Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Beginning

Read the Bible from start to finish, from Genesis to Revelation.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Efezyen 1-3

Se mwen menm Pòl, K ap salye nou. Mwen se yon apot Jezikris[a], paske se sa Bondye te vle. M ap ekri nou, pèp Bondye a, nan Efèz,[b] ki fidèl nan yon relasyon sere sere ak Jezikris.

Se pou Bondye Papa a ak Senyè Jezikris ban nou gras ak kè poze.

Benediksyon espirityèl nan Bondye

Louwanj pou Bondye ansanm ak Papa Jezikris, Senyè nou an. Nan Jezikris, Bondye ban nou tout kalite benediksyon espirityèl anwo nan syèl la. Nan Jezikris, Bondye chwazi nou anvan menm li te kreye lemonn. Li chwazi nou nan amou li, pou n vin yon pèp sen pou li, san fot devan je l. Se sa k fè, depi byen lontan, li deside l ap adopte nou kòm pitit li pa mwayen Jezikris. Li fè sa pou bon plezi pa l. Konsa, tout moun va wè grandè gras li pou nou pa mwayen Jezi, Pitit byeneme l la. Tout moun va fè louwanj pou gras li.

Nan Kris, nou jwenn libète poutèt san li ki te koule. Nou jwenn padon peche nou yo, poutèt richès gras Bondye. Se gras sa a li ban nou an kantite a ki ban nou sajès ak bon konprann. Se te yon plan sekrè Bondye te genyen byen lontan pou l te reyalize pa mwayen Jezikris. Kounye a, li fè nou konnen sa. 10 Bondye t ap ranje tout bagay pou fè plan an reyalize lè moman an ta rive. Plan li, se pou l reyini tout bagay ki nan syèl la ak sa ki sou latè, pou li rasanble yo tout, menm jan ak yon kò, avèk Kris kòm tèt.

11 Nan Kris, Bondye chwazi nou pou nou vin pèp li. Li te deja planifye pou nou vin pèp li, paske se sa menm li vle. Bondye deside kijan tout bagay ap pase epi li fè tout bagay pase nan jan pou l reyalize plan l. 12 Se poutèt sa, nou menm ki te gentan mete konfyans nou nan Kris la, an n fè louwanj pou glwa Bondye. 13 Se menm bagay la pou ou tou, lè ou te tande mesaj verite a, Levanjil ki sove w la, ou te kwè nan Kris. Kidonk poutèt Kris, Bondye te mete sou ou sa Sentespri li te pwomèt la. 14 Sentespri a se avalwa ki garanti n ap jwenn tout sa Bondye gen pou nou kòm eritaj. Apre sa, Bondye gen pou ban nou libète nèt, nou menm ki pou li. Konsa, tout moun va fè louwanj pou glwa Bondye.

Priyè Pòl la

15 Se sa k fè, lè m tande renome lafwa nou genyen nan Senyè Jezi ak lanmou nou pou tout pèp Bondye a, 16 mwen pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, lè m ap sonje nou nan priye mwen. 17 Mwen priye Bondye, Senyè nou an, Jezikris, Papa nou ki gen tout glwa a, pou li ban nou Sentespri a, li menm va fè n konnen tout verite ki genyen sou Bondye epi li va ede nou konprann tou. Konsa nou va konnen Bondye pi byen.

18 M mande Bondye pou l louvri entèlijans nou, pou konprann verite a. Konsa, n ap ka wè ki kalite eritaj li kite pou nou tout, nou menm ki moun pa l yo, yon eritaj ki rich epi ki bèl. 19 N ap ka wè tou ki kalite pouvwa Bondye dispoze pou nou menm ki kwè. Se menm pouvwa sa a Bondye te manifeste avèk anpil fòs, 20 lè l te resisite Kris la nan lanmò epi li fè l chita adwat li nan syèl la. 21 Bondye mete Jezikris sou tèt tout chèf, tout otorite, tout moun ki gen pouvwa, tout wa yo ansanm ak tout gwo non yo site, ni nan mond sa, ni nan sa k gen pou vini an. 22 Bondye Papa a mete tout bagay anba pouvwa Jezikris epi li mete Kris chèf sou tout bagay nan Legliz la. 23 Legliz la se kò Kris la. Kris ranpli Legliz la, epi li ranpli tout bagay ladan l nèt.

