Beginning
16 Mwen di nou tout bagay sa yo pou nou pa pèdi lafwa. 2 Yo va mete nou deyò nan Sinagòg yo. Pi plis ankò, gen yon lè k ap vini, kote yon moun ki touye nou ap kwè se sèvis l ap rann Bondye. 3 Yo va aji kon sa paske yo pa konnen ni mwen ni Papa m. 4 Men mwen di nou sa pou lè jou a rive nou ka sonje m te di nou sa.
Travay Sentespri a
Mwen pa t pale sou pwoblèm ki gen pou vini yo depi nan kòmansman, paske m te la avèk nou. 5 Men kounye a, m ap retounen kote moun ki te voye m nan, pa gen youn nan nou ki mande m kote w prale? 6 Epi poutèt mwen di nou sa, se pa ti tris nou tris. 7 Poutan sa m di nou an se vre, li plis nan enterè nou si m ale. Paske si m pa ale, Konsolatè a p ap vini jwenn nou. Men, si m ale, m ap voye L pou nou.
8 Lè konsolatè a vini, l ap montre moun nan lemonn kijan yo antò. Yo antò pou sa ki konsènen ki moun ki yon pechè. Yo antò sou sa k konsène ki moun k ap jwenn apwobasyon Bondye, epi yo antò tou sou sa k konsène ki moun k ap tonbe anba jijman Bondye. 9 Konsolatè ap montre yo peche yo se moun ki pa kwè nan mwen. 10 L ap montre yo Bondye dakò ak mwen poutèt m pral jwenn Papa a epi nou p ap wè m ankò. 11 L ap montre kilès ki pral tonbe anba jijman Bondye, paske sila a k ap dirije lemonn nan deja kondane.
12 Mwen gen anpil bagay pou m ta di nou ankò, men nou pa anmezi pou nou konprann yo kounye a. 13 Lè Lespri verite a va vini, l ap fè nou konprann tout verite a. Paske li p ap kominike pwòp panse pa l, men l ap di tout sa l va tande epi li va anonse nou tout sa k gen pou vini. 14 Li va fè lwanj pou mwen, paske l ap koute sa m di l epi l ap fè nou konnen yo. 15 Tout sa Papa m genyen se pou mwen tou, se poutèt sa m te di l ap koute sa m di l, epi l ap fè nou konnen yo.
Latristès va tounen kè kontan
16 Apre yon ti tan ankò, nou p ap wè m ankò, epi nan yon lòt ti tan ankò n ap wè m.”
17 Kèk nan disip li yo t ap di antre yo menm: “Ki sa l vle di, lè l di: Apre yon ti tan ankò, nou p ap wè m ankò, epi nan yon lòt ti tan ankò n ap wè m? Oubyen paske m pral kote Papa a?” 18 Yo t ap di: “Ki sa sa vle di yon ti tan ankò? Nou pa konprann sa l vle di!”
19 Jezi te konprann yo te vle poze l kesyon, li di yo: “Èske se chache n ap chache konprann sa sa vle di yon ti tan ankò, nou p ap wè m ankò, epi nan yon lòt ti tan ankò n ap wè m? 20 Sa, se vre, nou pral menm kriye anpil, nou pral tris, men se va yon rejwisans pou lemonn. Nou pral nan lafliksyon, men lafliksyon nou pral chanje an kè kontan.
21 Lè yon fanm ap akouche, li nan soufrans, paske lè l rive. Men lè l fin akouche, li pa sonje soufrans la ankò, kè l kontan nèt, paske li fè yon pitit gason. 22 Se kon sa nou menm kounye a, nou nan lafliksyon, men m ap rewè nou ankò epi kè nou ap kontan anpil, epi p ap gen okenn moun k ap kapab derasinen lajwa sa a. 23 Konsa, lè sa a, nou p ap poze m okenn kesyon dirèkteman. Sa, se verite a, men, men yon bagay pi enpòtan toujou m ap di nou: Si nou mande Papa m yon bagay poutèt relasyon nou avè m, l ap ban nou l. 24 Jouk kounye a, nou pa mande Bondye anyen poutèt nou se disip mwen. Men, kounye a mwen di: mande epi nou va jwenn, pou kè nou kapab kontan nèt ale.
