Beginning
Timote pati ak Pòl ak Silas
16 Pòl te pati al nan vil Dèb ak nan vil List. Te gen yon kwayan ki te rete nan vil Lis la yo te rele Timote. Manman Timote se te yon Jwif ki te kwè nan Kris tou epi papa l menm te yon Grèk, sa vle di yon moun ki soti nan peyi Lagrès. 2 Kwayan ki t ap viv nan List ak nan Ikòn yo te rann bon temwanyaj pou li. 3 Pòl te vle pran Timote pou fè vwayaj la ak li. Men anvan l te fè sa, li te sikonsi Timote, paske tout Jwif nan peyi a te konnen papa Timote se te Grèk.
4 Pandan vwayaj la, Pòl ak ekip li a te anonse desizyon apot yo ak lidè yo te pran nan Jerizalèm nan, nan tout vil yo. Yo mande tout moun yo pou yo respekte desizyon sa yo. 5 Sa te fè legliz yo t ap vin pi djanm nan lafwa yo epi kantite kwayan yo t ap ogmante pi plis chak jou.
Pòl resevwa apèl pou l al nan Masedwàn
6 Pòl ansanm ak ekip li a te vwayaje atravè Friji ak Galasi, paske Sentespri a pa t pèmèt yo anonse Levanjil la nan rejyon Lazi a. 7 Lè yo rive devan lavil Mizi, yo te gen entansyon ale nan Bitini; men, Lespri Jezikris a pa t pèmèt yo ale la. 8 Konsa, yo pase nan wout ki travèse vil Mizi a, yo desann nan vil Twoas.
9 Nan mitan lannuit lan, Pòl fè yon vizyon. Li wè yon mesye, moun peyi Masedwàn kanpe devan li, epi mesye a di l: “Tanpri, vin nan peyi Masedwàn, vin pote nou sekou!” 10 Tousuit apre Pòl fin fè vizyon an, nou[a] prepare vwayaj nou, epi n ale nan peyi Masedwàn. Nou sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay moun yo nan rejyon sa a.
Lidi remèt Bondye lavi li
11 Nou kite lavil Twoas nan batiman, nou ale tou dwat sou zile Samotras. Nan demen, nou pran direksyon lavil Neyapolis. 12 Apre sa, n ale nan vil Filip. Vil Filip la te premye vil nan rejyon Masedwàn nan. Se te yon koloni ki te anba pouvwa lavil Wòm. Nou te pase plizyè jou nan vil la.
13 Nan jou repo a, nou soti nan pòtay lavil la, n al bò yon rivyè. Nou t ap chache kote Jwif yo te konn reyini pou yo priye. Lè nou rive la, nou chita pale ak yon ekip medam kite rasanble la. 14 Youn nan medam yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tyati. Lidi se te yon machann ki vann bèl rad koulè mov. Li te konn adore Bondye. Li t ap koute Pòl avèk anpil atansyon. Senyè a louvri kè Lidi pou l te ka aksepte pawòl Pòl t ap anonse yo. 15 Sa te fè Lidi ansanm ak tout moun lakay li resevwa batèm. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: “Si nou kwè toutbon mwen mete konfyans mwen nan Senyè a, se pou nou fè ladesant lakay mwen.” Se fòse l te fòse nou fè ladesant lakay li.
Pòl ak Silas nan prizon
16 Yon jou, pandan nou t apral kote moun yo konn lapriyè a, nou rankontre ak yon jenn fi ki te yon esklav. Jenn fi sa a te gen yon move lespri sou li ki te fè l konn predi bagay ki gen pou rive pita. Sa te rapòte mesye ki te mèt li yo anpil lajan. 17 Jenn fi a tonbe swiv Pòl ansanm avèk nou. Tout tan l ap swiv nou an, l ap rele byen fò, l ap di: “Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la yo ye. Y ap fè nou konnen kijan pou nou vin sove.” 18 Li fè sa pandan plizyè jou. Sa jenn fi a t ap fè a te nui Pòl. Sa fè yon jou, Pòl vire, li di lespri a: “Nan non Jezikris, mwen pase w lòd, soti sou jenn fi a.” Menm lè a, lespri a soti sou li.
