Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Beginning

Read the Bible from start to finish, from Genesis to Revelation.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Travay 18-20

Pòl rive Korent

18 Apre sa, Pòl kite Atèn, l ale nan vil Korent. Rive l rive Korent, Pòl rankontre ak yon nonm yo te rele Akilas. Akilas sa a te moun yon kote yo te rele Pon, men, limenm ak madanm li Prisil te sanse fèk rive pou rete Korent, ki nan peyi Itali. Yo te kite itali paske anperè Klod te egzije tout Jwif pou yo kite lavil Wòm. Pòl t al vizite Prisil ak Akilas. Kòm Prisil ak Akilas se tant yo te konn fè, menm jan ak Pòl, Pòl tou rete ansanm avèk yo epi li travay ansanm avèk yo.

Chak saba, Pòl te toujou tanmen kèk bon diskisyon ak moun yo nan Sinagòg la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo ak Grèk yo tou. Men, lè Silas ak Timote te vin rive soti Masedwàn, Pòl te konsakre tout tan l pou l preche epi anseye Bib la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo pou l fè yo konprann Jezi se Mesi a vre. Men, kòm Jwif yo te kont sa Pòl t ap anseye a, yo tonbe manke l dega. Konsa, Pòl souke pousyè nan rad li[a] epi li di yo: “Se pou san nou retonbe sou pwòp kò nou. Mwen menm, mwen gentan fè tout sa k te depann de mwen. Apati de jodi a, se moun ki pa Jwif yo sèlman m apral preche.”

Apre sa, Pòl kite Sinagòg la epi l al lakay Tèsiyis Jistis, yon nonm ki te konn adore Bondye epi ki te rete tou kole ak Sinagòg la. Poutan, Krispis ki te chèf Sinagòg la, li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezikris. Anpil lòt moun nan Korent ki t ap tande Pòl te kwè tou epi yo te resevwa batèm.

Pòl te fè yon vizyon, nan mitan lannuit. Li wè Senyè a ki di li: “Ou pa bezwen pè! Ou mèt kontinye pale ak pèp la. 10 Mwen menm mwen avè w. Pèsonn p ap ka mete men sou ou pou fè w mal, paske m gen anpil anpil moun nan vil sa a.” 11 Konsa, Pòl pase ennan edmi ap anseye mesaj Bondye a nan mitan pèp la.

Pòl vin jije devan Galyon

12 Nan epòk lè Galyon te gouvènè nan rejyon Akayi a, kèk pami Jwif yo te met tèt yo ansanm pou konbat Pòl. Sa te fè yo te trennen l devan tribinal. 13 Yo di Galyon konsa: “Nonm sa a ap pran tèt pèp la pou fè yo adore Bondye yon fason ki pa konfòm ak lalwa nou an.”

14 Pòl t apral ouvè bouch li pou l pale, lè Galyon di Jwif yo: “M t ap pran tan pou m tande nou, nou menm Jwif yo, si plent nou an se te pou yon krim grav osinon yon lòt kalite dezagreman. 15 Men, poutèt se bagay ki konsènen diskisyon sou mo, sou non moun, diskisyon sou lalwa nou an, se pou nou rezoud pwoblèm nou nou menm. Mwen, m pa vle antre nan jije bagay konsa.” 16 Apre sa, li fè yo tout kite tribinal la.

17 Lè sa a, yo pase men pran Sostèn ki te chèf Sinagòg la, yo tout tonbe bat li byen bat, la devan tribinal la. Men, sa pa t fè Galyon ni cho ni frèt.

Pòl retounen lavil Antyòch

18 Pòl te rete nan Korent ansanm ak kwayan yo pandan yon bon tan ankò. Apre sa, li pran batiman, l ale nan peyi Siri. Prisil ak Akilas te vwayaje avèk Pòl tou. Lè Pòl rive nan Sankre, li fè kale tèt li, paske li te fè yon ve[b] ak Bondye yon. 19 Lè yo rive nan vil Efèz, Pòl separe avèk Prisil ak Akilas. Pandan l nan Efèz, Pòl al nan Sinagòg la, li kòmanse kèk bon diskisyon ak Jwif yo. 20 Yo mande Pòl pou l rete pase plis tan avèk yo, men li pa t vle rete. 21 Pandan l ap kite yo, li di: “Si Bondye vle, m ap tounen vin wè nou.” Konsa, li pati kite Efèz nan batiman.