Laviktwa sou lemonn
25 Mwen di nou tout bagay sa yo an parabòl, men gen yon jou k ap vini kote mwen p ap pale ak nou kon sa ankò, men m ap fè nou konnen aklè sa k konsène Papa a. 26 Lè sa a, nou va mande paske nou se disip mwen, epi mwen pa vle di m ap priye Papa a pou nou, 27 paske Papa a menm li renmen nou paske nou renmen m, epi paske nou kwè m soti bò kote Bondye. 28 Mwen soti bò kote Papa a, epi mwen vini nan lemonn, men kounye a m ap kite lemonn pou m ale jwenn Papa a.”
29 Disip li yo di l: “Kounye a, ou pale nou aklè, ou pa pale an parabòl ankò. 30 Kounye a nou konnen ou menm, ou konn tout bagay, epi ou reponn kesyon yo menm anvan nou mande w yo. Se poutèt sa nou kwè se Bondye ki voye w.”
31 Jezi reponn yo: “Nou kwè kounye a? 32 Gen yon jou k ap vini, epi se jodi a menm, nou gen pou n gaye, chak moun apral lakay yo, epi n ap kite m poukont mwen. Men, mwen pa sèl, paske Papa a avè m.
33 Mwen di nou sa pou n ka gen kè poze nan mwen menm. Nan mond sa n ap pase anpil tray. Men pran kouray, mwen gen laviktwa sou lemonn.”
Jezi ap priye pou li menm ak disip li yo
17 Apre Jezi te fin di bagay sa yo, li leve je l nan syèl la epi li di: “Papa, lè a rive, fè lwanj pou Pitit ou a, pou Pitit ou a kapab fè lwanj pou ou, 2 menm jan ou ba li pouvwa sou tout moun, pou l ka bay tout moun ou ba li lavi etènèl. 3 Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a. 4 Mwen te fè lwanj pou ou sou latè, mwen fini travay ou te ban m fè a nèt. 5 Kounye a Papa, fè m jwenn lwanj kote w, lwanj mwen te genyen bò kote w depi anvan lemonn te egziste.
6 Mwen fè moun ou te pran ban mwen nan lemonn yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye, ou ban mwen yo, epi yo mete Pawòl ou an pratik. 7 Kounye a, yo konnen tout sa m posede se ou ki ban mwen yo. 8 Paske pawòl mwen te pale yo se pawòl pa w ou te ban mwen. Yo aksepte pawòl ou yo. Yo konnen mwen soti kote w toutbon vre, yo kwè se ou ki voye m. 9 M ap priye pou yo kounye a. Mwen p ap priye w pou lemonn, men pou sa ou ban mwen yo. Se pou ou yo ye, 10 tout sa k pou mwen se pou ou, menm jan tout sa k pou ou se pou mwen, epi mwen te jwenn lwanj nan yo.
11 Nan yon ti tan, mwen pral jwenn ou epi mwen p ap nan lemonn ankò, men yo menm yo nan lemonn. Papa, ou sen, prezève yo ak pouvwa non w genyen an, non w ou ban mwen an, pou yo kapab youn menm jan mwen menm ak ou, nou se youn. 12 Lè m te ak yo, mwen te kenbe yo ak pouvwa non w ou ban mwen an. Mwen te pwoteje yo, okenn nan yo pa t pèdi, sof sa k te fèt pou pèdi a. Sa te pase kon sa pou pwofesi Bib la te ka akonpli.
13 Kounye a mwen prale kote w, mwen di pawòl sa yo nan lemonn pou yo kapab gen lajwa m nan kè yo san mank. 14 Mwen te ba yo pawòl ou epi lemonn te rayi yo, poutèt yo pa pou lemonn ankò, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn.
15 Mwen pa mande w wete yo nan lemonn, men pou w pwoteje yo kont Malen an. 16 Yo pa pou lemonn, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn. 17 Mete yo apa pou sèvis ou nèt, grenmesi Verite a. Pawòl ou se verite a. 18 Menm jan ou te voye m nan lemonn, se kon sa mwen voye yo tou. 19 Poutèt yo, mwen mete m apa pou m sèvi ou jan w vle a. Konsa, yo menm tou, yo va mete yo apa pou yo sèvi w jan w vle a, grenmesi Verite a.
