Chronological
Don Sentespri a bay
12 Kounye a, frè m ak sè m yo, nou te poze m kesyon sou don Sentespri a bay, mwen pa ta renmen nou konprann sa mal. 2 Nan tan pase, lè nou pa t konn Bondye, fo dye ki pa kapab pale yo t ap trennen nou epi nou pa t kapab reziste yo. 3 Konsa m ap di nou pa gen okenn moun ki ap pale anba kontwòl Sentespri a k ap di: “Madichon pou Jezi!” Pèsòn nonplis p ap di “Jezi se Senyè” si se pa Sentespri a ki dirije l.
4 Gen diferan kalite don espirityèl, men gen yon sèl sous: Sentespri. 5 Gen diferan fason pou rann sèvis, men se menm Senyè a nou tout ap sèvi. 6 Bondye aji nan lavi moun nan diferan fason. Men se menm Bondye a k ap travay nan lavi nou tout epi k ap fè tout bagay.
7 Bondye bay chak moun yon don ki manifeste kijan Sentespri a ap travay nan lavi l. Chak moun dwe sèvi ak don sa a pou l ede lòt moun. 8 Sentespri a bay yon moun don pou l pale avèk sajès. Menm Sentespri a bay yon lòt moun don pou l pale ak konesans. 9 Menm Sentespri a bay yon moun don lafwa. Li bay yon lòt moun plizyè don pou geri anpil kalite maladi. 10 Sentespri a bay yon moun don pou l fè mirak. Li bay yon lòt moun don pou l bay pwofesi. Li bay yon lòt don pou l ka distenge bagay ki soti nan Sentespri a ak sa ki soti nan lòt sous. Li bay yon moun don pou pale divès kalite lang. Li bay yon lòt don pou entèprete yo. 11 Se menm Sentespri a ki akonpli tout bagay sa yo. Se li menm pou kont li ki deside kisa l ap bay chak moun.
Kò Kris la
12 Chak moun gen yon kò, men kò a gen plizyè pati. Tout pati sa yo fòme yon sèl kò. Se menm jan an tou kò Kris la ye. 13 Gen kèk nan nou se Jwif, gen kèk nan nou ki pa Jwif; gen kèk nan nou ki lib, gen kèk nan nou ki esklav. Men nou tout resevwa batèm Sentespri a pou nou ka vin fòme yon sèl kò. Se menm Sentespri a Bondye bay[a] nou tout.
14 Wi, yon sèl manm pa vle di yon kò. Yon kò gen plizyè pati ladann. 15 Si pye a di: “Paske m pa yon men, mwen pa fè pati kò a.” Èske sa l di a ka fè l pa fè pati kò a pou sa? 16 Si zòrèy la di: “Paske m pa yon grenn je, mwen pa fè pati kò a.” Èske sa l di a ka fè l pa fè pati kò a pou sa? 17 Si tout kò a se te je nan kisa nou t ap tande? Si tout kò a se te zòrèy nan kisa nou t ap pran sant? 18 Se Bondye li menm ki deside kote l ap plase chak pati nan kò a. 19 Epi tou, si tout pati yo te menm, pa t ap gen sa yo rele kò a. 20 Wi, gen anpil pati, men yo fòme yon sèl kò.
21 Je a pa ka di men an: “Mwen pa bezwen w!” Tèt la pa ka di pye yo: “Mwen pa bezwen w!” 22 Okontrè, menm pati nan kò a ki parèt pi fèb la, se yon nesesite li ye pou kò a. 23 Pati nan kò a ki parèt san enpòtans yo, se yo menm nou bay plis valè. Pati nan kò a ki dwe rete kache, se yo nou bay swen espesyal. 24 Pati nan kò tout je ka wè pa bezwen tout swen espesyal sa yo. Bondye fòme kò a yon fason pou pati ki manke onè yo jwenn plis onè pase lòt yo. 25 Bondye fòme kò a yon fason pou pati kò a pa gen divizyon nan mitan yo. Okontrè, youn ap pran swen lòt san patipri. 26 Si yon pati nan kò a ap soufri tout lòt pati yo santi doulè a. Si yon pati resevwa onè tout lòt pati yo pataje onè sa a.
27 Ansanm, nou fòme kò Kris la. Chak moun pami nou se yon pati nan kò Kris la. 28 Nan Legliz la, Bondye te mete apot yo an premye. Li mete pwofèt yo an dezyèm. Li mete moun k ap anseye an twazyèm. Apre sa nou jwenn moun ki gen don mirak, moun ki gen don gerizon, moun ki gen don pou ede lòt moun, moun ki gen don pou dirije, moun ki gen don pale diferan kalite lang. 29 Èske tout moun se apot? Èske tout moun se pwofèt? Èske tout moun ka anseye? Èske tout moun gen don mirak? 30 Èske tout moun gen don gerizon? Èske tout moun ka pale diferan kalite lang? Èske se tout ki ka entèprete lang sa yo? 31 Chèche ak tout kè nou don ki pi enpòtan yo. Kounye a, mwen pral lonje dwèt montre nou yon chemen ki pi bon pase tout lòt chemen.
