Chronological
Gouvènè Pilat ap kesyone Jezi
(Mat 27:1-2,11-14; Mak 15:1-5; Jan 18:28-38)
23 Apre sa, tout foul la nèt leve epi yo mennen Jezi devan Pilat. 2 Yo tonbe akize Jezi devan Pilat. Yo di: “Nou kenbe nonm sa a k ap monte tèt pèp la. L ap di yo pou yo pa peye taks bay Seza. Li di se li menm ki Mesi a, sa vle di yon wa.”
3 Pilat poze Jezi kesyon. Li mande l: “Èske ou se wa Jwif yo?”
Jezi reponn: “Se ou ki di li.”
4 Apre sa, Pilat di chèf prèt yo ansanm ak foul la: “Mwen pa jwenn okenn fot nan nonm sa a.”
5 Men yo kontinye plede ak Pilat. Yo di: “L ap monte tèt pèp la ak ansèyman l yo nan tout peyi Jide a. Li kòmanse bagay sa a depi nan Galile, kounye a li rive jouk isit la.”
Pilat voye Jezi bay Ewòd
6 Lè pilat tande sa yo te di a, li mande: “Èske nonm sa a se moun Galile?” 7 Lè Pilat aprann Jezi soti nan yon teritwa ki anba kòmandman Ewòd, li voye Jezi bay Ewòd ki li menm t ap pase kèk jou[a] nan Jerizalèm lè sa a.
8 Lè Ewòd wè Jezi, li pa t manke kontan. Depi yon bon tan li te konn tande pale de Jezi. Li te anvi rankontre ak li fasafas. Li te anvi wè Jezi fè yon mirak devan li. 9 Ewòd te poze Jezi anpil kesyon, men Jezi pa t janm reponn anyen. 10 Pandan tan sa a, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo pa t sispann pote anpil akizasyon kont Jezi. 11 Ewòd ansanm ak sòlda l yo pran kont plezi yo sou do Jezi. Yo pase l nan rizib kont yo. Apre sa, yo mete yon bèl rad sou li epi yo voye l tounen bay Pilat. 12 Ewòd ak Pilat ki te lènmi anvan sa, te rekonsilye youn ak lòt nan menm jou sa a.
Pilat eseye libere Jezi
(Mat 27:15-26; Mak 15:6-15; Jan 18:39–19:16)
13 Pilat rele chèf prèt yo ak tout otorite yo ansanm ak tout pèp la. 14 Li di yo: “Nou mennen nonm sa a ban mwen, nou di m l ap monte tèt pèp la. Epoutan, mwen egzamine li devan nou la a, mwen pa jwenn li koupab anyen nan bagay nou akize l yo. 15 Ewòd nonplis pa jwenn li koupab, se sa k fè li voye l tounen ban nou. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. 16 Kidonk, m ap fè bat li byen bat, epi m ap lage l.” 17 [b]
18 Men, tout foul la pran kriye ansanm: “Touye nonm sa a! Lage Barabas!” 19 Barabas la te nan prizon poutèt li te okazyone yon dezòd epi li te touye yon moun tou.
20 Kòm Pilat te vle lage Jezi. Sa fè li pale ak foul la ankò. 21 Foul la menm pran kriye byen fò: “Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa!”
22 Pou yon twazyèm fwa, Pilat di yo: “Manyè di m non, ki move zak nonm sa a fè? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan li ki merite lanmò. Mwen deja di nou, m ap fè bat li byen bat, apre sa, m ap lage l.”
23 Men, foul la kontinye kriye pi fò toujou. Yo ensiste pou Pilat klouwe Jezi sou kwa. Yo sitèlman rele fò, 24 Pilat pran desizyon pou l ba yo sa yo mande a. 25 Jan yo te mande l la, Pilat lage Barabas ki te nan prizon poutèt li te pwovoke yon dezòd epi touye moun, apre sa, li livre Jezi ba yo pou yo fè sa yo vle ak li.
Yo klouwe Jezi sou yon kwa
(Mat 27:32-44; Mak 15:21-32; Jan 19:17-27)
26 Pandan sòlda yo t ap mennen Jezi ale, yo kontre ak yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap sot nan jaden. Yo fòse Simon pote kwa a. Yo fè l swiv Jezi ak kwa a sou do li.
