Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Chronological

Read the Bible in the chronological order in which its stories and events occurred.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Travay 7-8

Gwo diskou Etyèn nan

Pi gran sakrifikatè a di Etyèn konsa: “Èske sa yo di yo se vre?” Etyèn reponn, li di: “Frè m ak papa m yo, koute: Bondye ki gran epi ki genyen tout glwa a te parèt devan Abraram, zansèt nou an. Lè sa a, Abraram te rete nan Mezopotami toujou. Li pa t ko al rete Karan. Bondye di li: Kite peyi w ak tout fanmi w, pati ale nan peyi mwen va montre w la.[a]

Konsa, Abraram pati kite peyi Kalde,[b] l al viv nan Karan. Apre papa Abraram te mouri, Bondye fè l kite Karan pou l vin viv nan peyi sa a, kote n ap viv la. Men Bondye pa t bay Abraram yon pati pou limenm. Li pa t bay Abraram menm yon pous nan peyi a. Okontrè, Bondye te pwomèt li l ap ba l tout peyi a nèt pou l rete ansanm ak pitit pitit li yo. Men Abraram pa t ko gen pitit lè sa a.

Men sa Bondye te di Abraram: Pitit pitit ou yo gen pou y al viv kòm etranje nan yon lòt peyi. Y ap fè yo tounen esklav nan peyi sa a epi y ap maltrete yo anpil pandan kat san (400) zan. Men m ap gen pou m pini nasyon ki va fè yo tounen esklav yo a.[c] Apre sa, Bondye di l ankò: Apre bagay sa yo fin rive, y a soti kite peyi kote yo te esklav la epi y a vin sèvi m isit la.[d]

Apre sa, Bondye fè yon kontra ak Abraram epi Bondye deside se sikonsizyon k ap senbòl kontra sa a. Konsa, lè Abraram vin gen pitit gason li Isaak, li sikonsi Izarak sou uit (8) jou apre l te fin fèt. Menm jan an tou, lè Izaak fè Jakòb, li te sikonsi li tou, epi Jakòb te sikonsi douz pitit gason li yo ki se papa douz branch fanmi nan pèp Izrayèl la.

Yon gwo jalouzi te vin pete pami douz zansèt nou yo kont Jozèf, pwòp frè yo. Konsa, yo vann li pou l al esklav nan peyi Lejip. Men Bondye pa t lage Jozèf. Li te toujou ansanm avè l. 10 Bondye te delivre Jozèf anba tout tribilasyon li epi li te ranpli l ak sajès. Bondye te fè Jozèf jwenn favè devan Farawon ki te wa peyi L epi p la. Konsa, Farawon te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip ak sou tout kay Farawon an menm. 11 Vwala te gen yon gwo grangou ki te vin tonbe sou tout peyi Lejip ak sou Kanaran tou. Bagay la te rèd anpil pou moun yo, sa te fè yo soufri. Zansèt nou yo nan Kanaran pa t jwenn anyen pou yo manje.

12 Lè Jakòb aprann te gen manje pou vann nan peyi Lejip, li voye pitit gason l yo al achte. Se premye fwa yo te ale la. 13 Sou dezyèm vwayaj frè Jozèf yo te fè pou al achte manje, Jozèf te fè yo rekonèt li. Konsa Farawon Lejip la te fè konesans ak fanmi Jozèf yo tou. 14 Apre sa, Jozèf voye chache Jakòb, papa li, ansanm ak tout rès fanmi an. Yo tout ansanm te fè swasannkenz moun an total. 15 Konsa, Jakòb desann nan peyi Lejip. Se nan peyi sa a li mouri tou, ansanm ak tout zansèt nou yo. 16 Yo monte ak kadav yo ale Sichèm. Yo antere yo tout nan tonbo Abraram te peye lajan kontan lè l te achte l nan men pitit Emò yo nan lavil Sichèm nan.

