Chronological
Parabòl bankè a
(Lik 14:15-24)
22 Jezi te kontinye ap sèvi ak parabòl pou anseye pèp la. 2 Li di yo: “Wayòm Bondye a se tankou yon wa ki prepare yon gwo resepsyon maryaj pou pitit gason l. 3 Lè lè a rive, li voye sèvitè l yo pou fè envite yo sonje jou nòs la. Men tout moun li te envite yo te refize vini.
4 Yon dezyèm fwa, li voye sèvitè l yo al kote envite yo pou di yo tout bagay gen tan pare. Mwen gen tan touye pi bon bèf mwen yo ak lòt bèt ankò. Tout bagay pare, m ap tann nou pou nou vin nan nòs la.
5 Men tout envite yo te fè la soudorèy, epi yo te kontinye ap regle zafè pèsonèl yo. Genyen k al travay nan jaden yo, gen lòt k al regle zafè komès yo. 6 Gen yon lòt gwoup menm ki mete men sou sèvitè wa a, yo maltrete yo epi touye yo. 7 Sa te fè wa a fache anpil. Li voye sòlda l yo al touye tout asasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan vil kote yo t ap viv la.
8 Apre sa, wa a di sèvitè l yo: Resepsyon nòs la fin pare, men nou te gen move kalite envite. 9 Konsa, ale kanpe nan kafou yo, epi envite tout moun k ap pase pou yo vin nan resepsyon nòs la. 10 Sèvitè wa a soti nan lari a, yo ranmase tout moun yo te jwenn, bon moun tankou move moun. Konsa resepsyon an te vin plen moun.
11 Men lè wa a vin fè yon ti kontwòl sou moun ki te nan resepsyon an, li wè yon nonm ki pa t gen rad nòs sou li. 12 Wa a di l: zanmi m, kijan w fè kote w ye a san ou pa gen rad nòs sou ou? Men moun ki pa t gen rad nòs la pa t menm ka di yon mo. 13 Apre sa wa a di sèvitè l yo: Mare de pye l mare de bra l, epi voye l jete nan fènwa deyò a, kote k ap gen kriye ak manje dan an.
14 Wi, Bondye rele anpil moun, men se sèlman yon ti ponyen li chwazi.”
Jezi reponn yon kesyon pyèj
(Mak 12:13-17; Lik 20:20-26)
15 Apre sa, Farizyen yo kite kote Jezi t ap anseye a epi y al fè yon reyinyon. Yo t ap eseye tann yon pyèj pou Jezi, sitou nan sa l ap di. 16 Farizyen yo voye bò kote Jezi kèk disip pa yo ansanm ak kèk patizan wa Ewòd. Yo di li: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a, se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans. 17 Konsa nou bezwen genyen opinyon w sou kesyon sa a: Èske se byen pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”
18 Men Jezi te konnen ki movèz entansyon yo te genyen nan poze l kesyon sa a. Konsa li di yo: “Bann ipokrit! Poukisa n ap chache pran m nan pyèj? 19 Montre m yon pyès lajan nou sèvi pou nou peye taks.” Yo pote yon pyès kòb ba li. 20 Li mande yo: “Foto ki moun ak non ki moun ki sou pyès kòb sa a?”
21 Yo reponn li: “Foto Seza ak non Seza.”
Epi li di yo: “Bay Seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye!”
22 Apre yo fin tande repons sa a, yo te tèlman sezi, yo kite Jezi repo. Y ale fè wout yo.
Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi
(Mak 12:18-27; Lik 20:27-40)
23 Nan menm jou a, kèk Sadiseyen te vin kote Jezi. (Sadiseyen yo pa kwè nan koze rezirèksyon.) Men kesyon yo te poze l: 24 “Mèt, Moyiz te anseye si yon mesye marye mouri san l pa gen pitit, frè li dwe marye ak madanm defen an, pou l ka fè pitit pou frè ki mouri a.[a] 25 Vwala te gen yon fanmi ki te gen sèt pitit gason. Premye frè a marye, li mouri san fè pitit. Konsa dezyèm frè a marye ak madanm defen an. 26 Menm bagay rive dezyèm ak twazyèm frè a, jouk yo tout sèt la te marye ak menm fi a epi mouri san fè pitit. 27 Fi a vin mouri an dènye. 28 Kòm yo tout sèt la te marye ak menm fi a, apre rezirèksyon an, madanm kilès l ap ye?”