22 Lè l rive Sezare, Pòl monte al vizite legliz la, apre sa, li desann Antyòch. 23 Apre Pòl fin pase yon tan nan vil Antyòch, li pati ankò al nan peyi Galasi ak Friji. Li pase de vil an vil nan peyi sa yo ap ede kwayan yo vin pi fèm nan lafwa yo.

Apolòs nan Efèz ak nan Korent

24 Te gen yon Jwif ki te rele Apolòs ki te rive nan Efèz. Apolòs sa a te fèt nan vil Aleksandri. Se te yon gwo oratè ki te aprann pale byen epi li te konn Bib li byen tou. 25 Se yon moun ki te byen fòme nan chemen Bondye a epi l te toujou chofe pou pale moun de Jezi. Sa l t ap anseye konsènan Kris la pa t gen okenn fay, malgre se batèm Janbatis la sèlman l te konnen. 26 Apolòs te kòmanse preche nan Sinagòg la avèk anpil asirans. Lè Prisil ak Akilas tande l ap preche konsa, yo pran li lakay yo epi la, yo ede l konprann chemen Bondye a pi byen toujou.

27 Kòm li te vle pase nan Akayi, kwayan Efèz yo te ede li. Yo ekri yon lèt voye bay kwayan Akayi yo pou mande yo aksepte Apolòs lè l rive. Lè l rive Akayi, Apolòs pa t manke itil sila yo ki te aksepte Kris pa mwayen gras Bondye. 28 Paske se ak tout fòs li, li t ap fèmen bouch Jwif yo an piblik epi li t ap sèvi ak Bib la pou l bay prèv Jezi se Kris la toutbon vre, apati de pawòl Bondye.

Pòl nan Efèz

19 Pandan Apolòs te Korent, Pòl menm t ap vizite yon bann kote pandan l sou wout pou l desann Efèz. Lè l rive Efèz, li rankontre ak kèk lòt moun ki kwè nan Jezikris. Li di yo: “Èske nou te resevwa Sentespri a lè nou te mete konfyans nou Kris la?” Kwayan yo reponn: “Nou pa menm janm tande pale de yon bagay ki rele Sentespri.”

Lè sa a, Pòl mande yo: “Ki batèm menm nou te resevwa?” Yo reponn: “Batèm Jan t ap preche a.”

Konsa, Pòl di yo: “Jan te preche yon batèm ki te di moun pou yo montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. Li te di moun yo pou yo mete konfyans yo nan moun k ap vin apre l la, epi moun sa a se Jezi.”

Menm kote yo fin tande mesaj la, yo tout resevwa batèm nan non Senyè Jezi. Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo epi Sentespri a desann sou yo. Lapoula, yo kòmanse pale an lang epi yo t ap pwofetize tou. Te gen douz mesye kon sa nan gwoup la.

Pòl te ale nan Sinagòg la kote l t ap pale avèk anpil asirans. Li te kontinye fè sa pandan twa mwa. Chak okazyon li te jwenn pou l diskite ak Jwif yo, li t ap eseye konvenk yo pou yo aksepte mesaj li t ap anonse yo konsènan wayòm Bondye a. Men, gen ladan yo ki t ap fè tèt di, yo te refize kwè. La devan tout moun, yo t ap di yon pakèt move pawòl konsènan Chemen Kris la. Konsa, Pòl vire do kite Jwif yo; li sèlman pran disip ki te kwè yo ansanm avèk li. Depi lè sa a, se nan lokal lekòl Tiranis la Pòl te pale ak pèp la chak jou. 10 Pòl te fè travay sa a pandan dezan. Pandan tan sa a, tout moun nan rejyon Lazi a, Jwif tankou Grèk, te tande mesaj Bòn Nouvèl Bondye a.

Pitit gason Seva yo

11 Bondye te sèvi ak Pòl pou l fè kèk gwo mirak. 12 Gen moun ki pran mouchwa osinon moso twal ki te touche kò Pòl, y al mete yo sou moun malad. Malad yo te geri epi sa k te gen move lespri menm, move lespri yo te soti sou yo.

13 Te gen yon ekip Jwif ki t ap vwayaje nan zòn nan, epi yo t ap chase move lespri sou moun nan non Senyè Jezi. Yo t ap di: “Nan non Jezikris Pòl ap preche a, mwen kòmande w pou w soti!” 14 Te gen pi gran sakrifikatè Jwif yo te rele Seva a, li te gen sèt pitit gason ki te konn ap fè bagay sa a.