19 Lè mesye yo ki te mèt ti jenn fi a wè sa k pase a, yo konprann yo p ap ka sèvi avè l ankò pou fè lajan. Konsa, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo al sou plas piblik la pou fè yo parèt devan majistra yo. 20 Yo mennen Pòl ak Silas devan majistra Women yo, epi yo di: “Mesye sa yo se yon kolonn Jwif ki vin ap kreye dezòd nan vil nou an. 21 Y ap plede montre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt nou fè, paske nou menm se Women nou ye.”
22 Tout foul la nèt te vire kont Pòl ak Silas. Konsa, Chèf Women yo chire rad sou Pòl ak Silas epi yo bay lòd pou yo bat yo byen bat ak fwèt. 23 Apre yo fin bat Pòl ak Silas byen bat, yo fèmen yo nan prizon. Apre sa, yo mande chèf prizon an pou l veye mesye yo byen. 24 Fini l fin resevwa lòd la, chèf prizon an mete Pòl ak Silas nan yon kacho ki jouk nan fon prizon an, epi li mete pye yo nan yon sèp[b] an bwa.
25 Vè minui konsa, Pòl ak Silas t ap priye epi yo t ap chante louwanj Bondye. Lòt prizonye yo menm t ap koute. 26 Sanzatann konsa, yon gwo tranblemanntè pase. Li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Tout pòt prizon yo louvri, epi tout chenn prizonye yo kase. 27 Lè chèf prizon an reveye, li wè tout pòt prizon yo louvri. Li rale nepe l pou l te touye tèt li,[c] paske l te panse prizonye yo te gentan sove. 28 Men, Pòl rele byen fò: “Pa fè tèt ou mal, nou tout la!”
29 Lè sa a, chèf prizon an mande pou yo vini ak yon chandèl. Li kouri nan kacho a, ap tranble tankou fèy bwa, tèlman l te pè. Li lage kò l atè nan pye Pòl ak Silas. 30 Apre sa, li fè yo soti nan kacho a epi li mande: “Mesye, kisa m dwe fè pou m sove?”
31 Pòl ak Silas reponn: “Mete konfyans ou nan Jezi, Senyè a, epi ou ap sove, ou menm ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.” 32 Epi Pòl ak Silas anonse chèf prizon an Bòn Nouvèl Senyè a, li menm ansanm ak tout moun lakay li. 33 Nan mitan lannuit la menm, chèf prizon an pran Pòl ak Silas, li netwaye kote yo te blese yo. Apre sa, Pòl ak Silas batize chèf prizon an ansanm ak tout fanmi li. 34 Chèf prizon an fè Pòl ak Silas monte lakay li, li ba yo manje. Tout moun nan kay la te kontan anpil dèske yo te kwè nan Bondye kounye a.
35 Nan maten, chèf Women yo voye kèk sòlda vin di chèf prizon an pou l lage mesye yo.
36 Lè sa a, chèf prizon an di Pòl: “chèf Women yo voye sòlda sa yo vin lage nou. Nou lib pou n ale kounye a. Ale an pè.”
37 Men, Pòl di sòlda yo: “Majistra sa yo pa t jwenn okenn prèv kont nou pou kondane nou, malgre sa, yo fè bat nou kon sa devan piblik la epi yo fèmen nou nan prizon, epi se sitwayen Women nou ye. Kounye a yo vle lage nou ankachèt. Non, sa p ap pase. Se yo menm menm ki pou vini an pèson, pou vin lage nou.”
38 Sòlda yo al rapòte sa Pòl te di a bay majistra yo. Lè chèf yo tande Pòl ak Silas se sitwayen Women, yon sèl laperèz pran yo. 39 Yo vin prezante eskiz yo bay Pòl ak Silas. Yo lage yo epi yo mande yo pou yo kite vil la. 40 Men, lè Pòl ak Silas soti nan prizon an, y ale tou dwat lakay Lidi. Yo wè kèk nan kwayan yo lakay Lidi a. Yo ankouraje kwayan yo, apre sa yo kite vil la.
