Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Chronological

Read the Bible in the chronological order in which its stories and events occurred.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
2 Korentyen 1-4

Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris[a] paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.

Se pou gras ak lapè Bondye Papa nou, ansanm ak Senyè Jezikris, rete avèk nou!

Pòl ap di Bondye mèsi

Mwen beni non Bondye, Papa Senyè nou Jezikris! Li se yon papa ki plen konpasyon ak konsolasyon. Li toujou konsole nou chak fwa soufrans vin sou wout nou. Konsa, lè lòt moun ap soufri, nou konsole yo ak menm konsolasyon nou resevwa nan men Bondye a. Menm jan nou sibi soufrans pou Kris, se menm jan an tou nou resevwa konsolasyon pa mwayen Kris. Si nou soufri, se pou ou ka jwenn konsolasyon ak delivrans. Si nou jwenn konsolasyon, se pou ou menm ka jwenn konsolasyon tou. Anplis, sa dwe ede nou pou n ka kenbe fèm nan mitan soufrans nou yo. Nou gen anpil konfyans. Nou konnen ou patisipe nan soufrans nou. Konsa tou, nou konnen ou ap patisipe nan konsolasyon nou tou.

Frè m ak sè m yo, nou vle fè nou konnen ki valè soufrans nou te rankontre nan Lazi. Nou te jwenn plis pase sa nou ka sipòte, jouktan nou te menm panse nou pa t ap viv ankò. Wi, nan lide pa nou, nou te panse nou t ap mouri. Sa rive konsa, pou nou sispann kwè nan pwòp fòs nou, men pou nou mete konfyans nou nan Bondye pito. Se li menm ki konn resisite moun mouri. 10 Li delivre nou anba gwo danje lanmò. E nou konnen l ap kontinye delivre nou. Se sa ki ban nou asirans, l ap delivre nou asireman. 11 Epi ou menm tou, ou ede nou nan lapriyè ou yo. Konsa, anpil moun ap remèsye Bondye pou nou, paske Bondye beni nou poutèt pwòp priyè yo.

Plan Pòl chanje

12 Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.[b] 13 Wi, nou pa mete diplis nan sa nou ekri voye ba ou. Nou ekri w sèlman bagay ou kapab li epi konprann. 14 Nou konnen ou konprann anpil bagay deja, men nou vle pou w santi w fyè poutèt nou, menm jan nou gen pou n fyè pou ou nan jou retou Senyè nou an, Jezikris.

15 Mwen te tèlman sèten, se sa k fè m te fè plan vizite nou an premye. Konsa, nou te ka jwenn yon doub benediksyon. 16 Mwen te fè plan vizite nou pandan m sou wout pou m al Masedwàn ak lè m tounen sot Masedwàn. Mwen te vle chache èd nan men nou pou vwayaj nan Jide a. 17 Èske nou panse mwen te fè plan sa yo menm jan ak lemonn? Oubyen, èske nou panse mwen fè yon plan mètdam, m ap di wi epi non an menm tan?

18 Si nou kwè Bondye fidèl, nou mèt kwè pawòl mwen di nou pa ka wi ak non an menm tan. 19 Mwen menm, Silas ak Timote, nou te pale w de Jezikris, pitit Bondye a. Ebyen, Jezi pa t nan balanse ant wi ak non an menm tan. Jezi te toujou wi. 20 Jezi se wi Bondye, paske se pa mwayen li menm tout pwomès Bondye yo akonpli. Se sa k fè se pa mwayen Jezi nou di “Amèn” ak tout sa ki bay Bondye glwa. 21 Se Bondye li menm ki ba nou fòs nan Jezikris. Se li menm tou ki mete nou apa pou n fè travay li. 22 Li mete sa l sou nou pou di nou se moun pa l. Li mete Sentespri li nan kè nou tankou yon avalwa sou tout sa l gen pou ban nou.

23 Sa m ap di la a se verite a, menm Bondye ka sèvi m temwen. Rezon ki fè mwen pa vini Korent, se pou m pa ogmante sou pèn nou. 24 Sa pa vle di n ap chache kontwole lafwa w. Ou deja gen yon lafwa ki solid. Men nou vle travay ansanm avèk ou pou pwòp bonè w.

