Beginning
1 Nou menm: Pòl, Silas ak Timote, n ap ekri lèt sa a pou n voye bay legliz Tesalonik ki pou Bondye Papa a ak Jezikris, Senyè a.
Gras ak lapè Bondye avèk nou!
Lavi ak lafwa kretyen Tesalonik yo
2 Nou pa janm sispann di Bondye mèsi pou legliz Tesalonik lan. Nou toujou leve tout frè ak sè yo nan lapriyè devan Bondye Papa a. 3 Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.
4 Frè m ak sè m yo, nou konnen Bondye renmen nou paske se li menm ki chwazi nou. 5 Lè n te pote Bòn Nouvèl Jezikris a, nou pa t fè sa nan pale sèlman. Men Bondye te montre puisans li, prezans Sentespri a te vrèman reyèl, epi ou menm, ou te kapab wè kijan nou te kwè totalman nan sa nou t ap di w. Epitou, jan nou menm nou te kondui tèt nou, sa te montre aklè kijan nou se moun Kris nou ye. Nou te fè sa kon sa pou byen ou menm. 6 Epi ou te swiv egzanp nou, menm jan ou swiv egzanp Senyè a tou, lè ou te aksepte mesaj la ak kè kontan nan mitan gwo soufrans. Se Sentespri a menm ki te ba w kè kontan sa a.
7 Rezilta a se lè ou menm tou, frè m ak sè m yo, ou vin sèvi yon modèl pou tout frè ak sè nan Kris k ap viv nan Masedwàn ak nan Akayi. 8 Se depi soti Tesalonik, mesaj pawòl Bondye a gaye nan tout Masedwàn ak nan Akayi. Konsa, toupatou kote nou pase y ap pale sou kalite lafwa nou nan Bondye. Konsa nou pa t bezwen di anyen ankò. 9 Tout moun ap pale sou jan w te byen resevwa nou. Tout moun ap pale sou kijan w te sispann adore zidòl pou w te ka vin sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an. 10 Konsa nou te vin konnen Jezi, limenm ki delivre nou anba jijman ki gen pou vini an. Nou kwè Bondye te fè Jezi, Pitit li a, soti vivan pami mò yo epi nou vin gen espwa l ap retounen soti nan syèl la pou l vin sove nou.
Travay Pòl nan Tesalonik
2 Frè m ak sè m, nou tout nou ka temwanye sou rezilta pouvwa Bondye pami nou. 2 Avan nou rive Tesalonik, nou te gentan pase pa nou anba men moun Filip yo. Men Bondye te ban nou kouray pou nou preche Bòn Nouvèl la, menm lè te gen obstak nan Tesalonik. 3 Rezon an: mesaj n ap preche a pa gen erè ladan l. Nou pa t ap chache pran kèk bagay nan men w, lè n t ap mande pou w kwè nan Levanjil la. Nou pa t ap eseye twonpe pèsonn. 4 Okontrè, nou te jwenn konsantman Bondye anvan menm nou kòmanse travay predikasyon an. Wi, Bondye konfye nou pou n preche Bòn Nouvèl la. Konsa, se Bondye n ap chache fè plezi lè nou preche Bòn Nouvèl la. Nou pa preche pou fè moun plezi. Bondye wè sa k ap pase nan kè nou.
5 Se vre wi, Bondye ka sèvi nou temwen. Nou pa t janm eseye sèvi bèl pawòl pou flate moun, oswa twonpe epi pou n fè lajan sou moun. 6 Nou pa t janm chache pou okenn moun fè lwanj pou nou. Nou pa t chache nan bouch ou. Nou pa t chache l nan bouch lòt moun.