20 Mwen pa priye pou yo sèlman, mwen priye tou pou moun k ap vin kwè poutèt temwanyaj yo. 21 Papa, m ap priye pou tout moun ou ban mwen yo fè youn. Menm jan ou menm, ou nan mwen, mwen nan ou, se pou yo fè yon sèl nan nou. Konsa moun ki nan lemonn kapab kwè se ou menm ki voye m. 22 Mwen menm, mwen ba yo glwa ou te ban mwen an. Mwen ba yo l pou yo tout ka fè youn, menm jan ou menm ak mwen fè youn. 23 Mwen nan yo, menm jan ou menm ou nan mwen. Se pou yo rive fè youn nèt ale. Konsa, moun nan lemonn ka rekonèt se ou ki te voye m, epi tou ou renmen yo, menm jan ou renmen m nan.
24 Papa, mwen vle kote m ye, se la pou moun ou ban mwen yo ye avè m tou, pou yo wè glwa ou ban mwen, paske ou renmen mwen anvan lemonn te fèt. 25 Papa, ou menm ki jis, menm lè lemonn pa konnen w, mwen menm mwen konnen w, epi disip mwen sa yo rekonèt se ou menm ki voye mwen. 26 Mwen fè yo konnen ki moun ou ye, epi m p ap manke kontinye fè sa, pou lanmou ou gen pou mwen kapab nan yo, epi mwen menm mwen kapab nan yo.”
Yo arete Jezi
(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Lik 22:47-53)
18 Lè Jezi fin pale konsa, li ale ansanm ak disip li yo lòtbò ravin ki rele Sedwon an. Te gen yon jaden la, li antre ak disip li yo ladan l.
2 Men, Jida ki t ap trayi l la te konnen jaden sa a, paske Jezi te konn reyini la avèk disip li yo. 3 Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.
4 Poutèt Jezi te konnen tout sa k te gen pou rive, li avanse sou yo epi l mande yo: “Kimoun n ap chache?”
5 Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.”
Li di yo: “Se mwen menm.”[a] Jida ki t ap trayi l la te avèk yo. 6 Kou Jezi di yo: “Se mwen menm,” yo fè bak epi yo tonbe atè.
7 Jezi mande yo ankò: “Ki moun n ap chache?”
Yo reponn: “Jezi, moun Nazarèt la.”
8 Jezi reponn yo: “Mwen di nou se mwen. Si se mwen n ap chache, kite moun sa yo ale.” 9 Se kon sa pawòl Jezi te di a te dwe akonpli: “Mwen pa pèdi okenn nan sa ou te ban mwen yo.”
10 Lè sa a, Simon Pyè te gen yon nepe, li rale l, li fè yon kou sou sèvitè Chèf prèt la, zòrèy dwat la koupe. Sèvitè sa a te rele Malkis. 11 Men, Jezi di Pyè: “Mete nepe a nan fouwo l tande! Èske m pa dwe pran mezi soufrans[b] Papa a ban mwen an?”
Yo mennen Jezi devan Àn
(Mat 26:57-58; Mak 14:53-54; Lik 22:54)
12 Ploton sòlda yo, kòmandan an ak gad tanp lan mete men sou Jezi, yo mare l byen mare. 13 Premye kote yo mennen l se lakay Àn. Àn se te bòpè Chèf prèt la ki te rele Kayif nan lane sa a. 14 Se te menm Kayif sa a ki te bay Jwif yo konsèy la, lè l te di: “Gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la.”
Pyè di li pa konnen Jezi
(Mat 26:69-70; Mak 14:66-68; Lik 22:55-57)
15 Simon Pyè ak yon lòt disip te swiv Jezi. Poutèt lòt disip sa a se te yon moun Chèf prèt la te konnen, li te antre avèk Jezi nan lakou Chèf prèt la. 16 Pyè li menm te rete deyò, toupre baryè a. Lòt disip la, sa Chèf prèt la te konnen an, soti, epi li pale ak fanm ki t ap veye baryè a epi li fè Pyè antre. 17 Sèvant sa a ki t ap veye baryè a di Pyè konsa: “Èske ou menm tou ou pa youn nan disip nonm sa a?”
