Beginning
Senkyèm twonpèt la kòmanse premye malè a
9 Senkyèm anj lan sonnen twonpèt li a, m wè yon zetwal sot nan syèl la tonbe sou latè. Yo ba l kle twou san fon an. 2 Li louvri pòt twou san fon an, yon gwo lafimen soti ladan l, menm jan ak lafimen yon gwo boukan dife. Lè sa a, solèy la ak lè a, tout vin fè nwa ak lafimen ki soti nan twou san fon an.
3 Yon bann gwo krikèt vèt te soti nan lafimen an gaye toupatou. Yo te resevwa yon pouvwa menm jan ak eskòpyon yo. 4 Yo te resevwa lòd pou yo pa t fè okenn zèb sou latè mal, ni okenn plant, ni okenn pyebwa, sof moun ki pa t gen mak sa Bondye a sou fon yo. 5 Yo pa t gen pouvwa pou touye yo, men sèlman pou toumante yo pandan senk mwa: Toumant sa yo te bay la, se menm jan ak lè yon eskòpyon pike yon moun. 6 Nan jou sa yo, moun ap chache lanmò, men yo p ap jwenn li. Yo t ap byen vle mouri, men lanmò ap kouri lwen yo.
7 Krikèt vèt sa yo sanble ak cheval ki prepare pou fè lagè. Yo te gen yon seri kouwòn sou tèt yo ki sanble ak kouwòn an n ò, figi yo menm jan ak figi moun. 8 Cheve yo te menm jan ak cheve yon fi. Dan yo te menm jan ak dan lyon. 9 Lestomak yo sanble yon bagay ki kouvri ak yon plak an fè. Bri zèl yo se tankou bri yon bann chwal k ap mennen cha pou fè lagè. 10 Krikèt vèt sa yo gen ke yo ak yon pwent ladan yo pou pike, menm jan ak ke eskòpyon. Se ak ke yo, yo fè moun soufri pandan senk mwa. 11 Chèf k ap gouvène krikèt vèt yo, se anj twou san fon an. Nan lang Ebre a, yo rele l Abadon.[a] Nan lang Grèk, yo rele l Apolyon.[b]
12 Premye malè a pase. Apre sa, gen de lòt malè k ap vini.
Sizyèm twonpèt la sonnen
13 Sizyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la. M tande yon vwa ki soti nan kat kwen lotèl an n ò ki devan Bondye a. 14 Li di sizyèm anj ki te gen twonpèt la: “Lage kat anj ki nan chenn bò gwo flèv la, bò flèv Lefrat la.” 15 Yo lage kat anj yo. Yo te tou pare pou lè a, pou jou a, pou mwa a ak pou lane a, pou yo touye yon tyè nan tout moun k ap viv sou latè. 16 Kantite sòlda kavalye ki te nan lame a, se te de san milyon (200,000,000). M te tande konbyen yo te ye.
17 Konsa, nan vizyon an, m te wè chwal yo ak kavalye yo: Kavalye yo te gen yon plak an fè tou wouj sou lestonmak yo, yon ble fonse kou digo epi yon jòn sanble ak souf. Tèt chwal yo te sanble ak tèt lyon. Dife, lafimen ansanm ak souf t ap soti nan bouch yo. 18 Twa bagay sa yo, dife, lafimen ak souf, ki t ap soti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon tyè nan tout moun sou latè. 19 Pouvwa cheval yo, se te nan bouch yo ak nan ke yo li te ye. Ke yo sanble ak koulèv, yo gen plizyè tèt epi se ak tèt sa yo, yo toumante moun.
20 Lòt moun ki pa t mouri yo pa janm repanti pou ta chanje fason y ap viv nan aksyon yo. Yo pa t sispann adore demon yo, zidòl ki fèt an n ò, ak lajan, ak bwonz, ak wòch epi ak bwa yo, bagay ki pa ka ni wè ni tande ni mache. 21 Yo pa repanti pou yo sispann touye moun ni pou yo sispann fè maji, ni pou yo sispann fè peche nan fè sèks, ni pou yo sispann vòlè.
Zanj lan ak ti woulo liv la
10 Apre sa, m wè yon anj puisan ki desann sot nan syèl la. Anj lan te vlope ak yon nyaj. Li te gen yon lakansyèl sou tèt li. Figi anj lan te menm jan ak solèy la epi janm li yo te sanble ak gwo kolòn, epi yo te tankou flanm dife. 2 Li te kenbe yon ti liv tou louvri nan men l. Li poze pye dwat li sou lanmè a, epi pye goch li sou latè. 3 Li te pran rele byen fò. Li fè bri menm jan ak yon lyon. Lè l te pran rele konsa, te gen sèt kout loray ki te fèt.