27 Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi. Anpil nan medam yo t ap kriye, yo te pran lapenn pou Jezi. 28 Men Jezi vire gade medam yo, li di yo: “Pitit fi Jerizalèm yo, pa kriye pou mwen. Kriye pou tèt nou ak pou pitit nou yo pito. 29 Paske gen jou k pral vin la a kote moun pral di: Benediksyon pou fi ki pa ka fè pitit, pou fi ki pa janm fè pitit, pou fi ki pa janm gen pitit pou l bay tete. 30 Lè sa a moun va mande mòn yo: Tonbe sou nou! Y a di ti mòn yo: Kouvri nou![c] 31 Paske si yo ka fè m soufri konsa malgre m inosan, Bondye ap fè moun ki koupab yo soufri pi rèd toujou.”[d]
32 Yo te kondi de kriminèl ale tou ansanm ak Jezi pou yo egzekite. 33 Lè yo rive sou tèt mòn nan, kote yo rele Zo Bwa Tèt la, yo klouwe Jezi sou kwa a, epi yo klouwe de kriminèl yo tou akote l. Yo mete sou kwa tou, youn sou bò dwat Jezi epi lòt la sou bò gòch li.
34 Men, Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.”[e]
Sòlda yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 35 Pèp la te kanpe ap gade sa k ap pase a. Chèf Jwif yo menm t ap pase Jezi nan betiz. Yo t ap di: “Si l se Mesi a vre, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt li. Li te konn sove lòt moun.”
36 Menm sòlda yo tou te antre nan pase Jezi nan betiz. Yo pwoche bò kote l, yo ofri l vinèg pou l bwè. 37 Yo di li: “Si ou se wa Jwif yo vre, sove tèt ou.” 38 Sou tèt kwa a, yo te klouwe yon pannkat ki di: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo.
39 Youn nan de kriminèl yo te klouwe ak Jezi yo t ap pase Jezi nan betiz tou, li t ap di: “Si ou se Kris la vre, sove tèt ou epi sove nou tou!”
40 Men, lòt kriminèl la fè l pe bouch li. Li di l: “Ou gen lè pa pè Bondye, paske se anba menm kondanasyon an ou ye tou. 41 Pou nou menm, se nòmal. Paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou te fè. Men li menm, li pa fè anyen ki mal.” 42 Apre sa li di: “Jezi, pa bliye m lè ou vin renye nan Wayòm ou an!”
43 Jezi reponn li: “M ap di w sa franchman, jodi a menm ou ap avèk mwen nan paradi.”
Jezi mouri
(Mat 27:45-56; Mak 15:33-41; Jan 19:28-30)
44 Li te bò midi konsa rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a, 45 paske solèy la te sispann klere. Vwal tanp lan menm chire fè de moso. 46 Jezi kriye byen fò, li di: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.”[f] Fini l fin di sa a, li rann dènye souf li.
47 Lè kaptenn lame a wè sa k te rive a, li bay Bondye louwanj epi li di: “Se sèten, nonm sa a te inosan vre!”
48 Tout foul la te rasanble pou vin wè espektak sa a. Lè yo wè sa k te rive a, sa fè yo mal epi yo retounen lakay yo. 49 Tout zanmi Jezi yo ansanm ak medam ki t ap swiv li depi nan Galile yo te kanpe a yon ti distans ap swiv. Yo te wè tout sa k te rive.
Yo antere Jezi
(Mat 27:57-61; Mak 15:42-47; Jan 19:38-42)
50 Vwala te gen yon nonm nan zòn nan yo rele Jozèf. Se te yon manm gran konsèy Jwif yo, men se te yon moun debyen, ki te mache dwat devan Bondye. 51 Jozèf pa t dakò ak gran konsèy la, ni nan desizyon yo te pran ni nan aksyon yo te poze. Jozèf sa a te moun lavil Arimate, yon vil nan teritwa Jide. Jozèf se youn ki t ap tann Wayòm Bondye a etabli. 52 Jozèf ale kote Pilat, li mande pèmisyon pou l pran kò Jezi. 53 Li desann kò a, li vlope l nan yon bèl dra blan, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Kavo a te tou nèf. Pèsonn lòt moun pa t ko antere ladan l. 54 Se te nan vandredi apremidi. Saba a te prèske kòmanse.
55 Medam ki t ap mache dèyè Jezi depi nan Galile yo te swiv Jozèf. Yo wè kavo a. Yo wè tou kijan yo te mete kò Jezi ladan li. 56 Medam yo retounen lakay, y al prepare lwil santi bon, yon melanj pafen ak epi s, pou yo vin mete sou kò a.
Men, nan jou saba a, yo te repoze, jan lalwa Moyiz la mande l la.
