Beginning
1 Ansyen[a] an ap salye nou.
M ap voye lèt sa a bay dam[b] Bondye te chwazi a ak tout pitit li yo. Mwen renmen nou tout anpil epi se pa sèlman mwen menm, men se tout moun yo ki konnen verite a[c] ki renmen nou.
2 Nou renmen nou poutèt verite a, paske l ap viv nan nou, epi l ap toujou ak nou pou tout tan. 3 Se pou gras, mizerikòd ak kè poze ki soti nan Bondye Papa a, ak nan Jezikris pitit Bondye a avè w pandan ou ap mache nan verite a ak nan lanmou.
4 Mwen te kontan anpil dèske m te resevwa nouvèl kèk nan pitit ou yo k ap mache nan chemen an, jan Papa a te pase lòd pou sa fèt la. 5 Epi kounye a m ap mande w yon bagay, chè madam, se pa tankou m ap ekri w yon kòmandman nouvo, men se menm kòmandman an nou te aprann depi nan kòmansman an: se pou nou renmen nou youn lòt. 6 Lanmou vle di viv dapre lòd Bondye pase nou. Menm jan nou te tande kòmandman sa a, depi nan kòmansman an, se pou nou viv nan lanmou.
7 Paske genyen anpil fo doktè toupatou nan mond lan ki pa aksepte kwè Jezi te vini sou latè tankou yon moun toutbon vre. Enben, se moun kon sa yo k ap twonpe moun epi ki lènmi kris la. 8 Veye kò nou pou n pa pèdi rekonpans nou[d] te travay pou li a. An n fè sèten nou resevwa tout salè nou.
9 Nenpòt moun ki pa obeyi kòmandman Kris la, ki ale pi lwen, moun kon sa pa gen kominyon ak Bondye. Moun ki rete nan ansèyman Kris la, moun sa a gen kominyon ak Papa a ansanm ak Pitit la. 10 Si yon moun vini bò kote w san kòmandman sa a, pa resevwa l lakay ou epi pa gen kominyon avè l. 11 Paske yon moun ki antre nan kominyon ak yon moun kon sa vin patisipe nan move zak l ap komèt.
12 Mwen genyen anpil bagay ankò pou m ta ekri w, men m pa vle fè sa sou papye ak lank, men mwen espere ale lakay ou pou nou ka pale fasafas. Konsa n ap kontan nèt. 13 Pitit sè[e] w la, sila a Bondye te chwazi a, yo voye bonjou pou ou.
1 Se mwen menm, Ansyen[a] an, k ap salye w, Gayis,
zanmi byeneme m nan.
2 Mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou, menm jan nanm ou gen bon sante a. 3 Sa fè m kontan anpil lè kèk frè kretyen te vizite m epi yo te di m ou ap kenbe fèm nan verite a.[b] 4 Pa gen anyen pou ta fèm pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo ap mache daprè verite a.
5 Byeneme, se yon bon bagay pou nou kontinye ede kwayan yo, menm si se moun ou pa menm konnen. 6 Yo temwanye devan legliz la kijan nou genyen lanmou. Tanpri ede frè yo kontinye vwayaj la yon fason ki fè lwanj pou Bondye. 7 Paske yo pati pou fè lwanj pou Kris, san yo pa aksepte anyen nan men moun ki pa kwè yo. 8 Se poutèt sa, nou ta dwe resevwa moun konsa. Lè sa a, nou vin kolaboratè avèk yo nan travay y ap fè pou verite a.
9 Mwen te ekri legliz la yon lèt. Men, Dyotrèf ki pran tèt pou yon lidè, li refize resevwa l. 10 Pou rezon sa a, lè m a rive bò kote nou m va devwale tout vye zak l ap fè yo. Non sèlman li pa resevwa moun yo, men li menm anpeche lòt moun resevwa yo. Li menm ap eseye mete yo deyò nan legliz la.
11 Zanmi m, pa imite sa ki mal. Imite sa ki bon. Nenpòt moun ki fè sa ki byen se pitit Bondye li ye. Men moun k ap fè sa ki mal pa t janm konnen Bondye.
12 Tout moun yo nan legliz la ap bay bon temwayaj pou Demetriyis. Temwayaj sa a dakò ak verite a. Epi nou menm tou n ap bay temwayaj pou li. Ou konnen sa n ap di yo se verite a.
13 Mwen genyen anpil bagay pou m ta ekri voye ban nou. Men m pa vle ekri yo ak plim epi ak lank. 14 M swete pa twò lontan mwen ka vin wè nou, lè sa a n a pale fasafas. 15 M ap priye Bondye pou li ban nou kè poze. Zanmi yo voye bonjou pou ou. Di chak zanmi m yo endividyèlman mwen voye salye yo.
1 Mwen menm se Jid, sèvitè Jezikris la, epi frè Jak la. M ap ekri pou tout moun Bondye rele yo. Li renmen yo epi l ap gade yo pa mwayen Jezikris.