4 Lè sèt kout loray yo te fin pale, m t apral ekri, men m tande yon vwa ki sot nan syèl la ki te di m konsa: “Kenbe sa sèt loray yo di a sekrè, pa ekri l.”
5 Lè sa a, anj m te wè kanpe sou lanmè a ak sou latè a, li leve men dwat li an wo nan syèl la 6 epi li fè sèman nan non sila a k ap viv pou tout tan an, sila a ki kreye syèl la ak tout sa ki ladan l, sila a ki kreye latè ak tout sa l gen ladan l, sila ki kreye lanmè a ak tout sa ki ladan l lan: “M sèmante, p ap gen dèle ankò! 7 Lè setyèm zanj lan pral pare l pou l sonnen twonpèt li a, plan sekrè Bondye a pral akonpli nèt, nan fason l te anonse l bay sèvitè l yo, pwofèt li yo.”
8 Epi vwa m te tande soti nan syèl la pale avè m ankò, li di konsa: “Al pran liv ouvè a nan men anj ki kanpe sou lanmè a ak sou latè a.”
9 M ale epi m mande anj lan pou l ban m ti liv la. Li di m konsa: “Pran l epi manje l. L ap anmè anndan vant ou, men l ap kou siwo myèl nan bouch ou.” 10 M pran ti liv la nan men anj lan epi m vale l. Li te dous kou siwo myèl nan mouch mwen. Men, lè m vale l, li te koupe zantray mwen ak doulè. 11 Lè sa a, li di m: “Fòk ou pwofetize ankò kont anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.”
De temwen yo
11 Apre sa, yo ban m yon baton ki fèt ak bwa wozo pou m mezire. Yo di m: “Al mezire tanp[c] Bondye a, ansanm ak lotèl la. Epi konte ki kantite moun k ap adore anndan l. 2 Men, kite lakou tanp lan, pa mezire l. Paske, yo kite l pou moun ki pa pou Bondye yo. Yo va montre pouvwa yo genyen sou Vil sent lan pandan 42 mwa. 3 M ap bay de temwen yo pouvwa pale nan non Bondye ak rad dèy sou yo, y ap pale nan non Bondye pandan 1,260 jou.”
4 De temwen sa yo, se de pye olivye yo. Yo se de lanp yo tou, ki kanpe devan Senyè a k ap domine sou tout latè. 5 Si yon moun vle fè yo mal, yon dife ap soti nan bouch yo pou detwi lènmi yo. Wi, se kon sa moun ki vle fè yo mal dwe mouri. 6 Temwen sa yo gen pouvwa pou fè lapli pa tonbe pandan tout tan y ap pale nan non Bondye a. Yo gen pouvwa pou fè dlo tounen san. Yo ka frape latè ak tout kalite dezas, de tanzantan, jan yo vle.
7 Lè yo fin temwanye, bèt ki te soti nan twou san fon an ap batay avèk yo, l ap gen viktwa sou yo epi l ap touye yo. 8 Kadav yo ap rete nan lari, sou plas gwo lavil la. Yo bay Lavil sa a yon non an daki, yo rele l Sodòm ak Lejip. Se kote yo te klouwe Senyè a sou kwa a. 9 Moun tout nasyon, tout tribi, tout lang, tout peyi, va vini pou wè kadav yo pandan twa jou edmi. Moun yo p ap kite yo antere yo. 10 Tout moun sou latè ap kontan poutèt yo mouri. Y ap fè fèt, youn ap bay lòt kado, paske de pwofèt sa yo te fè moun soufri anpil.
11 Men, apre twa jou edmi, Bondye soufle yon souf lavi sou yo ankò. Yo leve kanpe sou de pye yo. Lè sa a, tout moun ki te wè yo te pè anpil. 12 Apre sa, de pwofèt yo tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di yo: “Monte isit!” Yo monte nan syèl, nan yon nyaj, devan je lènmi yo.
13 Nan menm lè sa a, te gen yon gwo trannmantè vyolan. Yon dizyèm pati nan vil la kraze epi 7,000 moun te mouri nan trannmantè a. Moun ki pa t mouri te nan lapèrèz, yo t ap fè lwanj pou Bondye ki nan syèl la.
14 Dezyèm malè a pase. Men twazyèm malè a nan wout ap vini byen vit.
Setyèm twonpèt la sonnen
15 Setyèm zanj lan sonnen twonpèt la. Yon bann gwo vwa soti nan syèl la. Yo t ap di:
“Kounye a, wayòm mond lan se pou Senyè nou an ansanm ak Mesi li a,
l ap renye sou li pou tout tan gen tan.”
16 Lè sa a, 24 granmoun yo, ki chita devan Bondye yo tonbe fas a tè devan twòn Bondye a, yo t ap adore Bondye. 17 Yo t ap di:
“N ap di w mèsi, Senyè Bondye Toupuisan.