Pyè reponn: “Mwen pa disip nonm sa a.”
18 Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou.
Gran prèt la kesyounen Jezi
(Mat 26:59-66; Mak 14:55-64; Lik 22:66-71)
19 Chèf prèt la kòmanse poze Jezi kesyon sou disip li yo epi sou sa li te konn anseye moun. 20 Jezi reponn: “Mwen te pale an piblik ak lemonn, mwen toujou anseye nan Sinagòg yo epi nan tanp lan kote tout Jwif yo konn rasanble, mwen pa di anyen ankachèt. 21 Pou kisa se mwen ou poze kesyon? Mande moun ki konn koute m yo sa m konn di. Yo konnen byen sa m konn di.”
22 Lè Jezi di sa, youn nan gad yo bay Jezi yon bèl kalòt, epi li di l: “Se kon sa ou ap reponn Chèf prèt la?”
23 Jezi reponn li: “Si m mal pale, montre sa m di ki mal; men si m byen pale, pou kisa ou ap ban m kou?”
24 Apre sa, Àn voye Jezi byen mare bay Kayif, Chèf prèt la.
Pyè manti ankò
(Mat 26:71-75; Mak 14:69-72; Lik 22:58-62)
25 Men, Simon Pyè te toujou kanpe la ap chofe kò l. Yon moun di l konsa: “Èske ou menm ou pa ta youn nan disip li yo?”
Pyè nye sa, li di: “Mwen pa disip mesye a!”
26 Youn nan sèvitè Chèf prèt la, yon fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy li a, di l konsa: “Èske m pa t wè w nan jaden an ak li?”
27 Pyè nye sa yon lòt fwa ankò, epi menm lè a, yon kòk chante.
Yo mennen Jezi bay Pilat
(Mat 27:1-2, 11-31; Mak 15:1-20; Lik 23:1-25)
28 Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp[c] pou manje nan manje fèt Pak la. 29 Pilat soti vin jwenn yo deyò epi li di yo: “Ki sa nonm sa a fè ki mal?”
30 Yo reponn li: “Si nonm nan pa t fè sa ki mal, nou pa t ap arete l mennen ba ou.”
31 Lè sa a, Pilat di yo: “Enben, pran l, jije l nou menm dapre lwa pa nou.”
Jwif yo di l konsa: “Men gouvènman women an pa pèmèt nou touye pèsonn kòm chatiman.” 32 Se kon sa pawòl Jezi sou fason l te dwe mouri a te gen pou l akonpli.[d]
33 Pilat antre ankò nan palè a. Li rele Jezi epi li di l: “Èske ou se wa Jwif yo?”
34 Jezi di l konsa: “Èske ou panse poze m kesyon sa a ou menm oubyen se moun ki di w sa de mwen?”
35 Pilat reponn: “Èske mwen se Jwif, mwen menm? Moun pwòp ras ou yo, Chèf alatèt prèt yo arete w voye ban mwen! Ki sa w fè?”
36 Jezi reponn li: “Se pa lemonn ki te ban m otorite pou m wa. Si se te lemonn ki te ban m otorite pou m wa, moun pa m yo ta batay pou Jwif yo pa t mete men sou mwen. Men, sa klè, otorite m kòm wa pa soti isiba.”
37 Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?”
Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di.
38 Pilat di l konsa: “Ki sa verite a ye?” Apre sa, li soti deyò ankò al jwenn Jwif yo, li di yo: “Pou mwen menm, mwen pa jwenn okenn bagay li fè ki mal. 39 Men, poutèt chak fèt Pak nou abitye lage yon prizonye pou nou, èske nou vle m lage wa Jwif yo?”
40 Lè sa a, yo pran kriye konsa: “Pa li menm. Ban nou Barabas!” Barabas la se te yon revolisyonè.
Copyright © 2017 by Bible League International