7 Se yon bagay fasil pou n ta sèvi ak otorite nou kòm apòt pou fè ou yon seri egzijans. Men nou te pito sèvi ak dousè.[a] Nou te aji tankou manman k ap bay pitit li tete. 8 Mesaj Bòn Nouvèl Bondye a nou preche w la, se rezilta afeksyon nou gen pou ou. Se menm afeksyon sa a ki te fè nou alèz pou pataje lavi nou ak ou. 9 Frè m ak sè m yo, m pa kwè nou bliye jan nou te travay di lajounen kon lannwit pou sipòte tèt nou. Nou pa t vle pou nou tounen yon fado pou okenn nan nou pandan nou t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.
10 Ou menm moun Tesalonik, ou ka temwanye lè nou te lakay ou, nou te mennen lavi nou yon fason ki sen, ki dwat, epi san repwòch. Bondye temwen sa n ap di la a. 11 Sonje jan nou te sèvi ak tout moun tankou papa ak pwòp pitit li, youn apre lòt. 12 Nou te toujou ankouraje ou, epi konsole ou. Nou toujou egzòte ou pou mennen lavi ou yon fason ki pa fè Bondye wont. Sonje Bondye chwazi nou pou nou fè pati wayòm li an, epi pataje onè li.
13 Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li. 14 Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide,[b] legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete. 15 Se Jwif sa yo ki touye Jezi Senyè a ak tout lòt pwofèt yo. Se yo menm tou ki fòse nou kite vil la. Yo bay Bondye degoutans, yo kanpe ankwa devan tout moun yo jwenn. 16 Yo fè tout sa yo konnen pou anpeche nou pataje Bòn Nouvèl Jezikris la ak moun lòt nasyon yo. Yo pa vle payen yo sove. Konsa, yo rive nan dènye bout mechanste yo. Lè sa, yo tonbe anba kòlè Bondye.
Pòl te anvi vizite kretyen yo
17 Kanta pou nou frè m ak sè m yo, lè nou te fin separe, se kò nou ki pa t la men kè nou te toujou avè w. Se pa ti anvi nou anvi wè ou. Nou te fè sa n kapab pou n te vizite w. 18 Mwen menm Pòl, mwen te eseye plizyè fwa, men Satan te kanpe ankwa sou wout nou. 19 Se ou menm ki reprezante espwa nou, lajwa nou ak kouwòn nou, lè Jezi Senyè nou an retounen. 20 Wi! Ou se fyète nou ak lajwa nou.
3 Lè nou reyalize se toutbon vre nou p ap ka vin wè w, epi nou pa t ka sipòte ankò, nou te deside pou nou rete Atèn pou kont nou. 2 Nou te voye Timote, frè nou, k ap travay ak Bondye nan travay predikasyon Bòn Nouvèl Jezikris la, pou l te ka fòtifye w epi ankouraje w nan lafwa. 3 Nou te voye l pou okenn nan nou pa kite pwoblèm yo pote n ale. Ou konnen deja fòk pwoblèm yo vini. 4 Depi lè nou te avèk ou, nou te anonse w davans pwoblèm yo te gen pou vini. Epi nou konnen sa rive egzakteman jan nou te gentan di l la. 5 Konsa, kòm m pa t ka tann ankò, mwen te voye Timote pou pran nouvèl sou kijan lafwa ou ap mache. Mwen te gen krentif pou satan, tantatè a, pa t gentan fè nou tonbe, epi pase travay nou te fè nan mitan nou anba pye.
6 Men Timote fè k retounen ak bon jan nouvèl sou kalite lafwa ou ak lanmou ou. Li fè nou konnen kijan ou toujou sonje nou tou. Li di nou: se pa nou sèlman ki anvi wè w, ou anvi wè nou tou. 7 Konsa, menm nan mitan tèt chaje nou yo, nouvèl nou te pran sou lafwa ou te ankouraje nou anpil. 8 Wi, kounye a nou santi n ap viv paske ou ap kenbe fèm nan Senyè a. 9 Nou p ap janm fin rive di Bondye mèsi ase pou jan nou santi nou kontan lè nou pran nouvèl ou nan lafwa. 10 Lajounen kon lannwit nou priye ak tout kè nou, pou mande Bondye pou nou ka ale an pèsòn pou vin bay anplis kèlkeswa sa k nesesè pou fè lafwa ou vin pi fèm toujou.
