Chronological
Fòk nou rekonesan
11 Pandan Jezi t ap vwayaje al Jerizalèm, li pase nan zòn fwontyè ki separe Samari ak Galile a. 12 Li antre nan yon ti bouk, li kontre ak dis (10) mesye ki te gen maladi lalèp. Yo pa t pwoche pre li poutèt maladi yo a. 13 Mesye yo rele byen fò: “Jezi! Mèt! Gen pitye pou nou.”
14 Lè Jezi wè sa, li di yo: “Al fè sakrifikatè yo egzamine nou.”[a]
Pandan yo te nan wout prale, yo te geri. 15 Gen youn nan dis (10) mesye yo, lè l wè li geri, li kase tèt tounen vin jwenn Jezi. Li pale byen fò pou li fè lwanj pou Bondye.
16 Li mete ajenou nan pye Jezi, li di l mèsi. Nonm sa a te yon Samariten. 17 Jezi di nonm nan: “Se te nou dis (10) ki te geri, pa vre? Kote nèf (9) lòt yo? 18 Yo youn pa tounen vin bay Bondye glwa pou sa l fè, eksepte etranje sa a.” 19 Apre sa, Jezi di nonm nan: “Leve non! Ou mèt ale. Ou geri paske ou te kwè.”
Laveni Wayòm Bondye a
(Mat 24:23-28,37-41)
20 Apre sa, kèk nan Farizyen yo mande Jezi: “Ki lè Wayòm Bondye a ap vini?”
Jezi reponn, li di: “Wayòm Bondye a p ap vini nan yon fason nou ka obsève davans. 21 Moun p ap ka di men l bò isit, ni men l bò lòtbò, paske Wayòm Bondye a la nan mitan nou.”
22 Apre sa, Jezi di disip yo: “Gen yon tan k ap vini kote n ap anvi wè youn nan jou Pitit Lòm nan, men nou p ap ka wè l. 23 Moun pral di: Ey men l bò lòtbò, osinon, men l bò isit. Pa okipe pèsonn. Rete kote nou ye a. Pa soti al nan chache anyen.” 24 Menm jan yon kout zèklè flache travèse syèl la, soti sou yon bò al sou lòtbò a, se konsa sa ap ye pou Pitit Lòm nan jou l ap retounen an. 25 Men, anvan sa rive, Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil move tretman. Moun alèkile yo ap rejte li.
26 Menm jan sa te ye nan tan Noye a, se konsa tou sa ap ye lè Pitit Lòm nan va retounen. 27 Moun t ap manje, yo t ap bwè. Moun t ap marye epi yo t ap marye pitit yo jouktan jou a te rive epi Noye antre nan lach la. Apre sa delij la vini, li touye yo tout.
28 Se menm bagay ki te pase nan tan Lòt la tou k ap rive. Moun t ap manje, bwè, achte, vann, plante nan jaden, bati kay pou yo rete. 29 Yo te viv konsa jouk jou Lòt pati kite Sodòm, epi dife ak souf soti nan syèl la grennen sou vil la epi detwi tout bagay. 30 Se ekzakteman konsa bagay yo ap ye lè Pitit Lòm nan retounen.
31 Nan jou sa a, si yon moun te sou tèt kay li, li pa fèt pou l desann al pran zafè li anndan kay la. Menm jan an tou, si yon moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò. 32 Se pou sa k te rive madanm Lo[b] la sèvi nou leson.
33 Nenpòt moun ki chache konsève lavi li, li va pèdi l. Men nenpòt moun ki dakò bay lavi li, li va konsève l. 34 M ap di nou sa: “Nan nuit sa a, gen dwa gen de moun k ap dòmi sou menm kabann, y ap pran youn epi y ap kite lòt la. 35 Ka gen de medam k ap pile grenn ansanm nan pilon, y ap pran youn, y ap kite lòt la.” 36 [c]
37 Disip yo reponn, yo di li: “Mèt, ki kote sa ap rive?”
Jezi reponn yo: “Kote kadav la ye a, se la tou zwazo sovaj ki konn manje kadav yo ap rasanble!”
Bondye ap reponn lapriyè pèp li
18 Jezi di disip li yo pou yo toujou priye epi pou yo pa janm pèdi espwa. Li rakonte yo parabòl sa a. 2 Li di yo: “Te gen yon jij nan yon vil. Jij sa a pa t gen okenn respè pou Bondye ni pou pèsonn moun. 3 Te gen yon vèv nan vil la ki te toujou ap vin kote jij la pou di li: Rann mwen jistis non kont nonm sa a ki fè move bagay kont mwen an. 4 Pandan yon bon tan, jij la te refize bay vèv la jistis. Men apre sa, jij la di nan kè l: Se vre mwen pa respekte ni Bondye ni lèzòm, 5 men, vèv sa a anbete m twòp. M ap rann li jistis pou l ka kite m anrepo, pou l pa fini ak mwen.”
6 Jezi di: “Tande byen wi kisa move jij la di.” 7 Moun Bondye chwazi yo ap priye l lajounen kou lannuit. L ap toujou ba yo sa ki bon. Li p ap pran anpil tan pou l reponn yo. 8 Mwen di nou sa: “Bondye p ap pran lontan pou l vin ede pèp li a. Men, lè Pitit Lòm nan va vini, èske l ap jwenn moun k ap mache dwat devan Bondye toujou sou latè?”
Yon Farizyen ak yon lajan kontribisyon
9 Te gen kèk moun ki te panse yo menm yo te dwat devan Bondye, sa fè yo t ap meprize lòt moun. Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l anseye yo: 10 “Vwala te gen de mesye ki t al nan tanp lan pou priye. Youn nan yo se te yon Farizyen, lòt la menm te yon pèseptè kontribisyon. 11 Farizyen an kanpe apa, a yon distans de pèseptè kontribisyon an. Li t ap lapriyè konsa: Bondye, mèsi dèske mwen pa move moun tankou lòt moun yo. Mèsi dèske mwen pa ni vòlò, ni mechan, ni adiltè. Mèsi dèske mwen pi bon pase pèseptè kontribisyon sa a. 12 Mwen fè jèn de (2) fwa pa senmenn epi mwen peye dim sou tout sa m genyen!
13 Pèseptè kontribisyon an te kanpe apa tou a yon distans. Men, lè l ap lapriyè, li pa menm vle leve tèt li gade syèl la. Li t ap bat lestomak li, li t ap di: O Bondye, gen pitye pou mwen. Mwen fè anpil peche! 14 M ap di nou sa: Lè pèseptè kontribisyon an fin priye, li tounen lakay li jis devan Bondye. Kanta pou Farizyen an, Bondye pa tande priyè li, paske tout moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.”
Copyright © 2017 by Bible League International