou nou? Wi, yon sèl bagay: mwen pa t vle tounen yon fado pou nou nan kesyon lajan. Mwen mande padon pou sa!

14 Tande non, mwen pare pou m vini lakay nou pou yon twazyèm fwa; menm lè sa a tou, mwen toujou pa vle yon fado pou nou. Lajan nou pa enterese m, se nou menm ki enterese m. Epi tou se pa pitit ki dwe ap sere kòb pou bay paran yo, se paran yo ki dwe ap sere kòb pou bay pitit yo. 15 Kanta pou mwen, mwen t ap kontan depanse tout sa m genyen pou nou. Mwen prèt pou m menm bay tèt mwen pou nou. Èske lè m mwen renmen nou pi plis, sa ap fè nou renmen m mwens?

16 Li klè mwen pa t mete yon fado sou nou. Men gen kèk nan nou ki panse mwen pa t fran, mwen pran nou nan pyèj. 17 Èske mwen eksplwate nou pa mwayen mesye mwen voye lakay nou yo? 18 Mwen te ankouraje Tit ak yon lòt frè mwen te voye ak li pou vizite nou. Di m non, èske Tit te eksplwate nou? Èske li pa t aji avèk onètete, menm jan avèk nou? Èske li pa t swiv tras nou?

19 Mwen espere ou pa panse se tèt nou n ap chache defann devan w. Non, nou di tout bagay sa yo antan sèvitè Kris la ak Bondye kòm temwen nou. Se zanmi w nou ye. Donk, tout sa nou di, se pou ede w grandi. 20 Mwen pè pou lè m vini, pou m pa ta jwenn nou jan m ta vle a, epi pou nou pa ta jwenn mwen jan nou ta vle a. Mwen pè pou lè m vini, pou m ta jwenn kont agoch adwat, jalouzi, kòlè, lanbisyon, pale mal, tripotay, awogans ak dezòd. 21 Mwen pè pou lè m vin vizite nou ankò, pou Bondye pa imiliye m devan nou. Petèt mwen pral tris pou anpil moun ki te tonbe nan peche epi ki pa repanti. Anpil pami yo ap mennen yon lavi sal epi imoral, yo toujou ap pratike bagay ki fè moun wont.

Dènye avètisman ak salitasyon final

13 Sa fè twazyèm fwa m ap vin vizite nou. Sonje: “tout akizasyon ki gen valè bezwen gen de ou twa temwen ki konfime l.”[d] Dezyèm fwa mwen te lakay nou an, mwen te gen tan avèti moun ki te peche yo. Menm lè mwen pa prezan pami nou, mwen ta vle avèti tout moun ki nan peche depi lontan oubyen kounye a yo: lè m vini, mwen p ap menaje nou. Sa ap sèvi yon bon prèv pou tout moun ki gen dout se pòtpawòl Kris la mwen ye. Kris pa manke fòs lè l ap aji pou nou, okontrè li manifeste puisans pami nou. Se vre Kris la te fèb lè yo te klouwe l sou lakwa, men kounye a, li vivan gras a puisans Bondye. Nou menm tou, nou fèb poutèt nou fè youn ak Kris. Men n ap vivan nan li menm, pa mwayen pouvwa Bondye, lè nou va reyini ansanm avè l.

Egzamine tèt nou, gade pou nou wè si n ap viv nan lafwa. Èske se konnen nou pa konnen Jezikris ap viv nan nou? Si nou pa pase tèt nou egzamen lafwa sa a, Jezikris ta sipoze p ap viv nan nou. Antouka, nou espere pandan w ap fè pwòp egzamen w lan, ou gen tan reyalize nou menm, nou reyisi nan egzamen an deja. N ap priye Bondye pou ou pa fè anyen ki mal. Sousi prensipal nou, se pa pou nou gen rezon, men se pou n pratike sa ki byen, menm si, nan ka sa a, li ta sanble se nou ki echwe egzamen an. Nou pa ka fè anyen kont verite a, men nou dwe toujou kanpe pou verite a. Nou kontan lè nou fèb epi ou menm ou fò. E n ap priye pou ou grandi rive nan matirite. 10 Mwen ekri nou tout bagay sa yo depi anvan m vini. Konsa, lè m vini mwen p ap bezwen sèvi ak otorite m pou bay moun pinisyon. Otorite Senyè a ban mwen, se pou m konstwi, se pa pou m detwi.

11 Kounye a frè m ak sè m yo, m ap fini lèt la: Se pou nou gen yon kè kontan k ap debòde. Fè sa n ap fè nan ladwati. Fè sa m mande nou pou nou fè yo. Mete tèt nou ansanm. Viv nan lapè. Epi Bondye lanmou ak lapè a ap akonpanye nou.

12 Se pou nou bay youn lòt yon bèl akolad.[e] Tout pèp Bondye a ki kote m ye voye salitasyon pou nou.

13 Se pou gras Jezikris Senyè a, lanmou Bondye, ak kominyon[f] Sentespri a rete avèk nou tout.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International