15 Yon jou, move lespri a di pitit Seva yo konsa: “M konnen kilès Jezi ye, m konnen kilès Pòl ye tou, men nou menm, kilès nou ye?”

16 Apre sa, nonm ki te gen move lespri sou li a plonje sou mesye yo. Li rive metrize yo tout. Se chifonnen l chifonnen mesye yo ak kou epi l chire rad sou yo. Se kouri mesye yo kouri kite kay la toutouni.

17 Tout moun Efèz te vin konn koze a, Jwif tankou Grèk. Sa te fè yo vin gen lakrent epi yo te fè lwanj pou Senyè Jezi. 18 Anpil nan moun ki te kwè yo te kòmanse konfese move bagay yo te konn fè. 19 Yo t ap temwanye jan yo te konn fè maji. Kwayan sa yo te pote liv maji yo vini epi boule yo devan tout moun. Tout liv ki te boule yo ansanm te vo yon senkant mil (50,000) pyès lajan[c] konsa. 20 Se kon sa mesaj Bòn Nouvèl Bondye a t ap kontinye gaye avèk puisans, epi sa te fè plis moun t ap vin mete konfyans yo nan Jezikris.

Pòl fè plan pou yon vwayaj

21 Apre bagay sa a, Pòl fè plan pou l monte Jerizalèm. Li te planifye pou l pase pa Masedwàn ak Lakayi anvan l pati pou ale Jerizalèm. Li te menm di tèt li: “Apre m fin vizite Jerizalèm, fò m vizite lavil Wòm tou.” 22 Pòl voye Timote ak Eras, de nan moun ki t ap ede l yo, ale Masedwàn, tandiske li menm li te rete pou yon ti tan ankò nan Lazi.

Manifestasyon nan Efèz

23 Pandan tan sa a, te vin gen gwo latwoublay nan Efèz konsènan Chemen Kris la. 24 Yon òfèv yo te rele Demetriyis te konn fè ti tanp an lajan sou menm modèl tanp yo te bati pou deyès yo te rele Atemis la. Demetriyis, ansanm ak bòs ki te konn travay ak li yo, yo te konn fè anpil lajan nan travay sa a.

25 Demetriyis rasanble tout bòs ki te avè l yo ansanm ak tout lòt moun ki te gen menm metye òfèv la tou, li di yo: “Mesye, nou konnen se travay sa n ap fè a ki fè nou fè lajan, pa vre? 26 Epoutan, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou tou kijan nonm yo rele Pòl la ap fè kanpay kont nou. L ap ankouraje foul la pou yo chanje relijyon yo. Se pa sèlman nan Efèz, men se nan tout rejyon Lazi a nèt l ap mache di dye moun fè ak men yo se pa Bondye yo ye vre. 27 Sa riske kraze repitasyon nou tout ki se òfèv, epi sa riske fè tanp Atemis la pèdi repitasyon l tou nan je pèp la. Menm Atemis, deyès tout moun nan Lazi ak tout moun ap adore a, ka rive pèdi repitasyon l tou.”

28 Tande yo fin tande Demetriyis, tout òfèv yo te vin ankòlè, yo pran rele: “Atemis moun Efèz yo ap sèvi a se yon gran deyès.” 29 Dezòd la te gaye nan tout vil la nèt. Apre yo fin mete men sou Gayis ansanm ak Aristak, ki se moun peyi Masedwàn ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la. 30 Pòl te vle parèt devan pèp la pou pale avèk yo, men kwayan yo te anpeche l fè sa, paske yo pa t dakò. 31 Te gen kèk nan chèf Lazi yo ki te zanmi Pòl, yo voye moun vin pote mesaj bay Pòl pou di l tanpri pa vin nan teyat la ditou.

32 Nan foul la menm, te gen enpe moun ki t ap lanse yon slogan bò isit, yon lòt gwoup menm ap lanse yon lòt slogan bò lòtbò. Sa te kreye yon konfizyon total nan foul la. Pi fò moun ki te la yo pa t menm konnen pou kisa yo te reyini. 33 Kèk Jwif te chwazi yon nonm yo te rele Aleksann, epi ankouraje l pase devan, pou l pale ak foul la; se yo menm tou ki te di l sa pou l di. Aleksann fè yon siy ak men li, li te vle pran lapawòl pou pran defans Jwif yo devan foul la. 34 Men, lè yo reyalize Aleksann se Jwif tou, yo tout tonbe fè bri; pandan dezèdtan, yo t ap rele byen fò: “Atemis moun Efèz yo se yon gran deyès.”

