Book of Common Prayer
38 ¶ (38:1) Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (38:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
2 (38:3) Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.
3 (38:4) Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
4 (38:5) Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen.
5 (38:6) Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou.
6 (38:7) Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je.
7 (38:8) Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m'
8 (38:9) Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri.
9 (38:10) Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri.
10 (38:11) Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo!
11 (38:12) Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an.
12 ¶ (38:13) Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.
13 (38:14) Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale.
14 (38:15) Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a.
15 (38:16) Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen.
16 (38:17) Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.
17 (38:18) Mwen prèt pou m' tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen.
18 (38:19) Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè.
19 (38:20) Lènmi m' yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m'.
20 (38:21) Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fè byen.
21 (38:22) Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè!
22 (38:23) Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen.
25 ¶ Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
26 ¶ Mwen di ou tou sa m' te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m' tou sa ou vle m' fè.
27 Fè m' konprann ki jan pou m' swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo.
28 ¶ Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m'. Mete m' sou de pye m' ankò, jan ou te pwomèt la.
29 Pa kite m' lage kò m' nan bay manti. Fè m' favè sa a, moutre mwen lalwa ou.
30 ¶ Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.
31 Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyè, pa kite m' pran wont.
32 M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen.
33 ¶ Seyè, moutre m' jan pou m' swiv lòd ou yo, pou m' obeyi yo jouk sa kaba.
34 Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen.
35 ¶ Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'.
36 Fè m' pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m' anvi gen lajan.
37 ¶ Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan.
38 ¶ Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou.
39 ¶ Pa kite yo joure m', mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon!
40 ¶ Ou wè jan m' anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m' lavi ankò!
41 ¶ Fè m' wè jan ou renmen m', Seyè! vin delivre m', jan ou te pwomèt la.
42 Lè sa a, m'a gen repons pou m' bay moun k'ap joure m' yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou.
43 ¶ Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.
44 M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan.
45 ¶ M'a mache alèz san anyen pa jennen m', paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo.
46 M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa.
47 Mwen pran tout plezi m' nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo.
48 M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.
8 ¶ Lè ti Mouton an kase setièm sele a, pandan yon demi (1/2) lè de tan, ou pa t' tande okenn bri nan sièl la.
2 Apre sa, mwen wè sèt zanj ki te kanpe devan Bondye. Yo ba yo sèt klewon.
3 Yon lòt zanj vin kanpe toupre lotèl la, li te gen yon lansanswa an lò nan men li. Yo ba l' anpil lansan pou l' te ofri bay Bondye ansanm ak lapriyè pèp Bondye a, sou lotèl an lò ki te devan fòtèy la.
4 Lafimen lansan li t'ap boule a pran moute nan men zanj ki te devan Bondye a, ansanm ak lapriyè pèp Bondye a.
5 Apre sa, zanj lan pran lansanswa a, li plen l' ak dife ki te sou lotèl la, li jete l' sou latè. Lè sa a, te gen kout loraj, zèklè, divès kalite bri ak tranblemanntè.
6 Sèt zanj ki te gen sèt klewon yo pare kò yo pou yo kònen.
7 ¶ Premie zanj lan kònen klewon l' lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tiè (1/3) nan latè ak yon tiè nan piebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo.
8 Apre sa, dezyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Menm lè a, yo jete yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule nan lanmè a. Yon tiè (1/3) dlo lanmè a tounen san.
9 Yon tiè nan tout bèt vivan nan lanmè a mouri. Yon tiè nan batiman ki sou lanmè a peri.
10 Apre sa, twazièm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon gwo zetwal ki t'ap boule tankou yon bwa chandèl tonbe soti nan sièl la. Li tonbe sou yon tiè nan tout larivyè ak sous dlo yo.
11 Yo te rele zetwal sa a: Lapsent. Yon tiè nan tout dlo yo vin anmè kou fièl. Anpil moun ki te bwè dlo sa a te mouri, paske dlo a te vin anmè.
12 Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon tiè (1/3) nan solèy la, yon tiè nan lalin lan, ak yon tiè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tiè nan limiè yo konn bay la. Pandan yon tiè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tiè lannwit lan te fè tou nwa.
13 Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen.
17 ¶ Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li: Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo.
18 Jezi di yo: Mwen te wè Satan ap tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè.
19 Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal.
20 Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n' kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.
21 Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.
22 Papa m' renmèt tout bagay nan men mwen. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a; pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, eseptè Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
23 Apre sa, Jezi vire bò disip li yo, li rele yo apa, li di yo: benediksyon pou nou k'ap wè sa n'ap wè a.
24 Paske, m'ap di nou sa: anpil pwofèt ak anpil wa te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pa t' wè li, yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li.