Chronological
Pyè retounen Jerizalèm
11 Apot yo ansanm ak kwayan nan Jide yo te pran nouvèl jan moun ki pa Jwif yo te aksepte Bòn Nouvèl Bondye a. 2 Men, lè Pyè monte Jerizalèm, kèk nan kwayan Jwif[a] yo tonbe kritike l. 3 Yo di l: “Ou antre lakay yon bann moun ki pa sikonsi, epi ou menm manje ansanm ak yo tou!”
4 Konsa, Pyè eksplike yo tout istwa a nèt an detay. Li di konsa: 5 “Se nan lavil Jope mwen te ye, epi pandan m t ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t ap desann vin jwenn mwen. Li te tankou yon gwo dra mare nan kat pwent ki t ap glise desann sot nan syèl la. Bagay la rive toupre m. 6 Lè m gade ladan l, mwen wè tout kalite bèt kat pat, bèt sovaj, bèt ki trennen sou vant, ansanm ak zwazo. 7 Epi m tande yon vwa ki di m: Pyè, leve! Touye epi manje!
8 Men mwen reponn: M pa ka fè sa, Senyè. M pa janm manje anyen ki pa pwòp osinon ki pa kalite manje m gen dwa manje.
9 Men, vwa a pale ankò nan syèl la li di: Bondye gentan fè bagay sa yo pwòp, pa di yo pa kalite manje ou gen dwa manje!
10 Sa rive pandan twa fwa, apre sa bagay la tounen monte nan syèl la. 11 Epi se konsa vin gen twa mesye ki kanpe devan pòt kay kote m te fè ladesant lan. Yo te voye yo soti Sezare vin chache m. 12 Sentespri a di m pou m ale avèk yo san m pa doute. Sis frè sa yo te ale avè m lakay Kònèy tou. 13 Kònèy menm rakonte nou kijan l te wè yon anj kanpe devan l anndan lakay li. Zanj lan di l: Voye kèk moun ale Jope al chache Simon, sila a yo rele Pyè a. 14 Pawòl Simon va di w yo ap ede w sove ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.
15 Lè m te kòmanse pale, Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou nan kòmansman an.[b] 16 Epi m vin sonje pawòl Senyè a te di a: Jan batize moun nan dlo, men nou menm nou gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a. 17 Konsa, Bondye bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè nou te mete konfyans nou nan Jezikris. Ki lès mwen ye, pou m ta nan kenbe tèt ak Bondye?”
18 Lè kwayan Jwif yo tande pawòl sa yo, yo sispann kritike Pyè epi yo fè lwanj pou Bondye. Yo di: Kidonk Bondye pèmèt menm moun ki pa sikonsi yo repanti pou yo ka gen lavi li bay la.
Bòn Nouvèl la rive Antyòch
19 Kwayan yo te gaye toupatou poutèt pèsekisyon k te kòmanse, lè yo te touye Etyèn nan. Gen ladan yo ki te al jouk Fenisi, Chip ak Antyòch. Malgre sa, nan tout kote sa yo, yo t ap pwoklame mesaj la bay Jwif yo sèlman. 20 Kèk nan kwayan sa yo ki te moun Chip ak Sirèn te ale Antyòch. Lè yo rive la, yo preche moun ki pa Jwif yo[c] Bòn nouvèl Jezikris la. 21 Pouvwa Bondye te akonpanye mesye yo. Konsa, anpil nan moun sa yo te kwè epi yo te deside swiv Senyè a.
22 Lè nouvèl la tonbe nan zòrèy moun yo nan legliz Jerizalèm, yo voye Banabas ale Antyòch. 23 Lè Banabas rive Antyòch, li te wè kijan Bondye t ap beni kwayan yo. Sa te fè l kontan anpil. Li ankouraje yo tout pou yo kenbe fèm epi sèvi Senyè a ak tout kè yo. 24 Banabas sa a, se te yon bon moun. Li te gen anpil lafwa epi l te toujou anba pouvwa Sentespri a. Epi anpil lòt moun te vin disip Senyè a.
25 Apre sa, Banabas ale lavil Tas, l al chache Sòl. 26 Lè l jwenn li, li mennen l vin Antyòch. Banabas ak Sòl pase yon ane ansanm nan legliz la. Yo te toujou reyini ak legliz la epi yo te anseye anpil moun. Se nan Antyòch yo te premye rele disip yo kretyen.
27 Nan lè sa a tou, kèk pwofèt te soti Jerizalèm vini Antyòch. 28 Youn ladan yo ki te rele Agabis leve kanpe. Pouvwa Sentespri a pèmèt li anonse t apral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Gwo grangou sa a te rive vre nan epòk lè Klod te anperè). 29 Konsa, kwayan nan legliz Antyòch yo te deside chak moun t ap bay sa yo kapab pou ede frè ak sè nan Kris yo ki t ap viv nan rejyon Jide a. 30 Yo ranmase don an epi yo konfye Banabas ak Sòl li pou pote bay lidè fanmi yo nan Jide.