11 Se pou Bondye Papa nou ak Senyè nou Jezikris ranje tout bagay pou nou ka vin wè ou. 12 Se pou Senyè pèmèt lanmou nou youn pou lòt grandi pi plis toujou. Se pou l vin menm jan ak lanmou nou gen pou ou ak pou tout moun nèt. 13 Se pou Senyè a fòtifye kè nou pou l ka vin san repwòch epi sen nèt devan Bondye Papa a, lè Jezikris Senyè nou ap retounen ak moun pa l yo.
Yon lavi ki fè Bondye kontan
4 Frè m ak sè m yo, nou gen kèk lòt bagay nou vle di ou. N ap mande ou epi ankouraje ou nan non Senyè Jezi, jan nou te anseye w la, epi jan ou gen tan ap fè l, pou ou kontinye viv pou fè Bondye plezi pi plis chak jou. 2 Ou konnen deja tout sa nou te mande w fè nan otorite Senyè Jezi. 3 Sa Bondye vle: se pou ou viv yon lavi ki sen. Li vle pou ou evite imoralite seksyèl. 4 Li vle pou nou chak metrize kò nou nan yon fason ki sen epi ki onorab.[c] 5 Pa kite se pasyon lachè ki kontwole lavi nou menm jan ak moun sa yo ki pa konnen Bondye. 6 Piga nou fè frè ak sè nou yo mal oubyen twonpe yo nan zafè seksyèl. Se pa premye fwa n ap di ou sa, men n ap repete l ankò: Bondye ap pini tout moun ki komèt peche sa yo. 7 Bondye pa t rele nou pou n ka pratike bagay ki sal, men pou nou konsakre lavi nou pou nou viv apa pou li. 8 Konsa nenpòt moun ki pase pawòl sa yo anba pye, se pa yon nonm l ap meprize men se Bondye, li menm ki ban nou Sentespri a.
9 Nan sa ki konsène lanmou youn pou lòt nan fanmi Bondye a, ou pa menm bezwen pou nou ekri ou sou sa. Bondye gen tan montre n kijan pou ou renmen youn lòt deja. 10 Nou konnen ou gen tan ap fè sa deja pou tout frè ak sè Masedwàn yo. Sèl sa n ap mande, se pou n manifeste lanmou nou pi plis toujou.
11 Fè tout sa ki depann de ou pou w viv ak kè poze. Pa foure bouch ou nan zafè moun. Travay pou ka jwenn manje pou manje jan nou te gentan di w sa deja. 12 Lè ou fè sa, moun deyò yo va respekte w poutèt fason ou viv. Ou p ap bezwen depann sou lòt moun pou ka viv.
Jezi gen pou l retounen
13 Nou pa ta vle pou n nan lapenn konsènan moun sa yo ki mouri deja, pou ou pa aflije menm jan ak sila yo ki pa gen okenn espwa. 14 Nou kwè Jezi te mouri, men nou kwè tou li te resisite. Konsa nou kwè Bondye ap resisite, pa mwayen Jezi, sila yo ki te gen konfyans nan li epi ki te mouri, l ap rasanble yo pou yo ansanm avè l.
15 Mesaj nou pote ba ou a, se Senyè a ki voye l. Nou menm ki vivan toujou lè Jezi retounen, nou p ap pran devan sa yo ki gentan mouri. 16 Gen yon sinyal k ap bay, y ap tande vwa youn nan chèf anj yo, twonpèt Bondye ap sonnen, epi Senyè a li menm ap desann sòti nan syèl la epi sa yo ki te mouri nan Kris ap leve pami mò yo. 17 Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, n ap rasanble ak moun ki te mouri yo, pou n monte al rankontre Senyè a nan nyaj yo. Konsa, n ap toujou ansanm ak Senyè a. 18 Sèvi ak pawòl sa yo pou nou ankouraje youn lòt.