17 Firamezi lè pou Bondye te kenbe pwomès li te fè Abraram nan t ap pwoche, pèp la pa t sispann miltipliye nan peyi Lejip, li te vin pi plis. 18 Se konsa sa te ye jouktan te vin gen yon wa nan tèt peyi Lejip ki pa t konnen anyen menm sou Jozèf. 19 Wa sa a te tonbe nan twonpe pèp nou an. Li maltrete zansèt nou yo byen maltrete. Li fòse yo abandone ti bebe yo deyò pou yo mouri.

20 Se nan epòk sa a menm Moyiz te fèt. Se te yon bèl ti pitit devan Bondye. Yo te kache Moyiz pandan twa (3) mwa lakay papa l pou pran swen li. 21 Finalman, lè yo oblije abandone l deyò, pitit fi Farawon an pran li. Prensès la elve Moyiz tankou pwòp pitit gason pa li. 22 Konsa, Ejipsyen yo te anseye Moyiz tout sa yo te genyen kòm konesans nan sistèm edikasyon yo a. Moyiz te vin yon gwo save epi sa te parèt aklè nan tout sa l di ak tout sa l fè.

23 Lè Moyiz te gen karant (40) an, li deside rann pèp li a yon vizit, m vle pale de pèp Izrayèl la. 24 Je Moyiz al tonbe sou yon Ejipsyen ki t ap maltrete yon moun pèp Izrayèl la. Moyiz deside antre nan koze a pou rann izrayelit ki t ap sibi move trètman an jistis. Konsa, Moyiz touye Ejipsyen an. 25 Moyiz te panse sa k pase a t ap ede pèp Izrayèl la konprann Bondye t ap sèvi ak li kòm enstriman pou delivre yo, men yo pa t konprann sa.

26 Nan denmen, Moyiz retounen vin vizite pèp li a ankò. Fwa sa a, li wè de moun pèp Izrayèl la k ap goumen antre yo. Li t ap eseye fè yo rekonsilye. Li di yo: Mesye m yo, èske se pa frè nou ye? Pouki sa nou youn ap maltrete lòt konsa? 27 Men, sa k t ap maltrete izrayelit parèy li a te pouse Moyiz sou kote. Epi li di Moyiz konsa: Ki lès ki mete w chèf sou nou pou pase nou lòd epi pou jije nou? 28 Ou gen lè vle touye m menm jan ou te touye Ejipsyen an yè a?[e] 29 Lè Moyiz tande moun pèp Izrayèl la di pawòl sa a, li chape poul li. Li kouri kite peyi Lejip pou l al viv nan peyi Madyan kòm etranje. Pandan l nan peyi Madyan, Moyiz vin gen madanm epi se la li fè de pitit gason.

30 Karant (40) an apre sa, pandan Moyiz te nan dezè ki bò mòn Sinayi a, yon anj parèt devan li nan mitan yon flanm dife ki t ap boule nan yon touf bwa. 31 Lè Moyiz wè flanm dife a nan touf bwa a, sa te fè l sezi. Li pwoche pi pre pou wè sa k genyen. Lè sa a, li tande yon vwa ki pale. Se te vwa Senyè a. 32 Senyè a di: Se mwen menm Bondye zansèt ou yo; Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la.[f] Moyiz te pran tranble, tèlman li te pè. Li pa t menm oze gade touf bwa a ankò.

33 Senyè a di Moyiz ankò: Retire sapat ou nan pye w, paske kote ou kanpe a se yon tè ki apa pou mwen. 34 Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y ap plenn anba soufrans yo. Mwen desann pou m vin delivre yo. Kounye a, vini m voye w retounen nan peyi Lejip.[g]

35 Se menm Moyiz sa a pèp la te rejte lè yo te di: Ki lès ki mete w chèf pou gouvène nou epi pou jije nou?[h] Se menm li menm nan Bondye voye pou l yon chèf sou yo ak yon sovè pou yo tou, avèk konkou anj ki te parèt devan li nan touf bwa a. 36 Se Moyiz ki te mennen pèp la soti kite peyi Lejip. Li te fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan peyi Lejip la menm, devan lanmè wouj la, nan dezè a, pandan karant (40) ane.

