Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Chronological

Read the Bible in the chronological order in which its stories and events occurred.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Matye 20-21

Parabòl travayè jaden yo

20 Wayòm Bondye a se tankou yon gwo kiltivatè ki soti byen bonè nan maten pou l al chache travayè pou travay nan jaden rezen l. Li antann li ak yo pou l peye yo yon jounen travay. Epi li voye yo al travay nan jaden an.

A nevè di maten, li soti ankò, l ale sou yon plas piblik, epi li wè kèk mesye ki kanpe ki p ap fè anyen. Li di yo: Si nou al travay nan jaden rezen m nan, m ap ba nou yon bagay ki rezonab. Konsa mesye yo te pati al travay nan jaden rezen an.

Vè midi ak vè twazè, kiltivatè a refè menm mouvman nevè a. Ozanviwon senkè konsa, li soti ankò epi li jwenn kèk mesye kanpe san yo p ap fè anyen. Li di yo: Poukisa nou kanpe la a tout jounen ap kalewès?

Yo reponn li: Pèsonn pa ban nou travay!

Li di yo: Al travay nan jaden rezen m nan.

Nan fen jounen an, mèt jaden an rele moun ki responsab pou peye travayè yo, epi li di l: Rele travayè yo vin touche. Kòmanse ak sa yo ki te vin an dènye jouktan w rive sou premye a.

Lè travayè ki te vin a senkè a vin touche, yo chak resevwa kòb yon jounen travay. 10 Konsa, lè gwoup ki te vin an premye a vin touche yo te panse yo t ap jwenn yon ti diplis, men yo tout te touche menm kòb la. 11 Yo pran kòb la, men yo t al plenyen bay mèt jaden an. 12 Yo di: Nèg senkè yo, fè sèlman inèdtan travay, men nou menm nou pase tout jounen an ap travay anba solèy cho a, epi ou ba nou menm fòs kòb!

13 Mèt jaden an reponn youn pami yo: Zanmi m, mwen pa fè nou lenjistis. Èske nou pa t mete nou dakò pou m peye yon jounen travay? 14 Pran sa k pou ou a, epi al lakay ou! Se mwen ki deside pou m bay tout moun menm kòb. 15 Dayè kòb mwen se pou mwen, mwen ka fè sa m vle avè l, pa vre? Èske nou jalou[a] paske mwen gen kè nan men pou lòt moun yo?

16 Konsa, anpil moun ki nan dènye plas kounye a ap gen pou vin premye. Anpil moun ki premye kounye a gen pou yo vin dènye.”

Jezi pale sou lanmò li ankò

(Mak 10:32-34; Lik 18:31-34)

17 Pandan Jezi te sou wout pou l monte Jerizalèm, li pran douz disip li yo apa, epi li di yo: 18 “Tande m! Nou sou wout pou Jerizalèm kote yo pral livre Pitit Lòm nan bay chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo ki gen pou kondane l amò. 19 Apre sa, yo gen pou yo livre l bay payen yo ki gen pou yo pase l nan betiz, pou yo bat li byen bat, epi krisifye l sou yon kwa. Men li gen pou l resisite sou twazyèm jou a.”

Madan Zebede mande yon favè espesyal pou pitit li yo

(Mak 10:35-45)

20 Apre sa, manman pitit Zebede yo ak de pitit gason l yo, pwoche bò kote Jezi. Li mete l ajenou devan Jezi pou mande l yon favè.

21 Jezi mande li: “Kisa w vle?”

Li reponn: “Mwen vle pou ou pwomèt mwen de pitit gason m yo ap chita youn sou bò dwat ou epi youn sou bò gòch ou, lè w va nan wayòm ou an.”

22 Jezi di li: “M pa kwè ou konprann sa w ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode[b] mwen pral bwè a?”

Mesye yo reponn: “Wi, nou kapab!”

23 Jezi di yo: “Se vre, n ap gen pou n bwè nan gode a. Men kanta pou privilèj pou youn chita adwat, lòt la chita agoch la, sa pa depann de mwen. Papa a rezève plas sa yo pou moun li vle.”

