Beginning
Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive
(Mak 13:1-31; Lik 21:5-33)
24 Jezi kite tanp la. Pandan li sou wout pou l ale, disip li yo pwoche bò kote l pou yo montre l kijan bilding nan bèl. 2 Jezi di yo: “Se bilding sa yo n ap kontanple, pa vre? An verite m ap di nou: Pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.”
3 Pandan Jezi chita sou mòn Olivye a, disip li yo vin kote l an prive. Yo mande l: “Di nou ki lè bagay sa yo gen pou rive? Di nou tou ki siy k ap anonse retou ou ak lafendimond?”
4 Jezi reponn yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. 5 M di nou sa, paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la. Y ap rive twonpe anpil moun konsa. 6 Nou pral pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala. Lè nou pran nouvèl sou lagè, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo gen pou rive, men se p ap ko lafen an sa. 7 Wi, yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen grangou ak tranblemanntè toupatou. 8 Tout bagay sa yo se tranche anvan akouchman an.
9 Lè sa a, y ap livre nou bay moun ki pral tòtire nou, epi touye nou. Kote nou pase sou latè, y ap rayi nou, paske nou se disip mwen. 10 Anpil moun pral bay lafwa vag. Youn ap livre lòt bay otorite yo. Youn p ap vle wè lòt. 11 Epi pral gen anpil fo pwofèt k ap rive twonpe anpil moun. 12 Pral tèlman gen mechanste sou latè, lanmou ap disparèt nan kè pi fò moun. 13 Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove. 14 Yo pral pataje Bòn Nouvèl wayòm nan toupatou sou latè tankou yon temwen pou Payen yo. Lè nouvèl la fin gaye nan tout nasyon, se lè sa a lafendimond lan va rive.
15 Lè nou wè bagay ki tèrib la, sa k ap detwi tout bagay la, kanpe nan lye ki sen nan tanp lan, n a sonje pwofèt Danyèl te pale sou sa. Moun k ap li fò pou lòt moun tande, yo sipoze konprann sa m ap di a. 16 Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. 17 Moun ki sou tèt kay yo pa bezwen desann pou pran afè yo anndan kay la. 18 Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò.
19 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo, oswa sa yo ki ti nouris. 20 Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive ni pandan livè ni pandan yon jou saba. 21 Doulè ki pral gen lè sa a, depi lemonn kreye poko janm gen tankou l, epi p ap janm gen tankou l ankò.
22 Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout, poutèt moun li chwazi yo.
23 Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l. 24 Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. 25 Nou wè, m di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.
26 Konsa, si yon moun di nou, men Mesi a nan dezè a, nou pa bezwen ale. Si yo di nou, men l nan tèl kay tèl kote, nou pa bezwen kwè. 27 Menm jan yon kout zèklè flache syèl la tout moun ka wè l, se menm jan l ap ye lè Pitit Lòm nan ap vini. 28 Kote kadav la ye, se la votou[a] yo ap rasanble.
Lè Jezi va retounen sou latè
(Mak 13:24-27; Lik 21:25-28)
29 Touswit apre tout pwoblèm sa yo nan peryòd sa a,
Solèy la ap vin tou nwa,
lalin nan ap sispann klere,
zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe,
epi puisans nan syèl yo pral tranble.[b]
30 Lè sa a, ap gen yon siy ki parèt nan syèl la ki montre Pitit Lòm nan ap vini. Tout pèp sou latè pral pete gwo rèl. Tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 31 Konsa gen yon gwo twonpèt ki va sonnen, epi Pitit Lòm va voye anj li yo nan kat kwen latè pou rasanble moun pa l yo, kelkeswa kote yo.
32 Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. 33 Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. 34 An verite m ap di nou: jenerasyon sa p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 35 Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen la pou tout tan.
Sèl Papa a ki konnen ki lè bagay sa yo ap rive
(Mak 13:32, 35; Lik 17:26-30, 34-36)
36 Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen.
37 Menm jan sa te pase nan tan Noye a, se menm jan l pral ye nan lè Pitit Lòm ap vini. 38 Nan jou anvan delij la, lèzòm t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye, yo t ap marye pitit yo, jouk jou Noye antre nan lach la. 39 Yo pa t reyalize sa k t ap pase a, jouktan delij la vini, epi l trennen yo ale.