Yo arete Jezi
(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Lik 22:47-53)
18 Lè Jezi fin pale konsa, li ale ansanm ak disip li yo lòtbò ravin ki rele Sedwon an. Te gen yon jaden la, li antre ak disip li yo ladan l.
2 Men, Jida ki t ap trayi l la te konnen jaden sa a, paske Jezi te konn reyini la avèk disip li yo. 3 Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.
4 Poutèt Jezi te konnen tout sa k te gen pou rive, li avanse sou yo epi l mande yo: “Kimoun n ap chache?”
5 Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.”
Li di yo: “Se mwen menm.”[a] Jida ki t ap trayi l la te avèk yo. 6 Kou Jezi di yo: “Se mwen menm,” yo fè bak epi yo tonbe atè.
7 Jezi mande yo ankò: “Ki moun n ap chache?”
Yo reponn: “Jezi, moun Nazarèt la.”
8 Jezi reponn yo: “Mwen di nou se mwen. Si se mwen n ap chache, kite moun sa yo ale.” 9 Se konsa pawòl Jezi te di a te dwe akonpli: “Mwen pa pèdi okenn nan sa ou te ban mwen yo.”
10 Lè sa a, Simon Pyè te gen yon nepe, li rale l, li fè yon kou sou sèvitè Chèf prèt la, zòrèy dwat la koupe. Sèvitè sa a te rele Malkis. 11 Men, Jezi di Pyè: “Mete nepe a nan fouwo l tande! Èske m pa dwe pran mezi soufrans[b] Papa a ban mwen an?”
Yo mennen Jezi devan Àn
(Mat 26:57-58; Mak 14:53-54; Lik 22:54)
12 Ploton sòlda yo, kòmandan an ak gad tanp lan mete men sou Jezi, yo mare l byen mare. 13 Premye kote yo mennen l se lakay Àn. Àn se te bòpè Chèf prèt la ki te rele Kayif nan lane sa a. 14 Se te menm Kayif sa a ki te bay Jwif yo konsèy la, lè l te di: “Gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la.”
Pyè di li pa konnen Jezi
(Mat 26:69-70; Mak 14:66-68; Lik 22:55-57)
15 Simon Pyè ak yon lòt disip te swiv Jezi. Poutèt lòt disip sa a se te yon moun Chèf prèt la te konnen, li te antre avèk Jezi nan lakou Chèf prèt la. 16 Pyè li menm te rete deyò, toupre baryè a. Lòt disip la, sa Chèf prèt la te konnen an, soti, epi li pale ak fanm ki t ap veye baryè a epi li fè Pyè antre. 17 Sèvant sa a ki t ap veye baryè a di Pyè konsa: “Èske ou menm tou ou pa youn nan disip nonm sa a?”
Pyè reponn: “Mwen pa disip nonm sa a.”
18 Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou.
Gran prèt la kesyonnen Jezi
(Mat 26:59-66; Mak 14:55-64; Lik 22:66-71)
19 Chèf prèt la kòmanse poze Jezi kesyon sou disip li yo epi sou sa li te konn anseye moun. 20 Jezi reponn: “Mwen te pale an piblik ak lemonn, mwen toujou anseye nan Sinagòg yo epi nan tanp lan kote tout Jwif yo konn rasanble, mwen pa di anyen ankachèt. 21 Pou kisa se mwen ou poze kesyon? Mande moun ki konn koute m yo sa m konn di. Yo konnen byen sa m konn di.”
22 Lè Jezi di sa, youn nan gad yo bay Jezi yon bèl kalòt, epi li di l: “Se konsa ou ap reponn Chèf prèt la?”
23 Jezi reponn li: “Si m mal pale, montre sa m di ki mal; men si m byen pale, pou kisa ou ap ban m kou?”
24 Apre sa, Àn voye Jezi byen mare bay Kayif, Chèf prèt la.
Pyè manti ankò
(Mat 26:71-75; Mak 14:69-72; Lik 22:58-62)
25 Men, Simon Pyè te toujou kanpe la ap chofe kò l. Yon moun di l konsa: “Èske ou menm ou pa ta youn nan disip li yo?”
Pyè nye sa, li di: “Mwen pa disip mesye a!”
26 Youn nan sèvitè Chèf prèt la, yon fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy li a, di l konsa: “Èske m pa t wè w nan jaden an ak li?”
27 Pyè nye sa yon lòt fwa ankò, epi menm lè a, yon kòk chante.
Yo mennen Jezi bay Pilat
(Mat 27:1-2,11-31; Mak 15:1-20; Lik 23:1-25)
28 Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp[c] pou manje nan manje fèt Pak la. 29 Pilat soti vin jwenn yo deyò epi li di yo: “Ki sa nonm sa a fè ki mal?”
