Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Beginning

Read the Bible from start to finish, from Genesis to Revelation.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Travay 11-13

Pyè retounen Jerizalèm

11 Apot yo ansanm ak kwayan nan Jide yo te pran nouvèl jan moun ki pa Jwif yo te aksepte Bòn Nouvèl Bondye a. Men, lè Pyè monte Jerizalèm, kèk nan kwayan Jwif[a] yo tonbe kritike l. Yo di l: “Ou antre lakay yon bann moun ki pa sikonsi, epi ou menm manje ansanm ak yo tou!”

Konsa, Pyè eksplike yo tout istwa a nèt an detay. Li di konsa: “Se nan lavil Jope mwen te ye, epi pandan m t ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t ap desann vin jwenn mwen. Li te tankou yon gwo dra mare nan kat pwent ki t ap glise desann sot nan syèl la. Bagay la rive toupre m. Lè m gade ladan l, mwen wè tout kalite bèt kat pat, bèt sovaj, bèt ki trennen sou vant, ansanm ak zwazo. Epi m tande yon vwa ki di m: Pyè, leve! Touye epi manje!

Men mwen reponn: M pa ka fè sa, Senyè. M pa janm manje anyen ki pa pwòp osinon ki pa kalite manje m gen dwa manje.

Men, vwa a pale ankò nan syèl la li di: Bondye gentan fè bagay sa yo pwòp, pa di yo pa kalite manje ou gen dwa manje!

10 Sa rive pandan twa fwa, apre sa bagay la tounen monte nan syèl la. 11 Epi se kon sa vin gen twa mesye ki kanpe devan pòt kay kote m te fè ladesant lan. Yo te voye yo soti Sezare vin chache m. 12 Sentespri a di m pou m ale avèk yo san m pa doute. Sis frè sa yo te ale avè m lakay Kònèy tou. 13 Kònèy menm rakonte nou kijan l te wè yon anj kanpe devan l anndan lakay li. Zanj lan di l: Voye kèk moun ale Jope al chache Simon, sila a yo rele Pyè a. 14 Pawòl Simon va di w yo ap ede w sove ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.

15 Lè m te kòmanse pale, Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou nan kòmansman an.[b] 16 Epi m vin sonje pawòl Senyè a te di a: Jan batize moun nan dlo, men nou menm nou gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a. 17 Konsa, Bondye bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè nou te mete konfyans nou nan Jezikris. Ki lès mwen ye, pou m ta nan kenbe tèt ak Bondye?”

18 Lè kwayan Jwif yo tande pawòl sa yo, yo sispann kritike Pyè epi yo fè lwanj pou Bondye. Yo di: Kidonk Bondye pèmèt menm moun ki pa sikonsi yo repanti pou yo ka gen lavi li bay la.

Bòn Nouvèl la rive Antyòch

19 Kwayan yo te gaye toupatou poutèt pèsekisyon k te kòmanse, lè yo te touye Etyèn nan. Gen ladan yo ki te al jouk Fenisi, Chip ak Antyòch. Malgre sa, nan tout kote sa yo, yo t ap pwoklame mesaj la bay Jwif yo sèlman. 20 Kèk nan kwayan sa yo ki te moun Chip ak Sirèn te ale Antyòch. Lè yo rive la, yo preche moun ki pa Jwif yo[c] Bòn nouvèl Jezikris la. 21 Pouvwa Bondye te akonpanye mesye yo. Konsa, anpil nan moun sa yo te kwè epi yo te deside swiv Senyè a.

22 Lè nouvèl la tonbe nan zòrèy moun yo nan legliz Jerizalèm, yo voye Banabas ale Antyòch. 23 Lè Banabas rive Antyòch, li te wè kijan Bondye t ap beni kwayan yo. Sa te fè l kontan anpil. Li ankouraje yo tout pou yo kenbe fèm epi sèvi Senyè a ak tout kè yo. 24 Banabas sa a, se te yon bon moun. Li te gen anpil lafwa epi l te toujou anba pouvwa Sentespri a. Epi anpil lòt moun te vin disip Senyè a.