37 Se menm Moyiz sa a tou ki te di pèp Izrayèl la pawòl sa yo: Bondye gen pou l fè yon pwofèt parèt nan mitan nou. Se youn pami nou l ap ye tou, menm jan ak mwen.[i] 38 Se li menm ki te ansanm ak pèp Bondye a lè yo te nan dezè a. Li te nan dezè a ansanm ak zansèt nou yo ak anj Bondye a ki t ap pale ak li sou gwo mòn Sinayi a. Li te resevwa pawòl vivan an nan men anj lan pou l transmèt li ban nou.

39 Men zansèt nou yo te refize obeyi Moyiz. Okontrè, yo te rejte otorite l. Sèl sa k te nan tèt yo, se pou yo ta tounen tounen yo nan peyi Lejip. 40 Yo di Arawon konsa: Fè kèk lòt bondye pou nou ki pou mache devan nou pou dirije nou, paske Moyiz ki te mennen nou soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa k pase avè l.[j] 41 Konsa, yo fè yon zidòl ki gen fòm yon towo bèf. Apre sa, yo ofri sakrifis bay zidòl la. Se pa ti kontan yo te kontan pou zidòl yo te fè ak pwòp men pa yo a. 42 Men Bondye vire do ba yo. Li lage yo pou yo kontinye sèvi latriye move lespri yo ki nan lè a. Men sa Bondye te di nan liv pwofèt yo:

Nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis,
    pandan karantan nou te pase nan dezè a?
43 Se tant pou nou adore Molòk nou pote pito,
    epi pòtre zetwal ki reprezante Refan
ansanm ak bann lòt imaj nou te fè pou n adore yo.
    Poutèt sa, m ap voye nou al chwe jouk lòtbò Babilòn.[k]

44 Tabènak la,[l] ki se tant Letènèl la, li te ansanm ak zansèt nou yo nan dezè a. Yo te fè l egzakteman jan Bondye te mande Moyiz fè l la, selon modèl Moyiz te wè a. 45 Jenerasyon ki te fè tant lan te vin pase l bay jenerasyon ki te vin apre yo a, pami zansèt nou yo. Yo te gen tant lan ansanm ak yo lè Jozye t ap mennen yo antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a, lè Bondye t ap chase pèp Kanaran yo devan yo a. Yo te kenbe tant sa a soti nan yon jenerasyon pou ale nan yon lòt jenerasyon jouk rive nan tan wa David la. 46 David te jwenn favè devan Bondye. Li te menm mande Bondye pèmisyon pou l bati yon Tanp pou pèp Izrayèl la.[m] 47 Men se Salomon ki te bati Tanp lan pou Letènèl.

48 Men, Bondye ki pi wo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la te di sou koze sa a:

49 Senyè a di: Syèl la se twòn kote m chita,
    epi tè a menm se ti ban pou m lonje pye m.
Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen?
    Èske m bezwen yon kote pou m repoze pou nou ta ka ofri m?
50 Èske se pa mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men m?”[n]

51 Apre sa, Etyèn di lidè yo konsa: “Nou pa manke gen tèt di. Nou fèmen kè nou. Nou bouche zòrèy nou lè Bondye ap pale ak nou. Nou pa janm sispann kenbe tèt ak Sentespri Bondye a. Menm jan zansèt nou yo te ye a, se konsa nou ye tou. 52 Ki lès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo touye tout pwofèt ki te anonse davans kijan Moun ki Jis la[o] t ap vini. Kounye a, nou menm nou leve talon kont pitit Bondye a menm epi nou touye l. 53 Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz la Bondye te ban nou pa mwayen anj li yo, men nou pa obeyi lalwa sa a.”