Sòti nan lanmò pase nan lavi

Te gen yon lè, nou te mouri espirityèlman poutèt peche nou yo epi bagay nou fè ki mal kont Bondye. Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo[c] ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo. Nou menm tou, te gen yon lè nou t ap viv kon sa tou; nou t ap fè pwòp tèt nou plezi. Nou te fè tout sa lespri nou ak kò nou te dezire. Konsa, menm jan ak tout lòt moun nan mond lan, nou te merite pou n sibi kòlè Bondye.

Men, Bondye gen anpil mizerikòd epi li renmen nou anpil. Nou te mouri espirityèlman poutèt tout sa nou te fè ki mal kont Bondye. Men, Bondye ban nou lavi ansanm ak Kris la. Se grenmesi gras Bondye ki fè nou sove. Se vre wi, se paske nou fè youn ak Kris la ki fè Bondye Papa a resisite nou epi li fè nou chita ansanm ak li nan syèl la. Kalite bonte sa a, Bondye manifeste l anvè nou menm ki pou Kris, se pou l ka montre aklè kantite richès gras li genyen pou tout tan gen tan.

Se gras Bondye fè nou ki fè nou sove, sèlman paske nou kwè. Se pa nou menm ki te sove tèt nou. Se yon kado Bondye te fè nou. Se pa anyen nou te fè pou sa. Konsa, pèsonn pa ka bat lestomak li pou fè chèlbè. 10 Se Bondye ki fè nou sa nou ye a. Li fè nou vin moun nouvo nan Jezikris. Konsa, nou ka pase lavi nou ap fè bon bagay li te planifye davans pou nou fè.

Nou fè youn nan Kris

11 Konprann byen, nou pa t fèt Jwif. Nou se yon ekip moun Jwif yo te rele “moun ki pa sikonsi” epi yo rele tèt yo “moun ki sikonsi”. Sikonsizyon sa a, se yon bagay yo te fè nan kò yo ak pwòp men yo. 12 Sonje byen. Nan tan pase, nou t ap viv san Kris. Nou te tankou etranje ki pa t gen menm dwa ak sitwayen nan pèp Izrayèl la epi tou nou pa t moun ki te gen anyen pou wè ak alyans Bondye te fè ak pèp Izrayèl la, dapre pwomès li te fè yo. Nou pa t gen okenn espwa epi nou pa t konnen Bondye non plis. 13 Wi, te gen yon lè, nou te lwen Bondye, men kounye a, nan Jezikris, Bondye rale nou vini pre li. Bondye fè sa, grenmesi san Jezikris ki te koule a, lè l te mouri pou nou sou kwa a.

14 Se pa mwayen Kris nou fè lapè youn ak lòt, lè l fè moun ki pa Jwif yo ansanm ak Jwif yo fè yon sèl pèp. Se avèk pwòp kò l Kris la kraze baryè rayisman sa a ki te separe Jwif yo ak moun ki pa Jwif yo. 15 Jezi mete yon bout nan lalwa a ak tout kantite kòmandman ak regleman l yo. Li fè sa pou l ka fè de gwoup moun yo vin tounen yon sèl nan li menm. Epi se sa menm ki bay lapè a. 16 Avèk lanmò l sou lakwa, Jezi mete bout nan rayisman ki te genyen ant Jwif yo ak moun ki pa Jwif yo. Li rekonsilye yo epi li fè yo fè yon sèl kò nan Bondye. 17 Jezikris te vini, li pote mesaj lapè a bay moun ki pa Jwif yo ki te lwen Bondye. Li pote mesaj lapè a tou bay Jwif yo ki te toupre Bondye. 18 Wi, grenmesi Kris la, nou tout, kit nou Jwif kit nou pa Jwif, nou gen dwa pwoche bò kote Bondye Papa a nan Sentespri a sèlman.