Pòl ak Silas nan Tesalonik
17 Apre Pòl ak Silas fin vwayaje nan vil Anfipolis ak Apoloni, yo rive nan vil Tesalonik kote Jwif yo te gen yon Sinagòg. 2 Pòl antre nan Sinagòg la jan l te konn abitye fè a. Se la li te diskite sou Bib la ansanm ak Jwif yo pandan twa saba. 3 Li ede yo konprann Kris la te gen pou l mouri epi li t ap leve vivan pami mò yo, dapre sa k te ekri nan Liv yo. Li di yo: Jezi sa a m ap pale de li a, se li menm ki Mesi a. 4 Kèk nan Jwif ki te la yo te vin kwè mesaj Pòl la, kon sa yo vin fè pati ekip Pòl ak Silas la. Te gen anpil Grèk ki te konn adore Bondye Izrayèl la ansanm ak anpil medam ki soti nan ran te vin fè pati gwoup la tou.
5 Men, Jwif ki pa t kwè yo menm te vin jalou. Konsa, yo rasanble yon ekip chimè nan tout vil la. Yo mete yo an gwoup pou vin fè t ap aj nan vil la. Yo al lakay Jazon pou y al chache Pòl ak Silas. Yo te vle mennen Pòl ak Silas devan pèp la. 6 Lè yo pa jwenn Pòl ak Silas, yo trennen Jazon ansanm ak kèk lòt frè devan chèf yo k ap dirije vil la. Yo t ap rele pou di chèf yo konsa: “Mesye k ap mache boulvèse tout kote ki gen moun k ap viv sou latè yo rive isit la tou! 7 Kounye a, men Jazon dakò akeyi yo lakay li. Mesye sa yo se moun k ap vyole lalwa Seza yo, paske y ap mache di gen yon lòt wa ki rele Jezi.”
8 Lè chèf lavil la ansanm ak foul la tande pawòl sa yo, yo pa t manke fache. 9 Yo fè Jazon ansanm ak lòt frè yo peye yon lajan kòm kosyon, tankou yon garanti yo p ap fè sa yo te fè a ankò. Apre sa, yo lage yo.
Pòl ak Silas ale nan vil Bere
10 Nan menm nuit lan, frè yo fè Pòl ak Silas ale nan yon lòt vil ki te rele Bere. Rive yo rive nan vil la, Pòl ak Silas ale tou dwat nan Sinagòg Jwif yo. 11 Moun Bere yo te gen pi bon dispozisyon pase moun Tesalonik yo. Yo te byen kontan tande mesaj Pòl te anonse yo a. Yo te pran tan pou etidye Bib la chak jou, pou yo te ka verifye si mesaj yo te tande a se te verite a toutbon vre. 12 Sa te fè anpil nan yo te kwè nan Kris la. Te gen anpil notab Grèk nan moun ki te kwè yo, fi tankou gason.
13 Men, lè Jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t ap anonse mesaj Levanjil la nan Bere, yo te vini la tou pou pran tèt foul la epi kreye tapaj. 14 Konsa, kwayan yo kouri voye Pòl al nan zòn bò lanmè a; Silas ak Timote menm te rete nan Bere. 15 Frè ki nan Bere yo ki te akonpanye Pòl yo te mennen l jouk nan vil Atèn. Apre sa, yo retounen ak yon mesaj pou Silas ak Timote pou di yo pou yo degaje yo al jwenn Pòl kote l ye a, pi vit posib.