Mete nou prè pou retou Senyè a
5 Kounye a frè m ak sè m yo, nou pa bezwen moun ekri nou sou koze tan ak dat ankò. 2 Ou konnen deja, lè Senyè a ap retounen an l ap yon gwo sipriz, tankou lè vòlè vin kase kay ou nan nuit. 3 Lè moun ap di: “Nou gen lapè ak sekirite,” se lè sa a malè pral tonbe sou yo sanzatann, menm jan ak lè tranche pran yon fanm ansent, yo p ap gen okenn mwayen pou yo evite soufrans la.
4 Men kanta nou menm frè m ak sè m yo, ou p ap viv nan fènwa. Konsa jou sa a p ap ban nou sipriz tankou jan vòlè fè. 5 Se moun limyè nou ye, konduit nou klè tankou lajounen. Nou pa pitit fènwa ni nou pa mele ak lannuit. 6 Konsa, nou pa dwe dòmi menm jan ak lòt yo. Okontrè se pou nou rete vijilan, ak je nou byen klè epi tèt nou byen frèt. 7 Moun k ap dòmi fè l pandan lannwit. Moun k ap bwè tafya pou yo sou fè l pandan lannwit. 8 Men nou menm se moun limyè nou ye, an nou kontwole tèt nou. An nou sèvi ak lanmou epi lafwa kòm zam pou nou pwoteje tèt nou. An nou sèvi esperans delivrans lan tankou yon kask sòlda yo mete sou tèt yo.
9 Bondye pa t chwazi nou pou l ka pini nou. Li chwazi nou pou nou te ka jwenn delivrans pa mwayen Senyè nou Jezikris. 10 Se Jezi ki te mouri pou nou. Konsa, kit nou ta gentan mouri, kit nou vivan, nou pral viv ansanm avèk li, lè li retounen. 11 Konsa, jan nou gen tan ap fè l deja, an n kontinye ankouraje youn lòt epi ede youn lòt grandi nan lafwa.
Dènye pawòl ak salitasyon fin al
12 Frè m ak sè m yo, nou mande w pou genyen bon jan konsiderasyon pou lidè yo k ap travay nan mitan nou pou Senyè. Yo gen sousi pou nou epi y ap montre nou jan pou nou viv. 13 Se pou nou montre anpil respè ak anpil lanmou pou yo poutèt travay y ap fè nan mitan nou.
Se pou nou viv nan lapè youn ak lòt. 14 Frè ak sè m yo, n ap mande ou pou rale zòrèy moun k ap fè parese yo. Ankouraje sa yo k ap viv ak lapèrèz nan kè yo. Ede sa yo ki fèb. Pran pasyans ak moun ki bò kote w. 15 Pa kite pèsonn rann mal pou mal nan mitan nou. Toujou chache fè sa ki byen youn pou lòt, epi pou tout moun.
16 Toujou fè kè ou kontan. 17 Pa janm sispann lapriyè. 18 Di Bondye mèsi pou nenpòt sa k rive. Se kon sa Bondye vle pou viv nan Jezikris.
19 Pa antrave travay Sentespri a. 20 Pa meprize moun k ap di sa Bondye ba yo pou yo di. 21 Men, egzamine tout bagay. Kenbe sa ki bon. 22 Kouri lwen tout sa ki mal.
23 Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini. 24 Sila ki rele w la ap fè l paske li fidèl.
25 Frè m ak sè m yo, toujou sonje priye pou nou tou. 26 Salye tout frè ak sè ki laba yo pou nou ak yon bèl akolad[d] tankou moun pa Bondye yo. 27 N ap mande w pou fè pwomès devan Senyè a pou li lèt sa a devan tout frè ak sè yo. 28 Se pou gras Jezikris Senyè nou an rete ansanm avèk ou.
Copyright © 2017 by Bible League International