Se kon sa sa pral pase, lè Pitit Lòm nan ap vini. 40 Lè sa a, de moun ap nan jaden ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la. 41 De dam ap moulen grenn ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la.
42 Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki jou Senyè nou an ap vini. 43 Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit lan vòlè ap vin kase kay li, li t ap pare pou li epi l t ap veye, li pa t ap kite l kase kay la. 44 Se poutèt sa, nou menm tou, nou bezwen pare, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa panse.
Bon sèvitè ak move sèvitè
(Mak 13:33-37; Lik 12:41-48)
45 Ki lès nan sèvitè mèt la yo ki saj ase pou mèt la fè l konfyans? Mèt la fè youn nan sèvitè yo konfyans pou l bay lòt sèvitè yo manje lè yo gen bezwen. 46 Byenere sèvitè sa lè Mèt la retounen, li jwenn nan pye travay li! 47 An verite m ap di nou: Mèt la ap mete l chèf sou tout sa l genyen.
48 Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? 49 Epi li kòmanse ap bat kanmarad li yo. Li pran plezi nan manje bwè ak tafyatè. 50 Mèt la ap rive sou li sanzatann, nan lè li pa konnen. 51 Lè sa a l ap resevwa yon pinisyon ki sevè. Mèt la ap voye l menm kote ak ipokrit yo, kote ki pral gen kriye ak manje dan.
Parabòl dis jèn fi yo
25 Nan jou sa a, wayòm Bondye a ap tankou dis demwazèldonè ki te dwe al rankontre mesye marye a ak lanp yo pou yo ka klere chemen pwosesyon an pou li. 2 Senk ladan yo se te tèt cho, lòt senk yo te gen tèt yo anplas. 3 Medam tèt cho pran lanp yo se vre, men yo pa t pran pyès gaz rezèv. 4 Lòt senk medam yo, non sèlman yo te pote lanp, men yo te pote boutèy gaz yo tou. 5 Kòm mesye marye a pran tan pou rive, medam yo vin kagou epi yon ti dòmi vòlè yo.
6 A minwi, gen yon vwa ki anonse byen fò: Men mesye marye ap vini! Soti vin rankontre l.
7 Lè sa a tout medam yo reveye, epi yo kòmanse prepare lanp yo. 8 Kounye a, medam tèt cho yo di lòt medam yo: Ban nou ti gaz tanpri, lanp nou yo ap mouri!
9 Medam ki te gen tèt anplas yo reponn: Non, gaz nou genyen p ap ase pou nou tout. Al achte nan men machann yo.
10 Pandan medam tèt cho yo sou wout pou y al achte gaz, mesye marye a rive. Medam ki te pare yo antre nan sal bankè nòs la. Apre sa, yon responsab fèmen pòt la.
11 Lè lòt medam ki t al achte gaz yo retounen, yo kòmanse sipliye mesye marye a pou ouvri pou yo: Senyè, SENYÈ, ouvri pou nou!
12 Men li reponn yo: An verite, m pa konnen nou!
13 Konsa, nou dwe toujou pare, paske nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè Pitit Lòm nan ap retounen.
Yon istwa sou twa sèvitè
(Lik 19:11-27)
14 Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki ap pati pou yon vwayaj byen long. Li rele sèvitè li yo pou l ba yo responsab tout byen li genyen. 15 Li gade sou kapasite chak moun pou l konn ki kantite byen pou l bay yo responsab. Li rele yon premye li ba li senk sak lajan.[c] Li rele yon dezyèm, li ba li de sak. Li bay yon twazyèm yon sak. Apre sa li pati. 16 Sèvitè ki te resevwa senk sak lajan an pa t pèdi tan pou l te kòmanse fè l travay. Li fè yon benefis menm gwosè ak manman lajan an. 17 Sèvitè ki te resevwa de sak lajan an fè benefis de lòt sak. 18 Poutan, sèvitè ki te resevwa yon sèl sak lajan an fouye yon twou li sere lajan mèt li te ba l responsab la anba tè.