24 Lè lòt dis disip yo tande sa, yo te fache anpil ak de frè yo. 25 Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo. 26 Men se pa konsa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou. 27 Nenpòt moun ki vle jwe wòl premye nan mitan nou dwe jwe wòl esklav nou tout. 28 Fè menm jan ak Pitit Lòm nan, li pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.”

Jezi geri de avèg

(Mak 10:46-52; Lik 18:35-43)

29 Pandan Jezi ak disip li yo t ap kite Jeriko, te gen yon gwo foul moun ki t ap swiv li. 30 Te gen de mesye avèg ki te chita bò wout la. Lè yo tande Jezi ap pase, yo pran rele byen fò: “Senyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!”

31 Foul la t ap kritike mesye yo epi mande yo fèmen bouch yo. Men yo te kriye pi fò: “Senyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!”

32 Jezi fè yon kanpe. Li rele mesye yo, epi l mande yo: “Kisa nou vle m fè pou nou?”

33 Yo reponn li: “Senyè, nou vle wè!”

34 Jezi santi kè l fè l mal pou yo. Li touche je yo, epi nan menm moman an, je mesye yo te vin wè. Yo te leve, yo swiv Jezi.

Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa

(Mak 11:1-11; Lik 19:28-38; Jan 12:12-19)

21 Jezi ak disip li yo te rive toupre Jerizalèm. Yo te rive Bètfaje nan zòn mòn Olivye a. Lè sa a, Jezi te voye de nan disip li yo. Li di yo: “Ale nan ti vil ki devan nou an, n ap jwenn yon manman bourik ki mare, ak yon jenn bourik. Lage yo mennen ban mwen. Nenpòt moun ki ta di nou yon bagay, reponn li konsa: Mèt la bezwen yo, l ap voye yo tounen touswit.”

Tout sa rive konsa pou konfime pwofesi a:

“Fè anons lan pase nan Siyon:[c]
    men Wa w la ap vini.
Li plen ak dousè, li monte sou yon bourik.
    Wi, sou yon ti bourik dèyè manman.”[d]

Disip yo te ale epi yo te fè jan Jezi te di yo a. Yo mennen ba li manman bourik la ak tout ti bourik la. Yo voye manto yo sou do bourik yo, konsa Jezi chita sou yo. Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a. Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:

“Louwanj[e] pou Pitit David la!
    Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a![f]
    Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!”

10 Lè Jezi antre nan lavil Jerizalèm, tout vil la te boulvèse. Yon bann moun t ap mande: “Kilès nonm sa a ye?”

11 Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”

Jezi mete lòd nan tanp lan

(Mak 11:15-19; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)

12 Apre sa, Jezi antre nan lakou tanp la. Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 13 Epi li di yo: “Men sa ki ekri nan Bib la: Y a rele kay ki apa pou mwen an yon mezon lapriyè.[g] Men nou menm nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”[h]

14 Kèk avèg ak moun enfim ki te nan lakou tanp lan te pwoche bò kote Jezi epi li geri yo. 15 Chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo te wè ki kalite mirak ki t ap fèt. Yo te wè kijan timoun yo ki te nan tanp lan t ap kriye: “Louanj pou Pitit David la!” Yo te vin fache anpil epi yo di Jezi:

16 “Èske w tande sa timoun yo ap di la a?”

Jezi reponn yo: “Wi, m tande! Bib la di:

Ou montre ata timoun ak ti bebe nan tete pou
    yo fè louanj ou.[i]

Èske w pa li sa nan Bib la?”

17 Apre sa Jezi deplase, li soti kite vil la. L ale Betani. Se la li te pase nuit la.

Jezi modi yon pye fig

(Mak 11:12-14,20-24)

18 Byen bonè demen maten, Jezi t ap retounen Jerizalèm, epi l te santi l grangou. 19 Li wè yon pye fig bò wout la. Lè l al gade wè si l ta jwenn yon fig, se fèy sèlman li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig la: “Ou p ap janm pote fwi ankò!” Menm lè a pye fig la te tounen bwa sèch.

20 Disip Jezi yo te sezi pou wè sa k pase a. Yo mande Jezi: “Ki jan pye fig la fè sèch vit konsa?”

21 Jezi di yo: “An verite m ap di nou, si nou gen lafwa, epi san n pa doute, non sèlman n ap ka fè menm bagay mwen fè ak pye fig la, n ap menm ka di mòn sa a: Retire kò w la; al jete tèt ou nan lanmè! Sa gen pou rive toutbon vre. 22 Tout sa nou mande nan lapriyè nou fè avèk lafwa, nou va resevwa l.”

Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout

(Mak 11:27-33; Lik 20:1-8)

23 Lè Jezi antre nan lakou tanp la epi l kòmanse anseye, chèf prèt yo avèk lidè ki t ap dirije pèp la te pwoche bò kote li. Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?”

24 Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. 25 Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”

Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a? 26 Men tou si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, n ap nan gwo pwoblèm ak pèp la, paske yo tout konsidere Jan kòm yon pwofèt.”

27 Konsa yo di Jezi: “Nou pa konnen ki kote l soti.” Jezi di yo:

“Si se konsa, mwen menm tou, mwen p ap di nou kilès ki ban m otorite pou m fè sa m fè yo.”

Parabòl de pitit gason yo

28 “Di m kijan nou konprann sa? Yon papa te gen de pitit gason. Yon jou li di pi gran an: Pitit mwen, al travay nan jaden rezen m nan pou mwen jodi a.

29 Li reponn papa a: Non, mwen p ap kapab jodi a. Men vè pita, li chanje lide epi l ale nan jaden an.

30 Papa a ale bò kote pi jèn nan, li di l menm bagay. Pi jèn nan reponn: Wi papa, pou touswit! Men li pa mete pye nan jaden an.

31 Kilès nan de pitit yo ki te fè sa papa a te vle?”

Yo reponn li: “Pi gran an!”

Jezi di yo: “Anverite m ap di nou: pèseptè kontribisyon yo ak moun movèz vi yo ap pran devan nou nan wayòm Bondye a. 32 Mwen di sa, paske Janbatis vin anonse nou kijan pou nou viv nan yon fason ki dwat, men nou pa fè ka de li, epi pèseptè kontribisyon ak moun movèz vi yo te kwè nan mesaj la. Menm apre nou fin wè sa, nou pa montre okenn siy repantans ni nou pa kwè.”

Jezi bay yon istwa sou yon jaden rezen

(Mak 12:1-12; Lik 20:9-19)

33 “Koute yon lòt parabòl. Te gen yon pwopyetè ki te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li, bare l. Li fouye yon basen kote pou yo kraze rezen yo pran ji a. Li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi li pati an vwayaj. 34 Lè dat rekòt la rive, mèt jaden an voye kèk sèvitè bò kote moun ki t ap jere yo pou yo voye pati rekòt pa l pou li.

35 Men moun ki t ap jere yo mete men sou sèvitè yo, yo bat youn, yo touye youn, yo lapide yon lòt jouktan l mouri. 36 Mèt jaden an voye plis sèvitè pase premye fwa a, moun ki t ap jere yo fè menm jan ak premye fwa a. 37 Apre sa, mèt jaden deside pou l voye pwòp pitit gason li. Li di nan kè l: siman y a gen plis respè pou pitit gason m nan.

38 Men lè moun ki t ap jere yo wè se pitit mèt jaden an k ap vini, youn di lòt: Men eritye a ap vin jwenn nou. An nou touye li, konsa eritaj la ap rete pou nou. 39 Yo mete men sou li, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l.

40 Donk, lè mèt jaden an vini, kisa nou panse l ap fè ak moun ki t ap jere yo?”

41 Chèf prèt yo ak lidè Jwif yo reponn: “Mèt jaden rezen an ap touye mechan sa yo, san okenn pitye. L ap bay lòt moun jere jaden an. L ap bay lòt jeran k ap voye pòsyon rekòt pa l pou li, lè l voye chache l.”

42 Jezi di yo: “Asireman nou li pawòl sa yo nan Bib la deja:

Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
    vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.
Se Bondye ki te fè sa!
    Se yon mèvèy pou nou wè sa![j]

43 Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a. 44 Moun ki tonbe sou wòch la ap fè miyèt mòso. Moun wòch la tonbe sou li, l ap plati l tankou kasav.”[k]

45 Lè chèf prèt yo ak Farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se avèk yo Jezi ap pale. 46 Konsa yo t ap chache wè kijan pou yo mete men sou li. Men yo te pè reyaksyon foul la ki te rekonèt Jezi kon yon pwofèt.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International