25 Apre sa, Banabas ale lavil Tas, l al chache Sòl. 26 Lè l jwenn li, li mennen l vin Antyòch. Banabas ak Sòl pase yon ane ansanm nan legliz la. Yo te toujou reyini ak legliz la epi yo te anseye anpil moun. Se nan Antyòch yo te premye rele disip yo kretyen.

27 Nan lè sa a tou, kèk pwofèt te soti Jerizalèm vini Antyòch. 28 Youn ladan yo ki te rele Agabis leve kanpe. Pouvwa Sentespri a pèmèt li anonse t apral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Gwo grangou sa a te rive vre nan epòk lè Klod te anperè). 29 Konsa, kwayan nan legliz Antyòch yo te deside chak moun t ap bay sa yo kapab pou ede frè ak sè nan Kris yo ki t ap viv nan rejyon Jide a. 30 Yo ranmase don an epi yo konfye Banabas ak Sòl li pou pote bay lidè fanmi yo nan Jide.

Plis pwoblèm toujou pou kwayan yo

12 Nan menm lè sa a tou, wa Ewòd te kòmanse pèsekite kèk manm nan legliz la. Li pase lòd pou yo koupe tèt Jak, frè Jan an ak nepe. Lè Ewòd wè Jwif yo te pran plezi nan sa l te fè a, li fè arete Pyè tou. Sa te pase nan epòk fèt Pen san ledven an. Lè l fin arete Pyè, li fè mete l nan prizon. Li mete kat eskwad; chak eskwad yo gen kat sòlda ladan yo. Sa fè sèz sòlda antou pou veye Pyè nan prizon an. Ewòd te fè plan pou mennen Pyè vin jije devan pèp la apre fèt Pak Jwif yo. Pyè te nan prizon se vre, men legliz la pa t sispann priye Bondye pou li.

Pyè soti nan prizon an

Lavèy jou Ewòd te fè plan pou mennen Pyè devan pèp la, Pyè t ap dòmi nan mitan de sòlda, nan mitan lannuit la. Yo te mare Pyè ak de chenn epi te gen lòt sòlda toujou ki t ap veye pòt prizon an. Sanzatann konsa, yon anj Bondye parèt, epi gwo limyè klere kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt li, li souke l pou l reveye, epi anj lan di l: “Leve vit!” Chenn ki te mare men Pyè yo tonbe. Zanj lan di l ankò: “Mare sentiwon w epi mete sandal ou nan pye w!” Pyè fè sa anj lan di l fè a. Apre sa, anj lan di l: “Mete manto w sou ou epi swiv mwen.”

Zanj lan soti kite prizon an, Pyè menm ap swiv li. Pyè pa t rann li kont si sa anj lan t ap fè a te reyèl. Li te panse li te nan yon vizyon. 10 Pyè ansanm ak anj lan pase premye pòs gad la, apre sa yo pase dezyèm nan. Lè yo rive devan pòtay an fè ki bay sou lavil la, pòtay la louvri poukont li devan yo epi yo soti. Apre yo mache nan lari a rive sou yon lòt lari, anj lan disparèt.

11 Lè Pyè reyalize sa k pase a, li di nan kè l: “Kounye a m sèten Senyè a voye anj li toutbon vre vin delivre m. Li delivre m ni anba men Ewòd, ni anba tout move bagay Jwif yo t ap atann rive m yo.”

12 Lè Pyè wè li deyò toutbonvre, li ale tou dwat lakay Mari, manman Jan, jen nonm yo te konn rele Mak la. Anpil moun te rasanble lakay Mari, yo t ap priye Bondye. 13 Pyè frape nan pòt devan an, epi yon sèvant yo rele Wod vin reponn. 14 Lè Wod reyalize se vwa Pyè, li sitèlman kontan li bliye louvri pòt la. Okontrè, li kouri antre al di gwoup ki t ap priye a: “Men Pyè devan Pòt la wi!” 15 Men, moun yo di sèvant lan: “Ou genlè fou!” Sèvant lan menm kontinye plede ak yo. Lè sa a, yo di: “Genlè se bonnanj Pyè!”