Konsa, mwen te deside mwen p ap vizite nou ankò, poutèt se tristès m ap pote pou nou. Si m fè nou tris, ki lès k ap fè kè m kontan? Èske se pa menm nou menm mwen fè tris la? Mwen te ekri nou yon lèt davans pou moun ki la pou fè kè m kontan yo pa t rann mwen tris. Mwen te sèten lè m kontan sa fè nou kontan tou. Wi, mwen te gen anpil dlo nan je m lè m t ap ekri lèt m te voye anvan an. Kè m te tris. Mwen te gen anpil enkyetid, men mwen pa t janm gen nan tèt mwen pou m fè nou lapenn, mwen te plis vle fè nou konnen kijan mwen renmen nou.

Pòl mande padone yon moun ki te aji mal

Gen youn pami nou ki te fè yon bagay ki bay tristès. Men lè w byen gade, tristès la pa t pou mwen sèlman; li te pou nou tout. (Mwen pa vle egzajere pou fè bagay la parèt pi grav pase sa l te ye a.) Pinisyon majorite moun legliz la te ba li a sifi. Kounye a, se pou nou padone li epi ankouraje li. Si se pa sa, tristès la ka pouse l abandone. M ap egzòte nou pou nou manifeste lanmou anvè li. Mwen ekri nou pou m k konnen si nou pare pou n obeyi nan tout bagay. 10 Depi nou padone yon moun, mwen menm tou mwen padone l. Epi si te gen yon bagay pou m padone, mwen padone l poutèt nou, nan prezans Kris la. 11 Mwen fè l konsa pou Satan pa jwenn okenn avantaj sou nou. Nou konnen byen ki plan li genyen.

Bondye ap ban nou viktwa sou pwoblèm yo

12 Lè m rive Twoas pou m preche Bòn Nouvèl Kris la, Bondye te ban m yon bon opòtinite, se vre, 13 men m pa t ka rete, paske mwen te gen twòp sousi lè m pa t wè frè mwen, Tit. Mwen te di moun yo orevwa epi m pati pou Masedwàn.

14 Men nou di Bondye mèsi, li menm ki toujou ban nou vikwa pa mwayen Jezikris. Bondye sèvi ak nou pou gaye nouvèl Kris la kèlkeswa kote nou pase, tankou yon pafen santi bon. 15 Wi, nou se pafen santi bon Kris la, kit pou moun ki sou wout delivrans lan kit pou moun ki sou wout pèdisyon an. 16 Pou sa yo ki sou wout pèdisyon, pafen an gen odè lanmò. Epi li pote lanmò pou yo. Men pou sa yo ki sou wout delivrans lan, pafen an gen odè lavi. Epi li pote lavi. Kilès ki diy ase pou fè travay sa a? 17 Gen yon bagay ki sèten, nou pa fè pati moun k ap vann pawòl Bondye a pou fè pwofi. Avèk èd Kris la, nou prezante mesaj la avèk senserite, paske nou konnen nou gen pou n rann li kont.

N ap sèvi Bondye anba yon nouvo kontra

Èske nou dwe kòmanse ap di bèl bagay pou fè moun wè nou? Oubyen èske nou bezwen lèt rekòmandasyon menm jan ak kèk lòt moun pou nou vin lakay ou, oswa lè n ap kite lakay ou? Non, se ou menm ki lèt nou. Se yon lèt ki ekri nan kè nou. Tout moun konnen l, tout moun kapab li l. Wi, ou montre ou se yon lèt Kris la ekri li menm epi li voye l pa mwayen nou menm. Lèt sa a pa ekri ak lank, men se avèk Lespri Bondye vivan an. Li pa ekri sou tablèt wòch,[c] men li ekri nan kè moun.

Nou pale konsa, devan Bondye, poutèt konfyans nou genyen, pa mwayen Kris la. Nou pa met nan tèt nou nou ka fè anyen pou kont nou. Se Bondye ki ban nou kapasite pou nou fè tout sa nou fè. Se li menm ki ban nou kapasite pou nou travay kòm sèvitè l anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa depann de lalwa, men li depann de Sentespri a. Lalwa pote lanmò, men Sentespri a bay lavi.

Nouvo kontra gen plis glwa

Lalwa te ekri sou wòch, li pote lanmò, men laglwa Bondye te toujou akonpanye l. Moyiz te sèvi Bondye anba lalwa, epi laglwa Bondye te tèlman briye sou vizaj li, pèp la pa t ka gade l nan vizaj. Poutan glwa ki te briye sou vizaj li a te pasaje. Pa gen okenn dout, glwa ministè Sentespri a ki bay lavi ap depase anpil glwa sa k te sou lalwa a. Men sa m vle di: Si ministè ki pote anpil kondanasyon poutèt peche a te gen glwa konsa, ministè k ap deklare moun jis devan Bondye a gen plis glwa toujou. 10 Devan glwa nouvo ministè a, glwa ansyen ministè a vin pa reprezante anyen. 11 Si kontra ki te la pou yon ti tan an te gen glwa konsa, kontra ki la pou tout tan an gen plis glwa toujou.