Plis pwoblèm toujou pou kwayan yo
12 Nan menm lè sa a tou, wa Ewòd te kòmanse pèsekite kèk manm nan legliz la. 2 Li pase lòd pou yo koupe tèt Jak, frè Jan an ak nepe. 3 Lè Ewòd wè Jwif yo te pran plezi nan sa l te fè a, li fè arete Pyè tou. Sa te pase nan epòk fèt Pen san ledven an. 4 Lè l fin arete Pyè, li fè mete l nan prizon. Li mete kat eskwad; chak eskwad yo gen kat sòlda ladan yo. Sa fè sèz sòlda antou pou veye Pyè nan prizon an. Ewòd te fè plan pou mennen Pyè vin jije devan pèp la apre fèt Pak Jwif yo. 5 Pyè te nan prizon se vre, men legliz la pa t sispann priye Bondye pou li.
Pyè soti nan prizon an
6 Lavèy jou Ewòd te fè plan pou mennen Pyè devan pèp la, Pyè t ap dòmi nan mitan de sòlda, nan mitan lannuit la. Yo te mare Pyè ak de chenn epi te gen lòt sòlda toujou ki t ap veye pòt prizon an. 7 Sanzatann konsa, yon anj Bondye parèt, epi gwo limyè klere kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt li, li souke l pou l reveye, epi anj lan di l: “Leve vit!” Chenn ki te mare men Pyè yo tonbe. 8 Zanj lan di l ankò: “Mare sentiwon w epi mete sandal ou nan pye w!” Pyè fè sa anj lan di l fè a. Apre sa, anj lan di l: “Mete manto w sou ou epi swiv mwen.”
9 Zanj lan soti kite prizon an, Pyè menm ap swiv li. Pyè pa t rann li kont si sa anj lan t ap fè a te reyèl. Li te panse li te nan yon vizyon. 10 Pyè ansanm ak anj lan pase premye pòs gad la, apre sa yo pase dezyèm nan. Lè yo rive devan pòtay an fè ki bay sou lavil la, pòtay la louvri poukont li devan yo epi yo soti. Apre yo mache nan lari a rive sou yon lòt lari, anj lan disparèt.
11 Lè Pyè reyalize sa k pase a, li di nan kè l: “Kounye a m sèten Senyè a voye anj li toutbon vre vin delivre m. Li delivre m ni anba men Ewòd, ni anba tout move bagay Jwif yo t ap atann rive m yo.”
12 Lè Pyè wè li deyò toutbonvre, li ale tou dwat lakay Mari, manman Jan, jen nonm yo te konn rele Mak la. Anpil moun te rasanble lakay Mari, yo t ap priye Bondye. 13 Pyè frape nan pòt devan an, epi yon sèvant yo rele Wod vin reponn. 14 Lè Wod reyalize se vwa Pyè, li sitèlman kontan li bliye louvri pòt la. Okontrè, li kouri antre al di gwoup ki t ap priye a: “Men Pyè devan Pòt la wi!” 15 Men, moun yo di sèvant lan: “Ou genlè fou!” Sèvant lan menm kontinye plede ak yo. Lè sa a, yo di: “Genlè se bonnanj Pyè!”
16 Pyè menm pa t sispann frape pòt la. Lè kwayan yo louvri pòt la, yo wè se Pyè, yo pa t manke sezi. 17 Pyè fè yon sin ak men l pou fè moun yo pe, epi li rakonte yo kijan Bondye te fè l soti nan prizon an. Li di yo tou: “N a di Jak ansanm ak lòt frè yo sa k pase a.” Apre sa, li soti, l ale yon lòt kote.
18 Nan demen maten, gad yo te twouve yo nan gwo tèt chaje. Yo t ap poze tèt yo kesyon: “Ki kote Pyè pase?” 19 Ewòd fè chache Pyè toupatou, men yo pa t jwenn li. Li fè poze gad yo kesyon, epi l pase lòd pou yo touye yo.
Lanmò Ewòd Agripa
Apre sa, Ewòd kite Jide, l al viv nan lavil Sezare pandan kèk tan. 20 Ewòd te fache kont moun lavil Tir ak lavil Sidon yo anpil. Men, se nan wayòm Ewòd la pou moun Tir ak Sidon yo te vin fè pwovizyon. Konsa, yon gwoup nan yo ale kote wa a pou mande l lapè. Gwoup sa a te fè yon jan fè Blastis vin zanmi yo; Blastis se te ofisye ki t ap travay lakay Ewòd menm.
21 Lè jou Ewòd te deside pou l rankontre yo a te rive, Ewòd abiye ak bèl kostim wayal li, li chita sou twòn li epi li fè yon diskou devan yo. 22 Pèp la tonbe rele byen fò, yo di: “Sa se vwa yon dye, se pa vwa yon moun.” 23 Ewòd te dakò pran glwa a pou li, li pa t bay Bondye glwa a. Poutèt sa, yon anj Bondye te fè l tonbe malad. Vè manje l, epi l mouri.
24 Bòn Nouvèl Bondye a menm t ap kontinye gaye. Li t ap touche plis moun.
25 Apre Banabas ak Sòl te fin akonpli misyon yo, yo soti Jerizalèm, yo tounen Antyòch.[d] Yo te pran Jan, jen nonm yo abitye rele Mak la, pou vini avèk yo.
Copyright © 2017 by Bible League International