16 Pyè menm pa t sispann frape pòt la. Lè kwayan yo louvri pòt la, yo wè se Pyè, yo pa t manke sezi. 17 Pyè fè yon sin ak men l pou fè moun yo pe, epi li rakonte yo kijan Bondye te fè l soti nan prizon an. Li di yo tou: “N a di Jak ansanm ak lòt frè yo sa k pase a.” Apre sa, li soti, l ale yon lòt kote.

18 Nan demen maten, gad yo te twouve yo nan gwo tèt chaje. Yo t ap poze tèt yo kesyon: “Ki kote Pyè pase?” 19 Ewòd fè chache Pyè toupatou, men yo pa t jwenn li. Li fè poze gad yo kesyon, epi l pase lòd pou yo touye yo.

Lanmò Ewòd Agripa

Apre sa, Ewòd kite Jide, l al viv nan lavil Sezare pandan kèk tan. 20 Ewòd te fache kont moun lavil Tir ak lavil Sidon yo anpil. Men, se nan wayòm Ewòd la pou moun Tir ak Sidon yo te vin fè pwovizyon. Konsa, yon gwoup nan yo ale kote wa a pou mande l lapè. Gwoup sa a te fè yon jan fè Blastis vin zanmi yo; Blastis se te ofisye ki t ap travay lakay Ewòd menm.

21 Lè jou Ewòd te deside pou l rankontre yo a te rive, Ewòd abiye ak bèl kostim wayal li, li chita sou twòn li epi li fè yon diskou devan yo. 22 Pèp la tonbe rele byen fò, yo di: “Sa se vwa yon dye, se pa vwa yon moun.” 23 Ewòd te dakò pran glwa a pou li, li pa t bay Bondye glwa a. Poutèt sa, yon anj Bondye te fè l tonbe malad. Vè manje l, epi l mouri.

24 Bòn Nouvèl Bondye a menm t ap kontinye gaye. Li t ap touche plis moun.

25 Apre Banabas ak Sòl te fin akonpli misyon yo, yo soti Jerizalèm, yo tounen Antyòch.[d] Yo te pran Jan, jen nonm yo abitye rele Mak la, pou vini avèk yo.

Banabas ak Sòl gen yon travay espesyal

13 Nan legliz Antyòch la, te gen kèk pwofèt ansanm ak moun ki t ap anseye fidèl yo. Moun sa yo se te Banabas, Simeyon (yo te rele l mesye ki nwa a), Liziyis, moun lavil Sirèn nan, Manayèn (ki te leve ansanm ak wa Ewòd[e]), ak Sòl. Pandan mesye sa yo te reyini pou fè sèvis pou Senyè a, yo t ap fè jèn, Sentespri a di yo: “Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen pou travay mwen rele yo pou yo fè a.”

Konsa, legliz la fè jèn epi yo priye. Apre sa, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl epi yo kite yo ale.

Banabas ak Sòl sou zile Chip

Sentespri a te voye Banabas ak Sòl. Yo pati ale nan vil Selesi. Pandan yo te Selesi, yo pran batiman pou y al nan zile Chip. Lè Banabas ak Sòl rive nan vil Salamin, yo kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo.

Banabas ak Sòl te travèse tout zile a nèt jouk rive Pafòs. Rive yo rive Pafòs, yo rakontre yon majisyen yo te rele Bajezi. Bajezi sa a se te yon Jwif ki te vle fè tèt li pase pou yon pwofèt. Li te yon pwòch Sèjiyis Polis ki te gouvènè zile a epi ki te yon nonm entèlijan tou. Sèjiyis te envite Banabas ak Sòl vin lakay li, paske li te anvi pou l tande Bòn Nouvèl Bondye a. Men, majisyen an, Elimas (paske se non sa a li te genyen nan lang Grèk la), t ap kenbe tèt avèk yo. Li t ap chache detounen gouvènè a pou l pa t mete konfyans li nan Kris la. Sòl limenm (yo te rele l Pòl tou) te fikse je l sou majisyen an, pandan l te anba pouvwa Sentespri a. 10 Pòl di: “Se pitit Satan w ye, kè w plen ak manti ak mechanste! Ou se lènmi tout sa ki bon. Jouk ki lè ou ap sispann fè verite Bondye a pase pou manti? 11 Kounye a, Bondye pral frape w. Ou ap avèg. Ou p ap wè limyè solèy la pandan kèk tan. Menm lè a, Elimas vin avèg. Tout bagay vin tou nwa devan je l. Li t ap vire kò l adwat agoch, ap chache yon moun ki pou kenbe men l, pou kondui l.”