30 Yo reponn li: “Si nonm nan pa t fè sa ki mal, nou pa t ap arete l mennen ba ou.”
31 Lè sa a, Pilat di yo: “Enben, pran l, jije l nou menm dapre lwa pa nou.”
Jwif yo di l konsa: “Men gouvènman women an pa pèmèt nou touye pèsonn kòm chatiman.” 32 Se konsa pawòl Jezi sou fason l te dwe mouri a te gen pou l akonpli.[d]
33 Pilat antre ankò nan palè a. Li rele Jezi epi li di l: “Èske ou se wa Jwif yo?”
34 Jezi di l konsa: “Èske ou panse poze m kesyon sa a ou menm oubyen se moun ki di w sa de mwen?”
35 Pilat reponn: “Èske mwen se Jwif, mwen menm? Moun pwòp ras ou yo, Chèf alatèt prèt yo arete w voye ban mwen! Ki sa w fè?”
36 Jezi reponn li: “Se pa lemonn ki te ban m otorite pou m wa. Si se te lemonn ki te ban m otorite pou m wa, moun pa m yo ta batay pou Jwif yo pa t mete men sou mwen. Men, sa klè, otorite m kòm wa pa soti isiba.”
37 Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?”
Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di.
38 Pilat di l konsa: “Ki sa verite a ye?” Apre sa, li soti deyò ankò al jwenn Jwif yo, li di yo: “Pou mwen menm, mwen pa jwenn okenn bagay li fè ki mal. 39 Men, poutèt chak fèt Pak nou abitye lage yon prizonye pou nou, èske nou vle m lage wa Jwif yo?”
40 Lè sa a, yo pran kriye konsa: “Pa li menm. Ban nou Barabas!” Barabas la se te yon revolisyonè.
19 Pilat fè ale ak Jezi epi bat li byen bat. 2 Sòlda yo te fè yon kouwòn trese ak pikan, yo mete l sou tèt li, yo mete yon rad mov[e] sou li. 3 Yo t ap plede pwoche kote l epi yo t ap di: “Bonjou wa Jwif yo!” Epi yo t ap ba l anpil kou.
4 Pilat soti deyò a ankò epi li di Jwif yo: “Nou wè, m pral mennen l ban nou deyò a. Nou dwe konnen mwen pa jwenn anyen pou m kondane li.” 5 Jezi soti deyò, li te gen kouwòn pikan an ak rad mov la sou li. Pilat di yo: “Men nonm nan!”
6 Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l!
Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.
7 Lidè Jwif yo reponn: “Nou genyen yon lwa, dapre lwa sa a li dwe mouri, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye.”
8 Lè Pilat tande sa, li pè bagay la pi plis toujou. 9 Li retounen anndan an epi li di Jezi: “Moun ki kote ou ye?” Jezi pa bay pyès repons. 10 Lè sa a, Pilat di l: “Ou refize reponn mwen? Ou pa konnen m gen otorite pou m fè libere w epi m gen otorite pou m fè yo krisifye w?”
11 Jezi reponn li konsa: “Ou pa t ap gen okenn otorite sou mwen, si sa pa t soti nan syèl. Se poutèt sa moun ki kenbe m mennen ba ou a, li komèt yon pi gwo peche.”
12 Depi lè sa a, Pilat t ap chache wè kijan li ta fè lage Jezi. Men, lidè Jwif yo pran fè bri, yo t ap di: “Si ou lage l, ou pa zanmi Seza! Paske nenpòt moun ki deklare tèt li wa, se yon moun ki deklare l kont Seza.”
13 Depi Pilat tande pawòl sa yo, li fè Jezi soti, l al chita sou chèz kote jij yo chita pou jije a, kote yo rele Lakou Pave a, Gabata nan lang ebre. 14 Se te jou yo t ap prepare fèt Pak la, bò midi konsa. Pilat di Jwif yo: Men wa nou an!
15 Men yo pran rele: “Amò! Amò! Krisifye l!”
Pilat reponn: “Èske nou vle m krisifye wa nou an?”
Chèf alatèt prèt yo te reponn: “Nou pa gen lòt wa apre Seza!”
16 Se lè sa a, epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l. Yo ale ak li.
Yo klouwe Jezi sou yon kwa
(Mat 27:32-44; Mak 15:21-32; Lik 23:26-43)
17 Jezi pote pwòp kwa li, li fè wout pou yon kote yo rele zo tèt, Gòlgota, nan lang ebre. 18 Se la yo krisifye l ansanm ak de lòt moun, youn chak kote, Jezi nan mitan.