Yo touye Etyèn

54 Lè lidè Jwif yo nan Gran Konsèy la tande pawòl sa yo nan bouch Etyèn, yo pa t manke fache kont li. Yo te tèlman ankòlè, yo manje dan sou Etyèn. 55 Men Etyèn menm te anba pouvwa Sentespri a. Li leve je l anlè, li gade syèl la. Li wè Bondye Papa a nan tout glwa li, epi li wè Jezi, pitit la ki kanpe adwat papa a. 56 Lè sa a, Etyèn di: Gade, mwen wè syèl la louvri, epi mwen wè Jezi, pitit lòm nan kanpe sou bò dwat Bondye.

57 Konsa, tout moun ki te la yo tonbe fè yon pakèt gwo bri. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande sa Etyèn t ap di a, epi yo tout ansanm kouri sou li. 58 Yo trennen Etyèn mete deyò lavil la, epi yo tonbe kalonnen l ak kout wòch. Moun ki t ap akize Etyèn yo te retire rad yo bay yon jenn gason yo te rele Sòl pou siveye yo. 59 Pandan yo t ap kalonnen Etyèn anba kout wòch la, li menm li t ap lapriyè. Li t ap di: “Senyè Jezi, resevwa lespri mwen.” 60 Apre sa, Etyèn tonbe ajenou, li rele byen fò, li di: “Senyè, tanpri pa mete peche sa a sou kont yo.” Fini l fin di sa a, Etyèn mouri.

Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn.

Pèsekisyon kont kwayan yo

Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm. Kèk moun ki te renmen Bondye te antere Etyèn epi yo te kriye anpil pou li. Sòl li menm te soti pou detwi legliz la. Li mache kay an kay al trennen tout moun ki kwè nan Kris yo mete deyò, li fè fèmen fanm tankou gason nan prizon. Disip ki te oblije gaye yo menm t ap mache preche Bòn Nouvèl Levanjil la tout kote yo pase.

Filip preche Bòn Nouvèl la nan Samari

Filip[p] desann nan vil Samari epi li tonbe preche moun nan vil la mesaj Kris la. Foul moun yo nan Samari te koute tout sa Filip t ap di avèk anpil atansyon. Non sèlman yo te tande li, men yo te wè mirak li t ap fè yo tou. Anpil nan moun sa yo ki te gen move lespri sou yo te geri. Move lespri yo te pouse gwo rèl, apre sa yo soti sou moun yo. Anpil moun ki te paralize ak estwopye te geri tou. Lè sa a, moun nan vil la te kontan anpil anpil.

Te gen yon nonm nan vil Samari yo te rele Simon. Se Simon sa a ki te sèl kòk chante, anvan Filip te vin nan zòn nan. Li te konn ap fè anpil maji ki te konn fè moun Samari yo sezi. Li te menm konn ap bat lestomak li pou di li se yon moun ki pa kanmarad lòt moun. 10 Tout moun, ti malere tankou gwo chabrak yo, te kwè nan sa l ta p fè yo, yo t ap di: “Nonm sa a gen pouvwa Bondye sou li, sa yo rele gwo pouvwa a.” 11 Simon te tèlman gen lontan depi l ap fè maji devan je pèp la, yo te sezi wè sa l t ap fè yo epi yo te vin fanatik li. 12 Men, Filip te pwofite preche Bòn Nouvèl wayòm Bondye a epi li t ap rakonte yo bagay ki konsène Jezikris, la devan pèp la. Gason tankou fi te kwè mesaj Filip te preche a epi yo te resevwa batèm. 13 Simon li menm te kwè tou. Apre l fin batize, li te rete ansanm ak Filip tout kote Filip pase. Lè Simon te wè tout bèl bagay ak gwo mirak Filip t ap fè yo, li te sezi.

14 Apot yo nan Jerizalèm te aprann moun Samari yo te aksepte Bòn Nouvèl la. Konsa, yo voye Pyè ak Jan al vizite yo. 15 Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo priye pou kwayan yo kapab resevwa Sentespri a. 16 Paske moun sa yo nan Samari te resevwa batèm nan non Senyè Jezi, men yo pa t ko resevwa Sentespri a. 17 Lè Pyè ak Jan fin priye pou yo epi mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri a.