12 Lè gouvènè zile a wè sa k te pase a, li vin kwè. Li te sezi anpil, lè l tande ansèyman mesye yo konsènan Senyè a.

Pòl ak Banabas ale nan Antyòch nan Pisidi

13 Pòl ak moun ki te avèk li yo pran batiman nan Pafòs pou ale nan vil Pèj, nan rejyon Panfili. Pandan yo nan Pèj, Jan Mak kite yo, li retounen Jerizalèm. 14 Lè yo kite Pèj, yo kontinye vwayaje pou ale Antyòch ki nan Pisidi. Nan jou repo a, yo antre nan Sinagòg la epi yo chita.

15 Apre yo fin li nan liv Lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo, lidè yo nan sinagòg la voye mande Pòl ak Banabas si yo ta gen yon bagay pou di pèp la pou ede l, yo ta mèt pran lapawòl.

16 Pòl leve kanpe, li fè yon jès ak men l pou atire atansyon moun yo epi li di: “Nou menm pèp Izrayèl ak nou menm ki pa jwif, men k ap sèvi Bondye tou, fè yon ti koute m tanpri. 17 Se Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi zansèt nou yo. Pandan yo t ap viv kòm etranje nan peyi Lejip, Bondye te fè yo vin anpil anpil. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo soti kite peyi Lejip. 18 Bondye te pran pasyans avèk yo pandan karant (40) an nan dezè a. 19 Li detwi sèt nasyon nan tèritwa Kanaran an, epi l bay pèp li a tè yo kòm byen pa yo. 20 Tout bagay sa yo te rive pandan 450 ane konsa. Apre sa, Bondye ba yo plizyè jij pou dirije yo jouk rive nan tan pwofèt Samyèl.

21 Apre peryòd jij yo, pèp la vin mande pou yo gen yon wa, epi Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la. Sayil te soti nan tribi Benjamen. Li te renye sou Izrayèl pandan karant (40) an. 22 Apre Bondye te fin rejte Sayil, li bay pèp la David kòm wa. Men sa Bondye limenm te di konsènan David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a, yon nonm ki nan gou m. Li va fè tout sa mwen vle l fè.

23 Jan Bondye te pwomèt la, li voye Jezi, yon pitit pitit David, vin delivre pèp Izrayèl la. 24 Anvan menm Jezi te vini, Janbatis te pwoklame yon mesaj pou fè pèp la konnen sa pou yo fè. Li di tout pèp Iszrayèl la pou yo batize pou yo ka montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. 25 Lè Jan te prèske fini ak travay li te gen pou l akonpli a, li di pèp la: Ki moun nou panse m ye? Se pa mwen ki Mesi a,[f] sila a nou tout ap tann nan. Li menm, l ap vin apre m. Mwen pa menm kalifye pou m ta delase lasèt sandal li.

26 Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou. 27 Jwif ki nan Jerizalèm yo ansanm ak tout lidè yo pa t reyalize se Jezi ki Sovè a. Malgre yo t ap li pawòl pwofèt yo te pwoklame yo chak jou saba, yo pa t konprann anyen ladan yo. Lè yo kondane Jezi, yo fè pawòl pwofèt tounen verite a. 28 Malgre yo pa t ka jwenn anyen ki pou ta fè Jezi merite lanmò, yo mande Pilat touye l kanmenm.

29 Jwif sa yo te fè tout move bagay Bib la te di ki t ap rive Jezi. Apre sa yo desann Jezi sou kwa a, epi yo mete l nan tonbo. 30 Men Bondye Papa a te resisite Jezi. 31 Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te soti Galile pou monte Jerizalèm avèk Jezi yo te wè li; Kounye a, se yo menm k ap temwanye rezireksyon l devan pèp la.