19 Pilat te fè fè yon pannkat mete sou kwa a, li te ekri sou li: Jezi, moun nazarèt, wa Jwif yo. 20 Anpil Jwif te li pannkat sa a, paske kote Jezi te krisifye a te toupre vil la epi sa k te ekri sou li a te an ebre, an laten epi an grèk.
21 Chèf alatèt prèt Jwif yo di Pilat: “Pa ekri wa Jwif yo, men di pito: Nonm sa a te di mwen se wa Jwif yo.”
22 Pilat reponn yo: “Sa m ekri a mwen ekri l nèt.”
23 Lè sòlda yo fin krisifye Jezi, yo pran rad li yo fè kat pòsyon, youn pou yo chak. Yo pran rad san kouti l la, yon rad ki te fèt an yon sèl pyès depi anwo rive anba. 24 Sòlda yo te di antre yo: Ann pa chire l. Ann tire osò pou wè pou ki moun l ap ye. Konsa Bib la te akonpli:
“Yo pataje rad mwen antre yo,
yo tire osò sou rad mwen an.”[f]
Se sa sòlda yo te fè.
25 Manman Jezi te kanpe bò kwa Jezi a. Yon sè manman an te kanpe la tou ansanm ak Mari, ki te madanm Klopas, avèk Mari, moun Magdala a. 26 Lè Jezi wè manman l bò kote disip li te renmen anpil la, li di manman l: “Madam, men pitit ou.” 27 Apre sa li di disip la: “Men manman w.” Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.
Jezi mouri
(Mat 27:45-56; Mak 15:33-41; Lik 23:44-49)
28 Apre sa, poutèt Jezi konnen tout bagay te fin akonpli, pou Bib la te ka akonpli nèt, li di: “Mwen swaf.”[g] 29 Te gen yon krich plen vinèg la, yo tranpe yon eponj ladan, yo mare l nan yon branch bwa yo rele izòp, yo leve l pote mete nan bouch li. 30 Kou Jezi pran vinèg la, li di: “Misyon akonpli.” Epi, li bese tèt li, li rann dènye souf li.
31 Men, se te nan jou yo t ap fè preparasyon anvan jou saba a. Pou kò yo pa t rete sou kwa a pandan jou saba a ki te yon jou espesyal, lidè Jwif yo al mande Pilat pou l fè kase janm moun yo krisifye yo epi pou yo desann yo sou kwa a. 32 Sòlda yo vini, yo kase janm[h] premye a, apre sa, yo kase janm dezyèm nan yo te krisifye ansanm ak Jezi yo. 33 Lè yo rive sou Jezi, yo konstate li gentan mouri, yo pa t kase janm li.
34 Men youn nan sòlda yo pike Jezi ak lans li bò kòt. Menm lè a san te soti epi dlo soti tou. 35 Moun ki te wè sa a, se li menm ki rakonte l. Epi temwanyaj li se verite a. Epitou li menm, li konnen sa li di a se verite a, li di sa pou ou kapab kwè tou. 36 Tout bagay sa yo rive pou Bib la kapab akonpli: “Pa gen youn nan zo li yo ki kase.”[i] 37 Gen yon lòt pasaj nan Bib la ki di: “Yo va wè moun nan yo te pèse a.”[j]
Yo antere Jezi
(Mat 27:57-61; Mak 15:42-47; Lik 23:50-56)
38 Apre bagay sa yo, Jozèf, moun lavil Arimate a, te mande Pilat otorizasyon pou l pran kò Jezi. Se te yon disip tou, men li te disip Jezi ankachèt, paske li te pè Jwif yo. Pilat dakò, konsa Jozèf vin pran kò a.
39 Nikodèm te vini tou, se li menm ki te al kote Jezi nan mitan lannuit lan. Li pote yon melanj lami ak lalwa ki te trant (30) kilogram[k] konsa. 40 Yo pran kò jezi, yo vlope l nan yon bann twal fen epi yo mete luil santi bon sou li, jan Jwif yo te konn fè lè y ap antere moun. 41 Kote yo te krisifye Jezi a te gen yon jaden. Nan jaden sa a, te gen yon kav tou nèf, yo pa t ko mete pèsonn ladan. 42 Poutèt se te jou pou Jwif yo te fè preparasyon pou Jou saba a, epi tou kav la te toupre, se ladan yo te mete Jezi.
Copyright © 2017 by Bible League International