19 Se sa k fè, nou menm ki pa Jwif, nou pa etranje ni moun vini ankò. Men, nou se sitwayen ansanm ak pèp ki apa pou Bondye a. Nou fè pati fanmi Bondye a. 20 Nou menm ki kwè, nou tankou yon kay Bondye posede. Kay sa a te bati sou fondasyon apot yo ak pwofèt yo te prepare. Jezikris li menm li se wòch ki pi enpòtan[d] nan kay la. 21 Tout kay la kanpe ansanm nan Kris la, epi se Kris la ki fè l grandi pou l tounen yon gwo kay ki apa nan Senyè a. 22 Nan Kris, Bondye Papa a ap itilize nou ansanm ak lòt moun pa l yo pou l bati; l ap fè w tounen kay kote l ap viv pa mwayen Sentespri a.

Travay Pòl pou moun ki pa Jwif yo

Konsa, mwen menm Pòl, mwen se yon prizonye, paske m ap sèvi Jezikris pou nou menm ki pa Jwif. Nou konnen byen, Bondye ban m fè travay sa a, nan gras li, pou m ede nou. Bondye te montre m plan sekrè li pou m ka konnen l. Mwen gentan ekri kèk bagay deja sou sa. Epi si nou li sa m te ekri tou brèf anvan yo, n ap wè mwen konprann verite sekrè ki konsènen Kris la vre. Moun ki te viv nan tout jenerasyon pase yo pa t konnen verite sa a. Men, kounye a, pa mwayen Sentespri a, Bondye fè apot li yo ak pwofèt li yo konnen verite ki te sekrè a. Men verite ki te sekrè a: Lè moun ki pa Jwif yo aksepte Levanjil la, yo vin pataje menm benediksyon Bondye genyen pou moun ki Jwif tou. Yo fè pati menm kò a, epi yo patisipe tou nan pwomès Bondye te fè pa mwayen Jezikris la.

Nan gras Bondye, li ban m opòtinite sa a. Li fè m vin yon sèvitè pou m pwoklame Bòn Nouvèl la. Se pouvwa Bondye menm ki ban m gras sa a. Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la. Bondye mete m responsab pou m fè li klè pou tout moun, kijan l ap reyalize plan li te kenbe sekrè a. Nan tout tan pase yo, Bondye ki te kreye tout mond lan, li pa t kite pèsonn konnen sa l t apral fè. 10 Plan Bondye nan tout bagay sa yo, se pou tout anj ki nan syèl yo rive konnen kijan li montre sajès li nan yon bann fason ki varye. Y ap konnen sa pa mwayen Legliz la. 11 Sa fèt konsa, dapre plan Bondye te genyen depi okòmansman an. Li fè plan sa a reyalize nan Jezikris Senyè nou an. 12 Nan Kris la, nou kapab pwoche devan Bondye ak tout libète, san nou pa pè angnen. Nou ka fè sa poutèt lafwa nou nan Kris la.[e] 13 Konsa, m ap mande nou pou nou pa dekouraje poutèt sa k rive m nan. Paske, soufrans mwen yo se yon trè bèl avantaj pou nou.

Lamou Kris la

14 Se pou rezon sa a, m ap priye Bondye Papa a. 15 Se nan li tout fanmi Bondye a ki nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo. 16 M ap mande Bondye Papa a, dapre richès glwa li, pou l fòtifye nou nan mantal nou, pa mwayen Sentespri li. 17 Mwen mande l tou, pou Jezikris abite nan kè nou poutèt lafwa nou. Mwen priye tou pou nou pouse rasin, pou nou kanpe djanm nan renmen. 18 M ap priye pou Bondye fè ni nou menm, ni tout lòt moun yo ki nan pèp Bondye a rive konprann lajè, longè, wotè, ak pwofondè lanmou Kris la. 19 Se vre, pèsonn p ap ka rive konnen grandè lanmou Kris la nètale. Malgre sa, m priye pou nou rive konnen lanmou sa a pou nou ka vin ranpli ak tou richès ki nan Bondye.

20 Bondye aji nan nou ak puisans. Lè nou mande Bondye yon bagay, li ka fè pi plis pase tout sa nou mande oubyen imajine. 21 Tout glwa se pou Bondye, nan legliz ak nan Jezikris, pou tout tan. Amèn.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International