32 Nou menm, nou vin anonse nou Bòn Nouvèl konsènan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. 33 Nou menm, nou se pitit pitit yo, epi Bondye fè pwomès la reyalize pou nou lè li fè Jezi leve soti vivan lanmò a. Anplis, men sa ki ekri tou nan Sòm 2 nan Bib la:

Ou se pitit mwen.
    Depi jodi a, se mwen menm ki papa w.(A)

34 Bondye te resisite Jezi pou l pa t janm pouri ankò. Se sa k fè Bondye te di:

M ap ba ou tout bon bagay
    mwen te pwomèt David yo.(B)

35 Nan yon lòt pasaj, li ekri ankò:

Ou p ap kite moun ki apa pou ou a pouri anba tè.(C)

36 David li menm te fè volonte Bondye pandan tout lavi li. Apre sa, li mouri, yo antere l tankou tout zansèt li yo. Kò David pouri anba tè! 37 Men, sila a Bondye resisite a, li pa pouri anba tè. 38-39 Frè n yo, konprann byen sa n ap anonse nou an. Nou kapab jwenn padon pou peche nou yo nan Jezikris. Lalwa Moyiz la pa t ka delivre nou anba peche nou yo, men nou kapab jwenn padon pou peche nou epi ranje lavi nou avèk Bondye si sèlman nou kwè nan Jezi. 40 Kidonk, se pou n pran prekosyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou:

41 Gade non, nou menm ki gen dout nan kè nou,
    nou gen pou n sezi, epi n ap mouri met sou li;
Paske pandan tan pa nou an la,
    m pral fè yon bagay nou p ap kwè.
Nou pa t ap janm kwè l,
    menmsi moun ta rakonte nou li!”(D)

42 Lè Pòl ak Banabas ap vire pou y ale, moun yo mande yo pou yo retounen nan pwochen jou repo a pou kontinye pale avèk yo sou tout bagay sa yo. 43 Apre reyinyon an nan Sinagòg la, anpil jwif ansanm ak moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Pòl ak Banabas te sezi okazyon an pou ankouraje yo pou yo kontinye kenbe fèm nan gras Bondye a.

44 Nan pwochen repo a, prèske tout moun nan lavil la te rasanble pou yo tande pawòl Senyè a. 45 Lè Jwif yo wè tout moun sa yo te rasanble, yo vin gen anpil jalouzi nan kè yo. Yo tonbe ap demanti tout sa Pòl t ap di, epi yo tonbe joure. 46 Men, Pòl ak Banabas pa t kraponnen, yo di: “Nou te gen pou n pwoklame Bòn Nouvèl Bondye a bay nou menm jwif yo anvan, men nou refize tande l. Sa vle di nou pa konsidere tèt nou kòm moun ki bon ase pou n gen lavi etènèl la. Kidonk, kounye a nou pral kòmanse preche moun lòt nasyon yo. 47 Paske, men sa Senyè a menm te di nou:

Mwen mete w pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo,
    pou montre moun toupatou sou latè kijan pou yo sove.”(E)

48 Lè moun lòt nasyon yo tande Pòl di pawòl sa yo, sa te fè yo kontan anpil. Yo te tonbe fè lwanj pou Bòn Nouvèl Bondye a. Anpil nan yo te kwè, paske Bondye te gentan chwazi yo pou yo gen lavi etènèl la.

49 Konsa, mesaj Bòn Nouvèl Bondye a te preche nan tout peyi a. 50 Men, Jwif yo menm te monte tèt yon ekip gwo medam lavil la ki te konvèti nan relijyon yo a, ansanm ak lidè yo pou soulve yo kont Pòl ak Banabas. Yo tout te tonbe pèsekite Pòl ak Banabas epi yo chase yo mete deyò nan vil la. 51 Konsa, Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo[g] sou moun yo, epi yo pati al nan vil Ikonyòm. 52 Disip nan vil Antyòch yo menm te gen anpil kè kontan epi Sentespri a te ranpli yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International