Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Chronological

Read the Bible in the chronological order in which its stories and events occurred.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Matye 28

Jezi leve vivan soti nan lanmò

(Mak 16:1-8; Lik 24:1-12; Jan 20:1-10)

28 Nan demen apre jou Saba a, dimanch maten byen bonè, Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te fè yon pase gade kavo a.

Sanzatann, tè a pran tranble byen fò paske yon anj Senyè a te desann sot nan syèl. Li woule wòch ki te bouche kavo a, epi l chita sou li. Li te briye tankou yon kout zèklè, epi rad sou li te parèt blan tankou nèj. Sòlda yo t ap tranble epi yo te vin tankou mò, tèlman yo te pè.

Anj lan pale ak medam yo, li di yo: “Nou pa bezwen pè. M konnen n ap chache Jezi, moun yo te klouwe sou kwa a, men li pa isit la. Li resisite jan l te di a. Vin wè kote kadav la te kouche a. Apre sa kouri vit al di disip li yo, Jezi resisite. Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”

Medam yo te kite kavo a touswit. Yo te pè, anmenmtan yo te kontan anpil, epi yo pa t ka tann pou yo te bay disip yo nouvèl la. Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo. Li di yo: “Bonjou!” Yo pwoche bò kote l, yo kenbe pye li, epi yo adore l. 10 Apre sa Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè! Ale di frè[a] m yo pou y al Galile. Se la yo va wè mwen.”

Rapò sòlda yo

11 Pandan medam yo sou wout pou y al bay disip yo nouvèl la, kèk nan sòlda yo t ap antre lavil la pou y al bay chèf prèt yo rapò sou sa k pase a. 12 Chèf prèt yo rankontre ak lòt lidè yo, epi yo fè yon plan. Yo bay sòlda yo yon bon sòm lajan, 13 epi yo di yo: “Di pèp la: disip Jezi veye nan nuit pandan n ap dòmi, epi yo vin vòlè kò a. 14 Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, nou mèt kite sa sou kont nou. N ap konvenk li de inosans nou.” 15 Sòlda yo pran lajan yo. Yo fè egzateman jan chèf prèt yo te mande pou yo fè. Jis jodi a, se konsa istwa a sikile pami Juif yo.

Jezi parèt devan disip li yo

(Mak 16:14-18; Lik 24:36-49; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)

16 Onz disip yo ale Galile sou tèt mòn Jezi te pran randevou avè yo a. 17 Lè yo wè li, yo adore l, menmsi kèk ladan yo te gen dout. 18 Jezi pwoche bò kote yo, li di: “Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la tankou sou tè a. 19 Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. 20 Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”

Mak 16

Jezi leve vivan soti nan lanmò

(Mat 28:1-8; Lik 24:1-12; Jan 20:1-10)

16 Nan dimanch maten, Mari, moun Magdala a, avèk Mari, manman Jak epi Salome, yo te achte luil santi bon pou t al anbome kò Jezi. Byen bonè, nan dimanch maten sa a, apèn solèy la t ap leve, medam yo vini nan kavo. Epi yo t ap mande tèt yo: “kilès ki pral woule wòch sa a pou nou devan bouch kavo a?”

Lè yo leve tèt yo gade, yo wè wòch la te gen tan woule. Se te yon kokenn chenn wòch. Lè yo antre nan kavo a, yo wè yon jèn gason toudeblan chita sou bò dwat la. Medam yo te sezi anpil.

Men, jèn gason di yo: “Nou pa bezwen pè. N ap chache Jezi, moun Nazarèt la yo te klouwe sou kwa a. Li resisite. Li pa isit la. Vin wè kote kadav la te yo te mete l la.” Apre sa kouri vit al di disip li yo ansanm ak Pyè: “Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”

Medam yo fè yon sèl voltije sòti nan kavo a, yo t ap tranble tèlman yo te sezi. Yo pa di pèsonn moun anyen, paske yo te pè.[a]

Kèk disip Jezi wè l

(Mat 28:9-10; Jan 20:11-18; Lik 24:13-35)

Apre Jezi te fin resisite byen bonè nan dimanch maten an, li parèt anpremye devan Mari, moun Magdala a. Se sou li Jezi te chase sèt demon. 10 Mari menm al anonse lòt disip Jezi yo nouvèl la, yo menm ki te andèy epi ki t ap krye kriye. 11 Lè yo tande Jezi vivan epi Mari te wè l, disip yo te refize kwè sa.

12 Apre sa, Jezi parèt sou yon lòt fòm devan de nan disip li yo ki t apral andeyò. 13 De disip sa yo retounen al di lòt disip yo sa ki te rive, men lòt disip yo toujou pa kwè.

Jezi parèt devan disip li yo

(Mat 28:16-20; Lik 24:36-49; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)

14 Nan pita, li parèt devan onz apot yo pandan yo t ap manje. Li repwoche yo poutèt yo te refize kwè. Tèt yo te di epi yo refize kwè moun ki te di yo Jezi te resisite.

15 Li di yo: “Ale tout kote nan lemonn antye preche tout moun Bòn Nouvèl la. 16 Nenpòt ki kwè epi ki batize va sove, men moun ki pa kwè ap kondane. 17 Men siy ki ap akonpanye moun ki kwè yo: Y ap sèvi ak non mwen pou chase demon, y ap pale nan lang yo pa janm aprann. 18 Y ap kenbe koulèv ak men yo epi si yo bwè pwazon yo p ap gen anyen. Y ap mete men sou moun malad epi malad yo va geri.”

Jezi retounen nan syèl

(Lik 24:50-53; Trav 1:9-11)

19 Apre li fin pale ak yo, Jezi Senyè a monte nan syèl epi li chita adwat Bondye. 20 Apot yo ale epi yo preche toupatou. Senyè a te avèk yo. Li t ap konfime mesaj yo t ap preche a avèk mirak ki te akonpanye yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International