35 Men, fin alman, sekretè lakomin nan te rive konvenk foul la pou yo fè silans. Li di yo: “Nou menm moun Efèz, ki moun ki pa konnen se lavil Efèz k ap veye sou tanp Atemis lan, gran nègès nou an, ansanm ak estati l la, yon wòch ki sot tonbe nan syèl la? 36 Pa gen pèsonn ki ka di se pa vre. Enben, se pou n pran tèt nou. Pa gen rezon la pou n ap fè anyen nan tèt cho.

37 Nou mennen mesye sa yo[d] vin la a se vre, men yo pa vòlè anyen nan tanp yo, ni yo pa pale deyès nou an mal. 38 Bò isit la, nou gen tribinal epi nou gen jij ki pou fè jijman. Si Demetryis ak ekip ouvriye l yo gen yon bagay kont yon moun, se pou yo pote plent nan tribinal.

39 Apre sa, si nou gen lòt reklamasyon toujou nou vle fè, n ap tann lè gen yon asanble legal reyini pou nou regle sa. 40 Mwen di sa paske nenpòt moun ki wè sa k pase jodi ta gen dwa akize nou kòm moun k ap fè mouvman kont gouvènman an. Paske pa gen okenn rezon vre pou tout dezòd sa a. Nou pa t ap ka bay okenn eksplikasyon pou rasanbleman sa a si yo ta mande nou.” 41 Apre sekretè a fin pale konsa, li mande tout moun yo pou yo rantre lakay yo.

Pòl retounen nan Masedwàn ak nan Peyi Lagrès

20 Lè ajitasyon yo te sispann, Pòl mande pou l wè ak kwayan yo. Apre l fin ankouraje yo, li di yo orevwa epi l pati pou Masedwàn. Li te fòtifye kwayan yo ak anpil pawòl ankourajman nan tout rejyon Masedwàn nan, apre sa l ale nan peyi Lagrès. Apre l te fin pase twa mwa nan peyi Lagrès, Pòl te gentan pare pou l pran batiman pou l al nan peyi Siri. Men, lè l vin konnen te gen kèk Jwif ki t ap planifye yon konplo kont li, Pòl chanje plan an, li retounen pase pa Masedwàn.

Men non moun ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la: Sopatè, pitit gason Piris la, moun lavil Bere; Aristak ak Sekoundous ki te soti nan vil Tesalonik; Gayis ki te soti nan lavil Dèb; Timote; epi de lòt moun, Tichik ak Twofim ki te soti an Azi. Tout ekip sa a te pran devan, y al tann Pòl nan vil Twoas. Apre fèt Pen san ledven an, nou pran bato nan vil Filip. Sou senk jou, nou rive jwenn mesye yo Twoas epi nou pase sèt jou la.

Dènye vizit Pòl nan Twoas

Nan dimanch,[e] nou tout te reyini pou n manje pen an ansanm,[f] epi Pòl t ap pale ak gwoup la. Kòm li te gen pou l pati nan demen, Pòl pwolonje diskou l la jiska minui. Nou tout te reyini ansanm nan yon chanm anlè chanmòt kay la epi te gen anpil lanp limen pou klere chanm nan. Yon jenn gason yo te rele Etikis te chita arebò fenèt la. Kòm mesaj Pòl la te long anpil, Etikis pran kabicha. Finalman, pandan Etikis nan yon pwofon somèy, li sot nan twazyèm etaj kay la, li tonbe anba. Lè moun yo kouri vini pou ede l leve, yo jwenn li mouri frèt.

10 Lè sa a, Pòl desann, li bese bò kot kadav Etikis la, li pran kadav la nan bra li, epi l di: “Nou pa bezwen fatige kò nou, paske li vivan.” 11 Lè Pòl retounen monte, li kase pen an epi li manje. Apre sa, li kontinye pale lontan ak moun yo toujou. Li te gentan prèske fin jou lè Pòl fin pale ak yo, apre sa l ale. 12 Kwayan yo menm mennen Etikis lakay li byen vivan. Se te yon gwo ankourajman pou tout moun.

Vwayaj soti Twoas pou ale Milè

13 Nou menm, nou te pran devan Pòl pa bato pou al toudwat nan vil Asòs kote nou te gen pou n rankontre ak Pòl. Paske Pòl li menm te deside vini Asòs apye. 14 Lè Pòl rankontre nou nan Asòs, nou pran l nan bato a epi nou pati ale Mitilèn ansanm. 15 Nan landmen, nou kite Mitilèn epi nou pati ale yon kote ki toupre zile Chyo. Yon jou apre, nou pati pou Samòs, epi nan landmen nou rive Milè. 16 Pòl te pran desizyon pou nou pa t kanpe nan Efèz, pou l te ka evite pase twòp tan an Azi. Li t ap prese paske li te vle gentan rive Jerizalèm pou jou Pannkot la si sa ta posib.