29 Jezi reponn, li di yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. 30 Youn nan bagay nou bezwen konprann, apre rezirèksyon an, p ap gen koze maryaj ankò. Nou ap tankou anj nan syèl la. 31 Sou kesyon rezirèksyon an, èske nou pa janm li sa Bondye di nan pwòp avantaj nou: 32 Mwen se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la?[b] Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.”
33 Foul moun yo te etone anpil lè yo tande jan Jezi t ap anseye.
Ki kòmandman ki pi Empòtan?
(Mak 12:28-34; Lik 10:25-28)
34 Lè Farizyen tande jan Jezi te fèmen bouch Sadiseyen, yo fè yon reyinyon. 35 Youn ladan yo, yon ekspè nan Lalwa Moyiz la, poze Jezi kesyon sa a: 36 “Mèt, ki pi gran kòmandman ki gen nan Lalwa a?”
37 Jezi reponn li: “Renmen Senyè Bondye ou la ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse ou.[c] 38 Sa a se premye ak pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan ki sanble ak premye a se: Renmen pwochen w[d] menm jan ak pwòp tèt pa w.[e] 40 Tout sa ki ekri nan Lalwa ak Pwofèt yo chita sou de gwo kòmandman sa yo.”
Èske Mesi a se pitit David?
(Mak 12:35-37; Lik 20:41-44)
41 Pandan Farizyen yo te kòmanse ap rasanble, Jezi poze yo yon kesyon: 42 “Ki sa nou panse konsènan Kris la? Pitit kilès li ye?”
Yo reponn li: “Li se pitit David.”
43 Jezi di yo: “Si se konsa, poukisa David rele l Senyè? Se anba kontwòl Sentespri David t ap pale, lè l di:
44 Bondye di Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
jiskaske m fè lènmi w yo
tonbe anba pouvwa w![f]
45 Bon, si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”
46 Tout moun te rete bouch be! Depi lè a tou tout moun te kraponnen, pèsonn pa t brav ase pou poze Jezi kesyon ankò.
Jezi bay yon istwa sou yon jaden rezen
(Mat 21:33-46; Lik 20:9-19)
12 Jezi kòmanse pale ak pèp la an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li bare l, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi l pati an vwayaj.
2 Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon sèvitè kote kiltivatè yo pou yo ba li pati pa l nan rekòlt la. 3 Men yo kenbe sèvitè a, yo bat li byen bat epi yo voye l tounen san yo pa ba l anyen. 4 Apre sa, mèt jaden an voye yon lòt sèvitè kote yo; yo bat li nan tèt epi se pa de maltrete yo maltrete l. 5 Li voye yon lòt sèvitè, kiltivatè yo touye l. Mèt jaden an voye plizyè lòt; gen ladan yo, yo bat; gen lòt yo touye.
6 Mèt jaden an te gen yon sèl pitit gason li te renmen anpil, li voye l kote yo an dènye. Li di nan kè l: Sètènman y a gen respè pou pitit gason m nan.
7 Men kiltivatè yo reflechi, yo di: Men eritye a. Ann touye l, konsa jaden an ap rete pou nou. 8 Yo mete men sou li, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l.
9 Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? L ap bay lòt moun jaden an. 10 Nou pa li sa ki ekri nan Bib la:
Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.
11 Se Bondye ki te fè sa!
Se yon mèvèy pou nou wè sa!”[a]
12 Lè lidè Jwif yo tande sa, yo te vle jwenn yon fason pou arete Jezi, men yo te krenn pèp la. Yo te byen konnen se pou yo Jezi te bay parabòl sa a. Konsa, yo kite l, y al fè wout yo.
Jezi reponn yon kesyon pyèj
(Mat 22:15-22; Lik 20:20-26)
13 Apre sa, lidè Jwif yo voye kèk Farizyen ak Ewodyen bò kote Jezi pou eseye rache kèk pawòl nan bouch li pou yo ka akize l. 14 Lè yo rive, yo di l: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans: Èske l legal pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”
15 Men Jezi te konnen byen kesyon yo a pa t sensè, li di yo: “Poukisa nou vle pran m nan pyèj? Pote yon pyès lajan ban m wè.” 16 Yo pote youn ba li epi li di yo: “Foto ak non ki moun ki sou li? Yo reponn li: Seza.”
17 Lè sa a, Jezi reponn yo: “Bay seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye.” Jezi pa t manke fè yo sezi ak repons sa a.
Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi
(Mat 22:23-33; Lik 20:27-40)
18 Kèk Sadiseyen, ki wè moun ki mouri pa resisite, vin kote Jezi. Yo mande l: 19 “Mèt, Moyiz ekri si yon frè mouri san li pa fè pitit ak madanm li, se pou lòt frè a marye ak madanm defen an, pou li fè pitit avè l pou defen an.[b] 20 Te gen sèt frè, premye a te marye ak yon fi, li mouri san li pa kite pitit. 21 Dezyèm nan marye ak vèv la, li mouri san li pa kite pitit. Menm bagay la rive twazyèm nan. 22 Konsa, pa gen youn nan sèt la ki kite pitit. Apre sa, fi a vinn mouri tou. 23 Lè jou rezireksyon an va rive, madanm kilès nan sèt frè yo fi a pral ye, paske li te marye ak tou lè sèt?”
24 Jezi reponn yo: “Nou nan erè nèt. Nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. 25 Lè mò yo va leve, p ap gen ni mari ni moun k ap marye paske y ap vin tankou anj nan syèl la. 26 Pou sa ki konsène mò k ap leve yo, nou pa li sa ki ekri nan liv Moyiz la, nan pasaj touf bwa ki te pran dife san l pa boule a![c] Se la Bondye di: mwen se Bondye Abraram nan, Bondye izaak la ak Bondye Jakòb la.[d] 27 Bondye pa Bondye moun mò, men li se Bondye moun vivan. Nou twonpe tèt nou nèt.”
Ki kòmandman ki pi Empòtan?
(Mat 22:34-40; Lik 10:25-28)
28 Youn nan direktè Lalwa yo te tande diskisyon an. Li te wè Jezi byen reponn Sadiseyen yo. Lè sa a, li vin kote l, li mande l: “ki pi gran kòmandman ki gen?”
29 Jezi reponn li: “Kòmandman ki pi gran an se: Koute, Izrayèl! Senyè Bondye nou an, se sèl Senyè. 30 Renmen Senyè a, Bondye ou a ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse w, epi ak tout fòs ou.[e] 31 Dezyèm nan se: Renmen pwochen w[f] menm jan ak pwòp tèt ou.[g] Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase yo.”
32 Lè sa a, direktè Lalwa a di li: “Ou gen rezon, Mèt. Bondye nou an se sèl Bondye. Pa gen lòt kon li. 33 Nou dwe renmen li ak tout kè nou, ak tout lespri nou, ak tout nanm nou, epi ak tout fòs nou; epi renmen pwochen nou menm jan ak pwòp tèt nou. Sa gen plis valè pase tout ofrann ak sakrifis nou ka ofri ba li.”
34 Lè Jezi wè li reponn ak sajès, li di l konsa: “Ou pa twò lwen wayòm Bondye a.” Apre sa, pa t gen direktè Lalwa ki te brav ase pou oze poze l kesyon ankò.
Èske Mesi a se pitit David?
(Mat 22:41-46; Lik 20:41-44)
35 Pandan Jezi t ap anseye nan tanp lan, li mande: “Ki jan doktè lalwa yo ka di Mesi a se pitit David? 36 Paske David li menm, anba enspirasyon Sentespri, te di:
Senyè a di, Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
jouktan m fè lènmi w yo
tonbe anba pouvwa w.[h]
37 David, li menm, rele Mesi a Senyè. Alòs, kijan l fè pitit li?”
Pèp la te pran plezi tande l.
Jezi kritike pwofesè lalwa yo
(Mat 23:6-7; Lik 11:43; 20:45-47)
38 Nan ansèyman li, Jezi te di: “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. 39 Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon. 40 Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.”
Yon vèv montre kisa yon vrè ofrann ye
(Lik 21:1-4)
41 Apre sa, Jezi te chita anfas bwat[i] kote yo te mete ofrann lajan nan tanp lan, li t ap gade kijan moun yo t ap depoze lajan. Te gen anpil moun rich ki te depoze anpil lajan. 42 Men te vin gen yon pòv vèv ki mete de ti pyès kuiv ki te vo kèk santim konsa.
43 Jezi rele disip yo, li di yo: “Anverite, m ap di nou, pòv vèv sa a mete plis nan ofrann nan pase tout lòt moun yo. 44 Paske lòt moun yo mete nan sa yo gen anplis, men li menm, malgre mizè li, li bay tout sa l te genyen pou l viv.”
Copyright © 2017 by Bible League International