Beginning
1 Se mwen menm Pòl, Silas, ak Timote k ap salye nou moun legliz Tesalonik yo, nou menm ki pou Bondye Papa a ak Jezikris Senyè a.
2 Se pou gras ak lapè Bondye, Papa nou, ak Jezikris Segnè a tonbe sou ou. 3 Nou toujou di Bondye mèsi pou ou. Se sa nou dwe fè, paske lafwa ak lanmou ou ap grandi pi plis chak jou. Wi, se rezon sa a menm ki fè nou gen remèsiman nan kè nou, paske lanmou nou genyen nan kè nou youn pou lòt, nan Tesalonik, ap grandi tou. 4 Nou di lòt legliz Bondye yo kijan nou fyè pou jan ou ye a. Nou pale yo de pasyans ou, de andirans ou epi tou de lafwa ou nan mitan pèsekisyon, nan mitan latwoublay.
Pòl ap pale sou jijman Bondye
5 Tout bagay sa yo se prèv Bondye gen rezon nan jan li deside. Bondye ba w yon privilèj pou w montre kouman moun wayòm Bondye a viv. Soufrans ou jodi a se pou wayòm nan menm li ye. 6 Bondye ap fè sa ki dwat. L ap jije moun k ap fè w soufri yo. 7 Epi se jistis, pou ou menm k ap soufri pou Bondye fè ou gen kè poze, se pa ou menm sèlman, men nou menm tou. Sa gen pou l rive lè SENYÈ Jezi va retounen sòti nan syèl la ak lame anj li yo. 8 Jezi ap vini ak dife byen wouj pou l pini tout moun ki pa konnen Bondye yo, moun ki refize aksepte Bòn Nouvèl konsènan Jezi, Segnè nou an. 9 Yo vire do bay Senyè a ak tout gwo pouvwa li genyen. Bondye ap fè w jistis; yo va gen pou peye sa. Pinisyon yo se va lanmò etènèl. 10 Sa gen pou li rive jou Jezi va retounen pou l resevwa lonè nan mitan pèp ki apa pou li a. Tout moun ki kwè gen pou admire l. Ou menm tou, ou ladan l, paske ou kwè sa nou te anseye sou Jezi yo.
11 Se pou rezon sa a menm nou toujou priye pou ou, pou Bondye nou an fè lavi w vin yon egzanp chak jou pi plis nan jan li vle w viv. Nou priye, nan puisans li, pou li ede w fè tout sa ou ta renmen fè ki byen dapre lafwa ou genyen. 12 Alafen, moun pral fè lwanj pou non Senyè Jezi poutèt ou menm, epi ou ap gen pou resevwa lonè tou poutèt li menm pa mwayen lagras Bondye ak Senyè Jezikris.
Anpil move bagay gen pou rive
2 Frè m ak sèm yo gen yon bagay enpòtan nou dwe di konsènan Jezikris Senyè nou an ki gen pou retounen. Nou ta renmen pale ak ou sou lè nou pral rankontre ak li a. 2 Piga kite tèt ou twouble si yon moun ta di Jezi retounen deja. Menm si you moun ta di li jwenn yon pwofesi oubyen yon lèt ki sòti bo kote nou ki ta di Jou Jezi ap retounen an rive deja pa kwè moun sa a. 3 Pa kite pyès moun twonpe w nan okenn fason. Jou Jezi ap retounen an p ap rive, pazavan moun kòmanse abandone Bondye. Pi plis toujou, Jou sa a p ap vini pazavan moun ki responsab pou fè move bagay la vini, sila a menm ki destine pou destriksyon an.[a] 4 Malfèktè sa a ap leve kanpe pou mete tèt li pi wo pase tout sa moun adore oubyen panse yo dwe adore. Li gen pou l menm antre nan tanp[b] Bondye a, l ap chita sou twòn nan epi l ap pwoklame li se Bondye.
5 Nou menm Tesalonik, nou pa sonje lè mwen te avèk nou mwen t ap plede di nou tout bagay sa yo? 6 Konsa, ou konnen byen kisa ki kenbe malveyan an. Li gen pou l parèt yon lè. 7 Nou toujou pa konnen kilès oubyen kilè sa gen pou rive. Men gen yon bagay oubyen yon moun ki anpeche malveyan an fè sa l ta vle fè a, jouktan moun sa a oubyen bagay sa a pa la ankò. 8 Lè Malfèktè a va parèt aklè, Jezi ap touye l ak souf bouch li sèlman. Se jan Segnè a ap vini nan laglwa li menm k ap touye malveyan sa a. 9 Se ak fòs Satan malveyan an ap vini. Li gen pou li vini ak anpil fòs, li gen pou li fè tout kalite mirak, demonstrasyon, gwo mèvèy. 10 Li gen pou li sèvi ak tout kalite mechanste ki genyen pou li twonpe moun ki sou wout pèdisyon yo. Yo pèdi paske yo refize renmen verite a pou yo ka sove. 11 Epi pou rezon sa a, Bondye ap voye yon lespri pou egare yo pi rèd, pou yo ka kwè bagay ki pa vre. 12 Tout moun ki pa kwè verite a men ki pran plezi yo pito nan bagay ki mal ap jwenn kondanasyon yo.