Se ou menm sèl ki egziste epi ki te toujou egziste.
Mèsi paske ou sèvi ak gwo puisans ou genyen
epi ou tabli pouvwa w.
18 Nasyon yo te an kòlè,
men kounye a, kòlè pa w rive.
Kounye a, jou jijman mò yo rive.
Lè a rive pou rekonpanse sèvitè w yo, pwofèt yo,
pou rekonpanse moun ki apa pou ou yo,
ansanm ak sa yo ki gen krentif pou non ou yo,
piti kou gran.
Lè a rive pou ou detwi
moun sa yo ki t ap detwi latè yo!”
19 Lè sa a, tanp Bondye a ki nan syèl la te louvri. Kòf Alyans lan te la, nan tanp lan. Te gen anpil zeklè, anpil bri, anpil kout loray, yon trannmantè ak anpil gwo moso glas ki t ap tonbe a tè.
Kw yon fi k ap akouche ak dragon an
12 Lè sa a, yon gwo siy parèt nan syèl la: Yon fi ki abiye ak solèy la, epi lalin nan te anba pye l. Li te gen yon kouwòn ki fèt ak douz zetwal sou tèt li. 2 Li te ansent epi li t ap kriye ak doulè, paske lè pou l akouche a te rive.
3 Epi gen yon lòt siy ki parèt nan syèl la: Yon gwo dragon tou wouj parèt. Li te gen sèt tèt ak dis kòn epi li te gen yon kouwòn sou chak tèt. Epi li te gen dis kòn. 4 Li ranmase yon tyè nan zetwal ki nan syèl la voye sou latè ak ke li. Dragon an kanpe devan fi k ap akouche a pou l devore bebe a touswit apre akouchman an.
5 Fi a fè yon pitit gason ki dwe gouvène tout nasyon sou latè ak yon baton an fè. Epi pitit la tou leve monte nan syèl al jwenn Bondye, kote twòn li ye. 6 Fi a menm kouri al nan dezè a, l al nan yon plas ki te tou pare pou li. Nan plas sa a, l ap jwenn swen pou 1,260 jou.
7 Lè sa a, te gen yon batay nan syèl la. Michèl[d] ak anj li yo t ap goumen ak dragon an, epi dragon an menm, ak anj pa l yo, t ap goumen kont yo. 8 Men yo pa t gen plis fòs, kon sa pa t gen plas pou yo nan syèl la ankò. 9 Yo te voye gwo dragon an jete deyò soti nan syèl la. Dragon sa a, se li menm ki sèpan ansyen an, yo rele l dyab ak satan. Se li k ap twonpe tout mond lan. Yo ranvèse l sou latè ansanm ak anj li yo.
10 Apre sa, m tande yon vwa nan syèl la k ap di byen fò:
“Kounye a, jou delivrans lan rive,
jou puisans Bondye a,
jou reny Bondye a
ansanm ak pouvwa Kris li a,
paske akizatè frè ak sè nou yo
ranvèse anba.
Se li menm ki te konn akize yo
devan Bondye lajounen kou lannuit.
11 Yo ranpòte laviktwa sou li gras ak pouvwa san sakrifis Ti Mouton an
ansanm ak mesaj Bondye a yo t ap pote bay moun yo.
Yo pa t renmen pwòp tèt yo twòp
pou ta fè yo pè lanmò.
12 Syèl yo, se pou n rejwi nou
ansanm ak tout sa ki nan syèl yo!
Men sa va tèrib pou latè a ak lanmè a,
paske dyab la ranvèse tonbe sou nou.
Li move, li an kòlè,
paske l konnen l pa gen anpil tan ankò.”
13 Lè dragon an wè yo ranvèse l anba sou latè, li pran rapouswiv fi ki te akouche pitit gason an. 14 Men yo bay fi a de zèl gwo malfini an pou l ka vole pati ale nan dezè a, l al nan plas ki te prepare pou li a, byen lwen sèpan[e] an. Se la yo pran swen li pandan twa zan si mwa. 15 Lè sa a, sèpan an louvri bouch li, li vomi dlo tankou yon gwo larivyè dèyè fi a pou l te ka fini avè l. 16 Men, latè pote fi a sekou, li louvri bouch li, li anglouti gwo larivyè ki te soti nan bouch dragon an. 17 Lè sa a, dragon an te an kòlè kont fi a anpil. Li pati pou fè lagè ak tout pitit fi a. Pitit li yo, se moun k ap viv nan obeyi Bondye epi k ap rann temwanyaj pou Jezi.
18 Dragon an al kanpe sou sab lanmè a.
Copyright © 2017 by Bible League International