19 Apre yon bon tan deyò, mèt la retounen epi l rele sèvitè l yo pou yo vin ba l rapò. 20 Sèvitè ki te resevwa senk sak lajan an vini ak senk sak anplis. Li di: Mèt, ou te ban m responsab senk sak, men senk sak benefis mwen fè.
21 Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl! Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou!
22 Sèvitè ki te resevwa de sak la vini ak de lòt sak anplis. Li di: Mèt, ou te bann responsab de sak, men de lòt sak benefis mwen fè.
23 Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl. Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou!
24 Sèvitè ki te resevwa yon sèl sak lajan an vini. Li di mèt la: Mwen te konnen ou se nèg ki di. Ou rekòlte kote w pa t simen grenn. Ou ranmase fwi kote w pa t plante. 25 Mwen te pè. Konsa mwen te sere lajan w nan anba tè. Men lajan w, mwen pot tounen ba ou!
26 Mèt la reponn li: Ou se yon sèvitè mechan epi w parese! Ou te konnen m rekòlte kote m pa t simen grenn, m ranmase fwi kote w pa t plante, 27 pouki ou pa t met lajan m nan labank? Konsa, m ta jwenn yon ti enterè sou li.
28 Pran lajan an nan men l bay sèvitè ki fè lajan an rapòte dis (10) fwa plis la. 29 Wi, moun ki byen sèvi ak sa l gen nan men l ap resevwa plis toujou. Epi li p ap manke anyen! Men moun ki mal sèvi ak sa l gen nan men l, y a wete nan men l tout ti sa l te genyen. 30 Pran voryen an, voye l deyò nan fènwa a kote ki pral gen rèl ak manje dan.
Pitit Lòm nan gen pou jije tout moun
31 Lè Pitit Lòm nan vini ak tout otorite l ansanm ak tout anj li yo, l ap chita sou yon twòn ki montre tout glwa li. 32 Apre sa tout nasyon sou latè pral rasanble devan li. L ap separe yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. 33 L ap mete mouton yo sou bò dwat li, l ap mete kabrit yo sou bò gòch li.
34 Apre sa wa a pral di moun ki sou bò dwat li yo: Vin non, nou menm moun Papa m beni. Vin pran posesyon wayòm Papa m te prepare pou nou an depi nan kòmansman. 35 Wayòm nan se pou nou, paske lè m te grangou nou te bann manje. Lè m te swaf, nou te bann bwè. Lè m te etranje nan lari, nou te resevwa m lakay nou. 36 Lè m te touni nou te bann rad. Lè m te malad, nou te pran swen m. Lè m te nan prizon, nou te vizite m.
37 Lè sa a moun jis yo ap reponn: Senyè, ki lè nou te wè w grangou nou te ba w manje? Ki lè nou te wè w swaf, nou te ba w bwè? 38 Ki lè nou te wè w etranje nan lari, nou te resevwa w lakay nou? Ki lè nou te wè w touni nou te ba w rad? 39 Ki lè nou te wè w malad, nou te pran swen w? Ki lè nou te wè w nan prizon, nou te vizite w?
40 Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou te fè l.
41 Apre sa l ap di sa k sou bò gòch li yo: Rale kò nou sou mwen, bann moun modi! Ale nan dife lanfè ki te prepare pou dyab la ak anj li yo. 42 Lè m te grangou nou pa t bann manje. Lè m te swaf, nou pa t bann bwè. 43 Lè m te etranje nan lari, nou pa t resevwa m lakay nou. Lè m te touni nou pa t bann rad. Lè m te malad, nou pa t pran swen m. Lè m te nan prizon, nou pa t vizite m.
44 Lè sa a y ap reponn li: Senyè ki lè ou te grangou oswa swaf, oswa etranje nan lari, oswa touni, oswa nan prizon epi nou pa t ede w?
45 Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou pa t fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou pa t fè l.
46 Apre sa, moun ki te renmen fè mal yo pral resevwa yon pinisyon etènèl. Moun ki jis yo pral resevwa lavi etènèl.”
Copyright © 2017 by Bible League International