Amou dwe sèvi nou gid
13 Menmsi mwen ta pale anpil nan lang moun pale sou latè, menm si mwen ta menm rive pale lang anj yo, si mwen pa aji avèk amou nan kè m pou lòt moun, mwen tankou yon gwo klòch k ap sonnen twòp, oswa yon senbal k ap fè gwo bri. 2 Menm si mwen ta gen don pwofesi, menm si mwen ta menm rive konprann tout ti sekrè nan plan Bondye, menm si mwen ta gen yon konesans ki pa gen limit, menm si mwen ta gen yon lafwa ki ka deplase montay, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa vo anyen. 3 Menm si mwen ta fè moun ki nan bezwen kado tout byen m posede, menm si mwen ta ofri pwòp kò m pou yo fè m soufri,[b] epi m ta santi m fyè, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa fè anyen menm.
4 Lanmou gen pasyans, lanmou aji ak mezerikòd. Lanmou pa jalou, lanmou pa vante tèt li, ni li pa gonfle ak ògèy. 5 Lanmou pa brital, ni li pa egoyis. Lanmou pa fache fasil. Lanmou pa kenbe yon lis bagay mal moun fè l. 6 Lanmou pa janm kontan lè gen enjistis, men li toujou kontan lè verite a parèt aklè. 7 Lanmou aksepte tout bagay ak pasyans. Lanmou pa janm pèdi konfyans, li pa janm pèdi espwa. Lanmou pa janm abandone.
8 Lanmou la pou tout tan. Tout lòt don yo gen pou rive nan bout yo, menm ata don pwofesi, don pou pale diferan lòt lang, ak don konesans espesyal. 9 Y ap disparèt paske konesans nou gen kounye a limite anpil, menm ata pwofesi yo gen limit yo. 10 Men lè jou pèfeksyon va rive, tout sa ki pa pafè gen pou disparèt.
11 Lè m te timoun mwen te pale tankou yon timoun, mwen te panse tankou yon timoun, mwen te rezone tankou yon timoun. Kounye a mwen vin granmoun, mwen sispann aji tankou yon timoun. 12 Kounye a, se yon reflè twoub n ap gade yon miwa. Men lè a gen pou rive kote n ap wè Bondye fasafas. Kounye a, mwen sèlman konnen Bondye anpati. Men lè a gen pou rive kote m ap konnen Bondye nèt, menm nivo Bondye konnen mwen. 13 Konsa, gen twa bagay ki pèmanan: lafwa, lesperans ak lanmou. Men menm pami twa a se lanmou ki pi gran.
Don espirityèl yo dwe osèvis Legliz
14 Montre lanmou pou lòt yo dwe pi gwo bi pou lavi nou. Li bon tou pou nou chache don espirityèl yo ak tout kè nou, espesyalman don pwofesi. 2 Mwen pral eksplike nou pouki. Moun ki gen don pale nan lang enkoni, yo p ap pale ak lòt moun. Men y ap pale ak Bondye, paske lòt moun pa konprann sa y ap di. Y ap di yon bann mistè anba kontwòl Sentespri a. 3 Moun k ap pwofetize ap pale dirèkteman ak lòt moun. Mesaj y ap bay la fè lòt moun gen yon fwa ki pi djanm. Li enkouraje moun, li pote konsolasyon pou lòt moun. 4 Moun k ap pale lang enkoni edifye pwòp tèt li. Moun k ap pwofetize edifye legliz la an antye.
5 Mwen t ap kontan wè nou tout ap pale lang enkoni. Men mwen t ap pi kontan toujou pou m wè nou tout ap pwofetize. Moun k ap pwofetize a pi itil legliz la toujou pase moun k ap pale lang enkoni an, eksepte si yo ka entèprete sa y ap di a, lè sa a, pale lang enkoni an vin gen menm valè ak pwofesi a. Entèpretasyon an ap ede legliz la.
6 Frè m ak sè m, kisa sa t ap itil nou, si m ta vin lakay nou epi se anlang m ap pale? L ap itil nou yon bagay si m pote yon mesaj nouvo ki soti nan Bondye oswa yon nouvo konesans, yon pwofesi oswa yon nouvo ansèyman. 7 An nou pran egzanp kèk enstriman mizik tankou flit oswa hap. Si son yo bay la pa klè, kijan n ap fè konnen ki melodi k ap jwe? 8 Si twonpèt la pa bay son klè pèsòn p ap prepare yo pou y al nan lagè.
9 Se menm bagay pou nou tou. Si nou pa pale klè, nan yon langaj moun konnen, se anlè n ap pale, paske moun p ap konprann sa n ap di. 10 Gen anpil lang sou latè. Yo tout gen siyifikasyon pa yo. 11 Men si m pa konnen lang moun ki kote m nan ap pale a, li se yon etranje pou mwen menm jan mwen se yon etranje pou li. 12 Se sa k fè nou menm ki anvi gen don espirityèl yo, se pou nou fikse kè nou sou don k ap fè legliz la vin pi fò yo.