Pòl ap pale ak lidè nan legliz Efèz yo

17 Men, lè Pòl rive nan Milè, li voye chache lidè ki responsab nan legliz Efèz yo pou yo vin kote l.

18 Lè yo vini, Pòl di yo konsa: “Nou tout nou konnen kijan m te toujou mennen bak mwen byen nan mitan nou depi jou m te rive an Azi a. 19 Jwif yo t ap fè konplo kont mwen, epi sa te mete m nan sitiyasyon difisil. Men nou konnen m te toujou ap sèvi Senyè a, menmsi gen kèk fwa se ak dlo nan je. M te toujou fè tout sa avèk anpil imilite. 20 M te toujou fè tout sa ki bon pou nou. M te toujou anonse nou Bòn Nouvèl la devan tout moun, an piblik, epi m te anseye nou tout bagay nan kay yo tou. 21 M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an.

22 Men, kounye a, Sentespri a ap ankouraje m pou m al Jerizalèm. M pa konnen sa k pra l rive m lòtbò a ditou. 23 Sèl sa m konnen, nan chak vil mwen pase, Sentespri a avèti m anpil soufrans ak menm prizon ap tann mwen la. 24 Men, pou mwen menm, m pa gade lavi m tankou yon bagay enpòtan pou m chache pwoteje. Sa k pi enpòtan pou mwen se pou m fè travay Senyè Jezi banm fè a, pou m anonse Bòn Nouvèl konsènan gras Bondye ap ofri moun nan.

25 Kounye a, koute byen sa m ap di nou. M konnen okenn nan nou la a p ap janm wè m ankò. Pandan tout tan m te nan mitan nou an, m te toujou preche nou mesaj konsènan wayòm Bondye a. 26 Se poutèt sa m ap di nou yon bagay jodi a mwen sèten sou li: Bondye p ap ban m pote okenn responsabilite si youn nan nou peri. 27 M kapab di sa, paske mwen te anonse nou tout verite Bondye te vle m fè nou konnen, san m pa kache nou anyen. 28 Veye kò nou, nou menm; epi veye sou tout pèp Sentespri Bondye a ban nou responsab la. Sentespri a ban nou responsabilite pou n pran swen legliz Bondye a[g] tankou bèje pran swen twoupo,[h] yon legliz Senyè a achte ak pwòp san li. 29 M konnen apre m fin ale, ap gen moun k ap vin antre nan mitan nou pou kraze legliz la tankou chyen mawon fè twoupo mouton. 30 Ap gen lòt menm k ap leve nan mitan nou epi k ap kòmanse anseye fo doktrin pou chache rale kèk disip Kris la dèyè yo. 31 Kidonk, veye! Toujou sonje pandan twa zan m te nan mitan nou an, se avèk dlo nan je m te toujou ap avèti nou tout, lajounen kou lannuit.

32 Kounye a, m ap remèt nou nan men Bondye epi m ap konfye nou mesaj konsènan gras Bondye a ki gen puisans pou fòtifye nou. Mesaj sa a kapab fè nou jwenn tout benediksyon Bondye bay tout moun ki apa pou li yo. 33 Lè m te nan mitan nou, m pa t janm konn anvye ni lajan, ni lò, ni bèl rad pèsonn. 34 Nou konnen trè byen se men sa yo nou wè la a ki te konn travay pou fè pwovizyon ni pou mwen, ni pou kòlèg mwen yo nan ministè a. 35 M te toujou aprann nou pou n travay menm jan avè m epi pou ede moun ki nan bezwen. M te aprann nou pou n toujou sonje pawòl Senyè Jezi te di a: Gen plis benediksyon nan bay pase nan resevwa.”

36 Lè Pòl fin di tout bagay sa yo, li met ajenou epi li menm ak lidè yo priye ansanm. 37 Tout lidè yo te tonbe kriye. Yo bay Pòl akolad, epi yo bo l. 38 Sa k te fè yo plis lapenn nan, se lè Pòl di yo p ap janm wè l ankò a. Apre sa, yo kondui Pòl rive jouk sou batiman an pou di l orevwa.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International