12 Konsa, poutèt esperans nou genyen an sèten, nou pale avèk anpil asirans. 13 Nou pa fè tankou Moyiz ki te oblije mete yon vwal sou vizaj li pou Izrayelit yo pa t ka wè lè glwa ki sou vizaj li a t ap disparèt. 14 Entèlijans moun yo te vwale tou. Dayè jouk jodi a, lè Izrayelit yo ap li sa ki te ekri nan ansyen pwomès la,[d] vwal la toujou rete. Vwal la soti sèlman pou moun ki fè youn ak Kris la. 15 Wi, jis jodi a, lè Izrayelit yo ap li lalwa Moyiz la, gen yon vwal ki kouvri entèlijans yo. 16 Men chak fwa yon moun vire vin jwenn Senyè a, Senyè a fè vwal la tonbe, jan Bib la di sa te rive ak Moyiz la. 17 Senyè a, nan kontèks sa a, se Sentespri a. E lè Lespri Senyè a yon kote, li pote libète. 18 Nou pa gen vwal sou vizaj nou. N ap kontanple glwa Senyè a ki reflete sou nou tankou nan yon miwa, epi n ap transfòme pou nou vin reflete imaj li. Transfòmasyon sa a pote plis glwa toujou, paske li soti nan Senyè a ki se Sentespri a.

Trezò espirityèl nan po an ajil

Bondye, nan bonte l, konfye nou travay sa a pou nou fè. Se poutèt sa, nou p ap abandone l. Men, nou voye jete tout metòd mètdam ak tout sa ki ka fè moun wont. Nou pa sèvi blòf ni nou pa defòme pawòl Bondye. Okontrè, nou anseye tout verite a. Konsa, nou prezante nou aklè devan konsyans lèzòm ak devan Bondye. Si Bòn Nouvèl nou anonse a pa parèt aklè, se pou moun k ap peri yo li pa klè. Chèf[e] mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye. Nou p ap pale moun de pwòp tèt nou. Men n ap fè moun konnen Jezikris se Senyè. Nou menm nou se sèvitè Jezi. Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.”[f] Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.

Bondye konfye nou trezò sa a, men nou se sèlman po ki fèt an ajil ki kenbe trezò sa a. Konsa, li klè, puisans nou genyen pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti. Pwoblèm anviwonnen nou toupatou, yo pa kraze nou. Anpil fwa nou pa konn kisa pou nou fè, nou p ap bay legen. Nou resevwa pèsekisyon, men Bondye pa abandone nou. Nou tonbe kèk fwa, men yo pa touye nou. 10 Se chak minit nou fè eksperyans lanmò Kris la nan pwòp kò nou. Konsa tou, se chak minit moun ka wè lavi Kris la nan nou. 11 Nou vivan, se vre, men se chak jou nou pase touprè lanmò poutèt Jezi. Se sa k fè li fasil pou moun wè lavi Jezi nan kò nou ki gen pou mouri. 12 Konsa, lanmò ap fè travay li nan nou, men lavi ap fè travay li nan ou.

13 Bib la di: “Mwen kwè, se sa k fè m pale.”[g] Se konsa lafwa nou ye tou. Nou kwè, se sa k fè nou pale. 14 Bondye resisite Jezi Senyè a, epi nou konnen li gen pou l resisite nou tou ansanm avèk Jezi. Bondye gen pou l mete ou menm ak nou ansanm pou nou ka parèt ansanm nan prezans li. 15 Se nan pwòp enterè w tout bagay rive. Se sa ki fè benediksyon Bondye ap kontinye vide sou plis moun toujou. Konsa, remèsiman yo ap miltipliye epi Bondye ap jwenn plis glwa.

N ap viv pa lafwa

16 Non, nou p ap bay legen. Se vre kò fizik nou ap desann, men lespri ki ladann ap vin pi nèf chak jou. 17 Soufrans n ap fè fas jodi a, yo la pou yon ti tan, epi y ap ede genyen yon glwa etènèl. Anplis, yo pa reprezante anyen devan glwa etènèl ekstraòdinè nou gen pou n al jwi. 18 Konsa nou pa konsantre panse nou sou sa n wè, men nou konsantre panse nou pito sou sa nou paka wè. Sa nou wè jodi a la pou yon tan. Sa nou pa ka wè a, li la pou letènite.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International