13 Konsa, yon moun ki pale an lang bezwen priye pou Bondye ba li don pou entèpretasyon tou. 14 Si m ap priye an lang, se lespri k ap priye, men entèlijans mwen p ap travay. 15 Konsa, kisa m dwe fè? M ap priye ak lespri m, m ap priye ak entèlijans mwen tou. M ap chante ak lespri m, m ap chante ak entèlijans mwen tou. 16 Ou gen dwa ap louwe Bondye byen fon nan lespri ou, men si moun ki kote w la pa konprann sa w ap di, li p ap janm di “Amèn.” 17 Priyè w la te mèt yon bèl priyè de remèsiman, epi li pa ede okenn lòt moun grandi.
18 Mwen di Bondye mèsi paske li ban m yon don pale an lang ki depase nou tout. 19 Men lè m nan reyinyon legliz, mwen pito di senk mo mwen konprann olye m di dimil mo nan yon lòt lang moun pa konprann. Mwen fè l konsa pou lòt moun ka benefisye sa m ap fè a.
20 Frè m ak sè m yo, pa reflechi tankou timoun. Si se mal ki parèt devan nou, se pou nou inosan tankou timoun, men nou dwe reflechi tankou granmoun. 21 Men sa ki ekri nan Bib la[c]:
“M ap sèvi ak moun ki pale yon lòt lang
epi map sèvi ak bouch moun etranje
pou m pale ak moun sa yo,
menm lè sa a, yo p ap koute m.”[d]
Se Senyè a menm ki di sa.
22 Konsa, nou wè aklè pale an lang se yon siy pou moun ki pa kwè, men li pa siy pou moun ki kwè. Poutan pwofesi pote benefis pou moun ki kwè, li pa pou moun ki pa kwè. 23 Ann sipoze gen yon reyinyon legliz la epi tout moun pran pale an lang. Si yon moun ki pa nan gwoup oswa ki pa kwè vin antre, èske l p ap panse nou fou? 24 Men an n sipoze se pwofetize nou tout t ap pwofetize, epi gen moun ki pa gen konprann oswa ki pa kwè ki antre nan reyinyon an. Pawòl ki ap di yo ap fè peche l vin parèt jan l ye a devan l. 25 Bagay ki kache nan fon kè yo ap vin parèt aklè. Lè sa y ap mete ajenou, y ap bese tèt yo epi y ap adore Bondye. Lè sa a yo va di: “Vrèman vre, prezans Bondye pami nou.”[e]
Reyinyon nou yo dwe gen lòd
26 Alò, kisa nou dwe fè, frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm? Yon moun ka gen yon chan, yon lòt ka gen yon ansèyman, yon lòt ka gen yon nouvo verite ki soti nan Bondye. Youn ka pale an lang, yon lòt ka entèprete. Men se pou tout bagay fèt nan bi pou nou bati youn lòt. 27 Si gen moun k ap pale yon lang diferan se pou sèlman de ou twa pale. Epi se pou yo pale youn apre lòt. Anplis fòk gen yon moun ki pou entèprete sa y ap di a. 28 Si pa gen moun ki pou entèprete, se pou moun ki vle pale diferan lang lan rete an silans. Oubyen, se pou l pale ak pwòp tèt li epi ak Bondye.
29 Se sèlman de oubyen twa pwofèt ki pou pale. Se pou lèzòt evalye pawòl ki di yo. 30 Epi si pami moun ki chita yo, gen youn ki resevwa yon mesaj ki soti nan Bondye, se pou moun ki t ap pale anvan an chita. 31 Wi, nou tout ka pale nan non Bondye, men nou bezwen fè l youn apre lòt. Konsa, nou tout ap resevwa ansèyman an, nou tout ap jwenn ankourajman. 32 Pwofèt yo gen kontwòl sou jan pou yo egzèse don pwofesi Bondye ba yo a. 33 Bondye pa yon Bondye dezòd, se yon Bondye de pè. Sa se prensip pou tout legliz pèp Bondye a lè yo reyini.
34 Medam yo dwe rete an silans nan reyinyon legliz yo. Yo pa gen otorizasyon pou yo pran lapawòl. Jan lalwa Moyiz la di l la, yo dwe rete soumi. 35 Si yo bezwen eksplikasyon sou yon bagay, se pou yo mande mari yo lè yo rive lakay. Se yon wont pou medam yo ap bay opinyon yo konsa lè legliz la reyini.
36 Se pa nou ki te premye resevwa pawòl Bondye a, ni nou pa sèl moun ki resevwa pawòl Bondye a. 37 Si ou panse ou se yon pwofèt oswa ou gen yon don espirityèl, ou ta dwe konprann sa m ekri la a se kòmandman Senyè a. 38 Nenpòt moun ki pa rekonèt sa, yo p ap rekonèt li nonplis.
39 Konsa, frè ak sè m, se pou pwofesi tounen youn nan pi gwo dezi nou. Pa anpeche lòt moun sèvi ak don yo genyen pou pale diferan lang. 40 Men se pou tout bagay fèt nan fason ki kòrèk ak nan lòd.
Copyright © 2017 by Bible League International