18 Lè Simon wè Sentespri a desann sou kwayan yo lè apot yo mete men sou tèt yo, li ofri apot yo lajan. 19 Li di yo: “Ban m kalite pouvwa sa a pou lè m mete men m sou yon moun, li ka resevwa Sentespri a tou.”

20 Men, Pyè di li: “Ou pral peri ak tout lajan w lan, poutèt ou panse ou kapab achte kado Bondye bay la ak lajan. 21 Ou pa gen anyen pou wè nan travay sa a k ap fèt la, paske kè w pa dwat devan Bondye. 22 Chanje lide w sou bagay konsa. Priye Senyè a pou wè si l ta padone w dèske ou te gen vye lide konsa nan kè w. 23 Paske m wè jalouzi fè kè w anmè kou fyèl, epi tou mechanste fin tounen yon pati nan lavi w.”

24 Simon reponn: “Tanpri, m ta vle nou toulède priye Senyè a pou mwen pou anyen nan sa nou sot di yo pa rive m.”

25 Apre sa, de apot yo rann temwanyaj konsènan Senyè a. Yo pale ak pèp la sou sa Bib la di. Fini yo fini, yo tounen Jerizalèm. Sou tout wout la, yo preche Bòn Nouvèl la nan anpil vil nan tèritwa Samariten yo.

Filip ansenye yon nonm peyi Etyopi

26 Yon anj Bondye di Filip konsa: “Leve! Ale nan direksyon sid, sou wout ki sot Jerizalèm pou desann Gaza a. Wout sa a travèse yon zòn ki dezè nèt.”

27 Filip leve, l ale. Yon nonm ki se moun peyi Etyopi parèt devan l Sou wout la. Nonm nan se te yon enik.[q] Se te yon chèf ki te responsab tout richès Kandas ki te rèn peyi Etyopi. Enik lan te monte lavil Jerizalèm pou al adore Bondye. 28 Li te sou wout ap retounen nan peyi l. Pandan l t ap vwayaje sou cha li, li t ap li nan liv pwofèt Ezayi a.

29 Lespri Bondye a di Filip konsa: “Pwoche kote cha a epi rete toupre l.” 30 Filip kouri al bò kote cha a, epi li tande chèf la ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Filip mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”

31 Chèf la reponn Filip konsa: “Ki jan pou m ta fè konprann li, si m pa gen yon moun pou eksplike m?” Apre sa, li envite Filip monte nan cha a epi chita bò kote l. 32 Men sa k te nan pasaj chèf la t ap li nan liv pwofèt Ezayi a:

“Li te tankou yon mouton yo t ap mennen labatwa,
    li tankou yon mouton ki pa rele lè y ap koupe pwal yo ki sou do li.
    Li pa janm louvri bouch li di anyen.
33 Yo te imilye l epi yo te pase tout dwa l anba pye.
    Yo p ap janm pale de pitit pitit li,
    paske yo mete yon bout nan lavi l sou latè.”[r]

34 Enik lan di Filip konsa: “Tanpri, di m de kilès pwofèt la ap pale konsa a. Èske l ap pale de tèt pa l osinon de yon lòt moun?” 35 Konsa, Filip louvri bouch pou anseye l. Filip kòmanse ak menm pasaj Enik lan t ap li a, li eksplike l Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la.

36 Pandan yo t ap vwayaje konsa sou wout la, yo vin rive bò yon dlo. Enik lan di: “Men dlo! Ki sa k anpeche m batize?” 37 [s] 38 Enik lan mande pou yo kanpe cha a. Apre sa, ni Filip ni Enik lan desann nan dlo a, epi Filip batize l. 39 Lè yo soti nan dlo a, Sentespri Bondye fè Filip disparèt pati ale yon lòt kote. Enik lan pa t janm wè Filip ankò, men, li te kontinye chemen li ak kè kontan. 40 Filip menm al parèt nan vil Azòt. Apre Azòt, li pati pou ale Sezare. Filip t ap evanjelize moun sou tout wout la, nan tout vil li te travèse yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International