Pòl nan Atèn
16 Pandan Pòl t ap tann Silas ak Timote nan Atèn, li te wè jan vil Atèn nan te chaje ak zidòl epi sa te fè l fache anpil. 17 Nan Sinagòg la, li te fè anpil bon diskisyon avèk Jwif yo ak Grèk ki te konn adore Bondye yo; men, chak jou, li te konn al sou plas piblik la tou pou pale ak moun k ap pase sou plas la. 18 Pandan l te sou plas la, gen kèk filozòf ki te patizan lide Epiki yo ansanm ak kèk lòt ki te rele tèt yo Estoyisyen,[d] yo te patizan lide Zenon yo, filozòf sa yo te kòmanse diskite ak Pòl. Gen nan yo ki di: “Nonm sa a pa menm konn sa l ap pale a. Ki sa l ap eseye di menm?” Pòl t ap anonse yo Bòn Nouvèl la konsènan Jezikris la epi li t ap pale yo sou jan moun ki mouri yo gen pou resisite. Lè sa a, yo di: “Li genlè ap eseye pale nou de kèk lòt dye etranje!”
19 Konsa, yo pran Pòl, yo mennen l nan Areyopaj la, epi yo di l: “Silvouplè, eksplike nou nouvo lide sa a non, ou ap anseye kon sa a. 20 Bagay ou ap anseye yo yon jan etranj nan zòrèy nou. Nou pa t janm konn tande yo anvan, nou ta renmen konn sa yo vle di.” 21 Selon koutim yo te genyen, tout moun Atèn ansanm ak tout etranje ki te vin viv nan mitan yo te pase tout tan yo ap rakonte osinon ap koute tout lide tounèf ki fèk parèt yo.
22 Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan yo nan Areyopaj la, li di: “Nou menm moun Atèn, lè m voye je gade, m reyalize nou se moun ki relijye anpil. 23 Paske, pandan m ap vizite vil nou an, m ap gade kote nou abitye adore yo, m wè yon lotèl ki gen pawòl sa yo make sou li: pou bondye nou pa konnen an. Ebyen, Bondye sa a n ap adore san nou pa konnen l lan, se de li m ap pale nou la a.
24 Se Bondye sa a ki kreye mond lan ak tout sa k ladan l. Se li menm ki mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan okenn tanp moun fè ak men yo. 25 Se li menm ki bay moun lavi, posibilite pou yo respire, ak tout sa yo bezwen pou yo viv. Li pa bezwen èd nan men pèsonn. Li gen tout sa l bezwen. 26 Bondye te kreye yon sèl moun, epi avèk moun sa li vin fè tout moun nèt ki sou tè a, kèlkeswa kote y ap viv. Li deside davans ki kote ak nan ki epòk y ap gen pou yo viv.
27 Bondye te vle moun chache li, epi nan chache l kon sa toupatou, yo ta jwenn li. Men, Bondye pa lwen okenn nan nou. 28 Paske se nan li nou kapab viv, kapasite pou n fè sa nou fè epi tou pou nou sa nou ye. Se sa wi youn nan pwòp powèt ou yo te di: Nou tout se nan li nou soti.
29 Kidonk, si nou tout se nan Bondye nou soti, nou pa ka panse Bondye se yon bagay imajinè osinon yon bagay moun kapab fè ak lò, ak lajan, osinon ak wòch yo taye. 30 Nan tan lontan, moun pa t konnen kilès Bondye ye, li pa t kenbe sa kont yo. Men, kounye a, l ap fè tout moun nan lemonn konnen yo bezwen chanje epi tounen vin jwenn li. 31 Li gentan deside ki jou l ap jije tout moun nan mond lan selon lajistis. Pou l fè jijman sa a, l ap sèvi ak yon moun li te chwazi depi lontan. Bondye gentan bay prèv se nonm sa a k ap fè jijman an nan resisite li te fè l resisite a.”
32 Lè yo tande Pòl pale de yon moun ki te resisite, gen ladan yo ki pase l nan rizib. Gen lòt menm ki di: “N ap gen pou n tande w plis sou sa yon lòt lè.” 33 Se kon sa Pòl te soti nan mitan yo. 34 Epoutan, gen kèk nan yo ki te vin atache ak Pòl epi ki te vin kwè nan Kris. Pami moun sa yo ki te kwè, te gen Dyonisyòs, ki te yon manm nan Areyopaj la, te gen yon dam ki te rele Damaris, ansanm ak kèk lòt moun ankò.
Copyright © 2017 by Bible League International