2 M ap priye pou Bondye ban nou mezerikòd, lapè ak lanmou l pi plis toujou.
Bondye ap pini moun k ap fè sa ki mal yo
3 Byeneme m yo, se pa ti anvi mwen te anvi ekri nou osijè delivrans nou tout ap pataje ansanm lan. Men m santi yon pouse pou m ekri nou sou yon lòt bagay: pou m ka ankouraje nou pou n defann lafwa Bondye bay moun ki apa pou l yo, yon fwa pou tout. 4 Gen kèk moun ki foure kò yo an kachèt pami nou. Se yon bann moun ki gentan kondane deja poutèt sa y ap komèt. Depi lontan Ekriti Sent yo te gentan anonse chatiman yo. Se moun ki kont Bondye yo ye. Y ap tòde sans mesaj gras Bondye a, pou yo kapab jistifye imoralite y ap komèt. Epi yo refize swiv Jezikris, ki se sèl Mèt ak sèl Senyè nou an.
5 Mwen vle ede nou sonje kèk bagay nou konnen deja: Sonje Senyè a[a] te sove pèp li a, lè l te kondui yo soti nan peyi Lejip. Men apre sa, li te detwi tout moun ki pa t kwè yo. 6 Epi sonje tou, istwa yon seri zanj ki te pèdi otorite yo, yo te kite demè yo. Senyè a anchennen yo pou tout tan nan fènwa pou tann gran jijman fin al la. 7 Sonje tou sa k te rive Sodòm ak Gomò ansanm ak lòt vil ki te toutotou yo. Sete menm jan ak move zanj yo. Yo te fè peche seksyèl, yo te menm rive fè sèks ak kreyati ki pa moun. Poutèt sa, yo te kondane pou lanfè etènèl la. Sa se te pou trase yon egzanp pou tout moun.
8 Malgre sa, moun sa yo ki antre nan mitan nou yo, yo fè menm jan ak abitan vil sa yo. Y ap imajine bagay ki pa vre. Y ap swiv move lanvi kò yo. Yo meprize otorite Senyè a epi y ap ensilte zanj ki nan glwa yo. 9 Menm Michèl, chèf zanj yo, li pa fè bagay konsa. Poutan, li te nan yon bon chire pit ak lespri malen an, poutèt kò Moyiz. Nan chire pit sa a, li pa t oze ensilte l. Li di sèlman: “Se pou Senyè pini w!”
10 Poutan, mesye sa yo ap kritike bagay yo pa konprann. Yo konprann kèk ti bagay. Men se pa ak entelijans yo, se sa yo santi, menm jan ak bèt yo ki pa gen entelijans pou konprann bagay yo. Epi se bagay sa yo ki detwi yo nèt. 11 Malè pou yo! Paske yo pran menm chemen ak Kayen,[b] menm wout ak Balam,[c] y ap bay manti pou lajan. Y ap peri, paske yo revòlte kont Bondye, menm jan Kore[d] te fè.
12 Moun sa yo se yon danje pou repa kominyon fratènèl nou yo. Yo manje epi bwè ak nou, san yo pa pè anyen. Yo panse sèlman ak pwòp tèt yo. Yo menm jan nyaj van ap pouse san lapli. Yo menm jan ak pye bwa ki pa janm donnen. Yo san rasin, se vye bwa ki mouri menm de fwa yo ye. 13 Y ap repann vye aksyon sal yo yon fason tout moun ap gade, menm jan lanm lanmè k ap jete vye fatra sou plaj yo. Yo se menm jan ak zetwal ki pa konnen ki kote pou yo ale. Bondye rezève pou yo yon plas nan kote ki pi fenwa a.
14 Enòk, ki se setyèm desandan depi Adan, li te pwofetize sou yo. Li te di konsa: “Koute sa, Senyè a ap vini avèk lame zanj li yo ki sen. 15 L ap jije yo tout. L ap kondane tout mechan yo pou tout move zak yo te komèt kont li yo. L ap kondane sa k ap peche ak ògèy yo, pou jan yo te ensilte l la ak tout vye pawòl yo.”
16 Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.
Yon avètisman ansanm ak sa yo dwe fè
17 Men ou menm, byeneme, se pou w sonje sa apot Jezikris, Senyè nou an te di ki gen pou vini. 18 Yo te di: “Nan dènye tan yo, pral gen moun k ap pase Bondye nan betiz epi y ap viv jan yo vle nan swiv move tandans kè yo.” 19 Moun sa yo, se yo menm k ap simen divizyon nan mitan nou. Se moun k ap viv dapre lachè, yo pa gen Sentespri Bondye a.
20 Ou menm, Byeneme, kontinye fonde lavi w nan lafwa. Se pou w priye avèk èd Sentespri a. 21 Rete nan lanmou Bondye. Mete konfyans ou nan Senyè Jezikris. Nan mizerikòd li, l ap ban w lavi etènèl.
22 Ede moun ki gen dout nan kè yo. 23 Ann rache yo soti anba dife lanfè. Pou kèk lòt moun, nou dwe gen pitye pou yo. Men se pou n pridan anpil pou salte lavi yo pa tonbe sou nou.
Louwanj pou Bondye
24 Bondye ki gen tout pouvwa a, k ap prezève nou pou n pa tonbe, epi k ap fè nou prezan devan li nan glwa li, san repwòch epi nan lajwa, 25 Pou Bondye sèl Sovè nou an, pa mwayen Jezikris, se pou tout glwa, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite rasanble nan men li menm sèl, depi kounye a epi pou tout tan! Amèn!
Copyright © 2017 by Bible League International