Bondye te chwazi sove nou
13 Men nou dwe toujou di Bondye mèsi pou ou menm, frè m ak sèm yo, nou menm Senyè renmen. Wi, Bondye chwazi nou pami premye moun ki[c] pou sove yo. Bondye sove nou paske Sentespri a fè nou kapab adore Bondye sèlman epi kwè nan verite a. 14 Se nan objektif sa a Bondye chwazi w. Bondye sèvi ak Bòn Nouvèl nou te prezante w la pou li sove ou. Li te chwazi w pou ou ka patisipe nan laglwa Jezikris, Senyè nou an. 15 Se poutèt sa frè m ak sèm yo, kontinye kenbe fèm epi rete dwat nan ansèyman nou te ba ou, swa fasafas swa pa mwayen lèt nou te ekri w. 16 Kounye a se pou Jezikris Senyè nou an ansanm ak Bondye Papa nou, li menm ki te montre nou kijan li renmen nou epi tou ki ban nou, nan gras li, ankourajman etènèl ansanm ak yon esperans solid, 17 se pou li ban nou kouraj, se pou l ban nou fòs pou n fè oubyen pou n di sa ki byen.
Priye pou nou
3 Frè m ak sè m yo, nou gen lòt bagay pou nou ta di ou ankò. Priye pou nou, pou mesaj Senyè a ka pwogrese byen rapid epi tou pou moun resevwa li, ba li valè, menm jan ou menm ou te fè l la. 2 Priye tou pou nou ka delivre anba men mechan yo, paske se pa tout moun ki kwè nan Bondye vre.
3 Men Bondye fidèl. L ap fòtifye epi l ap pwoteje ou kont Malfèktè a.[d] 4 Senyè a fè nou gen konfyans ou ap fè epi kontinye fè sa nou te di w yo. 5 Nou priye pou Senyè a pran direksyon kè w. Lè sa a, ou va renmen Bondye epi ou ap vin gen pasyans menm jan ak Kris.
Tout moun dwe travay
6 Frè m ak sè m yo, nan non Senyè Jezikris, nou di ou kareman, pran distans ou ak tout moun ki kwè nan Kris epi ki pa vle travay. Moun ki pa vle travay pa swiv ansèyman nou te ba yo a. 7 Mwen di sa paske ou konnen byen kijan ou dwe imite nou. Ou konnen nou pa t parese lè nou te la ansanm ak ou menm. 8 Nou pa t janm aksepte manje manje moun san nou pa peye pou li? Nou travay di lajounen kou lannuit pou nou pa tounen yon fado pou pyès moun. 9 Epi, se pa paske nou pa ta gen dwa mande ou pou ou ede nou. Men nou travay pou nou pran swen tèt nou menm pou nou ka yon egzanp pou ou. 10 Lè nou te Tesalonik avèk ou, nou te di ou: “Si yon moun pa vle travay, li pa dwe manje tou.”
11 Nou di sa, paske nou tande genyen kèk moun nan mitan w lan k ap mennen yon lavi parese. Yo pa vle travay, men yo gen tan pou yo foure bouch yo nan zafè lòt moun, bagay ki pa gade yo. 12 Nou mande epi ekzòte moun sa yo, avèk otorite Senyè Jezikris, pou yo kòmanse travay byen di epi pou yo manje salè travay yo. 13 Men nou menm frè m ak sè m yo, pa janm bouke fè byen.
14 Si gen yon moun pami nou ki pa vle fè sa nou di yo nan lèt sa a, fè dosye pou li epi koupe relasyon ak li pou l ka vin wont. 15 Men piga trete moun nan tankou yon lènmi. Okontrè, egzòte l tankou yon frè.
Dènye rale
16 Nou priye Senyè ki konn bay lapè a pou l ba w lapè nèt ale nan tout bagay. Se pou Segnè avèk nou tout. 17 Se mwen menm Pòl ki ekri salitasyon sa a ak pwòp men mwen. Se kon sa mwen siyen tout lèt mwen yo. Se kon sa mwen ekri.
18 Se pou gras Senyè Jezikris nou an avèk nou tout.
Copyright © 2017 by Bible League International